Konferans Jeneral
Jwenn lajwa nan Kris la
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Jwenn lajwa nan Kris la

Epi, fason ki pi asire pou nou jwenn lajwa nan Kris la se ini avèk Li pou ede lòt moun.

Senyè a pa mande jèn nan Prètriz Aawon yo pou yo fè tout bagay, men sa L mande yo a ekstraòdinè.

Sa gen kèk ane, fanmi nou te viv sa anpil fanmi ap fè fas nan mond dechi sa a. Pi piti pitit gason nou an, Tanner Christian Lund, te vin gen kansè. Li sete yon moun enkwayab, jan timoun nevan gen tandans pou yo ye a. Li te komik anpil epi, an menm tan, li te gen yon nivo spirityèl ekstraòdinè. Liten ak zanj, mechan ak janti. Lè l te piti epi l te konn etone nou chak jou ak kreyativite li ak dezobeyisans li, nou te pèsyade ke swa l t ap grandi pou l vin yon pwofèt oubyen yon vòlè labank. De tout fason, sanble li ta pral kite mak li nan mond lan.

Byen vit, li te vin dezespereman malad. Nan twa ane apre yo, medsin modèn nan te anplwaye mwayen ewoyik, enkli de transplantasyon mwèl nan zo li, kote li te pran maladi nemoni, sa k te oblije l pase 10 semèn enkonsyan nan yon aparèy respiratwa. Mirakilezman, li te refè pou yon ti bout tan, men, apresa, kansè a te retounen.

Yon ti tan anvan l te mouri, maladi Tanner a te anvayi zo l yo, e menm gwo remèd pou doulè pa t ka fè anyen pou li. Se apèn li te ka desann kabann nan. Yon jou Dimanch maten byen patikilye, manman li, Kalleen, te antre nan chanm ni pou l te gade l anvan fanmi an te ale legliz. Li te sezi wè ke li te debwouye l abiye poukont li epi l te chita sou pwent kabann nan, ap bat pou l te tache yon bouton chemiz. Kalleen te chita bò kote l. Epi l te di: “Tanner, èske w sèten ou santi w byen ase pou w al legliz? Petèt ou ta dwe rete lakay e repoze w jodia.”

Li te gade atè a fiks. Li sete yon dyak. Li te gen yon kolèj. Epi l te gen yon responsabilite.

“M ta sipoze distribiye sentsèn jodi a.”

“M si yon lòt moun ka fè l nan plas ou.”

Epi apre l te di: “Wi, men … mwen wè kijan moun yo gade m lè m ap pase sentsèn nan. M panse sa ede yo.”

Konsa, manman l te ede l boutonnen chemiz la epi mare kravat la, epi yo te mennen l legliz la. Yon bagay enpòtan te rive.

M te antre nan chapèl la sot nan yon reyinyon epi m te sezi wè Tanner chita nan ranje dyak yo. Kalleen te di m tou ba poukisa li te la ak sa l te di: “M panse sa ede moun yo.”

Epi konsa, m te gade pandan dyak yo te kanpe bò tab sentsèn nan. Li te apiye dousman sou yon lòt dyak pandan prèt yo t ap pase plato pen an ba yo. Tanner te trennen ale nan bò pa l la epi li te kenbe pwent ban an pou l te ka kanpe dwat pandan l t ap lonje plato sentsèn nan bay moun ki te devan l lan.

Sanble tout je nan chapèl la te sou li, yo te santi doulè li ke l te kenbe pandan l t ap fè senp ti pati pa l la. Tanner te delivre yon diskou an silans pandan l t ap pase solanèlman sot nan yon ranje al nan yon lòt la—avèk tèt li ki te kale e ki t ap transpire—li te reprezante Sovè a nan fason dyak yo fè. Kò li ki te endontab yon fwa a te yon tijan kraze, blese, e dechire, li te dispoze pou l te soufri pou l te ka sèvi nan pote anblèm Ekspyasyon Sovè a nan lavi nou.

Lè nou te wè kijan l te wè tèt li antanke dyak la, sa te fè nou panse diferaman tou—sou sentsèn nan, sou Sovè a, ak sou dyak yo ak enstriktè yo ak prèt yo.

Mwen emèveye devan mirak san pale sa a ki te pouse l reponn si bravman a ti apèl sa a pou l te sèvi a, ak pou fòs ak kapasite tout jèn angaje nou yo pandan y ap ale odela yomenm pou yo reponn apèl yon pwofèt pou yo anwole nan batayon Bondye a e vin patisipe nan travay sali a ak egzaltasyon an.

Chak fwa yon dyak kenbe yon plato sentsèn, li fè nou sonje istwa sakre Dènye Soupe a, ak Jetsemane, ak Kalvè a, ak tonm nan jaden an. Lè Sovè a te di apot li yo, “Fè sa pou nou sonje mwen” 1 an, li t ap pale ak moun nan epòk pa nou yo tou. Li t ap pale de mirak sanfen li ta pral rann posib lè fiti dyak, enstriktè, ak prèt yo ta pral prezante anblèm li yo epi envite tout pitit li yo pou yo aksepte sakrifis li ofri a.

Tout senbòl òdonans sentsèn yo dirije nou sou don sa a. Nou kontanple pen an ke L te kase yon fwa a—ak pen prèt yo, anretou, kase devan nou kounyea. Nou panse a siyifikasyon likid ki konsakre a, lè sa a ak jodia, pandan pawòl priyè sentsèn yo ap soti solanèlman nan bouch jèn prèt yo ale nan kè nou ak nan syèl la, pou renouvle alyans ki konekte nou avèk pouvwa sali Kris la. Pandan òdonans sentsèn nan, nou ka panse ak kisa sa vle di lè yon dyak pote anblèm sentsèn nan ba nou, lè l kanpe kote Jezi t ap kanpe si l te la, pou l retire fado nou yo epi geri doulè nou.

Erezman, jèn gason ak jèn fi yo pa oblije tonbe malad pou yo dekouvri lajwa ak objektif ki genyen nan sèvi Sovè a.

Èldè David A. Bednar te anseye ke pou nou pwogrese epi vin tankou misyonè yo ye a, nou ta dwe fè sa misyonè fè, epi apresa, “liy apre liy epi presèp sou presèp, …[nou] ka gradyèlman vin misyonè … Sovè a espere a. ” 2

Menmjan tou, si nou vle “tankou Jezi,” 3 nou dwe fè sa Jezi fè, epi nan yon fraz etonan, Senyè a eksplike kisa L fè: Li te di: “Paske gade, sa se travay mwen ak laglwa mwen—pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.” 4

Misyon Sovè sete toujou e sa ap toujou pou sèvi Papa a nan sove pitit li yo.

Epi, fason ki pi asire pou nou jwenn lajwa nan Kris la se ini avèk Li pou ede lòt moun.

Sa se senp verite ki te enspire pwogram Timoun ak Jèn nan.

Tout aktivite ak ansèyman ki nan pwogram Timoun ak Jèn nan gen rapò avèk ede jèn yo vin pi sanble ak Jezi pandan y ap angaje yo nan travay sali ak egzaltasyon an.

Pwogram Timoun ak Jèn nan se yon zouti ki prepare pou ede chak timoun Primè pwogrese nan chemen disip la epi akeri yon vizyon ranpli lafwa sou sa chemen ki mennen nan bonè a sanble. Yo ka vini pou antisipe ak tann avèk enpasyans pou siy ak pano endikatè ki pral mennen yo nan kowòm ak klas jènfi yo, kote yo pral santi lajwa nan ede lòt moun nan ofri sèvis kretyen. Yo pral fikse bi, gwo ak piti, ki pral mete balans nan lavi yo epi ede yo vin pi sanble ak Sovè a. Konferans Jèn yo ak revi Legliz yo, L’Ami, ak aplikasyon Viv Levanjil la pral vrèman ede yo jwenn lajwa nan Kris la. Yo pral antisipe benediksyon ki genyen nan posede yon rekòmandasyon tanp a izaj limite epi santi espri Eli a atravè enfliyans Sentespri a pandan y ap chèche benediksyon tanp ak istwa familyal yo. Yo pral gide pa benediksyon patriyakal yo. Avèk letan, yo pral wè yomenm k ap antre nan tanp pou yo dote avèk pouvwa, jwenn lajwa, epi pou yo konekte etènèlman avèk fanmi yo—sa ki pase, ki prezan, ak sa k ap vini.

Kont gwo van pandemik ak kalamite yo, reyalize tout pwomès ki nan nouvo pwogram Timoun ak Jèn nan se yon travay ki toujou an pwogresyon—men gen yon ijans. Jèn nou yo pa ka ap tann pou mond lan ranje tèt li pou yo aprann konnen Sovè a. Gen kèk k ap pran dezisyon kounyea menm ke yo pa t ap pran si yo te konn vrè idantite yo—ak pa Li.

Epi konsa, apèl ijan pou antre nan batayon Bondye a nan fòmasyon desizif la se “tout moun mete men!”

Manman ak papa, pitit gason nou yo bezwen pou nou soutni yo avèk menm pasyon nou te konn soutni yo nan lepase lè yo t ap okipe yo de bagay ki mwens enpòtan yo. Manman ak papa, dirijan prètriz ak dirijan Jènfi, si jèn nou yo ap lite, pwogram Timoun ak Jèn nan ap ede yo vin jwenn Sovè, epi Sovè a ap ede yo jwenn lapèe. 5

Prezidans kolèj ak prezidans klas yo, prepare nou epi pran plas nou nan travay Senyè a.

Evèk, konekte kle nou yo ak pa prezidan kolèj yo, ak kowòm nou yo—epi ak pawas nou yo—ap chanje ajamè.

A noumenm jenerasyon k ap grandi a, mwen temwaye, antanke yon moun ki konnen, ke nou se pitit gason ak pitit fi byeneme Bondye, e li gen yon travay pou nou fè.

Si nou mete nou alawotè majeste apèl nou yo, ak tout kè nou, tout pouvwa nou, tout panse nou, ak tout fòs nou, n ap vin renmen Bondye epi n ap kenbe alyans nou yo epi fè l konfyans pandan n ap travay pou beni lòt moun, kòmanse nan pwòp fwaye nou.

Mwen priye pou nou ka efòse nou, avèk yon enèji redouble, ki pwòp a epòk sa a, pou nou sèvi, egzèse lafwa, repanti, epi amelyore chak jou, pou nou ka kalifye pou n resevwa benediksyon tanp yo ak lajwa dirab ki soti sèlman nan levanjil Jezikri a. M priye pou nou prepare nou pou nou vin misyonè dilijan sa a, mari ak madanm fidèl sa a, papa ak manman plen lanmou sa a, yo pwomès nou ke nou ka finalman vini ye lè nou se yon vrè disip Jezikri.

Se pou nou ede prepare mond lan pou retou Sovè a nan envite tout moun pou yo vin jwenn Kris la epi resevwa benediksyon Ekspyasyon l yo. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Lik 22:19.

  2. David A. Bednar, “Vin tounen yon misyonè,” Lyawona, Nov. 2005, 46.

  3. “M ap eseye vin tankou Jezi; m ap suiv chemen l yo. Montrant mon amour ainsi qu il le fit, à chaque instant de ma vie” (“Jésus-Christ est mon modèle,” Chants pour les enfants, 78–79).

  4. Moyiz 1:39.

  5. Mwen pèsonèlman eksprime apresyasyon m pou paran ak dirijan devwe atravè istwa nou yo ki avèk vayans te si ede jèn yo pwogrese yo. Mwen rekonèt ke nouvo pwogram Timoun ak Jèn nan tire anpil bagay de chak pwogram aktivite ak akonplisman ki te presede l yo.