Konferans Jeneral
Disip Inebranlab
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Disip Inebranlab

Nou ka jwenn konfyans spirityèl ak lapè si nou devlope abitid ki sen ak woutin jis ki kapab soutni ak alimante dife lafwa nou.

Pandan ete pase a, plis pase 150.000 nan jèn nou yo atravè tout mond lan te grandi nan lafwa nan youn nan santèn sesyon yon semèn konferans Pou Fòs Jèn yo oubyen Konferans FSY. Etandone nou soti nan konfinman pandemi an, pou anpil moun, sete yon aksyon lafwa nan Senyè a ki te fè yo rive menm asiste. Anpil nan jèn ki te patisipe yo sanble y ap suiv yon menm koub pou monte al nan yon konvèsyon ki pi pwofon. Nan fen semèn yo a, mwen te kontan pou m te mande yo, “Kijan sa te ye?”

Pafwa yo te di yon bagay konsa: “Ebyen, nan Lendi mwen te fache kont manman m paske li te fè m vini. E m pa t konn pyès moun. E mwen pa t panse ke sa sete pou mwen. E mwen pa t apral gen okenn zanmi. … Men kounyea nou rive Vandredi, e mwen jis anvi rete la a. Mwen vle santi Lespri a nan lavi m. Se konsa m vle viv.”

Yo chak gen pwòp istwa pa yo pou yo rakonte sou moman eklèsisman ak don espirityèl ki te devèse sou yo epi ki te kontribye nan kwasans pwogresyon sa a. Mwen menm tou mwen te chanje nan konferans ete FSY sa a pandan m t ap wè Lespri Bondye ki t ap reponn san konte a dezi kè gwo kantite jèn sa yo ki yo chak endividyèlman te jwenn kouraj pou yo te fè L konfyans pou pase yon semèn sou pwoteksyon L la.

Menm jan avèk yon bato an asye ki briyan sou lanmè a, n ap viv nan yon anviwonman ki danjere espirityèlman kote nou ta dwe kontwole konviksyon ki pi briyan yo avèk atansyon san sa, yo ka vin wonje, epi vin wouye epi apresa vin tonbe anmyèt.

Ki Kalite Bagay Nou Kapab Fè Pou Kontinye Kenbe Flanm Konviksyon nou Limen?

Eksperyans tankou konferans FSY, kan, reyinyon sentsèn, ak misyon kapab ede ranfòse temwanyaj nou, pou mennen nou atravè koub kwasans ak dekouvèt espirityèl nan lye ki gen lapè relatif. Men kisa nou dwe fè pou nou rete la epi kontinye “avanse avèk fèmte nan Kris la” (2 Nefi 31:20) olye pou nou glise pa bak? Nou dwe kontinye fè tout sa ki te mennen nou la odepa a, tankou lapriyè souvan, plonje nou nan ekriti yo, epi sèvi sensèman.

Pou kèk nan nou, sa ka petèt mande pou nou egzèse konfyans nan Senyè a menm pou asiste reyinyon sentsèn. Men yon fwa nou la, enfliyans gerizon sentsèn Senyè a, yon dòz prensip levanjil yo, ak nourisman nou jwenn nan kominote legliz la kapab mennen nou lakay nan yon nivo ki pi wo.

Ki Kote Pouvwa nou Santi Lè nou Reynini Ansanm nan Soti?

Nan FSY la, 150.000 ak plis nan jèn nou yo te vini pou yo te pi byen konnen Sovè a nan itilize yon fòmil senp ki sete reyinyi ansanm, kote de oubyen plis nan yomenm te reyini nan non Li (gade Matye 18:20), kote yo te angaje yo nan levanjil la ak nan ekriti yo, chante ansanm, lapriyè ansanm, epi jwenn lapè nan Kris la. Sa se yon preskripsyon puisan pou yon revèy espirityèl.

Gwo gwoup frè ak sè sa yo ki te soti toupatou nan mond lan kounyeya te tounen lakay yo pou detèmine kisa sa vle di pou kontinye “fè Senyè a konfyans” (Pwovèb 3:5; tèm jèn yo pou 2022) menm lè yo antoure avèk kakofoni yon mond boulvèse. Se yon bagay pou n “koute Li” (Istwa—Joseph Smith 1:17) nan yon andwa kontanplasyon an silans avèk ekriti yo byen ouvè. Men se yon lòt bagay pou nou rete yon disip nan toubiyon distraksyon sa a kote nou dwe fè efò pou “koute Li,” menm atravè bwouya enkyetid pèsonèl ak mank konfyans nou. Annou pa gen okenn dout sou sa: se elan ewoyik sa a menm jèn nou yo te manifeste lè yo te deside nan kè yo ak nan lespri yo pou yo kontinye kanpe fèm anfas bagay moral yo k ap chanje nan epòk nou an.

Kisa Fanmi yo Ka Fè nan Fwaye a Pou Konstwi Sou Elan sa a Aktivite Legliz yo Kreye a?

Mwen te sèvi yon fwa kòm mari prezidant Jènfi pieu a. Yon jou swa, yo te banm responsabilite pou m te ranje bonbon nan koulwa a pandan madanm mwen t ap dirije yon kwendfe nan chapèl la pou paran yo ak pitit fi yo ki t ap prepare yo pou yo t ale nan kan Jènfi nan semèn ki t ap vini an. Aprè l te fin eksplike ki kote yo ta prale ak kisa pou yo te pote, li te di, “Kidonk, Madi maten lè nou fin depoze bèl pitit fi nou yo nan bis la, ba yo yon bèl akolad. Epi bo yo pou di babay—paske yo pa p retounen ankò.”

Mwen te tande yon moun fè yon ti kri, epi m te reyalize ke sete mwen. “Pa p retounen?”

Men, lè sa a li te kontinye di, “Lè nou depoze ti fi sa yo Madi-maten an, yo pral kite distraksyon bagay ki gen mwens enpòtans yo dèyè epi yo pral pase yon semèn ansanm pou yo aprann ak pwogrese ak fè Senyè a konfyans. Nou pral lapriyè ansanm ak chante ak fè manje epi sèvi ansanm epi pataje temwanyaj nou ansanm epi fè bagay k ap pèmèt nou santi Lespri Papa nou ki nan Syèl la, tout semèn nan, jiskaske yo ranpli ak Lespri a jis nan zo. Epi nan Samdi, tifi sa yo nou pral wè desann nan bis la pa pral moun nou te depoze nan Madi a. Yo pral nouvo kreyati. Epi si nou ede yo kontinye ogmante nivo espirityèl ke yo te atenn nan kan an, yo pral etone nou. Y ap kontinye chanje ak pwogrese. Epi konsa fanmi nou tou.”

Nan jou Samdi sa a, sa te pase egzakteman jan l te prevwa a. Pandan m t ap ranje tant yo, mwen te tande vwa madanm mwen nan ti zòn anbwa a kote ti medam yo te rasanble anvan yo t ale lakay yo a. Mwen te tande l di, “O, apa nou. Nou t ap gade nou pandan tout semèn nan. Tifi Samdi nou yo.”

Jèn vanyan Siyon yo ap vwayaje atravè epòk etonan. Jwenn lajwa nan mond sa a k ap pwofetize dezòd san nou pa vin fè pati mond sa a, avèk mank enfòmasyon l apwopo sentete a, se yon gwo responsablite. G. K Chesterton te pale prèske tankou l te wè rechèch sa a ki se santre nan fwaye a ak sipòte pa Legliz la lè l te di, “Nou dwe pèsevwa inivè a alafwa kòm chato yon mons, pou nou pran daso, epi kòm pwòp lakay pa nou, kote nou ka retounen nan aswè.” (Òtodòks [1909], 130).

Erezman, yo pa oblije al nan batay la poukont yo. Yo youn genyen lòt. Epi yo genyen nou. Epi y ap suiv yon pwofèt vivan, Prezidan Russell M. Nelson, k ap dirije avèk konesans optimis yon vwayan nan pwoklame ke gwo travay nan epòk sa a—rasanbleman Izrayèl la—pral gran ak majestye (gade “Lespwa Izrayèl” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018], HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org).

Ete sa a, madanm mwen, Kalleen, avèk mwen t ap chanje avyon nan Amstèdam kote, anpil ane anvan, mwen te yon nouvo misyonè. Aprè kèk mwa kote m te lite pou m te aprann Olandè, vòl KLM nou an te ateri, epi kapitèn nan te fè yon anons etranj nan mikwo sistèm Adrès Piblik la. Aprè yon moman silans, konpay mwen an te mimire, “M panse sa sete Olandè.” Nou youn te gade lòt, nou youn te li panse lòt: Nou nan ka.

Men, tout bagay pa t pèdi. Pandan m t ap emèveye pou efò lafwa nou te rive fè pandan nou t ap mache atravè ayewopò sa a nan wout nou pou t al jwenn mirak ki t ap pral vide sou nou kòm misyonè a, mwen te toudenkou retounen nan leprezan pa yon misyonè byen vivan, ki t ap pran avyon pou l te retounen lakay li. Li te prezante tèt li epi l te mande, “Prezidan, kisa pou m fè kounyea?” Kisa m ka fè pou m rete solid?”

Enben, se menm kesyon sa a ki nan lespri jèn nou yo lè yo kite konferans FSY yo, kan pou jèn yo, vwayaj tanp yo, ak nenpòt lè yo santi pouvwa syèl la.

Mwen te santi yon gwo lanmou pou misyonè sa a ki t ap sèvi nan dènye lè misyon l lan, epi, nan moman trankil sa a ki te soti nan Lespri a, mwen te tande vwa m tou anwe lè m te di tou senpleman, “Ou pa bezwen pote plak la pou w pote non L.”

Mwen te anvi mete menm sou zepò l li pou m te di l, “Men kisa sa pou w fè. Rantre lakay ou epi rete egzakteman konsa. Ou sitèlman bon moun ke w prèske briye nan fènwa a. Disiplin ak sakrifis ou fè nan misyon w yo fè w vin yon pitit Bondye ki mayifik. Kontinye fè lakay ou bagay ki te si byen fonksyone pou ou yo isit la. Ou te aprann priye, ak kimoun pou w priye ak langaj lapriyè a. Ou te etidye pawòl Sovè a epi ou te vin renmen Li pandan w t ap eseye vin menm jan avèk Li. Ou te renmen Papa nou ki nan syèl la menmjan Li te renmen Papa nou ki nan Syèl la, ou te sèvi lòt moun menmjan Li te sèvi lòt moun nan, epi ou te viv kòmandman yo menmjan Li te viv yo a—epi lè w pa t fè sa, ou te repanti. Fidelite w kòm disip se pa jis yon slogan ki ekri sou yon mayo—li vin fè pati lavi ou, ke w viv nan objektif pou w ede lòt moun. Konsa, rantre lakay ou epi fè sa. Rete menmjan an. Kenbe elan espirityèl sa a pou tout rès lavi w.”

Mwen konnen ke atravè konfyans nan Senyè a , Jezikri, ak nan chemen alyans Li a, nou kapab jwenn asirans ak lapè espirityèl lè nou devlope abitid sen ak woutin jis ki kapab soutni ak ranfòse lafwa nou pou tout tan. Se pou nou chak ka toujou rapwoche pi pre dife rekonfòtan sa yo epi, kèlkeswa sa k ta rive, pou nou rete. Nan non Jezikri, Amèn.