Mwen Renmen Wè Tanp lan
Se nan tanp lan nou ka resevwa asirans koneksyon familyal plen lanmou k ap kontinye apre lanmò epi k ap dire pou letènite.
Chè frè m ak sè m yo, mwen rekonesan pou m avèk nou nan premye sesyon konferans jeneral sa a. Oratè yo, mizik la, ak priyè a te pote Lespri—ansanm ak yon santiman limyè ak esperans.
Santiman sa a raple m souvni premye jou m te antre nan Tanp Salt Lake la. M te yon jèn gason. Paran m sete sèl konpanyon m jou sa a. Andedan tanp lan, yo te fè yon ti kanpe pou yon moman paske yon ouvriye tanp t ap salye yo. M te ap mache devan, poukont mwen pou yon ti moman.
Te gen yon dam ak cheve blan ki te gen yon bèl rad tanp blan ki te akeyi m. Li te gade m, li te souri, epi l te di tou dousman, “Byenveni nan tanp lan, Frè Eyring.” Pandan yon ti moman, m te panse sete yon zanj li te ye paske l te konn non mwen. M pa t reyalize ke te gen yon ti etikèt ak non m ekri sou li ki te tache sou kole vès mwen.
M te mache pase bò kote l epi apresa m te kanpe. M te gade plafon blan wo a ki te fè sal la tèlman briyan ke l te sanble se te syèl la kòmsi sal la pa t gen plafon. Nan moman sa a, yon panse te vin nan lespri m avèk pawòl klè sa yo: “M te vin nan kote ilimine sa a deja.” Men apresa, imedyatman pawòl sa yo, ki pa t nan vwa m, te vini nan lespri m: “Non, ou potko janm vin la a anvan sa. Se yon epòk avan nesans ou w ap sonje la a. Ou te nan yon andwa sakre tankou sa a.”
Sou mi deyò tanp nou yo, nou ekri mo “Sentete pou Senyè a.” M konnen pou tèt pa m ke pawòl sa yo se verite. Tanp la se yon andwa sakre kote revelasyon vini a noumenm fasilman si kè nou ouvri a sa e si nou diy de sa.
Nan apre, nan premye jou sa a, m te santi menm Lespri a ankò. Seremoni tanp lan gen kèk pawòl ki te pote yon santiman chalè nan kè mwen, ki te konfime ke sa yo t ap montre m yo se te verite. Sa m te santi a te pèsonèl a mwenmen konsènan fiti mwen, epi li te vin yon reyalite 40 an apre atravè yon apèl m te resevwa nan men Senyè a pou m te sèvi.
M te fè eksperyans menm santiman an lè m te marye nan Tanp Logan, nan Utah a. Se Prezidan Spencer W. Kimball ki te fè sèlman an. Nan pawòl li te pale yo, li te bay konsèy sa a, “Hal ak Kathy, viv yon jan pou lè apèl la vini, nou ka ale fasilman.”
Pandan l t ap di kèk pawòl sa yo, m te wè byen klè nan lespri m, an koulè, yon mòn apik ak yon wout ki te mennen sou tèt li. Yon kloti blanch te sou bò goch wout la epi l te disparèt nan yon ranje pyebwa sou tèt mòn nan. Yon kay blanch te apèn vizib nan mitan pyebwa yo.
Ennan apre, m te rekonèt mòn sa a lè bòpè m te kondui nou sou wout sa a. Sete egzakteman sa m te wè lè Prezidan Kimball te bay konsèy li a nan tanp lan.
Lè nou te rive anlè tèt mòn nan, bòpè m te kanpe devan kay blanch lan. Li te di nou ke limenm ak madanm li t ap achte pwopriyete sa a epi li te vle pou pitit fi l la avèk mwen te rete nan kay envite a nan lakou a. Yomenm yo t ap viv nan kay prensipal la, ki te jis yon ti distans tou pre. Konsa, pandan 10 an nou te viv nan bèl anviwonman familyal sa a, madanm mwen avèk mwen te konn di prèske chak jou, “Se pou nou jwi sa, paske nou pa p rete la a lontan.”
Yon apèl te vini soti nan men Direktè Edikasyon Legliz la, Neal A. Maxwell. Avètisman Prezidan Kimball te bay la pou nou ka “ale fasilman” an te vin yon reyalite. Se te yon apèl pou nou te kite sa k te sanble yon sitiyasyon familyal ideyal pou nou t al sèvi nan yon apèl yon kote m pa t konn anyen de li. Fanmi nou te pare pou nou te kite lè beni ak kote beni sa a paske yon pwofèt, nan yon tanp sakre, yon andwa revelasyon, te wè yon evenman lefiti ki te fè nou prepare lè moman an te rive.
M konnen ke tanp Senyè yo se andwa sakre. Objektif mwen jodia nan pale de tanp se pou ogmante dezi nou ak dezi pa m pou nou diy epi pare pou plis opòtinite pou eksperyans tanp k ap vini pou nou yo.
Pou mwen, pi gwo motivazyon pou nou diy de eksperyans tanp yo se sa Senyè a te di de kay sakre L yo:
“Epi toutotan pèp mwen an bati yon kay pou mwen nan non Senyè a, epi yo pa kite okenn bagay ki papwòp vini ladan l, pou l pa sal, laglwa mwen ap repoze sou li;
“Wi, epi prezans mwen pral ladan l, paske m ap vini ladan l, epi tout moun ki gen kè pi ki vini ladan l ap wè Bondye.
“Men, si l sal m p ap vini ladan l, epi laglwa mwen p ap ladan l; paske m p ap vini nan tanp ki pa sen.”1
Prezidan Russell M. Nelson te fè nou konprann byen klè ke nou ka “wè” Sovè a nan tanp lan nan sans ke L pa p yon enkoni pou nou ankò. Prezidan Nelson te di: “Nou konprann Li. Nou konprann travay Li ak glwa Li. Epi nou kòmanse santi enpak enfini lavi san parèy Li.“2
Si oumenm oubyen mwenmenm ta ale nan tanp san nou pa diy ase, nou pa p ka wè ansèyman spirityèl konsènan Sovè a ke nou resevwa nan tanp lan pa pouvwa Sentespri a.
Lè nou diy pou nou resevwa ansèyman sa yo, ap gen esperans, lajwa, ak optimis pandan tout lavi nou atravè eksperyans tanp nou yo. Esperans, lajwa, ak optimism sa a disponib sèlman atravè aksepte òdonans ki fèt nan tanp sakre yo. Se nan tanp lan nou ka resevwa asirans koneksyon familyal plen lanmou k ap kontinye apre lanmò epi k ap dire pou letènite.
Sa gen plizyè ane, pandan m t ap sèvi kòm evèk, yon jenòm te reziste devan envitasyon m pou l te vin diy pou l te viv avèk Bondye nan fanmi li pou tout tan an. Li te pale m de bon moman li te konn pase avèk zanmi l yo. M te kite l pale. Apresa li te pale m de yon moman pandan youn nan fèt li yo kote, nan mitan bri yo, li te toudenkou reyalize ke l te santi l te poukont li. M te mande l sa k te pase. Li te di ke l te sonje yon lè kote lè l te piti, li te konn chita sou janm manman l, avèk bra manman l antoure l. Epi nan moman sa a li t ap rakonte m istwa a, li te tonbe kriye. M te di l sa m te konnen ki te verite: “Sèl fason ou ka gen santiman akolàd familyal sa a pou tout tan se pou w vin diy oumenm epi ede lòt moun resevwa benediksyon òdonans sèlman yo nan tanp lan.”
Nou pa konn tout detay sou koneksyon fanmi yo nan mond dèzespri a ni sa ki ka vini apre nou resisite. Men nou konnen ke pwofèt Eli te vini jan sa te pwomèt la pou l te vire kè papa yo sou timoun yo epi kè timoun yo sou papa yo.3 E nou konnen ke bonè etènèl nou depann de pi bon efò nou pou nou ofri menm lajwa dirab sa a bay otan de zansèt nou ke nou kapab.
M santi menm dezi sa a pou m gen siksè nan envite manm fanmi m ki vivan yo pou yo gen dezi pou yo vin diy pou yo ka resevwa ak onore òdonans sèlman tanp yo. Sa fè pati pwomès rasanbleman Izrayèl yo te pwomèt k ap fèt nan dènye jou yo sou toude bò vwal la.
Youn nan pi gwo opòtinite nou se lè manm fanmi nou yo jèn. Yo fèt avèk Limyè Kris la kòm yon kado. Sa pèmèt yo santi sa ki bon ak sa ki mal. Pou rezon sa a, lè yo wè yon tanp oubyen yon foto tanp, sa ka kiltive nan yomenm yon dezi pou yo diy ak pou yo gen privilèj pou yo ale andedan youn yon lè.
Jou a ap vini kote, kòm yon jèn, y ap resevwa rekòmandasyon tanp pou yo fè batèm pa pwokirasyon nan tanp lan. Nan eksperyans sa a, santiman yo ka grandi pou yo konnen ke òdonans tanp yo toujou pwente nou sou Sovè a ak Ekspyasyon L lan. Lè yo santi y ap ofri yon moun nan mond dèzespri chans pou l pwòpte anba peche l, santiman yo pou yo ede Sovè a nan travay sakre L pou L beni yon pitit Papa nou ki nan Syèl la ap grandi.
M te wè puisans eksperyans sa a chanje lavi yon jèn moun. Sa gen kèk ane, m te ale nan tanp avèk yon pitit m fi ta nan aprèmidi. Li sete dènye nan moun ki t ap fè batèm pa pwokirasyon nan sal batèm nan. Yo te mande pitit fi m nan si l te ka rete pi lontan pou l te ka fin fè òdonans pou tout moun ki te gen non yo prepare yo. Li te di, “Wi.”
M te gade pandan pitit fi m nante antre nan fon batèm nan. Batèm yo te kòmanse. Ti pitit fi m nan te gen dlo ki t ap koule sou figi l chak fwa yo te leve l nan dlo a. Yo te kontinye mande l chak fwa, “Èske w ka fè plis?” Chak fwa li te di wi.
Kòm yon papa enkyè, m te kòmanse espere ke yo pa t ap mande l pou l te fè plis. Men m toujou sonje fèmte l lè yo te mande l si l te ka fè plis epi li te reponn nan yon ti vwa byen detèmine, “Wi.” Li te rete jiskaske dènye moun nan lis la jou sa a te resevwa benediksyon batèm la nan non Jezikri.
Lè m te kite tanp la avèk li jou swa sa a, m te mande tèt mwen sa m te sot viv la a. Yon timoun te grandi epi chanje devan je m nan atravè sèvi Senyè a nan kay Li a. M toujou sonje santiman limyè ak lapè a pandan nou t ap mache ansanm soti nan tanp lan.
Anpil ane pase. Li toujou kontinye di wi pou kesyon Senyè a konsènan si l ap fè plis pou Li menm lè sa difisil la. Se sa sèvis tanp ka fè pou chanje nou epi pou grandi nou. Sa se rezon k fè espwa m pou nou ak pou tout fanmi byeneme nou se pou nou ogmante dezi nou ak detèminasyon nou pou nou diy pou n ale nan kay Senyè a osi souvan ke sikonstans nou pèmèt sa.
Li vle swete nou byenveni ladan. M priye pou nou eseye bati dezi nan kè timoun Papa nou ki nan Syèl la yo pou yo ale la, kote yo ka santi yo pwòch de Li, epi pou nou egalman envite zansèt nou yo pou yo kalifye pou yo avèk Li ansanm avèk nou pou tout tan.
Pawòl sa yo kapab vin pawòl pa nou:
Mwen renmen wè tanp lan.
M prale ladann yon jou
Pou m santi Sentespri a.
Pou m koute ak priye.
Tanp la se kay Bondye,
Yon konte ki gen lanmou ak bote.
M ap prepare pandan mwen jèn;
Sa se devwa sakre m.4
Mwen rann temwayaj solanèl ke nou se pitit yon Pè Selès eman. Li te chwazi Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, pou vin Sovè ak Redanmtè nou. Sèl mwayen pou nou retounen al viv avèk Yo ak fanmi nou se atravè òdonans tanp sakre yo. Mwen temwaye ke Prezidan Russell M. Nelson detni epi ekzèse tout kle prètriz ki rann lavi etènèl posib pou tout pitit Bondye yo. Konsènan sa mwen temwanye nan non sakre Jezikri, amèn.