Konferans Jeneral
Proche Pi pre Sovè a
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Proche Pi pre Sovè a

Paske n ap chèche ak tout kè nou pou nou konnen ak renmen Sovè a, nou separe tèt nou de mond lan atravè alyans avèk Bondye, nan rete diferan, eksepsyonèl, ak espesyal, , san nou pa izole tèt nou de lòt moun nan mond lan ki kwè yon fason diferan yo.

Chè frè m ak sè m yo, aswè a m ap pale avèk disip enb ak devwe Jezikri yo. Lè m wè bonte lavi nou ak lafwa nou nan Senyè a Jezikri isit la nan peyi sa a ak nan nasyon atravè mond lan, mwen renmen nou plis toujou.

Nan fen ministè L la, disip Jezi yo te mande l pou l fè yo konnen “siy [Dezyèm Vini L lan], ak lafen mond lan.”1

Jezi te pale yo de kondisyon ki t ap egziste anvan retou Li a epi Li te fini nan deklare ke “Lè n ap wè tout bagay sa yo, [n ap] konnen [tan an] pwòch.”2

Nan dènye konferans jeneral la, mwen te koute avèk anpil atansyon pawòl Prezidan Henry B. Eyring yo: “Nou chak,” li te di, “kèlkeswa kote nou ye a, konnen n ap viv nan yon epòk ki danjere. … Tout moun ki gen je pou yo wè siy tan yo ak zòrèy pou yo tande pawòl pwofèt yo konnen ke se verite.”3

Senyè a te kòmande disip vanyan L yo: “Benediksyon pou zye nou , paske yo wè: e zòrèy nou paske yo tande.”4 Ke nou resevwa benediksyon sa a pandan n ap atantivman koute pawòl Senyè a atravè pwofèt Li yo nan konferans sa a.

Ble ak Ivrè

Senyè a te eksplike ke nan dènye tan sa a anvan retou Li a, “ble a,” ke li dekri kòm “pitit wayòm nan,”5 t ap grandi kòtakòt avèk “ivrè” a, oswa moun ki pa renmen Bondye epi ki pa respekte kòmandman l yo. Yo “toude t ap grandi ansanm”6 kòtakòt.

Sa a se mond nou an jiskaske Sovè a retounen, ak anpil bagay ki byen ak anpil bagay ki mal nan toulède kote.7

Ou gen dwa pafwa santi ke w pa ase solid, ni gen ase matirite pou yo kalifye w kòm yon tij ble. Se pou w gen pasyans avèk tèt ou! Senyè a di ke gen kèk pous ki ankò piti.8 Nou tout se Sen Dènye Jou L yo, e byenke nou poko tout sa nou vle ye a, nou serye nan dezi nou pou nou vin vrè disip Li.

Fòtifye lafwa nou nan Jezikri

Nou reyalize ke pandan sa ki mal ap ogmante nan mond lan, sivi espirityèl nou, ak sivi espirityèl moun nou renmen yo, pral mande pou nou pi konplètman nouri, fòtifye, ak ranfòse rasin lafwa nou nan Jezikri. Apot Pòl te konseye nou pou nou pran rasin,9 kanpe byen fèm10 nan lanmou nou pou Sovè a ak detèminasyon nou pou nou suiv. Li. Jodia ak jou k ap vini yo, nou pral mande plis fokis ak efò konsantre, epi nou pral bezwen pwoteje nou kont detounman, ak ensousyans.11

Men, menm avèk enfliyans mond lan k ap ogmante bò kote nou an, nou pa bezwen pè. Senyè a p ap janm abandone pèp alyans Li a. Gen yon pouvwa don espirityèl ak direksyon divin kòm konpansasyon pou moun ki jis yo.12. Sepandan, benediksyon pouvwa espirityèl adisyonèl sa a pa vini sou nou jis paske nou fè pati jenerasyon sa a. Li vini lè nou fòtifye lafwa nou nan Senyè a Jezikri epi nou respekte kòmandman L yo, pandan n ap vin konnen Li epi renmen Li. “Paske lavi ki p ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri.”13

Jan nou konnen trè byen, gen lafwa Jezikri ak vin yon vrè disip Li se plis pase yon desizyon yon sèl fwa—se plis pase yon evènman yon grenn fwa. Se yon pwosesis sakre ki grandi ak elaji atravè sezon lavi nou yo, ki ap kontinye jiskaske nou mete ajenou nan pye L.

Avèk ble a k ap grandi nan mitan livrè a nan mond lan, kijan nou ka apwofondi ak fòtifye angajman nou anvè Sovè a nan jou k ap vini yo?

Men twa ide:

Plonje tèt Nou nan Lavi Jezi

Premyèman, nou ka plonje tèt nou piplis toujou nan lavi Jezi, nan ansèyman L yo, nan majeste Li, nan pouvwa Li, ak sakrifis ekspyatwa L la. Sovè a te di: “Gade sou mwen nan chak panse.”14 Apot Jan raple nou, “Nou renmen Li, paske Li te renmen nou an premye.”15 Amezi n ap pibyen fè eksperyans lanmou Li, n ap renmen L menm pi plis toujou epi, tou natirèlman, n ap suiv egzanp Kris la pi byen nan renmen ak pran swen moun ki nan bezwen. Chak mouvman jis nou fè pou n al jwenn Li, n ap wè Li pi klèman.16 Nou adore Li epi nou eseye imite li nan ti mwayen nou genyen yo.17

Fè Alyans avèk Senyè a

Apre sa, lè nou pi byen konnen ak renmen Sovè a, nou gen plis anvi toujou pou nou pwomèt li fidelite ak konfyans nou. Nou fè alyans avèk Li. Nou kòmanse avèk pwomès nou yo nan batèm, epi nou konfime pwomès sa yo ak lòt ankò lè nou repanti chak jou, nou mande padon, epi nou prepare pou nou resevwa Sentsèn nan chak semèn. Nou pwomèt pou nou “toujou sonje L ak respekte kòmandman L yo.”18

Lè nou pare, nou anbrase òdonans ak alyans tanp yo. Lè nou santi enfliyans letènite a nan moman sakre trankil nou yo nan kay Senyè a, nou kontan fè alyans avèk Bondye epi fòtifye detèminasyon nou pou nou kenbe yo.

Lè nou fè epi kenbe alyans yo sa pèmèt lanmou Sovè a antre pi fon nan kè nou. Nan Lyawonamwa sa a, Prezidan Nelson te di: Alyans [nou] yo ap mennen nou pipre epi pipre Li. … Bondye p ap abandone relasyon Li avèk moun ki fòje yon lyen konsa avèk Li.”19 Jan Prezidan Nelson te di si mayifikman maten an, “Avèk konsekrasyon chak tanp, pouvwa diven adisyonèl antre nan mond lan pou fòtifye nou e kontrekare efò advèsè a k ap entansifye.”20

Èske nou wè poukisa Senyè a ta bay pwofèt Li a direksyon pou L mennen kay Senyè a pi pre nou epi pèmèt nou vin nan kay Li a pi souvan?

Lè nou antre nan tanp lan, nou libere pou yon tan anba enfliyans mond la k ap anvayi nou yo, pandan n ap aprann objektif nou nan lavi a ak don etènèl yo ofri nou atravè Sovè nou an, Jezikri.

Prezève Don Sentespri a

Finalman, twazyèm panse mwen : Nan rechèch sakre sa a, nou apresye, pwoteje, defann, ak sovgade don Sentespri a ak tout kè nou. Prezidan M. Russell Ballard anvan sa epi Èldè Kevin W. Pearson jis kèk minit desa te pale de avètisman pwofesik Prezidan Nelson an ke m ap repete ankò la a: “Li p ap posib pou nou siviv espirityèlman san gidans, direksyon, rekonfò, ak enfliyans konstan Sentespri a.”21 Se yon don ki pa gen pri. Nou fè tout sa nou kapab pou nou pwoteje eksperyans chak jou nou yo, pou enfliyans Sentespri a ka rete avèk nou. Nou se yon limyè pou mond lan, e lè sa nesesè, nou chwazi volontèman pou nou diferan de lòt moun. Sa pa fè lontan, Prezidan Dallin H. Oaks te mande jèn adilt selibatè yo: “Èske nou oze vin diferan?’ … [Espesyalman] enpòtan se chwa n ap fè nan lavi pèsonèl nou yo. … Èske n ap ale alankont opozisyon mond lan?”22

Chwazi pou Nou Diferan de Mond lan

Nan yon mesaj resan sou rezo sosyal, mwen te mande kèk lòt disip pou yo te pataje kèk chwa yo te fè ki te mande pou yo te diferan de mond lan. Mwen te resevwa plizyè santèn repons.23 Men kèk ladan yo:

Amanda: Mwen se yon enfimyè k ap travay nan prizon lokal la. Mwen eseye pran swen prizonye yo jan Kris la t ap fè sa.

Rachel: Mwen se yon chantè opera, e souvan moun yo panse ke se pa anyen si m mete nenpòt kostim yo banmwen, san konsidere modesti. [Paske mwen dote,] mwen te di [pwodiktè yo] ke kostim nan te dwe [desan]. Yo pa t kontan … men yo te fè chanjman yo avèk retisans. Mwen pa t ap twoke lapè ki soti nan kanpe kòm yon temwen Kris la tout tan an.

Chriss: Mwen se yon alkolik ( k ap suiv tretman ), mwen se yon manm Legliz la ki diy pou tanp. Mwen pale tout moun eksperyans mwen avèk adiksyon ak kijan m te akeri yon temwayaj konsènan Ekspyasyon [Jezikri a].

Lauren: Mwen t ap travay sou ekri yon skètch ak kamarad klas mwen yo nan lekòl segondè. Yo te vle pou m te kite pèsonalite kalm ak rezève m nan epi pou m te kòmanse ap di bagay pwofàn. Yo te kontinye fè presyon sou mwen, men mwen te refize e mwen te kanpe fèm sou desizyon mwen.

Adan: Anpil moun pa kwè m lè m di ke m kenbe lwa chastete a epi m chwazi pa al nan pònografi. Yo pa konprann avantaj lajwa ak lapè nan lespri ke sa ban mwen.

Ella: Papa m se yon manm kominote LGBTQ a. Mwen toujou eseye pran santiman lòt moun an konsiderasyon pandan m kanpe kòm yon temwen Kris la epi mwen fidèl ak sa mwen kwè.

Andrade: Mwen te deside kontinye ale legliz lè fanmi m te deside pa ale ankò.

Sherry: Nou t ap patisipe nan yon evènman nan lakay gouvènè a. Yo te kòmanse distribye chanpay pou te pote yon “toast” pou gouvènè a. Mwen te ensiste pran dlo, byenke anplwaye yo te di ke sa t ap ofanse l. Nou te fè toast la pou e gouvènè a, epi mwen te leve vè dlo m nan anlè! Gouvènè a pa t ofanse.

Prezidan Nelson te di, “Wi, n ap viv nan mond lan, men nou gen prensip ki trè diferan de mond lan pou ede nou evite salte mond lan.”24

Anastasia, yon jèn manman nan Ikrèn, te nan lopital paske l te fèk akouche yon ti gason lè bonm yo te kòmanse nan Kyèv Fevriye k sot pase a. Yon enfimyè te louvri pòt chanm lopital la epi l te avèk yon vwa ijan: “Pran tibebe w la, vlope l nan yon dra, epi ale nan koulwa a—kounyea!”

Nan apre, Anastasia te kòmante:

“Mwen pa t janm imajine premye jou m kòm manman t ap difisil konsa, men m ap konsantre sou benediksyon ak mirak mwen te wè yo.

“Pou lemoman, … sa ta ka sanble l enposib pou nou padone moun sa yo ki lakoz si gwo destriksyon ak mal sa yo … , men antanke disip Kris la, mwen gen lafwa ke m ap kapab [padone]. …

“Mwen pa konnen tout sa ki pral rive alavni … men mwen konnen ke kenbe alyans nou yo ap pèmèt Lespri a toujou avèk nou, … sa ap pèmèt nou santi lajwa ak espwa, … menm nan moman difisil yo.”25

Pwomès Lavi Etènèl ak Glwa Selès la

Frè m ak sè m yo, mwen beni paske m resevwa lanmou Sovè byeneme nou an, Jezikri, an abondans. Mwen konnen Li vivan epi L ap gide travay sakre L la. Mwen pa gen ase mo pou m ta eksprime lanmou m pou Li.

Nou se “pitit alyans lan” ki gaye toupatou sou tè a nan peyi ak kilti sou tout kontinan, nou se dè milyon, pandan n ap tann retou gloriye Senyè ak Sovè nou an. Pandan n ap briye tankou yon limyè pou moun ki bò kote nou, nou kontwole dezi, panse, ak aksyon nou yo ak konsyans. Paske n ap chèche ak tout kè nou pou nou konnen ak renmen Sovè a, nou separe tèt nou de mond lan atravè alyans avèk Bondye, nan rete diferan, eksepsyonèl, ak espesyal pandan n ap onore Li ak ansèyman L yo, san nou pa izole tèt nou de lòt moun nan mond lan ki kwè yon fason diferan yo.

Se yon bèl bagay si yo ka konsidere nou kòm ble nan pami ivrè yo, pafwa ranpli ak chagren, men toujou kalme pa matirite ak asirans lafwa nou. Si nou kite lanmou nou pou Sovè a ak lanmou Li pou nou antre byen fon nan kè nou, mwen pwomèt ke n ap vin gen plis asirans ak lapè pou nou fè fas a eprèv nan lavi nou yo. Epi sonje pwomès Sovè a sa a: “Mwen [pral] rasanble pèp mwen an, dapre parabòl ble a ak ivrè yo, pou ble a kapab an sekirite nan grap yo pou l posede lavi etènèl, epi pou l kouwone ak laglwa selès la. ”26 Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Matye 24:3.

  2. Matye 24:33.

  3. Henry B. Eyring, “Rete fèm nan mitan tanpèt yo,” Liahona, Me 2022, 27.

  4. Matye 13:16; italik ajoute.

  5. Matye 13:38.

  6. Matye 13:30.

  7. Èldè Neal A. Maxwell te di: “Manm legliz yo pral viv nan sitiyasyon ble-ak-ivrè sa a rive jis nan Milenyòn nan,. Gen kèk vrè ivrè ki fè tèt yo pase pou ble” (“Vin Tankou yon Timoun,” Ensign, Me 1996, 68).

  8. Gade Doktrin ak Alyans 86:4–6.

  9. Gade Kolosyen 2:7.

  10. Gade Kolosyen 1:23; gade tou Efezyen 3:17; Neal A. Maxwell, “Grounded, Rooted, Established, and Settled” (devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 15 Sept 1981), speeches.byu.edu.

  11. Nan Matye 13:22, Jezi te avèti disip li yo pou yo pa kite sousi mond lan ak desepsyon richès yo “toufe pawòl la” epi sispann pwogrè espirityèl li. Mwen renmen lye fraz “toufe pawòl la” a premye chapit Janan, kote Jan deklare ke pawòl la se Jezi a: “Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. … Tout bagay te fèt pa limenm; Nan tou sa ki te fèt, pat gen anyen ki te fèt san Pawòl la” (Jan 1:1, 3). Lafwa nou nan Jezikri, detèminasyon nou pou nou suiv li, lanmou nou pou Sovè a kapab toufe, oswa anpeche grandi si yo pa jwenn limyè ak nouriti espirityèl (gade Alma 32:37–41

  12. Gade Neil L. Andersen, “A Compensatory Spiritual Power for the Righteous” (devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 18 Out 2015), speeches.byu.edu.

  13. Jan 17:3.

  14. Doktrin ak Alyans 6:36.

  15. 1 Jan 4:19.

  16. Èldè David B. Haight te di:

    “Se vre ke kèk moun te vrèman wè Sovè a men, lè yon moun konsilte diksyonè a, li aprann ke gen anpil lòt siyifikasyon pou mo a, tankou vin konnen Li, disène Li, rekonèt Limenm ak travay Li, pèsevwa enpòtans Li, oubyen konprann Li.

    Kalite eklèsisman ak benediksyon sa yo disponib pou nou chak” (“Le temple et l oeuvre qui s y accomplit,” L Etoile, Janv. 1991, 58).

  17. Gade Mozya 5:13.

  18. Doktrin ak Alyans 20:77.

  19. Russell M. Nelson, “Alyans Etènèl la,” Liahona, Okt. 2022, 5.

  20. Russell M. Nelson,“Kisa Ki Vre,” Liahona, Nov. 2020, 29.

  21. Russell M. Nelson, , “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi nou,” Liahona, Me 2018, 96.

  22. Dallin H. Oaks, “Going Forward in the Second Century” (devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 13 Sept. 2022), Prezidan Oaks te atribye fraz “oze diferan” an a yon resan atik nan Deseret Magazine pa Elder Clark G. Gilbert, Komisè Depatman Sistèm Edikatif Legliz la, sou prezève idantite relijye nan ansèyman siperyè (gade Clark G. Gilbert, “Dare to Be Different,” Deseret MagazineSept. 2022, www.deseret.com).

  23. Si w ta renmen aprann nan men lòt moun ki te fè kòmantè sou fason yo te diferan de mond lan, ou ka li kòmantè yo sou Facebook (gade Neil L. Andersen, Facebook, 18 Out 2022, facebook.com/neill.andersen) oswa Instagram (gade Neil L. Andersen, Instagram, 18 Out 2022, instagram.com/neillandersen).

  24. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 13 Jen , 2018), HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org.

  25. Anastasia Kocheva, “Facing the Conflict in Ukraine, Healing the Conflict in My Heart,” YA Weekly, Me 2022.

  26. Doktrin ak Alyans 101:65.