Konferans Jeneral
Nouri Temwayaj Ou epi Pataje Li
Konferans Jeneral Oktòb 2022


Nouri Temwayaj Ou epi Pataje Li

Mwen envite nou pou nou chèche okazyon pou n rann temwayaj nou an pawòl ak an aksyon.

Entwodiksyon

Moman desizif nan lavi yo rive souvan epi sanzatann, menm lè nou ankò jèn. Pèmèt mwen pataje yon istwa konsènan yon elèv lekòl segondè, ki rele Kevin, ke yo te chwazi pou l te vwayaje al nan yon lòt eta pou l t al asiste yon reyinyon kòm reprezantan lòt elèv yo, jan li rakonte l nan pwòp mo pa li.

“Tou pa mwen te rive nan liy nan, epi sekretè ki te anchaj enskripsyon an te mande m non mwen. Li te gade nan lis la epi l te di, ‘Bon, ou se jenòm ki soti Utah a.’

“‘Ou vledi se mwenmenm sèlman?’ Mwen te mande.

“‘Wi, oumenm sèlman.’ Li te lonje badj mwen ban mwen, ki te gen non m ekri sou li epi ki te gen ‘Utah’ ekri anba non mwen. Pandan m t ap tache l sou mwen, mwen te santi se kòmsi yo te kataloge mwen.

“Mwen te antre nan asansè otèl la avèk 5 lòt elèv segondè ki te gen bagj avèk non yo, menmjan ak pa m nan. ‘Ey, ou soti Utah. Ou se Mòmon?’ youn nan elèv yo te mande.

“Mwen te santi m malalèz avèk tout reprezantan elèv sa yo ki te soti nan tout peyi a. ‘Wi,’ mwen te reponn avèk ezitasyon.

“‘Ou fè pati moun ki kwè nan Joseph Smith, ki di li te wè zanj yo. Èske w kwè sa tout bon vre?

“Mwen p at konnen sa pou m te di. Tout elèv yo nan asansè a te gen je yo fikse sou mwen. Mwen te fèk rive, epi deja, tout moun te panse m te diferan. Mwen te vin yon ti jan sou ladefansiv men apresa m te di, ‘Mwen konnen Joseph Smith sete yon pwofèt Bondye.‘

“Kote pawòl sa a te soti?’ Mwen t ap mande tèt mwen. Mwen pat konnen m te genyen l nan mwen. Men mwen te santi pawòl yo te vrè.

Li te di, “Wi, yo te di mwen ke nou tout se fanatik relijye.’

“Avèk sa, te gen yon silans anbarasan pandan pòt asansè te louvri. Pandan nou t ap rasanble afè nou, li te mache soti nan koulwa a ap ri.

“Epi lè sa a, yon vwa dèyè do m nan te mande m, ‘Ey, èske se vre Mòmon yo gen yon lòt kalite Bib?’

“O non. Pa ankò. Mwen vire epi m wè yon lòt elèv ki te nan asansè a avèk mwen, Christopher.

Mwen te di “‘Li rele Liv Mòmon‘, ak espwa pou m te fini ak sijè a. Mwen te ranmase valiz mwen epi m te kòmanse mache nan koulwa a.

Li te mande “Èske se liv Joseph Smith te tradui a?’

Mwen te reponn “‘Wi, se li,’ Mwen te kontinye mache, ak lespwa pou m te evite anbarasman.

“‘Bon, èske w konn kijan m ka jwenn youn?’

“Yon ekriti mwen te aprann nan seminè te vini nan lespri m tousuit. “Mwen pa wont levanjil Jezikri a.”1 Pandan sa t ap antre nan lespri mwen, mwen te santi m wont dèske m te si anbarase konsa.

“Pou tout rès semèn nan, ekriti sa a pa vle kite m. Mwen te reponn tout kalite kesyon m te kapab sou Legliz la, epi m te fè anpil zanmi.

“Mwen te dekouvri ke m te fyè de relijyon m nan.

“Mwen te bay Christopher yon Liv Mòmon. Nan apre li te ekri m pou l te di m ke li te envite misyonè yo lakay li.

“Mwen te aprann pou m pa pè rann temwayaj mwen.”2

Mwen enspire pa kouraj Kevin nan pataje temwayaj li a. Se yon kouraj ki repete chak jou pa manm fidèl Legliz la atravè mond lan. Pandan m ap pataje panse m yo, mwen envite nou pou nou reflechi sou kat kesyon sa yo:

  1. Èske m konnen ak konprann kisa yon temwayaj ye?

  2. Èske m konnen kijan pou m rann temwayaj mwen?

  3. Ki obstak ki genyen nan pataje temwayaj mwen?

  4. Kijan pou m kenbe temwayaj mwen?

Èske M Konnen ak Konprann Kisa yon Temwayaj ye?

Temwayaj ou se yon byen trè presye, ki asosye souvan avèk santiman espirityèl ki pwofon. Dabitid, santiman sa yo kominike trankilman epi yo dekri yo kòm yon “ti vwa tou piti.”3 Se kwayans ou oswa konesans ou sou laverite ke w resevwa kòm yon temwayaj espirityèl atravè enfliyans Sentespri a. Akeri temwayaj sa a ap chanje sa w ap di ak fason w ap aji. Eleman kle temwayaj ou, konfime pa Sentespri a, enkli:

  • Bondye se Papa ou ki nan Syèl la, ou se pitit Li. Li renmen ou.

  • Jezikri vivan. Li se Pitit Gason Bondye vivan an ak Sovè ak Redanmtè ou.

  • Joseph Smith se yon pwofèt Bondye te aple pou retabli Legliz Jezikri a.

  • Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se Legliz Bondye a ki retabli sou tè a.

  • Legliz retabli Jezikri a dirije pa yon pwofèt vivan.

Èske m konnen kijan pou m rann temwayaj mwen?

Ou rann temwayaj ou lè w pataje santiman espirityèl ou avèk lòt moun. Antanke manm Legliz la, ou gen opòtinite pou rann temwayaj ou vèbalman nan reyinyon fòmèlèl yo nan Legliz la oswa nan konvèsasyon pèsonèl ki mwens fòmèl avèk fanmi, zanmi, ak lòt moun.

Yon lòt fason pou pataje temwayaj ou se atravè konpòtman ki jis. Temwayaj ou nan Jezikri se pa jis sa w ap di—se sa ou ye.

Chak fwa ou rann temwayaj ou oralman oubyen w demontre nan aksyon ou angajman w pou suiv Jezikri, ou envite lòt moun pou yo “vin jwenn Kris la.”4

Manm Legliz yo kanpe kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, epi nan tout kote.5 Opòtinite pou fè sa nan inivè dijital la san limit lè nou itilize pwòp kontni enspire pa nou oubyen nou itilize kontni edifyan lòt moun prepare. Nou temwaye lè nou renmen, pataje, ak envite, menm anliy. Tweet ou yo, mesaj dirèk, ak pòs ou yo ap mennen nan yon objektif pi elve lè w itilize rezo sosyal pou w montre kijan levanjil Jezikri a fòme lavi ou.

Ki obstak ki Genyen nan Pataje Temwayaj Mwen?

Obstak ki genyen nan pataje temwayaj mwen yo gendwa enkli ensètitid osijè kisa pou m di. Mathew Cowley, yon ansyen Apot, te pataje eksperyans sa a lè l ta prale nan yon misyon pou senkan a laj 17tan nan Nouvèl Zelann:

“Mwen pap janm bliye priyè papa m yo jou mwen t ap kite a. Mwen pa t janm tande yon si bèl benediksyon nan tout lavi m. Ak dènye pawòl li te di m yo nan estasyon tren an, ‘Pitit gason mwen, ou pral ale nan misyon sa a; ou pral etidye; ou pral eseye prepare diskou; epi pafwa lè yo poze w kesyon, ou pral panse ke w trè byen prepare, men lè w leve kanpe, lespri w pral konplètman vid.’ Mwen te viv eksperyans sa a plis pase yon fwa.

“Mwen te di, ‘Kisa pou w fè lè lespri w vin vid?’

“Li te di, ‘Ou leve kanpe lamenm epi ak tout fòs nanm ou, ou rann temwayaj ke Joseph Smith te yon pwofèt Bondye vivan an, epi panse va vide nan lespri w ak pawòl nan bouch ou …pou ale nan kè tout moun k ap koute.’ Epi se konsa, lespri mwen, ki te pifò vid pandan … misyon m nan … , te ban m opòtinite pou m te rann temwayaj sou pi gwo evènman nan istwa mond lan depi Krisifiksyon Mèt la. Eseye l pafwa, zanmi m yo. Si w pa gen anyen pou w di ankò, temwaye ke Joseph Smith te pwofèt Bondye, epi tout istwa Legliz la ap koule vin vide nan lespri ou.”6

Menmjan an tou, Prezidan Dallin H. Oaks te di: “Gen kèk temwayaj ki pi bon pou jwenn lè w debou pou w rann yo pase lè w sou jenou w ap priye pou yo.”7 Lespri a rann temwanyaj bay moun k ap pale a osibyen a moun k ap koute a.

Yon lòt obstak, jan istwa Kevin an souliye a, se laperèz. Jan Pòl te ekri Timote a:

“Bondye pa ban nou yon lespri laperèz, men yon lespri pouvwa, ak yon lespri lanmou. …

“Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyè nou an.”8

Santiman laperèz pa soti nan Senyè a men yo soti nan advèsè a. Lè w gen lafwa, jan Kevin te fè a, sa ap pèmèt ou simonte santiman sa yo epi pataje libreman sa ki nan kè w la.

Kijan M Ka Kenbe Temwayaj Mwen?

Mwen kwè ke yon temwayaj fè pati noumenm, men, pou nou kenbe l epi devlope l pi plis, Alma te anseye ke nou dwe “nouri [temwayaj nou] avèk anpil swen.9 Lè nou fè sa, “l ap kapab fè rasin, pou l kapab grandi, epi pou l kapab ban nou fwi.”10 San sa, “l ap seche.”11

Chak manm nan Premye Prezidans lan ba nou direksyon sou fason pou nou kenbe yon temwayaj.

Prezidan Eyring anseye nou avèk amou ke “fè festen ak pawòl Bondye a, priyè sensè, ak obeyi kòmandman Senyè a bay yo dwe aplike regilyèman e kontinyèlman pou temwayaj nou ka grandi ak pwospere.”12

Prezidan Dallin H. Oaks raple nou ke pou nou kenbe temwayaj nou, “nou bezwen pran sentsèn chak semèn (gade D&A 59:9) pou kalifye nou pou pwomès presye ki di ke n ap ‘toujou gen Lespri Li avèk [nou]‘ an (D&A 20:77).”13

Epi Prezidan Russell M. Nelson te konseye nou dènyèman:

“Nouri [temwayaj ou] sou laverite a. …

“…Nouri tèt ou avèk pawòl pwofèt ansyen ak pwofèt modèn yo. Mande Senyè a pou l ansenye w fason pou w tande Li pi byen. Pase plis tan nan tanp ak nan travay istwa familyal.

“…Fè temwayaj ou vin tounen pi gwo priyorite ou.”14

Konklizyon

Frè ak sè byeneme m yo, mwen pwomèt ke si nou pi byen konprann sa yon temwayaj ye, epi si noupataje l, n ap simonte obstak ensètitid ak laperèz yo, sa ki ap pèmèt nou nouri epi kenbe byen ki pi presye sa a, ki se temwayaj nou an.

Nou beni avèk anpil egzanp sou pwofèt ansyen ak pwofèt modèn ki te rann temwayaj yo avèk kouraj.

Apre lanmò Kris la, Pyè te kanpe epi l te temwaye:

“Nou fèt pou nou konn sa … si nonm sa a kanpe devan nou tou gaya, se granmesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan soti nan lanmò ak pouvwa Bondye. …

“… Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.”15

Apre diskou Alma sou lafwa a, Amilèk te deklare avèk fòs: “M ap temwaye ba nou pou m fè nou konnen bagay sa yo se verite. Reyèlman, m di nou konsa, m konnen Kris la gen pou l vini nan pami lèzòm pou l pran transgresyon pèp li a sou tèt li, epi l ap ekspye peche mond lan; paske Senyè Bondye te di sa.”16

Apre yo te fin fè yon vizyon gloriye sou Sovè resisite a, Joseph Smith ak Sidney Rigdonte temwaye:

“Epi kounyeya, apre tout kantite temwayaj ki te rann konsènan li, sa a se temwayaj la, dènye nan yo tout, nou fè konsènan li pou fè konnen Li vivan!

“Paske nou te wè l, bò kote dwat Bondye menm; epi nou te tande vwa a ki t ap rann temwayaj pou fè konnen li se Sèl Pitit Literal Papa a.”17

Frè ak sè mwen yo, mwen envite nou pou nou chèche okazyon pou nou rann temwayaj nou an pawòl ak an aksyon. Sa pa gen lontan, mwen te jwenn yon okazyon konsa, nan fen yon reyinyon avèk majistra yon vil kapital nan Amerik Disid la, nan biwo li avèk yon kantite ofisyèl nan kabinè l la. Pandan nou t ap fini rankont nou an avèk santiman sensè, mwen te santi, avèk ezitasyon, ke m ta dwe pataje temwayaj mwen. Mwen te suiv enspirasyon an, epi m te ofri yon temwayaj ke Jezikri se Pitit Gason Bondye vivan an ak Sovè mond lan. Tout bagay te chanje nan moman sa a. Lespri a te prezan nan sal la. Sanble tout moun te touche. “Konsolatè a … te rann temwayaj de papa a ak Pitit Gason an.”18 Mwen trè rekonesas dèske m te rasanble kouraj pou m te rann temwayaj mwen an.

Lè yon okazyon konsa prezante, pran li epi anbrase li. W ap santi chalè Konsolatè a andedan w lè w fè sa.

M ap ofri nou temwayaj mwen—Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, Jezikri vivan, epi Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se Legliz Bondye sou tè a jodi a ki dirije pa chè pwofèt nou, Prezidan Russell M. Nelson. Nan non Jezikri, amèn.