Konferans Jeneral
Esperans nan Kris la
Konferans Jeneral Avril 2021


Esperans nan Kris la

Nou toujou anvi ede tout moun ki santi yo nan solitid oubyen ki santi yo pa nan plas yo. Kite m mansyone moun ki aktyèlman selibatè yo an patikilye.

Frè m ak sè m yo, nan epòk Pak sa a, nou konsantre sou Rezirèksyon gloriye Senyè ak Sovè nou an, Jezikri. Nou sonje envitasyon plen lanmou L lan pou nou “Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma soulaje nou.

“ Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, na viv ak kè poze.

Paske, jouk m ap ban nou an fasil pou pote, chay m ap ban nou an pa lou.”1

Envitasyon Sovè a pou nou vini jwenn Li a se yon envitasyon pou tout moun non sèlman vini jwenn Li, men tou, pou yo fè pati Legliz Li a.

Nan vèsè ki presede bèl envitasyon sa a, Jezi te anseye nan ki fason sa dwe fèt, se lè nou chèche suiv Li. Li te deklare, “Pèsonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a. Konsa tou, pèsonn pa konn kilès moun Papa a ye, esepte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.”2

Jezi vle nou konnen ke Bondye se yon Pè Selès ki plen lanmou.

Lè nou konnen Pè Selès la renmen nou, sa ap ede nou konn kiyès nou ye ak konnen ke nou fè pati gran fanmi etènèl Li a.

Klinik Mayo a te fè obsèvasyon sa a resammam: “Lè nou gen yon sans apatenans, sa enpòtan anpil. … Prèske chak aspè nan lavi nou òganize selon apatenans nou a yon bagay.” Rapò sa a ajoute, “Nou pa kapab separe enpòtans yon santiman apatenans de sante fizik ak mantal nou”3—e, m ka ajoute, sante spirityèl nou.

Nan sware anvan soufrans Li nan Jetsemane ak lanmò L sou kwa a, Sovè a te rankontre avèk disip Li yo pou Dènye Soupe a. Li te di yo, “Nan mond lan nou va gen tribilasyon: men, pran kouraj; lemonn deja pèdi devan mwen.”4 Anvan solèy kouche nan jou apre a, Jezikri te soufri epi L te “mouri [sou kwa a] pou peche nou.”5

M mande m kòman gason ak fi fidèl ki te suiv Li nan Jerizalèm yo te santi yo lè solèy te kouche epi tenèb ak krent te antoure yo.6

Tankou ansyen disip sa yo, sa gen prèske 2000 ane a, anpil nan nou ka santi nou izole tou tanzantan. M fè eksperyans solitid sa a depi lamò madanm cheri m nan, Barbara, sa gen dezan. Mwen konn kisa sa vledi pou nou antoure pa manm fanmi, zanmi, ak kòlèg men nou toujou santi solitid—paske lanmou lavi m nan pa bò kote m ankò.

Epidemi COVID-19 la aksantye santiman solitid sa a pou anpil moun. Sepandan, malgre difikilte n ap rankontre nan lavi a, tankou nan Premye maten jou Pak sa a, nou ka reveye nan yon lavi nouvo nan Kris la avèk nouvo posiblite ak nouvèl reyalite ki mèveye si nou vire gade Senyè a pou nou jwenn esperans ak santiman apatenans.

Mwen pèsonèlman santi doulè moun ki pa gen santiman apatenans yo. Lè m ap gade nouvèl nan tout mond lan, mwen wè anpil moun ki sanble y ap soufri anba solitid sa a. Mwen panse ke pou anpil nan yo, se paske yo pa konnen ke Papa nou ki nan Syèl la renmen yo epi nou tout fè pati fanmi etènèl Li. Lè nou kwè Bondye renmen nou epi nou se pitit Li, sa pote rekonfò ak asirans.

Paske nou se pitit espri Bondye, nou chak gen yon orijin, yon nati, ak yon potansyèl diven. Nou chak se “yon pitit lespri gason oubyen fi byeneme ki soti nan paran selès.”7 Sa se idantite nou! Se sa nou reyèlman ye!

Idantite spirityèl nou ogmante lè nou konprann pakèt idantite nou nan mòtalite a, ki enkli eritaj etnik, kiltirèl, oubyen nasyonal nou.

Sans idantite spirityèl ak kiltirèl sa a, amou ak apatenans sa a kapab enspire esperans ak amou pou Jezikri.

M ap pale de esperans nan Kris la, pa bagay nou sèlman ta swete. Olyesa, m ap pale de esperans kòm yon bagay n ap tann ki pral reyalize. Esperans sa a esansyèl pou simonte advèsite, pou ba nou plis solidite ak fòs spirityèl, pou nou vin konnen ke Papa Etènèl nou an renmen nou epi nou se pitit Li ki fè pati fanmi Li.

Lè nou gen esperans nan Kris la, nou vin konnen ke pandan n ap bezwen fè ak kenbe alyans sakre yo, pi bon dezi nou ak rèv nou yo ka akonpli atravè Limenm.

Manm Kolèj Douz Apot yo te chita ansanm an konsèy nan yon espri lapriyè epi avèk yon dezi pwofon pou yo konprann kijan pou yo ede tout moun ki santi yo nan solitid oubyen ki santi yo pa nan plas yo. Nou anvi ede tout moun ki santi yo fason sa a. Kite m mansyone moun ki aktyèlman selibatè yo an patikilye.

Frè m ak sè m yo, jodia, nan Legliz la, gen plis pase mwatye nan adilt yo ki se vèv, divòse, oubyen ki pa janm marye. Kèk ladan yo ap mande tèt yo ki posiblite yo genyen ak ki plas yo nan plan Bondye a ak nan Legliz la. Nou dwe konprann ke lavi etènèl se pa senpleman yon kesyon de sitiyasyon marital aktyèl nou, men, se yon kesyon de mennen yon lavi disip epi rete “vanyan nan temwayaj sou Jezi a.”8 Esperans pou tout moun ki selibatè yo se menm avèk esperans tout manm nan Legliz retabli Senyè a—aksè a gras Kris la atravè “obeyisans lwa ak òdonans Levanjil yo.”9

Kite m sijere ke gen kèk prensip enpòtan nou bezwen konprann.

Premyèman, ekriti yo ak pwofèt dènye jou yo konfime ke chak moun ki fidèl nan kenke alyans levanjil yo ap gen opòtinite pou yo jwenn egzaltasyon. Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Nan fason Senyè a vle a ak nan tan pa Li, Li p ap refize Sen fidèl Li yo okenn benediksyon. Senyè a ap jije ak rekonpanse chak moun daprè santiman sensè yo ansanm avèk aksyon yo.”10

Dezyèmman, moman ak fason presi kote benediksyon egzaltasyon yo ap devèse a, se pa tout ki revele, men sepandan yo sèten.11 Prezidan Dallin H. Oaks eksplike ke kèk nan sikonstans nan “mòtalite a pral korije nan Milenyòm nan, ki se moman pou akonpli tout sa ki enkonplè nan gran plan bonè Papa nou an pou pitit Li ki diy yo.”12

Sa pa vle di chak benediksyon ap ranvwaye pou Milenyòm nan; gen kèk yo deja resevwa epi gen lòt y ap kontinye resevwa jiskaske jou sa a rive.13.

Twazyèmman, konfye nou nan Senyè a enplike kontinye obeyi ak pwogrese spirityèlman pandan n ap avanse al jwenn Li. Konfye w nan Senyè a pa vledi rete tann pou lè pa w la rive. Nou pa dwe janm santi kòmsi nou nan yon sal datant.

Konfye nou nan Senyè a enplike aksyon. Atravè ane yo, mwen te aprann ke esperans nou nan Kris la ogmante lè nou sèvi lòt. Lè nou sèvi jan Jezi te sèvi, nou ogmante esperans nou nan Li tou natirèlman.

Pwogresyon pèsonèl yon moun ka atenn kounyea pandan l ap konfye l nan Senyè a ak pwomès Li yo se eleman plen valè ak sakre nan plan Li genyen pou nou chak la. Kontribisyon yon moun ka fè kounyea pou ede bati Legliz la sou tè a nesesè anpil. Eta matrimonyal yon moun pa gen anyen pou wè avèk kapasite l pou l sèvi. Senyè a onore moun ki sèvi Li epi ki konfye yo nan Li avèk pasyans ak lafwa.14

Katriyèmman, Bondye ofri tout pitit Li yo lavi etènèl. Tout moun ki aksepte don repantans plen lagras Sovè a epi ki kontinye suiv chemen an nan viv kòmandman L yo, ap resevwa lavi etènèl, menmsi yo pa akeri tout karakteristik ak pèfeksyon ki konsène l yo nan mòtalite a. Moun ki repanti yo pral fè eksperyans ke Senyè a pare pou L padone yo jan L asire yo a, “Wi, osi souvan ke pèp mwen an repanti, m ap padone transgresyon yo kont mwen.”15

An definitif, kapasite ak dezi, ak opòtinite yon moun nan zafè libabit ak chwa, ansanm avèk kalifikasyon pou benediksyon etènèl yo, se bagay ke sèlman Senyè a ka jije.

Senkyèmman, konfyans nou nan asirans sa yo anrasinen nan lafwa nou nan Jezikri, se pa lagras Li tout bagay ki apatni a mòtalite a aranje16 Tout benediksyon yo pwomèt nou posib atravè Limenm ki, pa mwayen Ekspyasyon L lan, “te desann pi ba pase tout bagay”17 epi Li te “venk mond lan.”18 Li “chita bòkote dwat Bondye, pou reklame dwa mizèrikòd li nan men Papa a, dwa mizèrikòd Li genyen sou pitit lèzòm yo… ; se poutèt sa, li se avoka koz pitit lèzòm.”19 Alafen, “sen yo pral ranpli avèk glwa Li, epi yo pral resevwa eritaj yo”20 kòm “eritye-asosye avèk Kris la.”21

Nou vle pou prensip sa yo ede nou tout ogmante esperans nou nan Kris la epi pou nou santi yon santiman apatenans.

Pa janm bliye ke nou se pitit Bondye, Papa Etènèl nou an, kounyea ak pou tout tan. Li renmen nou, epi Legliz la vle nou epi l bezwen nou. Wi, Nou bezwen ou! Nou bezwen vwa ou, talan ou, eksperyans ou, bonte w ak ladwati ou.

Depi dèzane, n ap pale de “jèn adilt selibatè,” “jèn adilt,” ak adilt.” Non sa yo gen dwa itil sou plan administratif kèkfwa men, san nou pa reyalize, yo ka chanje fason nou pèsevwa lòt moun.

Èske gen yon mwayen pou nou evite tandans imen sa a ki ka separe nou yonn avèk lòt la?

Prezidan Nelson te mande pou nou fè referans a tèt nou kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Sa sanble ke l anglobe nou tout, pa vre?

Levanjil Jezikri a gen pouvwa pou l ini nou. Alafen, nou plis gen resanblans pase diferans. Kòm manm fanmi Bondye a, nou se reyèlman frè ak sè. Pòl te deklare, “Se [Bondye] ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete.”22

Noumenm prezidan pieu, evèk, ak dirijan kowòm yo ak dirijan sè yo, m ap mande nou pou nou konsidere chak manm nan pieu, pawas, kowòm, oubyen òganizasyon nou yo kòm manm ki ka kontribye ak sèvi nan apèl ak patisipe nan anpil fason.

Chak man nan kowòm nou yo, nan òganizasyon nou yo, nan pawas ak pieu nou yo gen don ak talan Bondye ba yo pou yo bati wayòm Li a kounyea.

An nou aple manm nou yo ki selibatè yo pou yo sèvi, edifye ak anseye. Debarase nou de ansyen nosyon ak ide ki pafwa, san move entansyon, ka kontribye a fè yo santi yo solitè epi yo pa nan plas yo oubyen yo pa ka sèvi a.

Mwen rann temwayaj mwen wikenn Pak sa a sou Sovè nou an, Jezikri, ak esperans etènèl Li bay mwenmenm ak tout moun ki kwè nan non L yo. Epi, mwen rann temwayaj sa a enbleman, nan non sakre Li, Jezikri, amèn