Konferans Jeneral
Yo pa ka triyonfe, nou pa ka tonbe
Konferans Jeneral Avril 2021


Yo pa ka triyonfe, nou pa ka tonbe

Si nou bati fondasyon nou sou Jezikri, nou pa ka tonbe!

Pwofèt byenneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, te di nan dènye konferans jeneral la: “Pandan tan danje sa yo ke Apot Pòl te pwofetize a, Satan pa menm kontinye eseye kamoufle atak li yo kont plan Bondye a. Ide mal yo ap jayi. Se poutèt sa, sèl fason pou nou siviv espirityèlman se detèmine pou nou kite Bondye renye nan lavi nou, pou n aprann tande vwa Li, epi pou nou itilize enèji nou pou n rasanble Izrayèl.”1

Pandan n ap pote atansyon a envitasyon pwofèt la pou nou aprann koute vwa Bondye a, èske kè nou vin pi detèmine oubyen èske l vin andisi? An nou sonje konsèy yo bay nan Jakòb 6:6la: “Wi, jodia, si nou tande vwa li, pa fè kè nou di; paske, poukisa pou nou mouri?” An nou detèmine pou nou kite Bondye gen priyorite nan lavi nou.

Kòman nou kapab kite pou se Bondye ki renye nan lavi nou epi se pa advèsè a? Nan Doktrin ak Alyans 6:34 nou li, “Se poutèt sa, pa pè, ti twoupo; fè byen; kite tè ak lanfè mete ansanm kont nou, paske si nou bati sou wòch mwen an, yo pa kapab gen viktwa.” Sa se yon pwomès ki trè siyifikatif. Menm lè tè a ak lanfè ta mete ansanm kont nou, yo pa kapab triyonfe si nou chwazi pou kite Bondye renye pandan n ap bati lavi nou sou wòch Li a.

Pandan L t ap pale avèk disip Li yo, Jezikri te ansenye konsènan yon nonm saj avèk yon nonm ki fou, ki ekri nan Matye chapit 7 nan Nouvo Testaman an. Anpil nan noumenm konn tande chante Primè sa a “Le sage et le fou.”2 Si w pran tan pou konpare kat kouplè ki nan chante a, w ap wè ke kouplè 1 avèk 2 a sanble ak 3 avèk 4 la. Yo toude, ni nonm saj la ni nonm fou a t ap bati yon kay. Yo te vle bay fanmi yo yon kay ki gen sekirite epi ki konfòtab. Yo te vle viv nan bonè ansanm pou tout tan antanke fanmi, menmjan avèk oumenm avèk mwen. Sitiyasyon ki te antoure yo a te menmjan an“ Lapli te tonbe, epi dlo te desann.” Nou chante sa sis fwa lè nou chante chan sa a. Sèl diferans sèke nonm saj la te bati kay li a sou wòch la epi kay la te rete kanpe, men nonm fou a te bati kay li a sou sab la epi kay li a te tonbe. Se poutèt sa, kote nou bati fondasyon nou an gen gwo enpòtans, epi sa gen yon efè desizif sou rezilta final ak etènèlman.

Mwen priye avèk espwa pou nou tout ka jwenn fondasyon ki asire a epi rete sou li pandan n ap etabli lavi fiti nou. Yo raple nou nan Elaman 5:12 “Epi kounyeya, pitit gason m yo, sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè ak malè etènèl la, poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a.”

Sa se pwomès Bondye fè nou! Si nou bati fondasyon nou sou Jezikri, nou pa ka tonbe! Pandan n ap pèsevere fidèlman jiskalafen, Bondye ap ede nou bati lavi nou sou wòch Li a, epi pòt lanfè pa p triyonfe sou [nou]” (Doktrin ak Alyans 10:69). Nou gen dwa petèt pa p kapab chanje tout sa k ap gen pou vini yo, men nou kapab chwazi kòman pou prepare nou pou sa k ap vini yo.

Kèk nan noumenm kapab panse, “Levanjil la bon, konsa nou bezwen aplike l nan lavi nou, petèt yon fwa pa semèn.” Jis ale legliz yon fwa pa semèn pa ase pou nou bati sou wòch la. Tout lavi nou ta dwe ranpli avèk levanjil Jezikri a. Levanjil la se pa yon pati nan lavi nou, men se lavi nou ki fè pati levanjil Jezikri a. Panse sou sa. Èske se pa laverite? Lavi nou nan mòtalite a se sèlman yon pati nan plan sali ak egzaltasyon konplè a.

Bondye se Papa nou ki nan Syèl la. Li renmen nou tout. Li konnen kapasite nou pi byen pase nou konnen pwòp tèt pa nou. Li pa sèlman konnen detay yo nan lavi nou. Bondye konn tout ti detay ki ta gen pou wè avèk lavi nou.

Tanpri suiv konsèy saj Prezidan Nelson an, pwofèt vivan nou an. Jan yo ekri nan Doktrin ak Alyans 21:5–6la:

“Paske, nou pral resevwa pawòl li, tankou l te soti nan pwòp bouch pa m, nan tout pasyans ak lafwa.

“Paske, lè nou fè bagay sa yo, pòt lanfè yo p ap gen viktwa sou nou; wi, epi Senyè Bondye a ap dispèse pouvwa tenèb yo devan nou, epi l ap fè syèl yo souke pou byen nou, ak pou laglwa non li.”

Se pou rezon sa a yo pa ka triyonfe epi nou pa ka tonbe!

Mwen temwanye nou ke Kris la ap vini ankò yon dezyèm fwa jan L te fè l premye fwa a, men fwa sa a L ap vini avèk gwo pouvwa ak majeste. Mwen espere epi mwen priye ke m ap pare pou m resevwa Li, keseswa nan bò vwal sa a oubyen nan lòt bò a. Pandan n ap selebre bèl sezon Pak sa a, mwen espere, atravè Sakrifis Ekspiyatwa Jezikri a avèk pouvwa Rezireksyon Li a (gade Moroni 7:41), m ap kapab monte al rankontre avèk Kreyatè m nan epi di Li, “Mèsi.” Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Russell M. Nelson,“Kite Bondye Gen Priyorite,” Liahona, Nov. 2020, 95.

  2. “Le sage et le fou” Chants pour les enfants, 132