Konferans Jeneral
Pòv Moun ki nan bezwen
Konferans Jeneral Avril 2021


Pòv Moun ki nan bezwen

Nan chak pawas ak branch yo, nou bezwen tout moun—moun ki solid ak moun ki ap lite. Tout nesesè.

Lè m te yon jèn ti gason, mwen sonje m te konn nan machin ak papa m ap kondui epi sou tout bò wout la m te konn wè moun ki te twouve yo nan sikontans difisil oubyen ki te bezwen èd. Papa m te toujou fè kòmantè sa a “Pobrecito,” sa ki vle di “pòv moun ki nan bezwen.”

Pafwa, mwen te konn gade avèk enterè kòman papa m te konn ap ede anpil nan moun sa yo, sitou lè nou te konn ale Meksik pou al wè granparan m yo. Li te konn pratikman jwenn yon moun ki nan bezwen epi apre sa li ale anprive pou bay èd ki te bezwen an. Nan apre m te vin dekouvri ke l te konn ede yo enskri nan lekòl, achte manje, oswa asire l nan yon fason oubyen yon lòt pou byennèt yo. Li t ap sèvi yon “moun nan bezwen” ki te kwaze chemen li. Anfèt, pandan ane anfans mwen yo, mwen pa kapab sonje yon jou kote nou pa t gen yon moun ki t ap viv avèk nou paske l te bezwen yon kote pou l te rete pandan l t ap travay pou l te vin otonòm. Eksperyans sa yo m te viv la te kreye lakay mwen yon lespri konpasyon pou pwochen m ak pou moun ki nan bezwen.

Nan manyèl Preche Levanjil Mwen an yo di nou: “Nou antoure ak moun. Nou kwaze yo nan lari, nou al vizite yo lakay yo, nou vwayaje pami yo. Yo tout se pitit Bondye, frè nou ak sè nou. … Anpil nan moun sa yo ap chèche yon bi nan lavi a. Yo enkyete pou fiti yo ak fiti fanmi yo” (Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Sèvis Misyonè [2018], 1).

Atravè ane yo, pandan m ap sèvi nan Legliz la, mwen toujou eseye chèche moun ki bezwen èd nan lavi yo, tanporèlman ak espirityèlman. Mwen souvan konn tande vwa papa m ki ap di, “Pobrecito,” pòv moun ki nan bezwen.

Nan Bib la nou jwenn yon bèl egzanp sou pran swen moun ki nan bezwen:

“Yon jou, vè twazè konsa nan apremidi, Pyè ak Jan t ap moute nan tanp lan. Se te lè lapriyè.

“Te gen yon nonm ki te enfim depi l te fèt. Chak jou yo te pote l bò Bèl Pòt la pou l te kapab mande moun k ap antre nan tanp lan lacharite.

“Li wè Pyè ak Jan ki ta pral antre, li mande yo kichòy.

“Epi Pyè, fikse je sou li epi Jan, di, Gade nou.

“Mesye an pran gade yo; li te kwè yo ta pral ba l kichòy.

“Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni ajan ni lò. Men, sa m genyen an, m ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.”

“Epi li te pran l nan men dwat epi l te leve l ; epi menm moman an pye l ak zo nan je pye l yo te reprann fòs” (Travay 3 :1-7; italik ajoute).

Pandan mwen t ap li istwa sa a, mwen te entrige pa itilizasyon mo fiksea. Mo fikse a vle di dirije zye w, panse w oswa gade anpil nan yon direksyon (gade “fikse,” Dictionary.com). Pandan Pyè t ap gade mesye sa a, li te wè l yon jan diferan de lòt moun yo. Li te gade odela enkapasite l pou l te mache a ak feblès li yo epi li te kapab wè ke lafwa l te sifi pou l te geri epi rantre nan tanp lan pou resevwa benediksyon li t ap chèche yo.

Mwen te remake ke l te pran l nan men dwat epi l te leve li. Pandan li t ap ede mesye a nan fason sa a, Senyè a te mirakilezman geri li, epi “pye enfim lan ak zo jwenti pye l yo te vin fèm” (Travay 3:7). Lanmou l pou mesye sa a ak yon dezi pou l te ede li te pote yon ogmantasyon kapasite ak aptitid lakay nèg sa a ki te fèb la.

Lè m t ap sèvi kòm Swasanndis Entèrejyon, mwen te rezève chak Madi swa pou m te fè sèvis pastoral avèk prezidan pieu nan zòn ki te sou responsabilite m yo. Mwen te konn envite yo pou yo te pran randevou avèk moun ki te bezwen yon òdonans nan levanji Jezikri a oswa moun ki aktyèlman pa t ap respekte alyans yo te fè yo. Gras ak sèvis pastoral nou te toujou fè avèk bòn volonte nou, Senyè a te agrandi efò nou epi nou te kapab jwenn moun ak fanmi ki te nan bezwen. Moun sa yo sete “pòv moun nan bezwen” ki t ap viv nan diferan pieu kote nou t ap sèvi yo.

Yon fwa, m te akonpanye Prezidan Bill Whitworth, prezidan pieu Sandy Canyon View a, pou nou t al fè sèvis pastoral. Li te priye pou l te ka konnen kiyès nou te dwe vizite, pandan l t ap eseye viv menm eksperyans ak pa Nefi, ki te kite “Lespri a dirije l, san l pa konnen anvan ki sa l ta dwe fè” a (1 Nefi 4:6). Li te demontre ke lè n ap fè sèvis pastoral, nou dwe kite revelasyon kondui nou al jwenn moun ki plis nan bezwen yo, olye ke nou annik ekri yon lis oswa ale vizite moun yo nan yon fason metodik. Nou dwe kite nou gide pa puisans enspirasyon an.

Mwen sonje nou te ale lakay yon jèn koup, Jeff ak Heather, avèk pitit gason yo, Kai. Jeff te grandi kòm manm aktif nan Legliz la. Li te yon atlèt ki te gen anpil talan epi li te gen yon bèl karyè ki t ap tann li. Li te kòmanse elwanye l tou dousman de Legliz la nan adolesans li. Nan apre, li te vin fè yon aksidan machin ki te chanje direksyon lavi li. Pandan nou te rantre lakay yo epi nou t ap fè konesans, Jeff te mande nou poukisa nou te vin wè fanmi li. Nou te reponn ni ke te gen anviwon 3.000 manm ki t ap viv nan limit pieu a. Apresa mwen te mande li, “Jeff, pami tout fanmi nou te ka vizite aswè a, di nou poukisa Senyè a voye nou la a.”

Lè sa a, Jeff te vin plen emosyon epi l te kòmanse pataje avèk nou kèk enkyetid ak kèk pwoblèm fanmi an t ap travèse. Nou te kòmanse pataje divès prensip nan levanjil Jezikri a. Nou te envite yo fè kèk bagay espesifik ki ta ka sanble difisil toudabò men ki pi devan t ap pote gwo kontantman ak lajwa pou yo. Epi Prezidan Whitworth te bay Jeff yon benediksyon prètriz pou te ede l simonte difikilte l yo. Jeff ak Heather te dakò pou yo te fè sa nou te envite yo fè yo.

Anviwon ennan apre, mwen te gen privilèj pou m te wè Jeff batize madanm ni, Heather, kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Kounyea, y ap prepare yo pou yo ale nan tanp pou yo ka sele kòm fanmi pou tout tan ak tout letènite. Vizit nou an te chanje lavi yo alafwa sou plan tanporèl ak espirityèl.

Senyè a te deklare:

“Se poutèt sa, ou dwe fidèl; kanpe nan ofis m te lonmen ou la; pote moun ki fèb yo sekou, leve men ki pandye yo, epi ranfòse jenou ki fèb yo” (Doktrin ak Alyans 81:5).

Epi lè ou fè bagay sa yo, ou pral fè pi gwo byen pou pwochen ou yo, epi ou pral devlope alaglwa moun ki se Senyè ou la.(Doktrin ak Alyans 81:4).

Frè m ak sè m yo, Apot Pòl te ansenye yon eleman kle nan sèvis pastoral nou. Li te ansenye ke nou tout se “Kò Kris la, epi manm yo an patikilye” (1 Korentyen 12:27) epi chak manm nan kò a nesesè pou tout kò a edifye. Apresa li te ansenye yon verite puisan ki te rantre pwofondeman nan kè m lè m te li l. Li te di, “Okontrè, manm nan kò a ki parèt pi fèb se yo ki nesesè: epi manm sa yo nou panse ki gen mwens valè nan kò a, nou kouvri yo ak yon pi gwo lonè” (1 Korentyen 12:22–23; italik ajoute).

Se poutèt sa, nan chak pawas ak branch nou yo, nou bezwen tout moun—moun ki solid ak moun ki ap lite. Yo tout nesesè pou edifikasyon tout “kò Kris la.” Mwen souvan ap mande tèt mwen kiyès ki pa la nan diferan asanble nou yo ki ta ka ranfòse nou epi fè nou vin konplè.

Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Nan legliz la, non sèlman nou aprann doktrin divin nan; nou mete l an pratik tou. Antanke kò Kris la, manm Legliz yo sèvi youn lòt nan reyalite lavi kotidyèn yo. Pa gen nou youn ki pafè. … Nan kò Kris la, nou dwe ale odela nosyon ak pawòl egzalte yo pou nou ka viv yon vrè eksperyans ‘dirèk’ pandan n ap aprann ‘viv ansanm nan lanmou’ [Doktrin ak Alyans 42:45]” (“Rezondèt Legliz la,” Liahona, Nov. 2015, 108–9).

Imaj
Rèv Brigham Young nan

An 1849, Brigham Young te fè yon rèv kote li te wè Pwofèt Joseph Smith ki t ap kondui yon gwo twoupo mouton ak kabrit. Kèk nan bèt sa yo te gwo epi bèl; kèk lòt te piti epi sal. Brigham Young sonje li te gade pwofèt Joseph Smith nan zye epi li te di l: “Joseph, ou gen yon twoupo ki pi dwòl … pase sa m janm wè pandan tout lavi m; kisa w pral fè avèk yo?” Pwofèt la, ki pa t sanble l te gen pwoblèm avèk twoupo endisipline sa a, te senpleman reponn, “[Brigham,] yo tout byen nan plas yo.”

Lè Prezidan Young te reveye, li te konprann ke, pandan Legliz la ap rasanble divès kalite “mouton ak kabrit,” se te responsabilite pa l pou l te mennen tout epi pèmèt chak grenn nan yo reyalize tout potansyèl yo pandan yo t ap pran plas yo nan Legliz la. (Adapte soti nan Ronald W. Walker, “Brigham Young: Student of the Prophet,” Ensign, Fev. 1998, 56–57.)

Frè m ak sè m yo, sous diskou m nan te vini pandan m t ap panse anpil avèk moun ki pa angaje aktyèlman yo nan Legliz Jezikri a. Pandan yon moman, mwen ta renmen pale avèk chak nan yo. Èldè Neal A. Maxwell te ansenye ke“ moun sa yo souvan rete pwòch—men yo pa patisipe nèt nan—Legliz la. Yo p ap rantre andedan chapèl la, men yo p ap kite lakou a. Moun sa yo se moun ki bezwen Legliz la e ke Legliz la bezwen, men ki, anpati, ap ‘viv san Bondye nan mond la’ [Mozya 27:31]” (“Why Not Now?,” Ensign, Nov. 1974, 12).

Mwen ta renmen repete envitasyon Prezidan Byenneme nou, Russell M. Nelson, lè l te pale pou lapremyè fwa avèk manm Legliz yo kòm nouvo pwofèt nou an. Li te di: “Kounyea, m ap di chak manm nan Legliz la, rete sou chemen alyans lan. Angajman nou pou nou suiv Sovè a nan fè alyans avèk li epi apresa respekte alyans sa yo ap ouvri pòt pou tout benediksyon espirityèl ak privilèj ki disponib pou gason, fi, ak timoun toupatou.”

Apresa li te sipliye nou: “Kounyea, si w te kite chemen an, kite m envite w avèk tout esperans ki nan kè m pou w retounen. Kèlkeswa pwoblèm ou, kèlkeswa difikilte ou, gen yon plas pou ou la a, nan Legliz Senyè a. Ou menm ak jenerasyon ki poko fèt la ap beni pa chwa w ap fè kounyea pou w retounen sou chemen alyans la” (“Pandan n ap avanse ansanm,” oswa Liahona, Avr. 2018, 7; italik ajoute).

Mwen rann temwanyaj konsènan Limenm, Jezikri, Mèt Sèvis ak Sovè nou tout la. Mwen envite nou chak pou nou chèche “pobrecitos (pòv moun yo),”pòv piti” nan pami nou ki nan bezwen yo. Sa se espwa mwen ak benediksyon mwen, nan non Jezikri, amèn.