Konferans Jeneral
Anbrase Lavni ak Lafwa
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Anbrase Lavni ak Lafwa

Lavni ap gloriye pou moun ki prepare yo epi ki kontinye prepare yo

Sa a se yon sware inoubliyab. Chè sè m yo, se yon onè pou mwen pou m avèk nou la a. Mwen te panse avèk nou souvan pandan mwa k sot pase yo. Nou plis pase uit milyon fi solid. Nou non sèlman gen kantite a men nou gen pouvwa spirityèl pou nou chanje mond lan tou. Se egzakteman sa m wè nou fè pandan pandemik sa a.

Gen nan nou ki toudenkou twouve nou ap chèche pwovizyon ki ra oubyen yon nouvo djòb. Anpil nan nou ap bay timoun leson ak veye sou vwazen nou. Gen nan nou ki akeyi misyonè ki retounen lakay pi bonè pase nou te prevwa, pandan ke gen lòt ki transfòme lakay yo fè yo tounen Sant Fòmasyon Misyonè. Nou itilize teknoloji pou nou konekte avèk fanmi ak zanmi, pou sèvi moun ki santi yo izole, ak pou n etidye Vini, Suiv Mwen an avèk lòt moun. Nou jwenn nouvo fason pou nou fè Saba a vin yon delis. Epi nou fè mask pou pwoteje moun—dè milyon mask!

Avèk konpasyon ak lanmou sensè, kè m rache pou tout fi nan mond lan ki pèdi moun ki chè pou yo. Nou kriye avèk ou. Epi nou priye pou ou. Nou konplimante tout moun k ap travay sanrete pou pwoteje sante lòt moun yo epi nou priye pou yo.

Noumenm, jènfi yo, nou remakab tou. Malgre medya sosyal anvayi avèk kontansyon, anpil nan nou jwenn mwayen pou nou ankouraje lòt moun ak pataje limyè Sovè a.

Sè m yo, nou tout absoliman ewoyik! Mwen emèveye lè m wè fòs nou ak lafwa nou. Nou montre ke nan sikonstans difisil, nou kontinye avanse avèk kouraj. Mwen renmen nou, e mwen asire nou ke Senyè a renmen nou epi Li wè gwo travay n ap akonpli. Mèsi! Yon fwa ankò, nou pwove ke nou se literalman lespwa Izrayèl.

Nou pèsonifye espwa Prezidan Gordon B. Hinckley te gen pou nou lè l te prezante “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” sa gen 25 kan nan reyinyon jeneral Sosyete Sekou Septanm 1995 la. 1 Sa siyifikatif ke l te chwazi pou l te prezante pwoklamasyon enpòtan sa a bay sè yo nan Legliz la. Nan fè sa, Prezidan Hinckley te mete an evidans enfliyans iranplasab fi yo nan plan Senyè a.

Kounyea, m ta renmen konnen sa nou aprann ane sa a. Èske nou vin pi pwòch Senyè a, oubyen èske nou santi nou pi lwen Li? Epi, kijan evenman k ap pase yo fè nou santi nou osijè demen?

Fòk nou admèt ke Senyè a pale de epòk nou an nan tèm ki fè nou reflechi. Li te avèti ke nan epòk nou an “kè lèzòm t ap [febli]” 2 epi menm moun ki eli yo t ap gen risk pou yo tonbe. 3 Li te di Pwofèt Joseph Smith ke “lapè [t ap] soti sou tè a” 4 epi kalamite t ap tonbe sou limanite. 5

Men, Senyè a bay yon vizyon tou sou kijan dispansasyon sa a remakab. Li te di Pwofèt Joseph Smith ke “travay … dènye jou sa yo, se yon travay ki anpil. …” Glwa li depase deskripsyon epi grandè li enkonparab.” 6

Kounyea, grandè gen dwa pa mo nou t ap chwazi pou nou dekri dènye mwa k sot pase yo! Kijan pou nou fè fas ak pwofesi enkyetan ak anons gloriye sa yo osijè epòk nou an? Senyè a di nou kijan, avèk senp asirans enpresyonan sa a: “Si nou prepare, nou pa bezwen pè.” 7

Ala yon pwomès! Se yon pwomès ki ka literalman chanje fason nou wè demen. Dènyèman m te tande yon fi ki gen gwo temwayaj ki te admèt ke pandemik la, konbine avèk tranbleman tè nan Vale Salt Lake la, te ede l reyalize ke li pa t prepare jan l te panse l te prepare a. Lè m te mande l si l t ap fè referans ak rezèv manje oswa temwayaj li, li te souri epi l te di: “Wi!”

Si preparasyon se kle nou pou nou anbrase dispansasyon sa a ansanm avèk lavni ak lafwa, kijan nou ka pi byen prepare nou?

Pandan dè deseni, pwofèt Senyè yo te priye nou pou nou te fè rezèv manje, dlo, ak sere yon ti kòb pou tan bezwen. Pandemik aktyèl la ranfòse sajès ki gen nan konsèy sa a. Mwen priye nou pou nou pran etap ki ap pèmèt nou prepare tanporèlman yo. Men, mwen sousye plis toujou de preparasyon spirityèl ak emosyonèl nou.

Nan domèn sa a, nou ka aprann anpil bagay nan men Kapitèn Mowoni. Kòm kòmandan lame Nefit yo, li te fè fas ak fòs lopozisyon ki te pi puisan, an pi gwo kantite, e ki te mechan anpil pase pal yo. Konsa, Mowoni te prepare pèp li a nan twa fason esansyèl.

Premyèman, li te ede yo prepare kèk lye kote yo t ap an sekirite—“lye sekirite” li te rele yo. 8 Dezyèmman, li te prepare “lespri pèp la pou yo te fidèl anvè Senyè a.” 9 Epi twazyèmman, li pa t janm sispann prepare pèp li a—fizikman oswa spirityèlman. 10 Annou egzamine twa prensip sa yo.

Prensip nimewo en: kreye lye sekirite.

Mowoni te fòtifye chak vil Nefit yo avèk pil tè, bati fò, ak miray an wòch. 11 Lè Lamanit yo te vin atake yo ankò, yo “te etone jouk nan dènye bout, gras ak sajès Nefit yo nan prepare lye sekirite yo. 12

Menmjan tou, lè ajitasyon ap fè raj bò kote nou, nou bezwen kreye lye kote nou ap gen sekirite, fizikman ak spirityèlman. Lè fwaye nou vin tounen yon sanktyè lafwa pèsonèl—kote Lespri a abite—fwaye a vin premye liy defans lan.

Menmjan an tou, pieu Siyon yo se “refij kont tanpèt” 13 paske se moun ki detni kle prètriz yo e ki egzèse otorite prètriz la k ap dirije yo. Si nou kontinye suiv konsèy moun sa yo Senyè a otorize pou gide nou yo, n ap santi pi plis sekirite.

Tanp lan—kay Senyè a—se yon lye sekirite ki pa gen parèy. Nan kote sa a, noumenm sè yo nou dote avèk pouvwa prètriz la atravè alyans prètriz sakre ke nou fè. 14 Kote sa a, fanmi nou sele pou letènite. Menm ane sa a, kote aksè nan tanp nou yo te seryezman limite a, dotasyon w lan ba w aksè konstan nan pouvwa Bondye si w onore alyans ou te fè avèk li yo.

Pou n di senpleman, yon lye sekirite se nenpòt kote w ka santi prezans Sentespri a epi gide pa Limenm. 15 Lè Sentespri a avèk ou, ou ka anseye laverite, menm lè li ale alankont opinyon ki egziste yo. Epi ou ka medite sou kesyon sensè apwopo levanjil la nan yon anviwonman revelasyon.

Mwen envite nou, chè sè m yo, pou nou kreye yon fwaye ki se yon lye sekirite. Epi m ap renouvle envitasyon m te fè nou pou nou ogmante konpreyansyon nou sou pouvwa prètriz la ak sou alyans ak benediksyon tanp yo. Si nou gen lye sekirite kote nou ka retire nou, sa ap ede nou anbrase lavni ak lafwa.

Prensip nimewo de: prepare lespri nou pou nou fidèl anvè Bondye.

Nou antreprann yon gwo pwojè pou nou pwolonje dire ak kapasite Tanp Salt Lake la.

Imaj
Tanp Salt la an konstriksyon

Gen moun ki te mande poukisa nou oblije pran kalite mezi ekstraòdinè sa yo. Men, lè Vale Salt Lake la te sekwe anba gwo tranbleman tè 5.7 la nan kòmansman ane sa a, tanp frajil sa a te sekwe sitèlman fò ke twonpèt estati anj Mowoni an te tonbe! 16

Imaj
Anj Mowoni avèk twonpèt li tonbe

Menmjan fondasyon fizik Tanp Salt Lake la dwe solid ase pou l reziste anba dezas natirèl yo, se konsa tou fondasyon spirityèl nou dwe solid. Lè sa a, lè, nan sans figire, tranbleman tè sekwe lavi nou, nou ka kanpe “fèm e inebranlab” gras ak lafwa nou. 17

Senyè a anseye nou kijan pou nou ogmante lafwa nou nan chèche “konesans, pa letid epi pa lafwa tou.” 18 Nou fòtifye lafwa nou nan Jezikri lè nou eseye kenbe kòmandman L yo epi nou “toujou sonje Li.” 19 Epitou, lafwa nou ogmante chak fwa nou egzèse lafwa nou nan Li. Se sa aprann pa lafwa vledi.

Paregzanp, chak fwa nou gen lafwa ki fè nou obeyi lwa Bondye yo—menm lè opinyon popilè ap rabese nou—oubyen chak fwa nou reziste anba divètisman oswa ideyoloji ki selebre kraze alyans, nou egzèse lafwa nou, sa ki anretou ogmante lafwa nou.

Epitou, pa gen anpil bagay ki bati lafwa plis pase plonje nou regilyèman nan li Liv Mòmon an. Okenn lòt liv pa temwaye de Jezikri avèk sitèlman puisans ak klate konsa. Pwofèt li yo, enspire pa Senyè a, te wè epòk nou an epi yo te chwazi doktrin ak verite ki t apral ede nou plis yo. Liv Mòmon an se gid k ap fè nou siviv nan dènye jou yo.

Natirèlman, sa k garanti sekirite siprèm nou se atache nou avèk Pè Selès la ak Jezikri! Lavi san Bondye se yon lavi ki ranpli ak laperèz. Lavi avèk Bondye se yon lavi ki chaje ak lapè. Se paske benediksyon spirityèl vini pou moun ki fidèl yo. Resevwa revelasyon pèsonèl se youn nan pi gwo benediksyon ki egziste.

Senyè a pwomèt ke si nou mande, nou ka resevwa “revelasyon sou revelasyon.” 20 Mwen pwomèt nou ke si nou ogmante kapasite nou pou nou resevwa revelasyon, Senyè a ap beni nou avèk plis direksyon pou lavi nou epi avèk don Lespri a an abondans.

Prensip nimewo twa: pa janm sispann prepare nou.

Menm lè bagay yo t ap mache byen, Kapitèn Mowoni te kontinye prepare pèp li a. Li pa t janm kanpe. Li pa t janm vin gen twòp asirans nan tèt li.

Advèsè a pa janm sispann atake nou. Konsa, nou ka pa janm sispann prepare nou! Plis nou otonòm—tanporèlman, emosyonèlman, ak spirityèlman—se plis n ap prepare pou nou kontrekare atak san rete Satan yo.

Chè sè m yo, nou se ekspè nan kreye lye sekirite pou tèt nou ak pou moun ki chè pou nou. Epitou, nou gen yon dotasyon divin ki pèmèt nou bati lafwa nan lòt moun nan fason ki san parèy. 21 Epi nou pa janm sispann. Nou te demontre sa yon fwa ankò ane sa a.

Tanpri, kontinye! Vijilans nou nan sovgade fwaye nou ak mete lafwa nan kè moun ki chè pou nou yo ap pote rekonpans pou dè jenerasyon k ap vini yo.

Chè sè m yo, nou tèlman gen bagay k ap tann nou! Senyè a mete nou la a paske Li konnen nou gen kapasite pou nou negosye avèk difikilte konplèks dènye pati sa a nan dènye jou yo. Li te konnen nou t ap kapte grandè travay Li a epi nou t ap pare pou nou ede l reyalize.

Mwen pa di ke jou k dèyè yo pral fasil, men, mwen pwomèt nou ke fiti a ap gloriye pou moun ki prepare e ki kontinye prepare yo pou yo sèvi kòm enstriman nan men Senyè a.

Chè sè m yo, annou pa sèlman andire sezon sa a. Men, annou anbrase lavni ak lafwatou! Tan twouble se opòtinite pou nou pwospere spirityèlman. Se tan kote enfliyans nou ka gen plis efè pase nan tan kalmi.

Mwen pwomèt nou ke si nou kreye lye ki gen sekirite, nou prepare lespri nou pou nou fidèl anvè Bondye, epi nou pa janm sispann prepare, Bondye ap beni nou. L ap “delivre nou; wi, konsa, li [ap] kalme nanm nou, e li [ap] ban nou anpil lafwa, epi … sa ap fè ke nou [ka] espere delivrans nan li.” 22

Pandan n ap prepare nou pou nou anbrase lavni ak lafwa a, ke pwomès sa yo vini pou nou! Konsènan sa mwen temwaye, avèk ekspresyon lanmou m pou nou, ak konfyans mwen nan nou, nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org. Nan diskou ki te akonpaye pwoklamasyon sa a, Prezidan Gordon B. Hinckley te di sè yo: “Mwen rekonesan pou fòs nou genyen ak pou lwayote nou, lafwa nou ak lanmou nou. Mwen rekonesan pou rezolisyon nou pran nan kè nou pou nou mache nan lafwa, kenbe kòmandman yo, pou nou fè sa ki byen tout tan ak nan tout sikonstans la” (“Restez fortes contre les séductions du monde,” Ensign, Nov. 1995, 98–99).

  2. Lik 21:26; gade tou Doktrin ak Alyans 45:26.

  3. Gade Matye 24:24; Joseph Smith—Matye 1:22.

  4. Doktrin ak Alyans 1:35.

  5. Gade nan Doktrin ak Alyans 1:17 Apot Pòl te pwofetize ke “nan dènye jou yo t ap gen tan twouble.” Sa t ap fè epòk nou an spirityèlman danjere. Gade 2 Timote 3:1–5.)

  6. Enseignements des présidents de l église: Joseph Smith (2007), 512.

  7. Doktrin ak Alyans 38:30.

  8. Gade Alma 49:5; 50:4.

  9. Alma 48:7.

  10. Gade Alma 49–50.

  11. Gade Alma 48:8.

  12. Alma 49:5; italik ajoute.

  13. Doktrin ak Alyans 115:6.

  14. Gade Russell M. Nelson, “Trezò Spirityèl,” Liahona, Nov. 2019, 76–79.

  15. Eliza R. Snow te anseye ke Sentespri a “satisfè ak ranpli tout anvi kè imen an…. Lè m ranpli ak Lespri sa a, nanm mwen satisfè, epi m ka di an tout senserite, ke bagay ensiyifyan epòk yo pa sanble yo kanpe sou wout mwen ditou…. Èske se pa yon privilèj pou nou viv yon fason pou nou ka genyen l san rete nan nanm nou? (nan Filles dans mon royaume: L histoire et l oeuvre de la Société de Secours [2011], 46).

  16. Gade Daniel Burke, “Utah Earthquake Damages Mormon Temple and Knocks Trumpet from Iconic Angel Statue,” Mar. 18, 2020, cnn.com.

  17. Mozya 5:15.

  18. Doktrin ak Alyans 88:91; italik ajoute.

  19. Mowoni 4:3.

  20. Doktrin ak Alyanss 42:61.

  21. Apot Pòl te sinyale reyalite sa a lè l te atribye lafwa sensè Timote a manman l (Eunice) ak grann ni (Lois) (gade 2 Timote 1:5

  22. Alma 58:11.