Tout nasyon, fanmi, ak lang
Nan pwòp fason pa nou, nou ka vin fè pati akonplisman pwofesi ak pwomès Senyè a fè yo—pati levanjil pou beni mond lan.
Chè frè m ak sè m yo, dènyèman, m t ap ofisye nan yon sèlman tanp, pandan nou t ap suiv direksyon pou COVID-19 yo. Avèk jèn marye yo, ki sete misyonè fidèl ki te retounen sot nan misyon, te gen paran yo ak tout sè ak frè yo. Sa pa t fasil. Lamarye a sete nevyèm pitit nan dis timoun. Nèf frè ak sè l yo te chita nan lòd, sot nan pi gran al nan pi piti, pandan yo te respekte distans sosyal la.
Fanmi an te chèche pou yo te toujou bon vwazen tout kote yo te abite. Men, gen yon katye ki pa t akeyan ditou—paske, manman lamarye a di, fanmi yo sete manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.
Fanmi an te fè tout sa l te kapab pou yo te fè zanmi nan lekòl, kontribye, epi pou yo te aksepte yo, men sa pa t mache. Fanmi an te priye epi priye pou kè moun yo te adousi.
Yon jou swa, yo te santi yo priyè yo te jwenn repons, malgre se pa t fason yo t ap atann nan. Kay yo te pran dife epi l te boule nèt. Men yon bagay te rive. Dife a te adousi kè vwazen yo.
Vwazen yo ak lekòl nan katye a te rasanble rad, soulye, ak lòt nesesite pou fanmi an ki te pèdi tout sa yo te genyen. Jantiyès te louvri konpreyansyon. Se pa t fason sa a manm fanmi an te espere ni atann priyè yo t ap egzose. Men, yo te eksprime gratitid yo pou sa yo te aprann atravè eksperyans difisil ak repons inatandi pou priyè sensè yo.
Vrèman, pou moun ki gen kè fidèl yo ak je pou yo wè, mizèrikòd Senyè a manifeste nan mitan pwoblèm lavi yo. Si nou aksepte pwoblèm ak sakrifis yo fidèlman, y ap pote benediksyon soti nan syèl la. Nan mòtalite sa a, nou ka pèdi kèk bagay oubyen tann kèk bagay pou yon tan, men alafen, n ap vin wè sa ki plis konte a. 1 Men pwomès la. 2
Deklarasyon bisantnè 2020 nou an kòmanse avèk pwomès pwofondeman inivèsèl sa a ki di “Bondye renmen pitit Li nan tout nasyon nan mond lan.” 3 Pou nou chak nan nenpòt peyi, fanmi, lang, ak pèp, 4 Bondye fè nou pwomès, li ba nou alyans, epi li envite nou pou nou vin patisipe nan abondans lajwa ak bonte li.
Lanmou Bondye pou tout moun demontre atravè ekriti yo. 5 Lanmou sa a enkli alyans Abraramik la, rasanbleman pitit Li yo ki dispèse yo, 6 ak plan bonè l La.
Nan kay lafwa a, pa dwe gen etranje, ni moun deyò, 7 ni rich ni pòv, 8 ni “lòt moun” ki ekskli. Antanke “konsitwayen sen yo,” 9 yo envite nou pou nou chanje mond lan pou byen, soti andedan al deyò, yon moun, yon fanmi, yon katye alafwa.
Sa fèt lè nou viv ak pataje levanjil la. Nan kòmansman dispansasyon sa a, Pwofèt Joseph Smith te resevwa yon pwofesi remakab ke Papa nou ki nan Syèl la vle ke moun toupatou dekouvri lanmou Bondye ak fè eksperyans pouvwa li pou nou grandi ak chanje a.
Li te resevwa pwofesi sa a la a, nan ti kay anbwa fanmi Smith te abite a, nan Palmyra, nan New York. 10
Kay fanmi Smith la, ki te fini an 1998, rebati sou fondasyon orijinal li a. Kay de chanm sa a rebati nan menm plas 18 x 30 x 10 foot (5.5 x 9 x 3m) li te bati a, kote Mowoni, antanke mesaje gloriye Bondye, te parèt devan jèn Joseph jou swa 21 Septanm 1823 a. 11
Nou sonje kisa Pwofèt Joseph te rakonte:
“[Mowoni te di … Bondye te gen yon travay pou m fè; epi non m pral rekonèt pou byen ak pou mal pami tout nasyon, fanmi, ak lang. …
“Li te di gen yon liv ki te depoze, … ki te gen plenitid levanjil etènèl la ladan l.” 12
Ann pran yon poz la a. Nou adore Bondye, Papa Etènèl la, ak Pitit Gason L la, Jezikri, non pa Pwofèt Joseph ni okenn lòm oubyen fi mòtèl.
Men, ann konsidere kijan pwofesi Bondye bay sèviè L yo akonpli. 13 Genyen ki akonpli pi vit, genyen ki akonpli nan apre, men yo tout akonpli. 14 Si nou koute espri pwofesi Senyè a, nou ka vin, nan pwòp fason pa nou, fè pati akonplisman pwofesi ak pwomès Li yo—yon pati nan levanjil la ki beni mond lan.
Joseph sete yon tinedjè 17 tan ki t ap viv nan yon vilaj kèlkonk nan yon peyi ki te fèk endepandan. Amwenske sete verite, kijan l ta ka imajine pou l te di li ta pral yon enstriman nan travay Bondye a epi tradui ap don ak pouvwa Bondye ekriti sakre ki t ap vin rekoni toupatou?
Men, paske se verite, oumenm avèk mwen ka temwaye ke pwofesi sa a ap akonpli menm jan yo envite nou pou nou ede l reyelize a.
Frè m ak sè m yo, atravè mond lan, nou chak k ap patisipe nan konferans Jeneral Oktòb 2020 sa a, nou pami nasyon, fanmi, lang ak pèp y ap pale a.
Jodia, manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap viv nan 196 peyi ak teritwa, avèk 3.446 pieu Legliz la nan 90 ladan yo. 15 Nou reprezante ni etandi jewografik la ni sant fòs yo.
An 1823, kimoun ki t ap imajine ke, an 2020, ta pral gen twa peyi ki t ap gen plis pase yon milyon manm nan Legliz sa a—Etazini, Meksik, ak Brezil?
Oubyen venntwa peyi ki ta pral gen plis panse 100.000 manm Legliz la nan yo chak—twa nan Amerik diNò, katòz nan Amerik Santral ak Amerik diSid, youn an Ewòp, kat an Azi, ak youn an Afrik? 16
Prezidan Russell M. Nelson rele Liv Mòmon an an “yon mirak mirakile.” 17 Temwen l yo temwaye, “Ke l rekonèt nan tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp.” 18 Jodia, konferans jeneral disponib nan 100 lang. Prezidan Nelson temwaye konsènan Jezikri ak Levanjil retabli L la nan 138 peyi epi sa ap kontinye.
Kòmanse avèk 5.000 kopi enprime premye edisyon Liv Mòmon 1830 la, gen prèske 192 milyon kopi sou tout oubyen yon pati nan Liv Mòmon an ki deja pibliye nan 112 lang. Tradiksyon Liv Mòmon yo disponib nan vèsyon dijital nan tout lang. Tradiksyon aktyèl Liv Mòmon yo enkli plis pase 23 lang ki pale pa 50 milyon moun ou plis, ki kolektivman se lang natif natal apeprè 4.1 bilyon moun. 19
Atravè ti mwayen senp—ke yo envite nou chak pou n patisipe—gwo bagay akonpli.
Paegzanp, nan yon konferans pieu nan Monroe, nan Utah, mwen te mande popilasyon 2.200 moun yo konbyen ladan yo ki te sèvi yon misyon. Tout moun te leve men yo. Ane k sot pase yo, te gen 564 misyonè ki te soti nan yon sèl pieu ki t ap sèvi nan tout 50 eta Ameriken yo ak 53 peyi, sou chak kontinan eksepte Antarctique.
An palan de Antarctique, menm nan Ushuaia, nan pwent sid Argentine, m te wè pwofesi sa a akonpli pandan misyonè nou yo t ap pataje levanjil Jezikri a nan yon kote yo rele “ekstremite tè a.” 20
Tablo ki sou kouvèti kat volim liv Les Saints 21 yo dekri yon tablo mondyal sou fwi viv levanjil la pote pou Sen fidèl yo toupatou. Istwa Legliz nou an konpoze pa temwayaj vivan ak vwayaj chak manm nan levanjil la, enkli Mary Whitmer, sè fidèl sa a Mowoni te montre plak Liv Mòmon yo. 22
An Janvye 2021, twa nouvo revi Legliz la nan mond lan— L’Ami, Pou fòs jèn yo, ak Liahona—pral envite tout moun pou yo santi yo entegre epi pataje eksperyans yo ak temwayaj yo nan kominote mondyal kwayan nou an. 23
Frè m ak sè m yo, pandan n ap ogmante lafwa nou nan Pè Selès la ak Jezikri, viv verite levanjil retabli yo ak resevwa alyans sakre, ak etidye, medite, ak pale de Retablisman an k ap kontinye a, n ap patisipe nan akonplisman pwofesi sa a.
N ap chanje tèt nou ak mond lan nan yon chema levanjil k ap beni lavi toupatou.
Yon sè Afrikèn di: “Sèvis mari m nan Prètriz la fè l vin pi pasyan ak pi janti. Epi, m vin yon pi bon madanm ak yon pi bon manman tou.
Yon konsiltan biznis entènasyonal trè respekte jodia nan Amerik Santral la di ke, anvan l te dekouvri levanjil retabli Bondye a, li t ap viv nan lari, san okenn bi. Kounyea, limenm ak fanmi l jwenn idantite yo, objektif, ak fòs.
Yon jèn gason nan Amerik diSid ap elve poul ke l vann ze yo pou l ka ede ache fenèt pou kay fanmi l ap bati a. Li peye dim ni anpremye. L ap literalman wè fenèt syèl yo louvri.
Nan Four Corners, nan sid Etazini, yon fanmi Native Ameriken fè bèl jaden woz fleri nan dezè a, senbòl lafwa nan levanjil ak otonomi.
Yon sivivan yon gè sivil anmè, yon frè nan Sidès Azi te dezespere e l pa t ka wè lavi a gen sans. Li te jwenn espwa nan yon rèv kote l te wè yon ansyen kanmarad klas li ki te kenbe yon plato sentsèn epi temwaye l de òdonans sali yo ak de Ekspyasyon Jezikri a.
Pè Selès la envite nou toupatou pou n santi amou li, pou n aprann ak pwogrese pa lenstriksyon, travay onorab, sèvis otonomi, ak modèl bonte ak bonè nou jwenn nan Legliz retabli L la.
Si nou rive fè Bondye konfyans, pafwa apre nou fin sipliye l nan moman ki pi sonb, pi solitè ak pi ensèten nou yo, n ap aprann ke L konnen nou pi byen epi li renmen nou plis pase nou konnen ak renmen tèt nou.
Se poutèt sa nou bezwen èd Bondye pou n etabli lajistis, egalite, ak lapè nan fwaye nou ak nan kominote nou yo. Vrè resi, lye ak apatenans ki pi pwofon ak pi otantik nou yo vini lè nou santi lanmou redanmtè Bondye, nou chèche gras ak mirak atravè Ekspyasyon Pitit Gason L lan, epi n etabli relasyon dirab atravè alyans sakre.
Nou bezwen bonte ak sajès relijye nan mond jodia ki dezòdone, plen bri ak polisyon an. Ki lòt kote nou ka rafrechi, enspire, ak edifye espri imen an? 24
Plante pyebwa an Ayiti se sèlman yon egzanp nan pami dè santèn egzanp kote moun yo kole tèt yo ansanm pou yo fè byen. Kominote lokal la, enkli 1.800 manm Legliz nou an, ki te bay pyebwa kòm don, te reyini ansanm pou yo te plante prèske 25.000 pyebwa. 25 Pwojè rebwazman sou plizyè ane sa a deja plante plis pase 121.000 pyebwa. Yo prevwa pou yo plante dè dizèn milye ankò.
Efò komen sa a bay lonbraj, li prezève sòl la, epi li bese flo inondasyon fiti yo. Li anbeli katye yo, soude kominote, e nouri moun. Si w mande Ayisyen yo kiyès ki pral rekòlte fwi ki nan pyebwa sa yo, yo reponn “Nenpòt moun ki grangou.”
Prèske 80 pousan nan popilasyon mond lan afilye ak yon relijyon. 26 Kominote relijye yo reyaji imedyatman apre dezas natirèl osibyen ke pou bezwen kwonik pou manje, abri, edikasyon, ak fòmasyon pwofesyonèl. Atravè mond lan, manm, zanmi, ak Legliz nou yo ede kominote sipòte refijye e founi pou yo dlo, sanitasyon, aparèy òtopedik, swen zye—yon moun, yon vilaj, yon pyebwa alafwa. 27 Toupatou, nou chèche pou nou bon paran ak bon sitwayen, pou n kontribye nan vwazinaj nou ak sosyete nou yo, enkli atravè Latter-day Saint Charities. 28
Bondye ba nou libète moral—ak responsablite moral. Senyè a deklare: “Mwen menm, Senyè Bondye a, m fè nou lib, se poutèt sa, nou gade lib.” 29 Nan pwoklame “libète pou kaptif yo,” 30 Senyè a pwomèt ke Ekspyasyon L lan ak chemen levanjil li a ka kraze lyen tanporèl ak spirityèl. 31 Erezman, libète redanmtè sa a etann a moun ki deja kite mòtalite yo.
Sa gen kèk ane, nan Amerik Santral, yon prèt te di m li t ap etidye pratik Sen Dènye Jou yo pou “fè batèm pou mò yo.” Li te di: “Sa parèt jis ke” “Bondye vle ofri tout moun opòtinite pou yo resevwa batèm, kèlkeswa moman oubyen kote yo te viv, ekspete timoun piti yo, ki ‘vivan nan Kris la.’ 32 Li te ajoute “Apot Pòl pale de mò k ap tann batèm ak rezirèksyon.” 33 Òdonans pa pwokirasyon tanp yo pwomèt tout nasyon, fanmi, lang ak pèp ke okenn moun pa dwe “rete esklav lanmò, lanfè, oubyen tonbo a.” 34
Pandan n ap dekouvri Bondye, pafwa repons inatandi pou priyè nou ap mennen nou soti nan lari a, mennen nou nan kominote nou yo, chase tenèb nanm nou yo, e gide nou pou nou jwenn refij spirityèl e apatenans nan bonte alyans Li yo ak lanmou konstan li.
Gwo bagay souvan kòmanse piti, men mirak Bondye yo manifeste chak jou. Ala m rekonesan pou don diven Sentespri a, Ekspyasyon Jezikri a, ak doktrin revele, òdonans, ak alyans nou jwenn nan Legliz retabli L la, ki pote non L lan.
Se pou nou jwayezman aksepte envitasyon Bondye a pou n resevwa ak ede akonpli pwomès Li yo epi pwofetize benediksyon L yo nan tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp, mwen priye, nan non Jezikri, amèn.