Konferans Jeneral
Nou Pale de Kris
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Nou Pale de Kris

Pandan mond lan ap pale mwens de Jezikri a, annou pale plis de Li.

Mwen eksprime lanmou m pou nou, zanmi ak kwayan byenneme nou yo. Mwen admire lafwa nou ak kouraj nou pandan dènye mwa sa yo, kote pandemi mondyal sa a pètibe lavi nou epi pran manm presye fanmi nou ak bon zanmi nou.

Pandan peryòd ensètitid sa a, mwen santi yon gratitid inabitiyèl pou konesans asire ak sèten mwen ke Jezi se Kris la. Èske w santi w konsa? Gen difikilte ki peze sou nou chak, men toujou devan nou, avèk bra L byen louvri, se Limenm ki te deklare enbleman, “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a, e se mwen ki lavi a.”1 Pandan n ap travèse sezon distans sosyal fizik avèk lòt moun nan, nou bezwen pa janm travèse yon sezon distans spirityèl avèk Limenm ki san rete, ak bra L louvri, ap mande nou, “Vin, jwenn mwen”2an.

Tankou yon zetwal nan yon syèl byen klè, Jezikri klere chemen nou. Li te vini sou tè a nan yon enb etab. Li te viv yon lavi pafè. Li te geri malad epi li te leve mò. Li te yon zanmi pou moun ki abandone. Li te anseye nou pou nou fè byen, pou nou obeyi epi pou youn renmen lòt. Li te mouri sou kwa a, li te leve an gran jan twa jou apre e bay noumenm ak moun ki renmen L yo posiblite pou yo viv apre lanmò. Avèk mizerikòd ak gras enkonparab li, Li te pran sou Li peche ak soufrans nou yo, sa ki pote padon lè nou repanti ak lapè nan tanpèt lavi yo. Nou renmen L. Nou adore Li. Nou suiv Li. Li se soutyen nanm nou.

Sa ki enteresan sèke pandan konviksyon espirityèl sa a ap ogmante nan mitan nou an, gen kèk moun nan mond lan ki pa konn anpil bagay sou Jezikri e, nan kèk pati nan mond lan kote y ap pwoklame non L depi dè syèk, lafwa nan Jezikri ap diminye. Sen vanyan ki an Ewòp yo te wè kwayans ap diminye nan peyi yo pandan plizyè deseni.3 Malerezman, isit nan Etazini, lafwa an resesyon tou. Yon etid ki te fèt pa twò lontan te revele ke nan 10 dènye ane yo 30 milyon moun nan Etazini sispann kwè nan divinite Jezikri.4 Lè w ap konsidere mond lan, yon lòt etid predi ke nan deseni k ap vini yo ap gen plis pase de fwa kantite sa a k ap kite krisyanis la ke sa k ap antre ladan l.5

Natirèlman, nou respekte dwa chak moun pou yo chwazi, sepandan Papa nou ki nan Syèl te di absoliman: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Koute li.”6 Mwen temwaye ke gen yon jou k ap vini kote tout jenou pral flechi epi tout lang pral konfese ke Jezi se Kris la.7

Kijan nou dwe reyaji devan mond nou an k ap chanje a? Pandan ke gen kèk moun k ap neglije lafwa yo, gen lòt k ap chèche laverite. Nou pran non Sovè a sou tèt nou. Kisa nou ka fè ankò?

Preparasyon Prezidan Russell M. Nelson

Yon pati nan repons nou an kapab vini lè nou revize kijan Senyè a te anseye Prezidan Russell M. Nelson nan mwa avan apèl li kòm Prezidan Legliz la. Pandan l t ap pale ennan avan apèl li a, Prezidan Nelson te envite nou pou nou etidye 2,200 referans sou Jezikri yo ki mansyone nan Gid Ekriti yo.8

Imaj
Prezidan Nelson k ap etidye ekriti yo

Twa mwa apre sa, nan konferans jeneral avril la, li te pale de kijan, menm avèk deseni sèvis li kòm yon disip devwe, etid pi pwofon sa a sou Jezikri a te afekte l anpil. Madanm ni, Sè Wendy Nelson, te poze l kesyon konsènan enpak etid sa a sou li. Li te reponn: “Mwen se yon gason diferan!” Li sete yon bon gason. A laj 93 an, ou se yon gason diferan? Prezidan Nelson te eksplike:

“Lè nou investi tan nou nan chèche enfòmasyon sou Sovè a ak sakrifis ekspyatwa L la, nou atire vè … Limenm. …

“Atansyon nou vin konsantre sou Sovè a ak levanjil Li a.”9

Sovè a te di: “Gade sou mwen nan chak panse.”10

Nan yon mond travay, enkyetid, ak efò diy, nou kenbe kè nou, lespri nou, ak panse nou yo sou Limenm ki se espwa ak sali nou an.

Si yon etid renouvle sou Sovè a te ede Prezidan Nelson prepare l, èske sa pa ta kapab ede nou prepare nou tou?

Imaj
Prezidan Russell M. Nelson

Pandan li t ap mete aksan sou non Legliz la, Prezidan Nelson te anseye: “Si nou … gen aksè nan pouvwa Ekspyasyon Jezikri a—pou netwaye nou ak geri nou, pou fòtifye ak mayifye nou, epi finalman egzalte nou an—nou dwe rekonèt Li klèman kòm sous pouvwa sa a.”11 Li te anseye nou ke si nou toujou itilize non kòrèk Legliz la, yon bagay ki kapab sanble yon ti bagay piti, pa piti ditou, e li ap gen yon gwo enfliyans sou lavni.

Yon pwomès pou preparasyon w lan

Mwen pwomèt ke lè nou prepare nou, jan Prezidan Nelson te fè a, noumenm tou nou ap diferan, nou ap panse plis a Sovè a, e n ap pale de Li pi souvan e avèk mwens ezitasyon. Lè nou rive konnen ak renmen L pi pwofondeman, pawòl nou yo ap vini avèk plis fasilite, menm jan yo vini lè nou ap pale de youn nan timoun nou yo oubyen de yon bon zanmi. Moun k ap koute nou yo ap santi yo mwens anvi diskite oubyen inyore nou e y ap plis anvi aprann nan men nou.

Noumenm avèk mwen nou tout ap pale de Jezikri, men petèt nou kapab fè l yon tijan pi byen. Si mond lan pral pale mwens de Li, kiyès ki pral pale de Li plis? Se noumenm! Ansanm avèk lòt kretyen ki devwe!

Pale de Kris la nan fwaye nou

Èske gen foto Sovè a lakay nou? Èske nou pale ak timoun nou yo souvan de parabòl Jezi yo? “Istwa Jezi yo [se] tankou yon gwo van k ap soufle sou brèz lafwa nan kè pitit nou yo (Les histoires de Jésus [peuvent être] comme un vent impétueux sur les braises de la foi dans le cœur de nos enfants.)”12 Lè timoun ou yo poze w kesyon, anvizaje anseye sa Sovè a te anseye yo. Pa egzanp, si pitit ou a mande w: “Papi, poukisa nou priye jan nou priye a?” Ou ta kapab reponn: “Sa a se yon gwo kesyon. Èske w sonje kilè Jezi te priye? An nou pale de rezon ki fè Li te priye a ak kijan Li te priye?

“Nou pale konsènan Kris la, nou rejwi nan Kris la … pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”13

Pale de Kris la nan Legliz la

Menm ekriti sa a ajoute ke nou “preche konsènan Kris la.”14 Nan sèvis adorasyon nou, an nou toujou mete aksan sou Sovè a, Jezikri ak sou don sakrifis ekspyatwa L la. Sa pa vle di nou pa kapab rakonte eksperyans ki soti nan pwòp lavi nou oswa pataje yon panse yon lòt moun. Pandan ke sijè nou an ta kapab konsènan fanmi oswa sèvis oswa tanp oswa yon misyon resan, tout bagay nan adorasyon nou ta dwe fikse sou Senyè a, Jezikri.

Sa gen 30 an, Prezidan Dallin H. Oaks te pale de yon lèt li te resevwa “de yon mesye ki te di li te asiste reyinyon [sentsèn] epi li koute 17 temwayaj san l pa t tande yo mansyone non Sovè a yon fwa.”15 Lè sa a, Prezidan Oaks te note: “Petèt deskripsyon sa a egzajere [men] mwen site l paske li se yon rapèl vivan pou nou tout.”16 Apresa, Li te mande nou pou nou pale plis de Jezikri nan diskou ak leson nou yo. Mwen te obsève ke nou ap met aksan deplizanpli sou Kris nan reyinyon Legliz nou an. An nou kontinye vijilan nan efò trè pozitif sa yo.

Pale de Kris la avèk lòt moun

Avèk moun ki bò kote nou, an nou eseye vin pi ouvè, pi dispoze pou nou pale de Kris la. Prezidan Nelson te di: “Vrè disip Jezikri yo dispoze pou yo kanpe, fè tande vwa yo, epi rete diferan de moun nan mond lan.”17

Pafwa nou panse yon konvèsasyon avèk yon moun bezwen fè yo vini Legliz oswa rankontre misyonè yo. Kite Senyè a gide yo pandan ke dispoze a, pandan n ap reflechi plis sou responsablite nou pou n vin yon vwa pou li, epi toujou ap panse epi ouvè konsènan lafwa nou. Èldè Dieter F. Uchtdorf te anseye nou ke lè yon moun poze nou kesyon sou wikenn nou, nou ta dwe dispoze pou nou souri epi di ke nou te renmen tande timoun Primè yo ki t ap chante “Jésus est mon modèle.”18l An nou temwaye lafwa nou nan Kris jantiman. Si yon moun pale de yon problèm li genyen nan vi pèsonèl li, nou kapab di “Jan, Mari, ou konnen ke m kwè nan Jezikri. Mwen t ap panse a yon bagay Li te di ki ta kapab ede w.”

Se pou nou pi ouvè sou medya sosyal yo pandan n ap pale de lafwa nou nan Kris la. Pifò moun ap respekte lafwa nou, men si yon moun pa dakò lè w pale de Sovè a, pran kouraj nan pwomès Li a “Benediksyon pou nou lè moun va joure nou… paske nou se moun pa m. … Paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la”19 Nou sousye plis pou nou disip Li pase nou sousye pou disip pa nou ta renmen nou. Pyè te bay konsèy sa a: “Se pou n toujou pare pou n bay yon repons chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou esperans nou gen nan kè nou an.”20 An nou pale de Kris la.

Liv Mòmon an se yon temwayaj puisan konsènan Jezikri. Vityèlman, chak paj temwaye konsènan Sovè a ak misyon diven L lan.21 Yon konpreyansyon sou Ekspyasyon L lan ak gras Li a ranpli paj li yo. Antanke yon konpayon Nouvo Testaman an, Liv Mòmon an ede nou pi byen konprann poukisa Sovè a te vin sove nou ak kijan nou kapab vin jwenn Li pi pwofondeman.

Pafwa kèk nan kretyen parèy nou yo konn gen ensètitid konsènan kwayans nou ak sousi konsènan motif nou. An nou rejwi sensèman avèk yo nan lafwa pataje nou nan Jezikri ak nan ekriti Nouvo Testaman yo ke nou tout renmen an. Nan ane ki gen pou vini yo, moun ki kwè nan Jezikri yo ap bezwen amitye ak sipò youn nan men lòt22

Imaj
Limyè Mond lan

Pandan mond lan ap pale mwens de Jezikri a, an nou pale pi plis de Li. Pandan n ap revele vrè koulè nou antanke disip Li, anpil moun bò kote nou ap prepare pou yo koute. Pandan n ap pataje limyè nou resevwa nan men L lan, limyè Li ak pouvwa salitè transandan Li ap klere sou moun ki dispoze pou ouvri kè yo. Jezi te di “Mwen … vini [kòm] yon limyè pou mond lan.”23

Ogmante dezi nou pou n pale de Kris la

Pa gen anyen ki motive dezi m pou m pale de Kris la plis pase imajine retou L la. Alòske nou pa konnen kilè L ap vini, evènman ki anrapò avèk retou L yo pral ekstraòdinè! L ap vini nan nyaj syèl yo nan majeste ak glwa avèk tout zanj sen L yo. Se pa sèlman kèk, men se tout zanj sen L yo. Zanj sa yo se pa cheriben ki gen bò figi wouj yo gonfle nou wè nan tablo Rafayèl yo, ke nou tout ka wè sou kat Sen Valanten nou yo. Sa yo se zanj ki gen syèk, zanj yo te voye pou fèmen bouch lyon,24 pou ouvri pòt prizon,25 pou te anonse nesans Li ke moun te gen lontan yo t ap tann nan,26 pou te rekonfòte L nan Jetsemane,27 pou te rasire disip yo lè Asansyon L lan,28 epi pou te ouvri Retablisman gloriye levanjil L la.29

Imaj
Dezyèm Vini an

Èske w ka imajine w anlve pou al rankontre avèk Li swa nan bò sa a oswa nan lòt bò vwal la?30 Se sa L pwomèt pou moun ki jis yo. Eksperyans lan ap make nanm nou ajamè.

Se pa tikras rekonesan nou rekonesan pou pwofèt byenneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, ki ramfòse dezi nou pou nou renmen Sovè a epi pou nou powklame divinite L la. Mwen se yon temwen dirèk de men Senyè a sou li ak don revelasyon ki ap gide l la. Prezidan Nelson, nou pa ka tann pou nou tande konsèy ou.

Chè zanmi m yo toupatou nan mond lan, annou pale de Kris la, pandan n ap tann pwomès gloriye Sovè a ki di, “Tout moun … ki konfese non m devan lèzòm, m ap konfese non l … devan Papa m.”31 Mwen konnen Li se Pitit Gason Bondye a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Jan 14:6.

  2. Matye 11:28.

  3. Gade Niztan Peri-Rotem, “Religion and Fertility in Western Europe: Trends across Cohorts in Britain, France and the Netherlands,” European Journal of Population, Me 2016, 231–65; retrieved from ncbi.nlm.nih.gov/pmc/articles/PMC4875064.

  4. “[Sixty-five percent] of American adults describe themselves as Christians when asked about their religion, down 12 percentage points over the past decade. Meanwhile, the religiously unaffiliated share of the population, consisting of people who describe their religious identity as atheist, agnostic or ‘nothing in particular,’ now stands at 26%, up from 17% in 2009” (Pew Research Center, “In U.S., Decline of Christianity Continues at Rapid Pace,” Oct. 17, 2019, pewforum.org).

  5. Pew Research Center, “The Future of World Religions: Population Growth Projections, 2010–2050,” Apr. 2, 2015, www.pewforum.org/2015/04/02/main-factors-driving-population-growth/#the-potential-impact-of-religious-switching-in-china.

  6. Mark 9:7; Luke 9:35; see also Matthew 3:17; Joseph Smith—History 1:17.

  7. Gade Filipyen 2: 9–11.

  8. Russell M. Nelson, “Pwofèt yo, Lidèchip, ak Lwa Divendevosyon mondyal pou jèn adilt yo, Jan. 8, 2017), broadcasts.lds.org.

  9. Russell M. Nelson, “Atire pouvwa Jezikri nan lavi nou,” Lyawona, Me 2017, 40–41.

  10. Doktrin ak Alyans 6:36.

  11. Gade Russell M. Nelson, “The Correct Name of the Church,” Lyawona, Nov. 2018, 88.

  12. Neil L. Andersen, “Tell Me the Stories of Jesus,” Liahona, Me 2010, 18.

  13. 2 Nefi 25:26.

  14. 2 Nefi 25:26.

  15. Another Testament of Jesus ChristBrigham Young University fireside, June 6, 1993), 7, speeches.byu.edu.

  16. Dallin H. Oaks, “Witnesses of Christ,” Ensign, Nov. 1990, 30.

  17. Russell M. Nelson, “Atire Pouvwa Jezikri nan Lavi Nou,” 40.

  18. Gade Dieter F. Uchtdorf, “Travay misyonè: Pataje sa k nan kè nou,” Liahona, Me 2019, 17; “I’m Trying to Be like Jesus,” Children’s Songbook, 78.

  19. Matye 5:11–12.

  20. Pyè 3:15.

  21. “Lè [sekretè pwofèt Liv Mòmon yo] te ekri temwayaj yo konsènan [Pitit Gason Byeneme Bondye a], yo te mansyone yon fòm kèlkonk de non Li nan apeprè chak 1.7 vèsè. [Yo] te fè referans ak Jezikri, literalman, pa 101 non diferan. … Lè nou reyalize ke yon vèsè abityèlman gen yon sèl fraz, sa parèt ke, an mwayèn, nou pa ka li de fraz nan Liv Mòmon an san nou pa wè yon bagay sou non Kris la” (Susan Easton Black, Finding Christ through the Book of Mormon [1987], 5, 15).

    “Pandan ke mo ekspye oswa ekspyasyon nan tout fòm yo, parèt yon fwa sèlman nan tradiksyon Wa Jak sou Ansyen Testaman an, yo parèt 35 fwa nan Liv Mòmon an. Antanke yon lòt temwayaj konsènan Jezikri, li pote limyè presye sou Ekspyasyon L lan” (Russell M. Nelson, “The Atonement,” Ensign, Nov. 1996, 35).

  22. Moun k ap viv Krisyanis yo nan Etazini yo pi jèn. “Plis pase uit sou dis manm nan Jenerasyon Silans lan (sa ki te fèt ant 1928 ak 1945 yo) dekri tèt yo kòm Kretyen (84%), menmjan ak twa ka nan Baby Boomers yo (76%). Pa kontras, se mwatye sèlman nan Millennials yo (49%) ki dekri tèt yo kòm Kretyen; kat sou dis di yo ‘pa’ relijye epi youn sou dis nan Millennials yo idantifye yo avèk lafwa non Kretyen” (“In U.S., Decline of Christianity Continues,” pewforum.org).

  23. Jan 12:46.

  24. Gade nan Danyèl 6:22.

  25. Gade Travay 5:19.

  26. Gade nan Lik 2:2–14.

  27. Gade Luke 22:42–43.

  28. Gade Travay 1:9–11.

  29. Gade nan Doktrin ak Alyans 13; 27:12–13; 110:11–16; Istwa—Joseph Smith 1:27–54.

  30. Gade nan 1 Tesalonisyen 4:16–17; Doktrin ak Alyans 88:96–98.

  31. Matye 10:32.