Konferans Jeneral
Kisa ki Vrè?
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Kisa ki Vrè?

Li se sous tout lajwa. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo anbrase tout verite ke Bondye transmèt bay pitit Li yo.

Frè ak sè byeneme m yo, mèsi a nou tout pou sesyon enspiran sa a! Depi apre konferans Avril nou an, nou te temwen anpil evenman nan mond lan, soti nan dechiran rive nan siblim.

Nou trè kontan aprann ke gen anpil konferans pou jèn yo k ap fèt nan tout mond lan.1 Nan konferans sa yo, jèn nòb nou yo ap aprann ke kèlkeswa sa k rive nan lavi yo, pi gwo fòs yo soti nan Senyè a.2

Nou rejwi paske plis tanp ap konstwi tout kote nan mond lan. Avèk konsekrasyon chak tanp, pouvwa diven adisyonèl antre nan mond lan pou fòtifye nou e kontrekare efò advèsè a k ap entansifye yo.

Abi reprezante enfliyans advèsè a. Se yon peche grav.3 Antanke Prezidan Legliz la, mwen konfime ansèyman Senyè a, Jezikri sou pwoblèm sa a. Mwen vle pafètman klè: tout kalite abi sou fi, timoun, oswa nenpòt moun se yon abominasyon devan Senyè a. Li tris epi mwen tris nenpòt lè yon moun sibi domaj. Li kriye e nou tout kriye pou chak moun ki viktim anba nenpòt kalite zak abi. Moun ki komèt zak orib sa yo non sèlman responsab devan lwa lèzòm men yo pral fè fas ak kolè Bondye tou.

Depi plizyè deseni, Legliz la ap pran anpil mezi pou pwoteje—an patikilye—timoun yo kont abi. Gen anpil èd sou sit entènèt Legliz la. Mwen envite nou pou nou etidye yo.4 Yo mete direksyon pou nou suiv sa yo mete anplas pou pwoteje inosan yo. Mwen egzòte nou chak pou nou rete vijilan devan nenpòt moun ki gendwa ap viktim anba abi epi aji rapidman pou pwoteje yo. Sovè a pa p tolere abi, epi kòm disip Li, nou pa kapab nonplis.

Advèsè a gen lòt taktik enkyetan. Pami yo genyen efò pou bwouye liy ant sa ki vrè ak sa ki pa vrè a. Iwonikman, pakèt enfòmasyon ki disponib nan plamen nou yo rann ni pi difisil pou nou detèmine sa ki vrè.

Pwoblèm sa a raple m yon eksperyans Sè Nelson avèk mwen te fè lè nou te vizite yon dinyitè nan yon peyi kote pa t gen anpil moun ki te tande pale de Jezikri. Zanmi chè sa a ki te fin granmoun te tonbe malad grav. Li te di nou ke pandan anpil jou li te pase nan kabann yo, li te souvan ap gade plafon an epi mande, “Kisa ki vrè?”

Anpil moun sou tè a jodia “sèlman twouve yo lwen verite a paske yo pa konnen kote pou yo jwenn li.”5 Kèk moun vle fè nou kwè ke verite se yon bagay ki relatif—ke chak moun ta dwe detèmine pou tèt pa li kisa ki vrè. Kalite kwayans sa a pa lòt bagay pase ilizyon nan panse moun ki malerezman panse ke yo pa p gen kont pou yo rann bay Bondye yo.

Chè frè m ak sè m yo, Bondye se sous tout verite. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo anbrase tout verite ke Bondye kominike bay pitit Li yo, kit yo aprann li nan yon laboratwa syantifik oswa resevwa l par revelasyon dirèk Li bay.

Apati chè sa a jodia ak demen, nou pral kontinye tande laverite. Tanpri note tout panse ki atire atansyon nou ak sa ki vini nan lespri nou epi ki rete nan kè nou yo. Nan lapriyè, mande Senyè a pou konfime ke sa nou te tande yo se verite.

Mwen renmen nou, chè frè m ak sè m yo. Mwen priye pou konferans sa a ba nou festen espirityèl n ap chèche a. Nan non sakre Jezikri, amèn.