Konferans Jeneral
Kilti Kris la
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Kilti Kris la

Nou ka cheri sa ki pi bon nan kilti terès nou yo pandan n ap patisipe totalman nan kilti etènèl ki soti nan levanjil Jezikri a.

Ala yon mond mayifik se mond n ap viv la, yon mond ke nou pataje, ki gen yon gran divèsite moun, lang, koutim, ak istwa—ki etann sou dè santèn peyi ak dè milye gwoup, yo chak rich an kilti. Limanite gen anpil rezon pou yosanti fyète ak pou yo selebre. Sepandan, byenke konpòtman nou devlope a—bagay kilti nou ekspoze nou nan kote nou grandi a—ka sèvi kòm yon gran fòs nan lavi nou, kèk fwa tou, li ka tounen yon obstak siyifikatif.

Li ka sanble ke kilti sa a si pwofondeman entegre nan fason nou panse ak konpòtman nou ke l enposib pou nou chanje. Aprè tou, se sa nou plis santi ki defini nou epi ki ba nou yon sans idantite Sa ka gen yon enfliyans sitèlman puisan ke l anpeche nou wè feblès oswa enpèfeksyon ki sot nan lòm yo nan pwòp kilti pa nou yo, sa ki pote kòm rezilta yon retisans pou nou debarase nou de tradisyon zansèt nou yo. Lè nou twò fikse sou idantite kiltirèl nou, nou riske rejete ide, kalite, ak konpòtman ki gen valè—menm sa ki gen orijin diven—yo.

Sa gen kèlke ane, m te konn yon mesye debyen ki ede ilistre prensip inivèsèl miyopi kiltirèl la. M te fè konesans li nan Singapour, lè yo te asiyen m kòm enstriktè ofwaye fanmi li. Sete yon pwofesè distenge nan Sanskrit ak Tamoul, li te soti nan sid peyi End. Madanm ni ak de pitit gason l yo sete manm Legliz la, men limenm li pa t janm antre nan Legliz la ni koute ansèyman levanjil yo. Li te kontan pou fason madanm ni ak pitit gason li yo t ap pwogrese epi l te sipòte yo totalman nan aktivite ak responsablite yo nan Legliz la.

Lè m te ofri pou anseye l prensip levanjil yo epi pataje kwayans mwen avèk li, li te ezite toudabò. Sa te pran m yon ti tan pou m te reyalize poukisa: li te santi ke si l ta fè sa, li t ap trayi pase li, pèp li a, ak istwa li! Dapre jan l te panse, li ta pral nye tout sa l te ye, tout sa fanmi l te anseye l pou l ye, anfèt, veritab eritaj endyen l lan. Nan kèk mwa apre yo, nou te gen posiblite pou n te pale de kesyon sa yo. M te enpresyone (malgre se pa t yon sipriz) pou m te wè kijan levanjil Jezikri a te gen posiblite pou louvri je l sou yon powendvi diferan.

Nan pifò kilti lòm kreye yo, nou jwenn bagay ki bon, nou jwenn bagay ki pa bon, bagay ki konstwi, ak bagay ki detwi.

Anpil nan pwoblèm mond nou an se rezilta dirèk konfli ant moun ki gen ide ak koutim diferan ki soti nan kilti yo. Men pratikman, tout konfli ak konfizyon t ap disparèt rapidman si mond lan te sèlman aksepte kilti orijinal li, sa nou tout te posede sa pa gen twò lontan an. Kilti sa a remonte nan egzistans premòtèl nou. Sete kilti Adan ak Enòk. Sete kilti ki fonde sou ansèyman Sovè a nan Midi Tan yo, epi li disponib pou tout fi ak tou gason yon fwa ankò nan epòk pa nou an. Li pa gen parèy. Li se pi gran nan tout kilti yo epi li soti nan gran plan bonè a, Bondye te prepare epi Kris la te defann nan. Li ini moun olye l divize. Li geri olye l blese.

Levanjil Jezikri a anseye nou ke lavi a gen yon bi. Prezans nou isit la se pa jis kèk gwo aksidan oswa erè kosmik. Nou isit la pou yon rezon.

Kilti sa a ankre nan temwayaj ke Papa nou ki nan Syèl la egziste, ke Li reyèl epi L renmen chak nan nou, endividyèlman. Nou se “travay Li ak laglwa [Li].” 1 Kilti sa a adopte konsèp sou egalite nan valè. Pa gen okenn rekonesans pou ran ni klas. Nou se, aprè tou, frè ak sè, pitit espri Paran Selès nou yo—literalman. Pa gen okenn prejije ni mantalite “noumenm kont yo” nan kilti sa a ki pi gran pase tout lòt kilti. Nou tout se “nou.” Nou tout se “yo.” Nou kwè ke nou responsab e nou gen kont pou nou rann pou tèt pa nou, youn pou lòt, pou legliz la, ak mond nou an. Responsablite ak rann kont se faktè enpòtan nan pwogresyon nou.

Charite, vrè lanmou Kris la, se fondasyon kilti sa a. Nou epwouve sousi reyèl pou bezwen pwochen nou, tanporèl ak espirirtyèl, epi nou aji an konsekans sou santiman sa yo. Sa elimine prejije ak rayiman.

Nou gen yon kilti revelasyon, ki santre sou pawòl Bondye a jan pwofèt yo resevwa l (epi nou chak ka verifye sa pèsonèlman atravè Sentespri a). Tout limanite ka konnen volonte ak panse Bondye.

Kilti sa a fefann prensip labilit la. Kapasite pou nou chwazi a ekstrèmeman enpòtan pou devlòpman nou ak bonè nou. Chwazi avèk sajès esansyèl.

Se yon kilti aprantisaj ak etid. Nou chèche konesans ak sajès ak sa ki pi bon nan tout bagay.

Se yon kilti lafwa ak obeyisans. Lafwa nan Jezikri se premye prensip nan kilti nou an epi obeyi ansèyman ak kòmandman L yo se rezilta a. Bagay sa yo jenere metriz tèt.

Se yon kilti lapriyè. Nou kwè ke Bondye ap non sèlman tande nou, men L ap ede nou tou.

Se yon kilti alyans ak òdonans, prensip moral elve, sakrifis, padon ak repantans, e ki fè nou pran swen kò nou ki se yon tanp. Tout bagay sa yo temwaye angajman nou anvè Bondye.

Se yon kilti ki gouvène pa prètriz la, ki se otorite pou aji nan non Bondye, pouvwa Bondye pou beni pitit Li yo. Li edifye moun epi li ba yo kapasite pou yo vin pi bon moun, pi bon dirijan, pi bon manman, pi bon papa, ak pi bon konpanyon—epi li sanktifye fwaye a.

Vrè mirak fè abondans nan kilti sa a, ki se pi ansyen nan tout kilti yo, mirak ki reyalize pa lafwa nan Jezikri, pouvwa prètriz la, lapriyè, pwogresyon pèsonèl, vrè konvèsyon, ak padon.

Se yon kilti travay misyonè. Nanm yo gen gwo valè.

Nan kilti Kris la, fi yo elve nan nivo kòrèk ak etènèl yo. Yo pa bòn gason yo, tankou nan anpil kilti nan mond jodia, men yo se patnè egal ego e konplè avèk yo, isit la ak nan mond ki gen pou vini an.

Kilti sa a apwouve sentete fanmi. Fanmi se inite debaz letènite. Pèfeksyon fanmi an merite nenpòt sakrifis paske, jan sa te anseye, “okenn siksè pa ka ranplase echèk nan fwaye a.” 2 Fwaye a se kote nou akonpli pi bon travay nou epi se kote nou atenn pi gran bonè nou.

Nan kilti Kris la, gen pèspektif—yon bi ak yon direksyon etènèl. Kilti sa a sousye de bagay ki gen valè dirab! Li soti nan levanjil Jezikri a, ki etènèl, epi ki eksplike rezon ak kisa, ak poukisa egzistans nou. (Li enkli tout moun, li pa eskli moun.) Paske kilti sa a se rezilta aplikasyon ansèyman Sovè nou an bay yo, li ede founi yon remèd gerisè ke mond nou an bezwen dezespereman.

Ala yon benediksyon pou nou fè pati gran mòd lavi chaje noblès sa a! Pou nou fè pati kilti ki pi gran nan tout kilti sa a, sa ap mande chanjman. Pwofèt yoe anseye ke li nesesè pou nou abandone tout bagay nan ansyen kilti nou an ki pa konsistan avèk kilti Kris la. Men sa pa vledi nou dwe abandone tout bagay. Pwofèt yo tensiste tou ke yo envite nou, nou tout nèt, pou nou pote lafwa ak talan nou ak konesans nou—tout sa ki bon nan lavi nou ak nan kilti nou—avèk nou, epi kite legliz la “ajoute sou li” atravè mesaj levanjil la. 3

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se pa yon sosyete oksidantal ni yon fenomèn kiltirèl ameriken. Li se yon legliz entènasyonal, jan l te toujou sipoze ye a. Plis toujou, li gen orijin divin. Nouvo manm yo ki soti nan tout mond lan pote richès, divèsite, ak antouzyas yo nan fanmi nou an ki p ap sispann grandi. Sen dDnye Jou nan tout kote kontinye selebre ak onore pwòp eritaj ak ewo pa yo, men kounyea, yo fè pati yon bagay ki pi gran toujou. Kilti Kris la ede nou wè tèt nou jan nou vrèman ye a, epi lè n gade atravè linèt letènite yo, tanpere avèk ladwati, li sèvi pou ogmante kapasite nou pou n akonpli gran plan pou bonè a.

Donk, kisa k te pase ak zanmi m nan? Bon, yo te anseye l leson yo epi l te antre nan Legliz la. Fanmi l fèk sot sele pou letan ak pou tout letènite nan tanp Sydney a an Australie. Li abandone yon tikras—epi li potansyèlman jwenn tout bagay. Li te dekouvri ke l ka toujou selebre istwa li, toujou gen fyète pou zansèt li yo, pou mizik ak dans ak literati li, pou manje li, peyi li ak pèp li. Li te reyalize ke pa gen okenn pwoblèm pou l enkòpore sa k pi bon nan kilti lokal li a nan kilti ki pi gran pase tout la. Li te dekouvri ke lè l pote sa ki konsistan avèk verite ak lajistis yo soti nan ansyen lavi l la vin nan lavi tounèf li a, sa sèvi sèlman pou amelyore relasyon l avèk Sen yo epi kontribye nan ini tout moun kòm yon sosyete selès.

Anfèt, nou tout kapab cheri sa ki pi bon nan kilti terès respektif nou yo pandan n ap toujou patisipe totalman nan kilti ki pi ansyen nan pami tout kilti a—kilti orijinal la, siprèm nan, ak etènèl la ki soti nan levanjil Jezikri a. Ala yon eritaj mèveye nou tout pataje. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Moyiz 1:39.

  2. J. E. McCulloch, nan Enseignements des présidents de l église: David O. McKay (2011), 154.

  3. Gade Enseignements des présidents de l église: George Albert Smith (2011), xxviii; Gordon B. Hinckley, “Fondasyon Mèveye Lafwa nou,” Liahona, Nov. 2002, 78–81.