Konferans Jeneral
Konvèsasyon Esansyèl
Konferans Jeneral Avril 2021


Konvèsasyon Esansyèl

Paran, nou pa kapab tann pou konvèsyon rive senpleman pou timoun nou yo. Konvèsyon pa aksidan se pa yon prensip nan levanjil Jezikri a.

Èske w janm mande tèt ou poukisa nou rele Primè “Primè”? Alòske non an fè referans a aprantisaj espirityèl timoun yo resevwa lè yo piti, li ede m sonje yon verite puisan tou. Pou Pè Selès la, timoun pa t janm gen yon enpòtans segondè—yo te toujou “gen yon enpòtans “primòdyal”1

Li fè nou konfyans pou nou ba yo valè, respè, epi pou nou proteje yo kòm pitit Bondye. Sa vle di pou nou pa janm fè yo mal fizikman, vèbalman, oubyen emosyonèlman nan okenn fason, menm lè kontansyon ak presyon ap monte wo. Olye de sa nou dwe bay timoun valè epi nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou konbat fleyo abi yo. Pran swen yo gen yon enpòtans primòdyal pou nou—menm jan sa ye pou Bondye.2

Yon jèn manman ak yon jèn papa te chita devan tab kuizin yo pandan yo t ap repase jounen an. Yo te tande yon bri ki te sòti bò koulwa a. Manman an te mande, “Kisa k fè bri sa a?”

Epi yo te tande yon ti kriye tou ba ki t ap sòti nan chanm pitit gason katran yo a. Yo te kouri al nan koulwa a. Yo te jwenn ni, kouche atè a bò kabann ni an. Manman an te ramase ti gason an epi li te mande l ki sa ki te pase.

Ti gason an te reponn: “Mwen te sou kabann nan epi m tombe.”

Manman an te mande l: “Poukisa ou te sot sou kabann nan tonbe atè?”

Ti gason an te ose zèpòl li epi l te di, “Mwen pa konnen. M gen lè pa t antre fon ase ladan l.”

Se sou “antre fon ase ladan l” lan m ta renmen pale maten an. Se privilèj ak responsabilite pa nou pou nou ede timoun yo “antre fon ase” nan levanjil Jezikri a. Epi li pa janm twò bonè pou nou kòmanse.

Gen yon tan ki espesyal e san parèy nan lavi timoun pou yo resevwa pwoteksyon kont enfliyans Satan. Se yon tan kote yo inosan epi yo san peche.3 Se yon tan ki sakre pou paran ak timoun. Nou dwe anseye timoun yo pa pawòl e pa legzanp, avan epi apre yo fin “rive nan laj responsabilite devan Bondye.”4

Prezidan Henry B. Eyring te ansenye: “Nou gen pi bèl opòtinite a avèk jèn yo. Pi bon moman pou ansenye yo se bonè, pandan timoun yo toujou pwoteje kont tantasyon enmi mòtèl la, epi lontan anvan pawòl verite yo kapab vin pi difisil pou yo tande nan mitan bwi difikilte pèsonèl yo.”5 Ansèyman sa yo ap ede yo konprann idantite diven yo, objektif yo, ak gwo benediksyon ki ap tann yo lè yo fè alyans sakre epi resevwa òdonans sou chemen alyans lan.

Nou pa kapab tann pou konvèsyon rive senpleman pou timoun nou yo. Konvèsyon pa aksidan se pa yon prensip nan levanjil Jezikri a. Vin tankou Sovè a p ap rive pa aksidan. Renmen, ansèye, ak temwaye entansyonèlman kapab ede timoun yo santi enfliyans Sentespri a depi yo tou piti. Sentespri a endispansab pou temwayaj timoun yo ak konvèsyon yo nan Jezikri; nou vle pou yo“ toujou sonje L, pou yo kapab gen Lespri l avèk yo.”6

Imaj
Konvèsasyon familyal

Konsidere enpòtans konvèsasyon familyal sou levanjil Jezikri a kòm konvèsasyon endispansab ki kapab yon zouti itil pou envite Lespri a. Lè nou gen konvèsasyon sa yo avèk timoun nou yo, nou ede yo kreye yon fondasyon, “ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo te bati sou fondasyon sa a.”7 Lè nou fòtifye yon timoun, nou fòtifye fanmi an tou.

Konvèsasyon vital so yo kapab ede timoun yo:

  • Konprann doktrin repantans lan.

  • Gen lafwa nan Kris, Pitit Gason Bondye vivan an.

  • Chwazi batèm ak don Sentespri a lè yo gen uit an.8

  • Epi priye ak mache dwat devan Senyè a.9

Sovè a te bay egzòtasyon sa a, “M ba w yon kòmandman, pou w anseye bagay sa yo libreman bay pitit ou yo.”10 Kisa L vle nou ansenye timoun nou yo libreman konsa?

  1. Chit Adan ak Èv la

  2. Ekspyasyon Jezikri a

  3. Enpòtans pou nou nedenouvo11

Èldè D. Todd Christofferson te di: “Asireman advèsè a kontan lè paran yo neglije ansenye timoun yo pou yo gen lafwa nan Kris la, pou yo konvèti epi nedenouvo espirityèlman.”11

Okontrè, Sovè a ta renmen nou ede timoun yo “mete konfyans [yo] nan Lespri sa a ki dirije moun pou yo fè byen.12 Pou nou fè sa, nou kapab ede timoun yo pou yo rekonèt lè yo santi Lespri a epi disène ki aksyon ki fè Lespri a ale. Konsa yo aprann repanti ak retounen al nan limyè a atravè Ekspyasyon Jezikri a. Sa ede ankouraje yon rezistans espirityèl.

Nou kapab pran plezi nan ede timoun nou yo bati rezistans espirityèl a nenpòt laj. Sa pa oblije konplike ni sa pa bezwen pran anpil tan. Konvèsasyon senp ki plen atansyon kapab mennen timoun nou yo konnen non sèlman kisa yo kwè, men pi enpòtan ankò, poukisa yo kwè l. Konvèsasyon plen atansyon ki fèt tou natirèlman epi avèk konsistans, kapab mennen nan pi bon konpreyansyon ak pi bon repons. Annou pa kite konfò aparèy elektronik yo anpeche nou ansenye ak koute timoun nou yo epi gade yo nan je.

Imaj
Konvèsasyon ant yon manman ak yon pitit fi

Opòtinite adisyonèl pou konvèsasyon esansyèl yo kapab rive nan senaryo kote chak moun ap jwe yon wòl. Manm nan fanmi an kapab jwe yon wòl sou anpil sitiyasyon tankou tantasyon oubyen presyon pou fè move chwa. Aktivite sa a kapab fòtifye timoun yo pou prepare yo pou anvironman difisil. Pa egzanp, nou kapab mime l epi apresa diskite l avèk timoun yo pandan nou ap mande yo kisa yo t ap fè:

  • Si yo ta gen tantasyon pou yo kraze Pawòl Sajès la.

  • Si yo ta ekspoze a pònografi.

  • Si yo ta gen tantasyon pou yo bay manti, pou yo vòlè, oubyen pou yo triche.

  • Si yo tande yon bagay nan bouch yon zanmi oubyen yon pwofesè lekòl ki kontredi kwayans yo oswa prensip yo.

Lè yo mime l epi yo pale ak diskite sou li, olye pou yo twouve yo san preparasyon nan yon anvironman ki gen gwoup kamarad ostil, timoun yo kapab ame avèk “boukliye lafwa a sou [yo] pou yo kapab etenn tout flanm dife mechan yo.”14

Yon zanmi ki pwòch mwen te aprann leson enpòtan sa a bonè nan lavi li. Li te anwole nan Lame Etazini an pandan konfli ki te genyen ant Etazini ak Vyetnam nan. Yo te ba l tach pou l te ale nan antrenman debaz nan enfantri a pou l te ka vin yon solda. Li te eksplike ke antrenman an te difisil anpil. Li te dekri enstriktè ekip li a kòm yon moun ki te kriyèl ak san imanite.

Yon jou, twoup li a te abiye an teni konba, epi yo t ap mache anba yon chalè ki t ap toufe yo. Toudenkou, enstriktè a te bay lòd pou yo te lage kò yo atè epi pou yo pa t bouje. Enstriktè a t ap veye pou wè si te gen menm yon ti mouvman tou piti. Nenpòt ti mouvman t ap okazyone konsekans grav nan apre. Twoup la te soufri plis pase dezèdtan nan chalè a avèk yon kòlè ak move santiman ki t ap grandi kont chèf yo a.

Plizyè mwa apre sa, zanmi m nan te twouve l ap dirije twoup pa li atravè jeng yo nan peyi Vyetnam. Sa se te pou toutbon, se pa t jis yon antrenman. Yo te kòmanse tande bal ki t ap tire anlè tèt yo nan pye bwa ki te antoure yo. Tout twoup la te kouche atè imedyatman.

Kisa enmi an t ap chèche? Mouvman. Nenpòt ti mouvman t ap atire bal yo. Zanmi nou an te di nou ke lè l te kouche atè a nan jeng lan benyen ak syè san bouje a, pandan l t ap pase plizyè èd tan long ap tann fè nwa rive, li te reflechi epi l te vin sonje antrenman debaz li a. Li te sonje santiman negatif entans li te santi pou enstriktè ekip li a. Kounyeya, li te santi yon rekonsesans entans—pou sa enstriktè a te montre li ak jan li te prepare l pou sitiyasyon kritik sa a. Avèk sajès, enstriktè a te ekipe zanmi nou an ansanm ak tout twoup li a avèk kapasite pou yo te konnen kisa pou yo te fè lè batay la t ap fè raj la. Anfèt, li te sove lavi zanmi m nan.

Kijan nou ka fè menm bagay la espirtyèlman pou timoun nou yo? Byen lontan avan yo rantre nan chan batay lavi a, kijan nou kapab fè efò pou nou ansenye yo, fòtifye yo ak prepare yo pi konplètman?15 Kòman nou ka envite yo pou yo “antre fon ase?” Èske l pa t ap pi bon pu nou kite yo “sye” nan anvironman aprantisaj ki an sekirite nan fwaye a pase pou y al benyen nan san yo sou chan batay lavi a?

Lè m gade dèyè, te gen moman kote mwenmenm ak mari m te santi nou tankou enstriktè militè nan jan nou te serye pou nou te ede pitit nou yo viv levanjil Jezikri a. Pwofèt Jakòb sanble li te santi l menmjan an tou lè l te di: “Men m ap pale avèk nou ankò; paske m vle byennèt nanm nou. Wi, m gen anpil sousi akoz nou; e nou konnen se konsa sa te toujou ye.”16

Pandan timoun ap aprann ak pwogrese, kwayans yo ap rankontre difikilte. Men si yo ekipe kòmsadwa, yo ka grandi nan lafwa, kouraj, ak konfyans, menm nan mitan gwo opozisyon.

Alma te anseye nou pou nou “prepare panse pitit yo.”17 Nou ap prepare jenerasyon ki ap grandi a pou yo vin tounen defansè lafwa nan tan ki ap vini yo, pou yo konprann yo “lib pou [yo] aji pou tèt pa [yo]—pou [yo] chwazi chemen lanmò etènèl oubyen chemen lavi etènèl. ”18 Timoun yo merite pou yo konprann gwo verite sa a: letènite se pi move bagay pou yo twonpe yo sou li.

Se pou konvèsasyon esansyèl men senp nou yo avèk timoun nou yo ede yo “jwi pawòl lavi etènèl” yo kounyeya, pou yo ka jwi “lavi etènèl nan mond k ap vini an, laglwa imòtèl menm.”19

Lè nou nouri ak prepare timoun nou yo, nou pèmèt yo egzèse libabit yo, nou renmen yo ak tout kè nou, nou anseye yo kòmandman Bondye bay yo ak don repantans Li a, epi nou p ap janm, janm,abandone yo. Apretou, èske se pa konsa Sovè a aji avèk nou chak?

Annou “avanse avèk fèmte nan Kris la,” paske nou konnen nou ka genyen yon “esperans pafètman klè”19 atravè Sovè byeneme nou an.

Mwen temwaye ke se Li ki toujou repons la. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade nan 3 Nefi 11:23-24.

  2. Gade Michaelene Grassli, “Gade Timoun Piti nou yo,” Ensign, Nov. 1992, 93: “Pou mwen, mo gade a gen anpil siyifikasyon. Li enplike plis pase annik ‘gade ak wè.’ Lè Senyè a te pase Nefit yo lòd pou yo te gade timoun piti yo, mwen kwè li te di yo pou yo bay pitit yo atansyon, pou yo kontanple yo, pou yo gade pi lwen paswe sa ki prezan devan yo a epi pou yo wè posibilite etènèl yo.”

    Gade Russell M. Nelson, “Koute pou nou aprann,” Ensign, Me 1991: “Dirije timoun pa fòs se teknik Satan, se pa teknic Sovè nou an. Non, nou pa posede timoun nou yo. Privilèj nou kòm paran se pou nou renmen yo, pou nou gide yo, epi kite yo ale.”

  3. Gade nan Doktrin ak Alyans 29:46-47.

  4. Doktrin ak Alyans 20:71.

  5. Henry B. Eyring, “Le pouvoir de la doctrine,” Liahona, July 1999, 87.

  6. Doktrin ak Alyans 20:79.

  7. Elaman 5:12.

  8. Gade nan Doktrin ak Alyans 68:25; gade tou nan Atik Lafwa 1:4.

  9. Doktrin ak Alyans 58:28.

  10. Moyiz 6:59; italik ajoute.

  11. Gade Moyiz 6:59; gade tou Doktrin ak Alyans 20:29–31.

  12. D. Todd Christofferson, “Poukisa Maryaj, poukisa fanmi?,” Liahona, Me 2015, 52.

  13. Gade Doktrin ak Alyans 11: 12-13; gade tou nan Doktrin ak Alyans 93.

  14. Doktrin ak Alyans 27:17; anfaz ajoute; gade tou Marion G. Romney, “Home Teaching and Family Home Evening,” Improvement Era, Jiyè 1969, 97. “Satan, enmi nou an, ap debake non yon atak fewòs kont lajistis. Fòs li rasanble yo anpil. Timoun ak jèn nou yo se sib pi gwo atak li yo. Yo ekspoze apwopagann mechan ak malveyan toupatou. Chak kote yo vire, yo frape pa sa ki mal, pa riz ki fèt pou desevwa epi pou detwi tout bagay sakre ak tout prinisp jistis. … Si timoun nou yo gen ase fòs pou yo kanpe devan atak atak satanik sa a, yo dwe aprann epi antrene depi lakay yo, jan Senyè a te mande nou.”

  15. Gade Russell M. Nelson, “Children of the Covenant,” Ensign, Me 1995, 32:

    “Sa gen kèk ane, lè m te yon jèn etidyan nan medsin, mwen te wè anpil pasyan ki te gen maladi ke yo ka evite kounyea. Jodi a li posib pou nou iminize moun kont kondisyon ki te konn rann yo enfim—menm koze lamò otrefwa. Youn nan metòd medikal ki ka pèmèt nou rive gen iminite se inokilasyon. Tèm inokilasyon an sa a vrèman fasinan. Li soti nan rasin Laten: inki vle di ‘andedan’; ak oculus,ki vle di ‘yon zye.’ Vèb inokilea, alò vle di, literalman ‘mete yon zye andedan’—pou veye pou okenn mal pa rive.

    Yon maladi tankou polyo ka kokobe moun oubyen detwi kò moun. Yon maladi tankou peche ka kokobe oubyen detwi lespri moun. Kounyeya nou gen prevansyon kont ravaj polyo gras a iminizasyon, men ravaj peche mande lòt metòd prevansyon. Doktè pa ka iminize nou kont inikite. Proteksyon espirityèl soti sèlman nan Bondye —epi nan pwòp fason pa L. Jezi chwazi pou li pa inokile, men pou l andoktrine. Metòd pa l la pa anplwaye vaksen; li itilize ansèyman doktrin diven—Li ‘mete yon zye andedan’ ki ap gouvène—pou pwoteje espri etènèl pitit Li yo.”

  16. 2 Nefi 6:3.

  17. Alma 39:16.

  18. 2 Nefi 10:23.

  19. Moyiz 6:59; italik ajoute.

  20. 2 Nefi 31:20.