Konferans Jeneral
Ak Tout Kè Nou
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Ak Tout Kè Nou

Nou dwe disip ki ap suiv Jezi ak lafwa epi ak tout kè nou nan vwayaj disip pèsonèl nou an.

Gen de fwa, li itil pou n konnen kisa pou nou atann.

Tou pre fen ministè Li, Jezi te di Apot li yo ke move tan te gen pou vini. Men, Li te di tou, “Nou pa bezwen pè.”1 Wi, Li te gen pou L ale, men Li pa p kite yo poukont yo. 2 Li ta pral voye Lespri L pou ede yo sonje, kenbe fèm, ak jwen lapè. Sovè a akonpli pwomès Li pou L te rete avèk disip Li yo, men nou dwe kontinyèlman kenbe je nou sou Li pou ede nou rekonèt ak jwi prezans Li.

Disip Kris yo toujou konn travèse moman difisil.

Yon bon zanmi m te voye yon ansyen atik jounal ki te sòti nan Nebraksa Advertiser, kise yon jounal nan zòn Midwès nan Etazini, date 9 Jiyè 1857 ban mwen. Li di konsa: “Byen bonè nan maten sa a yon bon kantite Mòmon te pase la a nan wout yo pou al Salt Lake. Fi yo ( pa twò rafine, se sèten) t ap rale charyo amen tankou bèt, yon [fi] te tonbe nan labou nwa a sa ki te lakoz yon arè nan pwosesyon an, timoun yo ap mache abiye ak rad [etranj] epi yo parèt osi detèmine ke manman yo.”3

Mwen te panse anpil a fi ki te kouvri ak labou sa a. Poukisa l t ap rale charyo a poukont li? Èske sete yon manman selibatè? Kisa ki te ba l fòs enteryè, kouraj, ak pèseverans pou l te fè yon vwayaj di konsa nan mitan labou, ap rale tout sa l te posede nan yon charyo pou l t ale nan yon mezon nan yon dezè enkoni—pafwa anba obsèvatè ki t ap pase l nan betiz?4

Prezidan Joseph F. Smith te pale de fòs enteryè fi pyonye sa yo te genyen, lè l te di: “Èske w te ka detounen youn nan fi sa yo nan konviksyon yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo? Èske w te ka twouble lespri yo apwopo misyon Pwofèt Joseph Smith la? Èske w te ka avegle yo pou yo pa t wè referans misyon divin Jezikri, Pitit Gason Bondye a? Non, ou pa t ap janm kapab. Poukisa? Paske yo te konnen sa. Bondye te revele l ba yo, epi yo te konprann li, epi okenn pouvwa sou tè a pa t ap kapab detounen yo de sa yo te konnen ki te verite a.”5

Frè m ak sè m yo, apèl nou jodia se pou nou ka rive vin kalite gason ak fi konsa—disip ki byen plante ki ka jwenn fòs andedan nou pou nou ka kontinye avanse lè apèl la vini pou nou mache atravè dezè a, disip ki gen konviksyon ke Bondye revele ba nou, disip ki avèk lajwa ak yon kè sensè ap suiv Jezi nan pwòp vwayaj pèsonèl disip pa nou. Antanke disip Jezikri, nou kwè epi nou ka pwogrese nan twa verite enpòtan.

Premyèman, Nou Kenbe Alyans Nou yo, Menm Lè Sa Pa Fasil

Lè lafwa w, fanmi ou, oubyen lavni w atake—lè w ap mande poukisa lavi w difisil konsa alòske w ap fè tout sa w kapab pou w viv levanjil la—sonje Senyè a te di nou pou nou te atann ap gen pwoblèm. Pwoblèm fè pati plan an e yo pa vle di ke nou abandone; yo fè pati de sa savledi pou nou se moun Senyè a.6 Apre tou, “Li te soufri anpil, Li te tout tan nan gwo lapenn.”7

Mwen vin ap aprann ke Pè Selès la plis enterese nan pwogresyon m antanke yon disip Jezikri pase L enterese nan konfò mwen. Mwen gendwa pa toujou vle l konsa—men se sa l ye!

Viv konfòtab pa pote pouvwa. Pouvwa nou bezwen pou nou reziste anba pwoblèm epòk nou yo se pouvwa Senyè a epi pouvwa Li koule atravè alyans nou fè avèk Li yo.8 Apiye sou lafwa nou lè n ap fè fas a move van—pou nou sensèman chèche sa nou te fè alyans avèk Sovè a ke nou pral yo, espesyalman lè nou fatige, preyokipe, epi n ap konbat avèk kesyon ak pwoblèm twoublan—se gradyèlman resevwa limyè Li, fòs Li, lanmou Li, Lespri Li, lapè Li.

Objektif nou lè n ap mache nan chemen alyans la se pou n pwoche nou de Sovè a. Se Li ki objektif la, e non pa pwogresyon pafè nou. Se pa yon konpetisyon, epi nou pa dwe konpare pakou nou ak pakou lòt moun. Menm lè nou trebiche, Li la.

Dezyèmman, Nou Kapab Aji ak Lafwa

Antanke disip Jezikri, nou konprann ke lafwa nan Li mande aksyon—espesyalman nan tan ki difisil yo.9

Sa gen kèk ane, paran m te deside chanje kapèt nan kay la. Jou swa anvan nouvo kapèt la te gen pou l te vini an, manman m te mande frè m yo pou yo te retire mèb yo epi rale kapèt nan chanm yo pou yo te ka enstale nouvo kapèt la. Ti sè m nan, Emily, ki te gen 7 an lè sa a, te deja ap dòmi. Konsa, pandan l t ap dòmi an, yo te retire tout mèb yo nan chanm ni, eksepte kabann nan, epi apresa yo te rale kapèt la. Bon, jan gran frè yo pafwa konn fè, yo te deside fè yon blag. Yo te retire rès bagay li yo nan plaka l la ak sou mi yo, epi yo te kite chanm nan vid. Apre sa, yo te ekri yon nòt epi yo te tache l sou mi an: “Chè Emily, nou demenaje. N ap ekri w nan kèk jou pou n di w ki kote nou ye. Avèk amou, fanmi ou.”

Nan demen manten lè Emily pa t vin pran dejene, frè m yo t al chèche li—li te la, tris, poukont li dèyè yon pòt fèmen. Men kijan Emily te pale de eksperyans sa a nan apre: “Mwen te devaste. Men, kisa ki t ap rive si m te sèlman ouvri pòt la? Kisa m t ap tande? Kisa m t ap santi? Mwen t ap konnen ke m pa t poukont mwen. Mwen t ap konnen ke yo reyèlman renmen mwen. Lide pa t jan vin nan tèt mwen pou m te fè yon bagay apwopo sitiyasyon m nan. Mwen te jis renonse epi m te rete ap kriye nan plaka m nan. E poutan, si omwen m te tou senpleman ouvri pòt la.”10

Sè m nan te fè yon sipozisyon ki te baze sou sa l te wè, men sa pa t reflete fason bagay yo te vrèman ye a. Èske sa pa enteresan ke noumenm, tankou Emily, ka vin sitèlman akable pa tristès oswa doulè oubyen dekourajman oswa enkyetid, oubyen solitid oswa kòlè oubyen fristrasyon nou, ki fè lide pa janm pase nan tèt nou pou nou tou senpleman fè yon bagay, ouvri pòt la, aji ak lafwa nan Jezikri?

Ekriti yo ranpli ak egzanp gason ak fi, disip Kris la, ki, lè yo te fè fas ak sa ki te enposib, te senpleman aji—yo te leve ak lafwa epi yo te mache.11

Kris la te di moun ki te gen lalèp ki t ap chèche gerizon yo, “Al fè prèt yo wè nou. Epi sa te rive ke, pandan yo ta prale, yo te geri.”12

Yo te mache al montre prèt yo kò yo kòmsi yo te deja geri, epi nan pwosesis aksyon an, yo te geri toutbon vre.

Mwen vle di tou ke si lide pou w fè aksyon nan mitan doulè w la parèt enposib, tanpri, fè aksyon w dwe fè pou w chèche èd ou bezwen an—èd yon zanmi, yon manm fanmi, yon dirijan Legliz, yon pwofesyonèl. Se kapab premye pa ou pou w jwen lespwa.

Twazyèmman, Nou Kapab Gen Lajwa ak Tout Kè Nou nan Devosyon Nou13

Lè tan difisil yo vini, mwen eseye sonje ke m te chwazi suiv Jezikri anvan m te vin sou tè a, epi difikilte ki afekte lafwa mwen, sante mwen, ak andirans mwen yo fè pati rezon ki fè mwen la a. Epi, sètènman, mwen pa ta dwe janm panse ke eprèv jodia ap mete lanmou Bondye an kesyon pou mwen ni ranplase lafwa m genyen nan Li a pa dout. Eprèv yo pa vle di ke plan an pa p mache; yo fè pati plan an ki te fèt pou ede m chèche Bondye. Mwen vin plis tankou Li lè m andire avèk pasyans, epi ak espwa, tankou Li, lè nan agoni, mwen priye avèk plis fèvè.14

Jezikri sete yon egzanp pafè sou fason pou nou renmen Papa a ak tout kè—pou fè volonte L, kèlkeswa pri a.15 Mwen vle fè menmjan an tou pou m ka suiv egzan Li.

Mwen enspire pa fidelite san rezèv e plen chalè vèv la ki te mete de ti pyès kòb li a nan ofrann tanp lan. Li te bay tout sa li te genyen.16

Jezikri te rekonèt vrè valè sa l te bay la alòske rès moun yo te sèlman wè sa l te manke. Se menm bagay la pou chak nan nou. Li pa wè sa nou manke yo tankou yon echèk men pito tankou yon opòtinite pou nou egzèse lafwa ak grandi.

Konklizyon

Disip Jezikri parèy mwen yo, ak tout kè m, mwen chwazi pou m kanpe avèk Senyè a. Mwen chwazi pou m kanpe avèk sèvitè Li chwazi yo—Prezidan Russell M. Nelson ak Apot parèy li yo—paske yo pale pou Li epi yo se entandan òdonans ak alyans ki mare m avèk Sovè a.

Lè m trebiche, m ap kontinye leve, pandan m ap konte sou gras ak pouvwa Jezikri ki pote aksyon. M ap rete nan alyans mwen avèk Li epi m ap travay sou kesyon m yo nan etidye pawòl Bondye a, ak lafwa, epi avèk èd Sentespri a, ki se yon gid mwen fè konfyans. M ap chèche Lespri Li chak jou nan akonpli ti bagay senp yo.

Sa se chemen disip mwen.

Epi jiska jou pou tout blesi kotidyen nan mòtalite yo geri a, m ap apiye m sou Senyè a epi m ap fè L konfyans—nan tan Li, nan sajès Li, nan plan Li.17

Men nan lamen avèk ou, mwen vle kanpe avèk Li pou tout tan. Avèk tout kè m. Ak konesans ke lè nou renmen Jezikri avèk tout kè nou, Li remèt nou tout bagay an retou.18 Nan non Jezikri, amèn.