Konferans Jeneral
Chemen alyans lan
Konferans Jeneral Avril 2021


Chemen alyans lan

Diferans chemen alyans lan se yon bagay ki patikilyèman ak etènèlman siyifikatif.

Pandan tout ministè l la, Prezidan Russell M. Nelson etidye ak anseye alyans Bondye avèk pitit Li yo. Limenm poukont li se yon bèl egzanp sou moun ki ap mache nan chemen alyans. Nan premye mesaj li kòm Prezidan Legliz la, Prezidan Nelson te deklare:

“Angajman nou pou nou suiv Sovè a nan fè alyans avèk li epi apresa respekte alyans sa yo ap ouvri pòt pou tout benediksyon espirityèl ak privilèj ki disponib pou gason, fi, ak timoun toupatou.”

“… Òdonans tanp yo ak alyans nou fè ladan yo se kle pou fòtifye lavi nou, maryaj nou ak fanmi nou, ak kapasite nou pou n reziste anba atak advèsè a. Adorasyon nou nan tanp lan ak sèvis nou ladann pou zansèt nou yo ap ba nou benediksyon ogmantasyon revelasyon pèsonèl ak lapè, epi l ap fòtifye angajman nou pou nou rete sou chemen alyans lan.”1

Kisa chemen alyans la ye? Li se chemen ki mennen nan wayòm selès Bondye a. Nou anbake sou chemen an nan pòt batèm epi apre sa “nou dwe avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun [de gwo kòmandman yo] … jiska lafen.”2 Nan mache sou chemen alyans lan (ki ale pi lwen pase mòtalite a), nou resevwa tout òdonans ak alyans ki konsène sali ak egzaltasyon yo.

Angajman alyans ki pi enpòtan nou se fè volonte Bondye “e obeyi kòmandman l yo nan tout bagay li ap kòmande nou.”3 Suiv prensip ak kòmandman yo nan levanjil Jezikri a jou apre jou se chemen ki pi gen plis kè kontan ak plis satisfaksyon nan lavi a. Pou kòmanse, yon moun evite anpil pwoblèm ak anpil regrè. Kite m itilize yon egzanp espò kòm analoji. Nan tenis, gen yon bagay ki rele fot dirèk. Se nan sitiyasyon kote ou frape yon balon ou ka jwe nan filè a oubyen ou fè yon doub fot lè w ap sèvi. Yo konsidere fot dirèk yo kòm rezilta mank ladrès yon jwè olyede yon bagay ki koze pa abilte advèsè a.

Twò souvan, pwoblèm oswa difikilte nou yo se noumenm ki pwovoke yo, yo se rezilta move chwa, oubyen nou ta kapab di rezilta “fot dirèk.” Lè nou pousuiv chemen alyans lan avèk dilijans, nou evite anpil “fot dirèk” tou natirèlman. Nou evite divès fòm adiksyon yo. Nou pa tonbe nan twou konduit malonèt. Nou travèse abim imoralite ak enfidelite a. Nou eskive moun ak bagay ki, menm si yo popilè, ta ka mete byennèt fizik ak espirityèl nou andanje. Nou evite chwa ki blese oubyen dezavantaje lòt moun epi olyedesa, nou akeri abitid otodisiplin ak sèvis.4

Yo di nou ke Èldè J. Golden Kimball te di: “Mwen petèt pa [toujou] mache sou chemen dwat ak etwat la, men mwen [eseye] travèse li osi souvan m [kapab].”5 Nan yon moman pi grav, mwen sèten Frè Kimball t ap dakò ke rete sou chemen alyans lan, se pa annik travèse li, se pi gwo espwa pou nou evite mizè ki evitab yon bòak pou nou reyisi jere malè inevitab lavi yo yon lòtbò.

Gen moun ki gen dwa di, “Mwen ka fè bon chwa avèk ou san batèm; mwen pa bezwen alyans pou m ka yon moun onorab e reyisi.” An efè, gen anpil moun ki, pandan ke yomenm yo pa sou chemen alyans lan, aji nan yon fason ki reflete chwa ak kontribisyon moun ki sou chemen an. Ou ta gen dwa di yo rekòlte benediksyon ki soti nan mache sou yon chemen “alyans konsistan.” Konsa, ki diferans ki genyen nan chemen alyans la?

An reyalite, diferans lan inikman ak etènèlman siyifikatif. Li enkli nati obeyisans nou, nati angajman Bondye anvè nou, èd divin nou resevwa, benediksyon ki liye avèk rasanble antanke yon pèp alyans, e pi enpòtan an, eritaj etènèl nou.

Obeyisans Angaje

Premye a se nati obeyisans nou anvè Bondye. Plis pase senpleman gen bon entansyon, nou angaje nou solanèlman pou nou viv selon chak pawòl ki soti nan bouch Bondye. Nan bagay sa a, nou suiv egzanp Jezikri, ki, paske l te batize, “li montre pitit lèzòm yo ke, daprè kò fizik la, li gen imilite devan Papa a, e li temwaye Papa a li t ap obeyisan devan l nan respekte kòmandman li yo.”6

Avèk alyans, nou gen entansyon pou nou fè plis pase annik evite erè oubyen montre pridans nan desizyon nou yo. Nou santi nou responsab devan Bondye pou chwa nou ak lavi nou. Nou pran non Kris la sou tèt nou. Nou konsantre sou Kris la—sou rete vanyan nan temwayaj Jezi ak nan devlope karaktè Kris la.

Avèk alyans yo, obeyi prensip levanjil yo vin anrasinen nan nanm nou. Mwen konn yon koup ki, nan moman maryaj yo, madanm nan pa t aktif nan Legliz la epi mari a pa t janm manm Legliz la. M ap fè referans a yo kòm Mary ak John, ki se pa vrè non yo. Lè timoun te kòmanse fèt nan fwaye a, Mary te grandman santi bezwen pou l te elve yo, jan ekriti a di a, “nan nouriti ak avètisman Senyè a.”7 John te sipòte li. Mary te fè kèk sakrifis enpòtan pou l te ka prezan nan fwaye a pou l te ka anseye levanjil la sou yon baz konsistan. Li te asire l ke fanmi an te pwofite totalman de sèvis adorasyon ak aktivite nan Legliz la. Mary ak John te vin paran egzanplè, epi timoun yo (tout se tigason plen enèji) te grandi nan lafwa ak devouman anvè prensip ak règ levanjil yo.

Paran John, ki sete gran paran ti mesye yo, te kontan poutèt bèl lavi ak akonplisman pitit pitit gason yo sa yo men, akoz kèk pwoblèm avèk Legliz la, yo te vle atribye siksè sa a a talan John ak Mary te genyen kòm paran. Malgre l pa t yon manm Legliz la, John pa t dakò avèk evalyasyon sa a. Li te ensiste pou di ke yo te temwen fwi ki soti nan ansèyman levanjil la—ki te soti nan eksperyans ke pitit gason l yo t ap fè nan Legliz la avèk sa k t ap pase nan fwaye a.

John limenm te sibi enfliyans Lespri a, lanmou ak egzanp madanm ni, ak egzòtasyon pitit gason l yo. Lè moman an te rive, li te batize, e sa te fè manm yo nan pawas la ak zanmi yo kontan anpil.

Malgre lavi a pa san difikilte pou yomenm ak pitit gason yo, Mary ak John afime ak tout kè yo ke an reyalite se alyans levanjil la ki alorijin benediksyon yo resevwa yo. Yo wè pawòl Senyè a te di Jeremi yo akonpli nan lavi pitit yo ak nan pwòp lavi pa yo: “M pral mete lwa mwen nan pati andedan yo, epi m pral ekri nan kè yo; epi m pral Bondye yo epi yo pral pèp mwen.”8

Lye avèk Bondye

Yon lòt aspè san parèy nan chemen alyans lan se relasyon nou avèk Divinite a. Alyans Bondye ofri pitit Li yo fè plis pase gide nou. Yo liye nou avèk Li, epi, paske nou liye avèk Li, nou ka simonte tout bagay.9

Yon fwa, m te li yon atik yon jounalis ki te trè mal enfòme te ekri kote l te eksplike ke fason nou fè batèm pou mò yo se plonje woulo mikwofim yo nan dlo. Epi tout moun ki gen non yo parèt sou mikwofim nan konsidere kòm moun ki batize. Apwòch sa a t ap efikas, men, li inyore valè enfini chak nanm ak enpòtans alyans pèsonèl yon moun fè avèk Bondye.

“[Jezi] te di … : Antre nan apòt jis la; paske pòt ki mennen nan lavi a jis e chemen an kwense, e se sèlman kèk moun ki jwenn li.”10 Pou nou pale nan sans figire, pòt sa a si etwat ke se yon sèl moun li pèmèt antre alafwa. Chak moun pran yon angajman pèsonèl avèk Bondye, epi an retou, Bondye fè yon alyans pèsonèl avèk li, nan non li, ke l ka konte sou li nèt ale nan letan ak letènite. Avèk òdonans yo ak alyans yo, “pouvwa divinite a manifeste” nan lavi nou.11

Èd divin

Sa mennen nou nan konsidere yon twazyèm benediksyon espesyal sou chemen alyans lan. Bondye ofri yon don prèske enkonpreyansib pou ede moun ki fè alyans yo respekte alyans yo fè yo: don Sentespri a. Don sa a se dwa pou nou gen konpayi, pwoteksyon, ak gidans konstan Sentespri a.12 Sentespri a, ke yo konnen kòm Konsolatè tou, “ranpli avèk esperans ak lanmou pafè.”13 Li “konnen tout bagay, epi li rann temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an,”14 ke nou pran angajman pou nou sèvi kòm temwen Yo.15

Sou chemen alyans lan, nou jwenn benediksyon esansyèl padon ak pwòpte anba peche tou. Sa se èd ki ka vini sèlman atravè gras divin, ki administre pa Sentespri a. “Kounyeya, men kòmandman an,” Senyè a di, “Repanti, noumenm ki nan tout kwen tè yo, vin jwenn mwen, e batize nan non m, pou nou kapab sanktifye lè nou resevwa Sentespri a, pou nou kapab kanpe san tach devan m nan dènye jou a.”16

Rasanble avèk Pèp Alyans lan

Moun ki pousuiv chemen alyans lan jwenn benediksyon enkonparab nan divès rasanbleman ki etabli divinman. Nou jwenn pwofesi sou rasanbleman literal tribi Izrayèl ki dispèse depi lontan yo nan peyi eritaj yo nan tout ekriti yo.17 Akonplisman pwofesi ak pwomès sa yo ap deplwaye kounyea avèk rasanbleman pèp alyans lan nan Legliz la, wayòm Bondye a sou tè a. Prezidan Nelson eksplike, “Lè nou pale de rasanblemanan, nou tou senpleman eksprime verite fondamantal sa a: chak grenn pitit Papa nou ki nan Syèl la, sou toulède bò vwal la, merite pou yo tande mesaj levanjil retabli Jezikri a.”18

Senyè a kòmande manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pou yo “Leve epi briye, pou limyè nou kapab yon modèl pou nasyon yo; … pou arasanbleman ansanm sou tè Siyon an ak nan pye li yo kapab fèt kòm yon defans, epi kòm yon refij kont siklòn epi kont kòlè ki pral vide san mezi sou tout tè a.”19

Gen yon rasanbleman pèp alyans ki fèt nan kay priyè a nan jou Senyè a chak semèn tou, pou nou ka “pi totalman kapab pwoteje tèt nou kont salte mond lan.”20 Se yon rasanbleman pou nou pran pen ak dlo sentsèn nan an souvni Ekspyasyon Jezikri a epi se yon moman “pou jene ak priye e pou pale yonn ak lòt konsènan byennèt nanm [nou].”21 Lè m te adolesan, mwen sete sèl manm Legliz la nan klas lekòl segondè m nan. Mwen te renmen pase tan avèk anpil bon zanmi m nan lekòl la, men m te remake ke m te konte anpil sou rasanbleman jou Saba sa a chak semèn pou m te rafrechi ak renouvle m espirityèlman, e menm fizikman. Ala nou santi pèt rasanbleman alyans regilye sa a pandan pandemi sa a, epi nou pa ka tann moman kote nou ka reyini ansanm ankò menm jan avèk anvan an.

Finalman, pèp alyans lan rasanble nan tanp, kay Senyè a, pou yo resevwa òdonans, benediksyon, ak revelasyon ki disponib nan kote sa a sèlman. Pwofèt Joseph Smith te anseye: “Kisa ki te bi rasanbleman … rasanbleman pèp Bondye a nan tout epòk nan mond lan? … Bi prensipal la se te pou te bati pou Senyè a yon kay kote Li ka revele bay pèp li a òdonans kay li yo ak laglwa wayòm li yo, ak pou anseye pèp la chemen sali a; paske gen kèk òdonans ak prensip ki, lè y ap anseye yo ak pratike yo, dwe fèt nan yon andwa oubyen yon kay ki bati pou bi sa a.”22

Eritye Pwomès Alyans lan

Alafen, se sèlman nan pousuiv chemen alyans lan ke n ap ka eritye benediksyon Abraram, Izaak, ak Jakòb yo, benediksyon siprèm sali ak egzaltasyon ke Bondye sèlman ka bay yo.23

Pasaj ekriti sou pèp alyans lan souvan fè referans ak desandan literal Abraham oswa “kay Izrayèl” la. Men, pèp alyans Bondye a enkli tout moun ki resevwa levanjil Jezikri a tou.24 Pòl te eksplike:

“Nou te resevwa batèm pou n te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo. …

“Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la.”25

Moun ki fidèl a alyans yo “pral leve nan rezirèksyon moun ki jis yo.”26 Yo “vin pafè pa lantremiz Jezi, ki se medyatè nouvo alyans lan. … Se moun sa yo ki gen kò selès, ki gen laglwa yo tankou solèy la, laglwa Bondye a menm, ki pi wo pase tout lòt la.27 “Se poutèt sa, tout bagay pou yo, kit se lavi kit se lanmò, oubyen bagay kounyeya, oubyen bagay ki pral vini, tout bagay pou yo epi yo pou Kris la, epi Kris la pou Bondye.”28

An nou chak endividyèlman epi antanke pèp koute apèl pwofèt la pou nou rete sou chemen alyans lan. Nefi te wè epòk nou an epi l te ekri: “Mwen menm Nefi, m te wè pouvwa Ti Mouton Bondye a te desann sou sen legliz Ti Mouton an yo, ak sou pèp alyans Senyè a, ki te dispèse sou tout sifas tè a ; epi yo te ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa.”29

Avèk Nefi, “nanm mwen pran plèzi nan alyans Senyè a te fè yo.”30 Nan jou Dimanch Pak sa a, mwen rann temwayaj konsènan Jezikri, ke Rezirèksyon L lan se lespwa nou ak asirans definitif tout sa yo pwomèt sou chemen alyans la ak nan fen chemen alyans la. Nan non Jezikri, amèn.