Konferans Jeneral
Pouvwa Gerizon Ekspyasyon an
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Pouvwa Gerizon Ekspyasyon an

Si nou vin jwenn Jezikri nan egzèse lafwa nan li, nou repanti, epi nou fè alyans epi nou kenbe yo, dezespwa nou an—kèlkeswa sa k lakoz li—kapab geri.

Depi nan kòmansman ane sa a, nou rankontre anpil evènman ke nou pa t atann. Pèt lavi avèk p&t revni akoz pandemi mondyal la seryezman afekte kominote global la ak ekonomi an.

Tranbleman tè, dife, ak inondasyon nan divès pati nan mond lan, avèk tou lòt dezas ki asosye avèk tanperati a, fè moun yo santi ke yo san èd, sanzespwa, ak kè ki brize, y ap mande èske lavi yo pral janm tounen menmjan an ankò.

Kite m rakonte w yon istwa konsènan yon bagay ki kraze.

Lè timoun nou yo te jèn, yo te deside ke yo te vle pran leson pyano. Mari mwen, Rudy, avèk mwen te vle ofri timoun nou yo opòtinite sa a; men nou pa t gen pyano. Nou pa t gen mwayen pou nou te achte yon pyano tou nèf, konsa, Rudy te kòmanse chèche youn ki te ize.

Nan ane sa a pou Nwèl, li te ba nou tout sipriz avèk yon pyano, epi atravè ane yo, timoun nou yo te aprann jwe.

Imaj
Ansyen pyano

Lè ti gason nou yo te fin gran epi yo te kite kay la, vye pyano a te vin plen pousyè, konsa, nou te vann li. Kèk ane te pase, epi nou te ekonomize yon ti kòb. Yon jou Rudy te di, “Mwen panse li lè pou nou gen yon nouvo pyano.”

Mwen te mande, “Poukisa nou ta dwe gen yon nouvo pyano, si youn nan nou pa konn jwe?”

Li te di, “O, nou ka jwenn yon pyano ki ka jwe poukont li!” Si w itilize yon iPad, ou ka pwograme pyano a pou l jwe plis pase 4.000 chan, enkli kantik legliz yo, mizik Kè Tabènak yo, tout mizik Primè yo, ak anpil lòt ankò.”

Rudy se yon bon biznismann, pou m di mwens ke posib.

Imaj
Nouvo pyano

Nou te achte yon bèl pyano tou nèf ki te ka jwe, epi kèk jou apre, de gwo nèg, ki gen anpil fòs te pote l lakay nou.

Mwen te montre yo ki kote m te vle mete l epi mwen te deplase.

Imaj
Deplase pyano a

Sete yon pyano ki te lou anpil, epi pou l te ka pase nan pòt la, yo te demonte pye yo epi yo te debwouye yo vire pyano a sou kote depi sou tèt pòtchaj yo te pote l la.

Kay nou an te sitiye yon sou yon ti pant, epi malerezman byen bonè nan jou sa a nèj te tonbe, atè a te mouye epi l te glise. Èske w ka wè ki kote sa prale?

Pandan yo t ap deplase pyano a anlè ti pant lan, li te glise epi m te tande yon gwo fraka. Pyano a te soti sou pòtchaj la epi l te tonbe epi l te sitèlman frape fò atè a ke l te kite yon gwo twou nan gazon nou an.

Mwen te di, “olala!. “Èske nou OKE?

Erezman tou de mesye yo te Oke.

Je yo te vin byen laj pandan youn t ap gade lòt, epi apre yo te vire gade m epi yo te di, “Nou vrèman dezole. Nou pral pote l retounen nan magazen an epi manadjè nou an ap rele w.”

Sa pa t pran anpil tan pou manadjè magazen an t ap pale avèk Rudy pou aranje livrezon yon nouvo pyano. Rudy se yon moun janti epi li padonan, li te di manadjè a ke sa te OK si yo te annik repare domaj yo epi pote menm pyano a retounen, men manadjè a te ensiste pou l te ba nou yon lòt pyano tou nèf.

Rudy te reponn, li te di, “Sa pa t pi mal ke sa. Annik repare l epi pote l retounen.”

Manadjè a te di, “Bwa a kase, epi yon fwa ke bwa a kase, li pa p janm sonnen menmjan an ankò. W ap resevwa yon nouvo pyano.”

Sè m ak frè m yo, èske nou tout pa tankou pyano sa a, yon ti jan kraze, fann, epi abime, epi nou santi nou p ap janm menmjan an ankò? Men, si nou vin jwenn Jezikri nan egzèse lafwa nou nan li, nou repanti, epi nou fè alyans epi nou kenbe yo, kreze nou an—kèlkeswa sa k lakoz li—kapab geri. Pwosesis sa a, ki envite pouvwa gerizon Sovè a nan lavi nou an, non sèlman restore nou a sa nou te ye anvan an, men li fè nou vin pi bon pase jan nou te janm ye. Mwen konnen ke atravè Sovè a, nou tout kapab repare, vin antye, epi ranpli objektif nou, menmjan ak yon pyano tou nèf ki bay bèl son.

Prezidan Russell M. Nelson te ansenye: “Lè eprèv difisil tonbe sou, se moman pou nou apwofondi lafwa nou nan Bondye, pou nou travay di, epi sèvi lòt moun. Lè sa a, L ap geri kè ki brize nou yo. L ap devèse lapè pèsonèl ak konsolasyon sou nou. Gwo kado sa yo, menm lanmò pa kapab detwi yo.” 1

Jezi te di:

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma soulaje nou.

“Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou, pran leson nan men mwen; paske mwen dou ak enb nan kè: konsa, na viv ak kè poze.

“Paske jouk mwen fasil, e chay mwen an pa lou” ((Matye11:28–30).

Imaj
Sovè nou an, Jezikri;

Pou geri sa ki brize nan vin jwenn Li, nou bezwen gen lafwa nan Jezikri. “Gen lafwa nan Jezikri vle di konte totalman sou Li— fè konfyans a pouvwa … ak lanmou enfini Li. Sa gen ladan l kwè nan ansèyman L yo. Sa vle di pou nou kwè menm si nou pa konprann tout bagay, Limenm li konprann yo. Paske Li te fè eksperyans tout lapenn nou yo, afliksyon nou yo, ak enfimite nou yo, Li konn kijan pou L ede nou simonte difikilte chak jou nou yo.” 2

Lè nou vin jwenn Li, “nou kapab vin ranpli ak lajwa, lapè, ak konsolasyon. Tout sa ki [difisil ak konplike] konsènan lavi a kapab vin korèk atravè sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.” 3 Li te konseye nou, “Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè” (Doktrin ak Alyans 6:36).

Nan Liv Mòmon an lè Alma ak pèp li a te prèske kraze anba fado yo te mete sou do yo, pèp la te mande soulajman. Senyè a pa t retire fado yo; men olyesa Li te promèt yo:

“Epi, m ap fè chay ki sou zèpòl nou yo vin lejè pou nou pa menm kapab santi yo sou do nou, menm lè nou nan esklavaj; e m ap fè sa, pou nou kapab sèvi m temwen apre sa, e pou nou kapab konnen toutbon, mwen menm, Senyè Bondye a, m vizite pèp mwen nan afliksyon yo.

“Epi kounyeya, se te konsa, chay ki te sou Alma ak frè l yo te vin lejè; wi, Senyè a te fòtifye yo pou yo kapab pote chay yo alèz, e yo te aksepte avèk kè kontan ak pasyans, tout sa Senyè a te vle.”(Mozya 24:14–15).

Konsènan kapasite Sovè a pou geri ak fè chay yo vin lejè a, Èldè Tad R. Callister te ansenye:

“Youn nan benediksyon Ekspyasyon an sèke nou kapab resevwa pouvwa sekou nan men Sovè a. Ezayi te pale plizyè fwa konsènan pouvwa Senyè a pou geri, ak kalme. Li te temwanye ke Sovè ase te ‘yon fòs pou malere ki nan detrès yo, yon refij kont tanpèt, yon lonbraj kont chalè a‘ (Ezayi 25:4). Pou sa ki nan lapenn yo, Ezayi te deklare ke Sovè a posede pouvwa pou ‘rekonfòte tout moun ki nan lapenn‘ (Ezayi 61:2), ak ‘siye dlo nan je tout moun’ (Ezayi 25:8; gade tou Revelasyon 7:17); ‘l ap reviv espri moun enb la’ (Ezayi 57:15); epi ‘geri kè brize a’ (Ezayi 61:1; gade tou Lik 4:18; Som 147:3). Pouvwa pou L pou sekouri a sitèlman gran ke li ta kapab chanje ‘bote pou sann dife, luil lajwa pou lapenn, gaman pou fè lwanj pou lespri ki nan chagren‘ (Ezayi 61:3).

“O, ala esperans ki nan pwomès sa yo! … Lespri Li geri, li rafine; li rekonfòte; espri l bay nouvo lavi a moun ki te pèdi espwa. Li gen pouvwa pou transfòme tout sa ki lèd ak malveyan ak san valè nan lavi a pou yo vin tounen yon bagay ki gen yon ekla siprèm ak glorye. Li gen pouvwa pou konvèti sann mòtalite yo pou fè yo vin tounen bote letènite.” 4

Mwen temwanye ke Jezikri se Sovè byenneme nou, Redanmtè nou, Mèt Gerisè a, epi yon zanmi fidèl. Si nou vire gade Li, L ap geri nou epi L ap fè nou vin antye ankò. Mwen temwanye ke sa a se Legliz Li epi L ap prepare pou L retounen yon lòt fwa ankò sou tè sa a pou renye avèk puisans ak laglwa. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “Jesus Christ—the Master Healer,” Liahona, Nov. 2005, 87.

  2. Faith in Jesus Christ,” Gospel Topics, topics.ChurchofJesusChrist.org.

  3. Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou sèvis misyonè rev. ed. (2018), 52, ChurchofJesusChrist.org.

  4. Gade Tad R. Callister, Ekspyasyon Enfini an (2000), 206–7.