Konferans Jeneral
Don Mayifik Pitit Gason an
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Don Mayifik Pitit Gason an

Atravè Jezikri, nou ka chape anba agoni echèk moral nou merite yo e simonte agoni malchans mòtalite nou pa merite yo.

Pandan m t ap li Liv Mòmon an pou yon leson nan Vini, Suiv Mwen an pandan ete k sot pase an, resi Alma kote li te rann ni kont de tout peche l yo te touche m anpil, pa t gen “anyen pi pike ak pi anmè pase lapenn [li] yo.” 1 M konfese ke pale de doulè pike sa a te atire atansyon m akoz batay mwen semèn sa a avèk yon pyè nan ren ki te peze sèt milimèt. Pa t janm gen okenn moun ki te fè eksperyans ak “gwo bagay” konsa lè yon bagay “piti ak senp” konsa te “pase.” 2

Langaj Alma a atire atansyon m tou paske mo pike a, nan tradiksyon Anglè Liv Mòmon an, tipikman dekri bagay ki gen bote eksepsyonèl oubyen grandè san parèy. Pa egzanp, Joseph Smtih te note ke zanj Mowoni te gen yon wòb “ki te blanch pase tout lòt,” li te di yon “blanchè ki te depase tout bagay terès m te jann konn wè. 3 Men mo pike a ka dekri yon entansite ekstrèm menm pou bagay ki terib tou. Konsa, Alma ak gran diksyonè yo liye doulè doulè pike a avèk “toumante,” “agoni,” ak “aflije” nan “pi wo degre.” 4

Deskripsyon imaje Alma a reflete reyalite tris ke nan yon moman kèlkonk, nou dwe santi tout kilpabilite atwòs pou chak peche nou komèt. Jistis mande sa e Bondye Limenm pa ka chanje li. 5 Lè Alma te sonje “tout” peche l yo—espesyalman sa k te detwi lafwa lòt moun yo—li pa t ka sipòte doulè li, epi ide pou l te kanpe devan Bondye a te ranpli l avèk yon “doulè li pa t ka ekplike.” Li te anvi pou “nanm ni ak kò l te kapab elimine” 6

Sepandan, Alma di tout bagay te kòmanse chanje nan moman “li te sonje l te tande” pwofesi konsènan “vini yon Jezikri … ki gen pou l ekspye peche mond lan,” e li te “kriye nan kè [l]: O, Jezi, Pitit Gason Bondye a, gen mizèrikòd pou mwen.” Avèk sèl panse sa a ak sèl priyè sa a, Alma te ranpli avèk lajwa “mèveye” ki te konparab avèk kantite lapenn [ni] an.” 7

Nou pa dwe janm bliye ke objektif repantans se pou nou pran mizè a epi transfòme l vin tounen bonè total. Gras ak “bonte imedyat” Li 8 menm kote nou vire al jwenn Kris la—pandan n ap demontre lafwa nan Li ak yon vrè chanjman nan kè nou—fado byen lou peche nou yo kòmanse soti sou do nou ale sou do pa L. Sa posib sèlman paske Limenm ki san peche a te soufri “agoni enfini ak ineksprimab” 9 pou chak grenn peche ki nan inivè kreyasyon L yo, pou tout kreyasyon L yo—yon soufrans si terib ke san te koule soti nan tout twou syè kò li. Apati eksperyans dirèk ak pèsonèl Li, Sovè a avèti nou nan ekriti modèn yo, ke nou pa gen yon ide sou kijan “soufrans” nou yo pral “pike” si nou pa repanti. Men, avèk jenewozite ensondab Li, Li klarifye tou ke “Mwenmenm Bondye, m te soufri tout bagay sa yo pou tout moun, pou yo pa soufri si yo repanti” 10 —yon repantans ki pèmèt nou “goute” “lajwa ineksprimab” Alma te goute a. 11 Pou doktrin sa a poukont li, “Mwen emèveye.” 12 Kwaksa, etonamman, Kris la ofri pi plis toujou.

Pafwa doulè pike konn vini non pa akoz peche men akoz erè onèt, aksyon lòt moun, oubyen fòs ki depase kontwòl nou. Nan moman sa yo, ou ka kriye tankou Salmis la:

“Kè m chaje avèk lapènn anndan m: E laterè lanmò vin tonbe sou mwen.

“ … E angwas akable m.

“… O si m te ka gen zèl tankou on pijon! M t ap vole ale, e m t ap ka repoze m.” 13

Syans medikal, konseye pwofesyonèl, oubyen rektifikasyon jiridik ka ede soulaje soufrans sa yo. Men, note ke, tout bon don—enkli sa yo—soti nan Sovè a. 14 Kèlkeswa koz pi gwo doulè ak lapèn nou, sous siprèm soulajman an se menm nan: Jezikri. Se Limenm poukont Li ki gen tout pouvwa ak remèd pou l korije chak grenn erè, repare tout sa k pa bon, transfòme tout enpèfeksyon, geri tout blese, ak delivre tout benediksyon ki pa ko vini. Menmjan ak temwen lontan yo, mwen temwaye ke “ nou pa gen yon gran prèt ki pa kapab soufri avèk nou nan feblès nou yo“ 15 men, olyesa, nou gen yon Redanmtè eman ki te desann soti sou twòn Li anlè a epi ki te vin “soufri doulè e pase anba tout kalite afliksyon ak tantasyon, … pou l te ka konnen … kijan pou l ede pèp li a.” 16

Nenpòt nan nou jodia ki gen doulè ki si entans oubyen si san parèy ke ou panse okenn moun pa ka konplètman konprann yo, ou gen dwa gen rezon. Petèt gen dwa pa gen okenn manm fanmi, zanmi, oubyen dirijan prètriz—kèlkeswa jan yo sansib oubyen jan yo byen entansyone—ki konn egzakteman sa w santi oubyen ki gen pawòl egzak ki ka ede w geri yo. Men m vle w konnen: Gen yon moun ki konprann ekzakteman sa w santi a, ki pi “puisan pase tout tè a” 17 epi ki “ka fè pi plis pase nenpòt sa [ou] ka mande oubyen imajine.” 18 Pwosesis sa a ap dewoule nan fason Li ak nan tan pa L, men Kris la toujou pare pou l gerichak ti pati ak chak ti aspè nan agoni w lan.

Si w pèmèt Li fè sa, w ap wè ke soufrans ou a se pa t anven. An palan de pi gwo ewo yo nan Bib la ak soufrans yo, Apot Pòl te di ke “Bondye … bay pi bon bagay pou yo pa mwayen soufrans yo, paske san soufrans lan yo pa t ap ka vin pafè.” 19 Nou wè, nati Bondye ak bi egzistans nou sou tè a se bonè, 20 men nou pa ka vin èt pafè ki gen lajwa divin san eksperyans ki teste nou, pafwa menm jis nan fon kè nou. Jan Pòl note sa plizyè fwa, menm Sovè a te vin etènèlman “pafè [oubyen konplè] pa mwayen soufrans.” 21 Konsa, nou dwe mefye nou de chichotman satan ki di si nou te yon pi bon moun, nou pa t ap ka evite kalite eprèv sa yo.

Nou dwe reziste anba mansonj ki di ke soufrans nou an vledi ke nou kanpe andeyò sèk moun Bondye chwazi yo, ki sanble y ap flote sot nan yon eta beni al nan yon lòt. Olyesa, wè tèt ou menmjan Jan, Revelatè a, te wè w nan revelasyon majestye l la sou dènye jou yo. Paske, Jan te wè “yon gran miltitid, ke pèsonn pa t ka konte, tout peyi, tribi, pèp, ak lang, [ki] te kanpe devan twòn nan, ak devan ti Mouton an, abiye ak rad blan, … [ki] te rele ak yon vwa wo, ki t ap di, Ke Bondye Nou an Beni.” 22

E lè yo te mande l: “Moun sa yo ki gen rad tou blan sou yo a, kimoun yo ye? kibò yo soti?” Jan te resevwa repons lan: “Sa yo se moun ki pase anba gwo tribilasyon, epi yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san Ti Mouton an.” 23

Frè m ak sè m yo, soufri nan lajistis ede w kalifye pou w ka vin eli Bondye, olye yo ekskli ou. Epi sa fè pwomès pa yo a vin tounen pwomès pa w tou. Selon Jan, ou “pa pral grangou ankò, ni swaf ankò; ni solèy pa p frape [ou], ni okenn chalè. “Paske Anyo a ki nan mitan twòn nan pral nouri [ou] epi l pral dirije [ou] al nan anpil fontèn dlo vivan: epi Bondye pral seche tout dlo ki nan je [ou].” 24

“Epi p ap gen lanmò ankò, yo p ap nan lapenn ankò, yo p ap janm plenyen ankò, yo p ap janm soufri ankò.” 25

Mwen temwaye nou ke atravè bonte Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa L la, nou ka chape anba agoni echèk moral nou merite yo e simonte agoni malchans mòtalite a nou pa merite yo. Sou direksyon Li, destine divin ou se pral yon bagay ki gen grandè san parèy ak yon lajwa ineksprimab—yon lajwa si tèlman gran e sitèlman pèsonèl a oumenm, ke “sann” ou yo ap vin tounen bote “ki depase tout bagay sou tè a 26 Pou w ka goute lajwa sa a kounyea epi ranpli avèk li pou tou tan, mwen envite w pou w fè sa Alma te fè a: kite lespri w kapte don mayifik Pitit Gason Bondye an jan sa revele atravè levanjil Li a nan Legliz vrè e vivan L lan. Nan non Jezikri, amèn.