Elve sou Kwa a
Pou vin yon disip Jezikri yon moun dwe pafwa pote yon fado—pa l oswa pa yon lòt moun—epi ale kote sakrifis se yon obligasyon epi soufrans inevitab.
Sa gen kèk ane, apre yon diskisyon nan inivèsite sou istwa relijyon Amerikèn, yon kamarad etidyan te mande m, “Poukisa Sen Dènye Jou yo pa adopte kwa a ke lòt Kretyen yo itilize kòm yon senbòl lafwa yo a?”
Etandone ke kesyon konsènan kwa a se souvan yon kesyon konsènan angajman nou anvè Kris la, mwen te imedyatman di li ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo konsidere sakrifis ekspyatwa Jezikri a kòm faktè santral, fondasyon esansyèl, doktrin kle, ak ekspresyon absoli lanmou diven nan gran plan Bondye pou sali pitit Li yo.1 Mwen te eksplike l ke gras salitè a ki atache a zak sa a te esansyèl epi se yon kado inivèsèl pou fanmi imèn nan toutantye depi Adan ak Èv rive nan fen mond lan.2 Mwen te site Pwofèt Joseph Smith, ki te di, “Tout … bagay ki gen pou wè ak relijyon nou an se atachman” a Ekspyasyon Jezikri a .3
Apresa m te li sa Nefi te ekri 600 zan anvan nesans Jezi a: “Epi … zanj la te pale avèk mwen ankò … , li di: Gade! E, m te gade, m te wè Ti Mouton Bondye a, … [ki] te anlè sou yon kwa epi yo te btouye l pou peche mond lan.”4
Pouse pa zèl mwen pou “renmen, pataje, ak envite” a, m te kontinye li! A Nefit yo nan Nouvo Mond lan, Kris resisite a te di, “Papa m te voye m pou yo te kapab leve m sou kwa a; … pou m kapab atire tout moun kote m, … epi se poutèt sa m te leve.”5
Mwen ta pral site Apot Pòl lè m te remake ke je zanmi m nan te kòmanse ap gade lwen. Yon koudèy rapid nan mont li te aparaman raple ke l te dwe ale yon lòt kote, nenpòt kote—epi li te kouri ale nan randevou imajinè l la. Konsa konvèsasyon nou an te fini.
Maten an, apeprè 50 an apre, mwen detèmine pou m fini eksplikasyon sa a—menmsi nou chak endividyèlman kòmanse gade nan mont nou. Pandan m ap eseye eksplike poukisa jeneralman nou pa itilize senbòl kwa a, mwen swete trè klèman eksplike respè ak admirasyon pwofon nou pou motivasyon chaje lafwa ak lavi devwe moun ki itilize l yo.
Youn nan rezon k fè nou pa mete aksan sou kwa a kòm yon senbòl la soti nan rasin Biblik nou. Paske krisifksyon sete youn nan fòm egzekisyon ki te pi atwòs nan anpi Women an, anpil nan premye disip Jezi yo te chwazi pou yo pa t mete aksan sou yon enstriman soufrans brital konsa. Siyifikasyon lanmò Kris la sete sètènman eleman santral lafwa yo, men, pandan anviwon twasanzan, yo te tipikman chèche montre idantite yo nan levanjil la atravè lòt mwayen.6
Rive nan katriyèm ak senkyèm syèk yo, kwa a te fè aparisyon l kòm senbòl yon Krisyanis jeneralize, men noumenm nou pa fè pati yon “Krisyanis jeneralize.” Paske nou pa ni Katolik ni Pwotestan, nou se, okontrè, yon legliz retabli , wi Legliz retabli Nouvo Testaman an. Pa konsekan, orijin nou ak otorite nou remonte lwen anvan epòk konsil, kredo, ak senbòl yo.7 Nan sans sa a, absans yon senbòl ki te vin antre byen ta nan itilizasyon kourant lan se yon lòt prèv ke Legliz Jezikri pou Sen dènye Jou yo se yon retablisman vrè debi Kretyen.
Yon lòt rezon k fè nou pa itilize senbòl kwa a se aksan nou mete sou mirak konplè misyon Kris la—Rezirèksyon gloriye Li ansanm ak soufrans ak lanmò L an sakrifis la. Pou souliyen relasyon sa a, m ap mansyone de pyès atistik8 ki sèvi kòm fon pou Premye Prezidans la ak Kolèj Douz Apot yo nan reyinyon sakre chak semèn yo a nan tanp lan chak Jedi nan Salt Lake City. Reprezantasyon sa yo sèvi kòm rapèl konstan pou ede nou sonje pri ki te peye ak viktwa ki te ranpòte pa Limenm ke n ap sèvi a.
Yon reprezantasyon pi piblik sou doub triyonf Kris la se itilizasyon nou fè de ti imaj Thovaldsen sa a ki reprezante Kris resisite a k ap parèt nan laglwa soti nan tonb lan avèk blesi Krisifiksyon yo toujou evidan an.9
Nou raple nou ke Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye yon fwa, “Lavi pèp nou an dwe [rete] … senbòl [lafwa] nou.”10 Konsiderasyon sa yo—espesyalman dènye a—pote pou mwen sa ki se petèt pi enpòtan nan tout referans ekriti konsènan kwa a. Li pa gen anyen pou wè avèk meday oswa bijou, ni avèk kloche oubyen pano. Okontrè, li gen pou wè avèk entegrite san parèy ak konduit moral rijid ke Kretyen yo ta dwe demontre pou reponn a apèl Jezi te bay nou chak ki se disip Li yo. Nan tout peyi ak tout epòk, Li di nou tout, “Si yon gason [oswa fi] vle suiv chemen mwen an, se pou l bliye tèt li, epi pou l chaje kwa l sou zepòl li, epi suiv mwen.”11
Sa pale de kwa n ap pote yo olye de sa nou mete kòm òneman yo. Pou vin yon disip Jezikri yon moun dwe pafwa pote yon fado—pa l oswa pa yon lòt moun—epi ale kote sakrifis se yon obligasyon epi soufrans inevitab. Yon vrè Kretyen pa kapab suiv Mèt la sèlman nan bagay ki konvnab pou li. Non. Nou suiv Li tout kote, enkli, si nesesè, andedan lye ki ranpli ak dlo nan je ak pwoblèm, kote pafwa nou gendwa kanpe prèske poukont nou nèt.
Mwen konn moun, andedan kòm andeyò Legliz la, ki suiv Kris la fidèlman konsa. Mwen konn timoun avèk gwo andikap fizik, epi m konnen paran ki ap pran swen yo. Mwen wè yo tout k ap travay pafwa rive nan pwen kote yo epuize tout enèji yo, pou chèche fòs, sekirite, ak moman lajwa ki pa vini nan okenn lòt fason. Mwen konn anpil adilt selibatè ki rete ap tann, epi ki merite yon konpayon plen lanmou, yon maryaj admirab, ak yon fwaye ranpli ak pwòp pitit pa yo. Pa gen dezi ki ka pi jis pase sa, men ane apre ane chans sa a toujou poko janm rive. Mwen konn moun k ap lite anba maladi mantal sou tout fòm, k ap sipliye pou yo jwenn èd pandan y ap priye ak aspire pou tè pwomiz stabilite emosyonèl la. Mwen konn moun k ap viv nan povrete ekstrèm men ki, refize dezespere, e ki ap mande sèlman yon chans pou yo rann lavi pi bon pou moun ki chè pou yo ak Iòt moun nan bezwen ki antoure yo. Mwen konn anpil moun ki ap lite anba pwoblèm dechiran sou idantite, oryantasyon, ak seksyalite yo. Mwen kriye pou yo, e mwen kriye avèk yo, konesan kijan konsekans desizyon yo pran yo pral gen anpil enpòtans.
Sa yo se jis kèk nan si anpil sikonstans difisil nou ka rankontre nan lavi a, rapèl solanèl ke gen yon pri pou yon moun peye pou l ka yon disip. Wa David te di Araunah, ki te eseye bay wa a bèf ak bwa gratis pou olokos li a, “Non; men asireman m ap peye w yon bon pri pou li: … [paske m] pa [pral] ofri … bay Senyè Bondye m nan … okenn bagay ki pa koute m anyen.”12 Donk, se sa nou tout di tou.
Pandan n ap pran kwa nou pou nou suiv Li a, sa t ap trajik anfèt si pwa difikilte nou yo pa t fè nou gen plis konpasyon ak plis atansyon pou fado lòt moun ap pote. Se youn nan paradòks ki pi frapan nan Krisifiksyon an ke bra Sovè a te ouvri byen laj epi apresa l kloure nan pozisyon sa a, ilistrasyon envolontè men egzat ki demontre presizeman ke chak gason, fi, ak timoun nan tout fanmi imèn nan non sèlman byenveni men envite tou nan akolad redanmsyon ak egzaltasyon L la.13
Jan Rezirèksyon gloriye a te vini apre Krisifiksyon agonizan an, se konsa tout kalite benediksyon ap vide sou moun ki gen dezi, jan pwofèt Jakòb nan Liv Mòmon an di a, pou “kwè nan Kris la, konsidere lanmò li, epi soufri kwa li a.” Pafwa benediksyon sa yo vini vit e pafwa yo pran tan, men konklizyon mèvèye pou via dolorosa pèsonèl nou an14 se pwomès Mèt la Limenm fè nou ke y ap vini an kanmèm nan. Pou nou ka jwenn benediksyon sa yo, mwen priye pou nou suiv Li—san fay, san jamè bwonche ni ezite, san jamè bay ratman nan tach la, pa sèlman lè kwa nou yo gendwa lou ni lè, kèk fwa, wout la gendwa vin pi sonb yo. Pou fòs nou, lwayote nou, ak lanmou nou, mwen ba nou pwofon remèsiman pèsonèl. Jodi sa a mwen rann temwayaj apostolik mwen konsènan Limenm ki te “leve”15 a ak sou benediksyon etènèl Li vide sou moun ki “leve” avèk Li yo, Limenm Senyè a, Jezikri, amèn.