Konferans Jeneral
N ap Mete Yo Aleprèv Konsa
Konferans Jeneral Oktòb 2020


N ap Mete Yo Aleprèv Konsa

(Abraram 3:25)

Kounyea se moman pou nou prepare ak pwouve tèt nou ke nou dispoze e nou gen kapasite pou nou fè kèlkeswa sa Senyè a Bondye nou an kòmande nou.

M priye pou asistans Sentespri a pou nou tout pandan m ap pataje panse ak santiman ki vin nan lespri ak nan kè m nan preparasyon pou konferans jeneral sa a.

Enpòtans Tès yo

Pandan plis pase de deseni anvan apèl mwen pou m te sèvi nan Legliz la aplentan an, m t ap travay kòm yon pwofesè ak administratè inivèsite. Responsablite prensipal mwen kòm yon pwofesè sete pou m te ede etidyan yo aprann kijan pou yo te aprann pou tèt yo. Epi, yon eleman vital nan travay mwen sete kreye tès, bay nòt, ak bay etidyan yo fidbak sou pèfòmans yo nan tès yo. Jan nou ka konnen apati eksperyans pèsonèl, anpil fwa tès yo se pa yon pati nan pwosesis aprantisaj la ke etidyan yo pi renmen!

Men tès tanzantan absoliman esansyèl nan aprantisaj. Yon tès ki efikas ede nou konpare sa nou bezwen konnen avèk sa nou konnen aktyèlman sou yon sijè espesifik; li ban nou yon kritè pou nou ka evalye aprantisaj nou ak pwogresyon nou.

Menmjan tou, tès nan lekòl mòtalite a se yon eleman vital nan pwogresyon etènèl nou. Sepandan, sa k enteresan sèke nou pa jwenn mo tès la pa menm yon fwa nan Liv Kanonik yo an Anglè. Olyesa, nou itilize mo tankou epwouve, egzamine, ak teste pou dekri plizyè chema ki kòrèkteman demontre konesans spirityèl nou ak konpreyansyon nou ak devosyon nou sou plan bonè etènèl Papa nou ki nan Syèl la ak kapasite nou pou nou chèche benediksyon Ekspyasyon Sovè a.

Moun ki te prepare plan sali a dekri objektif eprèv nou nan mòtalite a avèk mo tankou pase anba eprèv, egzamine, ak teste nan ekriti ansyen ak modèn yo. “Epi nou pral pase yo anba eprèv sou li, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo.” 1

Ann konsidere siplikasyon sa a Salmis David te fè a:

Sonde m, O Senyè, epi mete m aleprèv; teste ren m ak kè m.

“Paske bonte ou devan zye m: e m ap mache nan verite ou.” 2

Epi Senyè a te deklare an 1833, “Se poutèt sa, pa pè ènmi nou yo, paske m te dekrete nan kè mwen, pou m teste nou nan tout bagay, pou wè si n ap rete nan alyans mwen an, menm jouk nan lanmò, pou nou kapab rete diy.” 3

Tès ak Eprèv Jodia

Ane 2020 an te make, an pati, pa yon pandemi mondyal ki te mete nou aleprèv, ki te sonde nou ak teste nou nan plizyè fason. M priye pou ke nou chak, endividyèlman e kòm fanmi aprann leson valab ke sèl eksperyans ki difisil kapab ansenye nou. Mwen swete tou ke chak nan nou ap pi byen rekonèt “grandè Bondye” ak verite ke “l ap konsakre afliksyon [nou yo] pou benefis nou” an. 4

Gen de prensip debaz ki ka gide nou ak fòtifye nou lè n ap fè fas ak sikonstans ki mete nou aleprèv oubyen k ap teste nou nan lavi nou yo, kèlkeswa sa yo ye: (1) prensip preparasyon an, ak (2) prensip kontinye avanse avèk fèmte nan Kris la.

Eprèv ak Preparasyon

Antanke disip Sovè a, yo kòmande nou pou nou “prepare tout bagay ki nesesè; epi etabli yon kay, menm yon kay priyè, yon kay jèn, yon kay lafwa, yon kay pou aprann, yon kay laglwa, yon kay lòd, yon kay Bondye.” 5

Nou resevwa pwomès tou ke, “si nou prepare nou pa p pè.

“Epi pou nou kapab chape anba pouvwa ènmi an, epi pou nou rasanble yon pèp ki jis pou mwen, san tach ak repwòch.” 6

Ekriti sa yo ban nou yon kad pafè pou nou òganize ak prepare lavi nou ak fwaye nou ni tanporèlman, ni espirityèlman. Efò nou pou nou prepare pou eksperyans eprèv mòtalite yo ta dwe suiv egzanp Sovè a ki “te gradyèlman grandi nan sajès ak nan wotè, e ki te jwenn favè devan Bondye ak devan lèzom” 7 —yon balans ki gen yon melanj disponiblite entèlektyèl, fizik, spirityèl, ak sosyal.

Yon apremidi, sa gen kèk mwa, Susan avèk mwen te fè envantè rezèv manje ak ekipman ijans nou yo. Lè sa a, COVID-19 t ap pwopaje ak anpil rapidite, epi nou te santi yon seri tranbleman tè te souke kay nou an nan Utah. Nou te travay depi nan kòmansman maryaj nou pou n te suiv konsèy pwofèt yo pou nou te prepare pou difikilte enprevi yo, konsa, “egzamine” eta preparasyon nou nan moman pandan viris ak tranbleman tè a te sanble yon bòn ide ak yon bagay pou nou te fè nan moman an. Nou te vle konn ki nòt nou te fè nan tès sanzatann sa yo.

Nou te aprann anpil bagay. Nan plizyè aspè, travay preparasyon nou an te sifi. Men nan kèk lòt aspè, amelyorasyon te nesesè paske nou pa t rekonèt ni konsidere kèk bezwen patikilyè nan moman ki te apwopriye.

Nou te ri anpil tou. Nou te dekouvri, pa egzanp, rezèv manje ki te nan yon plaka nou pa t itilize depi plis pase dizan. Franchman, nou te pè ouvri ak enspekte kèk nan mamit yo pou nou pa t deklanche yon lòt pandemi mondyal! Men nou mèt rasire nou, nou debarase nou konvenableman de materyèl danjere sa yo, epi risk sante yo te poze pou mond lan te elimine.

Gen kèk manm nan Legliz la ki panse ke plan ak ekipman pou ijans, rezèv manje, ak kit 72 èdtan an siman pa enpòtan ankò paske Frè yo pa pale de yo resamman ni mete aksan sou yo ak sou lòt sijè ki anrapò avèk yo nan konferans jeneral. Men dirijan yo nan Legliz la te ba nou avètisman sanrete pou nou prepare nou pandan dè deseni. Avèk letan, konsistans konsèy pwofèt yo kreye yon konsè vwa ki gen yon klètè ak yon volim avètisman ki pi fò lontan pase reprezantasyon an solo ka janm pwodui.

Menm jan tan difisil yo revele ensifizans nan preparasyon tanporèl yo, konsa tou, maladi lejète spirityèl ak konplezans yo enflije efè defavorab yo pandan eprèv difisil yo. Nou aprann, pa egzanp, nan parabòl dis vyèj yo ke ranvwaye preparasyon mennen nan echèk nan moman eprèv yo. Sonje jan senk vyèj fòl yo pa t prepare yo kòrèkteman pou egzamen yo te sibi a nan jou Epou a t ap vini an.

“Sa yo ki te fòl yo te pran lanp yo, e yo pa t vini ak lòt gaz avèk yo:

“Men sa ki te] saj yo te pote gaz nan boutèy avèk lanp yo.

“Epi nan mitan lannuit la, yon rèl pati: Men mesye marye a; ann al rankontre li.

“Lèsa a tout vyèj saj yo te leve, epi yo te ranpli lanp yo.

“Epi vyèj fòl yo mande sa k saj yo: Ba nou tigout nan gaz nou yo; paske lanp pa nou yo mouri.

“Men, sa ki te saj yo te reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n al achte nan men machann yo.

“Epi pandan vyèj fòl yo al achte gaz la, misye marye a te rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l’ nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo.

“Pita, lè lòt vyèj yo vin rive, yo di: Mèt, Mèt, louvri pou nou.” 8

“Men li te reponn yo e l te di: An verite m ap di nou, Nou pa konnen mwen.” 9

Omwen nan tès sa a, senk vyèj fòl yo te montre ke yo tande sèlman men yo pa t mete pawòl la an pratik. 10

M gen yon zanmi ki sete yon bon etidyan nan fakilte dedwa. Pandan tout semès la, Sam te envesti tan chak jou pou l te revize, fè rezime, ak aprann nan nòt li yo pou chak kou l t ap pran. Li te fè menm bagay sa a pou tout klas li yo nan fen chak semèn ak nan fen chak mwa. Metòd li a te pèmèt li aprann lwa a e pa sèlman memorize detay yo. E lè egzamen final yo te rive, Sam te prepare. Anfèt, li te twouve ke peryòd egzamen final la sete peryòd ki te gen mwens strès pandan fòmasyon jiridik li a. Preparasyon efikas ki fèt atan presede reyisit nan eprèv yo.

Apwòch Sam nan nan fòmasyon jiridik li a souliye youn nan modèl prensipal Senyè a itilize pou pwogresyon ak devlòpman yo. “Paske gade, Senyè Bondye a di: M pral bay pitit lèzòm yo liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon, ti mòso isit, ti mòso lòtbò; e moun ki koute enstriksyon m ak konsèy mwen yo beni, paske yo pral aprann lasajès; paske moun ki resevwa, m pral ba yo plis.” 11

M envite nou chak pou nou “konsidere abitid [nou] yo” 12 epi “egzamine [tèt nou], pou n konnen si [nou] nan lafwa a; [epi] mete pwòp tèt nou aleprèv.” 13 Kisa nou aprann pandan mwa k sot pase yo sou ajisteman ak restriksyon nan fason n ap viv? Kisa nou bezwen amelyore nan lavi nou espirityèlman, fizikman, sosyalman, emosyonèlman, ak entelektyèlman? Kounyea se moman pou nou prepare ak pwouve tèt nou ke nou dispoze e nou gen kapasite pou nou fè kèlkeswa sa Senyè a Bondye nou an kòmande nou.

Eprèv ak Kontinye Avanse

Yon fwa, m te asiste fineray yon jèn misyonè ki te mouri nan yon aksidan. Papa misyonè a te pale nan antèman an epi li te dekri doulè yon separasyon sanzatann avèk yon pitit byeneme. Li te deklare avèk franchiz ke pèsonèlman li pa t konprann pou ki rezon ni poukisa yon bagay konsa te rive. Men m ap toujou sonje bon mesye sa a te deklare tou ke l te konnen Bondye te konn rezon lanmò pitit li a—epi sa te ase pou li. Li te di asanble a ke limenm ak fanmi l, malgre yo te tris, t ap anfòm; e temwayaj yo te rete fèm e inebranlab. Li te fini diskou l la avèk deklarasyon sa a: “Mwen vle nou konnen ke nan sa ki konsène levanjil Jezikri a, fanmi m totalman angaje. Nou totalman angaje.”

Malgre pèdi yon moun yo renmen te dechiran ak difisil, manm fanmi vanyan sa a te espirityèlman prepare pou yo te pwouve ke yo te ka aprann leson ki gen enpòtans etènèl atravè bagay yo te soufri yo. 14

Fidelite se pa foli ni fanatis. Okontrè, se apiye nou ak mete konfyans nou nan Jezikri kòm Sovè nou, nan non li, ak nan pwomès Li yo. Lè nou “kontinye avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun,” 15 nou beni avèk yon pèspektiv ak yon vizyon etènèl ki ale odela kapasite mòtèl limite nou an. N ap gen kapasite pou nou “rasanble ansanm, epi kanpe nan kote ki sen” 16 epi “pa deplase, jiskaske jou Senyè a vini.” 17

Pandan m t ap sèvi kòm prezidan Inivèsite Brigham Young–Idaho a, Èldè Jeffrey R. Holland te vin nan inivèsite a an Desanm 1998 pou l te pale nan youn nan devosyon chak semèn nou yo. Susan avèk mwen te envite yon gwoup etidyan pou yo te vin rankontre epi pale avèk Eldè Holland anvan l te delivre mesaj li a. Pandan tan nou t ap pase ansanm nan te prèske rive nan fen l, m te mande Èldè Holland, “Si w te ka ansenye etidyan sa yo yon sèl bagay, kisa l t ap ye?”

Li te reponn:

“Nou se temwen yon pi gwo mouvman ki pral nan polarizasyon. Opsyon netralite a pa pral posib ankò pou Sen Dènye Jou yo. Mitan wout la pa p la ankò.

“Si w ap kite w flote nan kouran dlo yon rivyè, ou pral yon kote kanmèm. W ap jis ale kèlkeswa kote kouran an mennen w. Ale nan sans kouran an, suiv mare a, epi kite w flote pa p ase.

“W ap bezwen fè chwa. Si w pa fè yon chwa, se yon chwa sa ye. Aprann chwazi kounyeya.”

Deklarasyon Èldè Holland nan sou polarizasyon ki t ap ogmante a pwouve ke l te pwofesik lè nou wè tandans ak evenman ki pase nan sosyete a nan 22 ane depi l te reponn kesyon m nan. Pandan l t ap predi ogmantasyon divèjans ant fason Senyè a ak mond lan, Èldè Holland te avèti ke epòk kote nou t ap konfòtableman gen yon pye nan Legliz retabli a ak lòt pye a nan mond lan ta pral disparèt byen rapid. Sèvitè Senyè sa a t ap ankouraje jèn yo pou yo te chwazi, prepare, epi vin disip devwe Sovè a. Li t ap ede yo prepare yo epi kontinye avanse pa mwayen e atravè eprèv, tès, ak eksperyans eprèv nan lavi yo.

Pwomès ak Temwayaj

Pwosesis pou nou pwouve tèt nou an se yon pati fondamantal nan gran plan bonè Papa nou ki nan Syèl la. Mwen pwomèt ke si nou prepare epi nou avanse ak lafwa nan Sovè a, nou tout ka resevwa menm nòt nan egzamen siprèm mòtalite a: “Se byen, oumenm yon sèvitè bon ak fidèl: ou te rete fidèl nan kèk bagay, m ap fè w responsab anpil bagay: antre nan lajwa Senyè w la.” 18

Mwen temwaye ke Bondye Papa Etènèl la se Papa nou. Jezikri se Sèl Pitit Gason Literal ak vivan Li, Sovè ak Redanmtè nou. Konsènan verite sa yo mwen rann temwayaj mwen jwayezman, nan non sakre Senyè Jezikri, amèn.