Konferans Jeneral
Se pou pasyans akonpli travay pafè li, epi konte tout bagay kòm lajwa total!
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Se pou pasyans akonpli travay pafè li, epi konte tout bagay kòm lajwa total!

Lè nou egzèse pasyans, lafwa nou ogmante. Lè lafwa nou ogmante, lajwa nou ogmante tou.

Sa gen dezan, pi piti frè m nan, Chad, te travèse vwal la. Pasaj li nan lòt bò a te kite yon vid nan kè bèlsè m nan, Stephanie; de timoun piti l yo, Brayden ak Bella, ansanm ak rès fanmi an. Nou te jwenn rekonfò nan diskou Èldè Neil L. Anderson te bay nan konferans jeneral ki te fèt semèn anvan Chad te mouri a : “Nan mitan eprèv terès yo, avanse avèk pasyans epi pouvwa gerizon Sovè a ap pote limyè, konpreyansyon, lapè ak espwa ba ou” (“Blese,” Liahona, Nov. 2018, 85).

Imaj
Chad Jaggi ak fanmi li

Nou gen lafwa nan Jezikri; nou konnen n ap rejwenn Chad ankò, menmsi pèdi prezans fizik li a fè mal! Anpil nan nou pèdi moun nou renmen. Li difisil pou nou gen pasyans epi tann moman pou nou al rejwenn ni an.

Ane apre l te mouri a, nou te gen lenpresyon yon nyaj sonb te kouvri nou. Nou te chèche refij nan etidye ekriti nou yo, nan priye avèk fèvè epi ale nan tanp pi souvan. Pawòl kantik sa a dekri sa nou te santi nan moman sa a,“The day dawn is breaking, the world is awaking, the clouds of night’s darkness are fleeing away (du grand millénium arrive enfin le jour, qui chasse au loin l’obscurité de la nuit)” (“Du grand millénium,” Cantiques, no. 16).

Fanmi nou te deside 2020 t ap yon ane rafrechisan! Pandan nou t ap etidye leson nan Vini, Suiv Mwen an ki te apwopo liv Jak la nan Nouvo Testaman an nan fen mwa novanm nan, yon tèm te revela a nou. Jak, chapit 1, vèsè 2 a di, “Frè m yo, konte tout jwa nou santi lè nou tonbe anba anpil afliksyon” (Tradiksyon Joseph Smith, Jak 1:2 [nan Jak 1:2, referans a]) Nan dezi nou pou n te kòmanse yon nouvèl ane, yon nouvo deseni, avèk lajwa a, nou te deside ke an 2020 an nou ta pral konsidere tout bagay “kòm yon sijè lajwa.” Nou te sitèlman vle fè sa ke, pou Nwèl ane pase a, nou te ofri frè ak sè nou yo mayo ki te gen ekri sou yo nan karaktè gra “Konte tout lajwa.” Ane 2020 an te siman pral yon ane lajwa ak rejwisans.

Ebyen, men nou—2020 an olyesa pote pandemi mondyal COVID-19 la, twoub sivil, plis katastwòf natirèl, ak pwoblèm ekonomik. Pè Selès nou an gen dwa akòde nou tan pou nou reflechi ak konsidere konpreyansyon nou sou pasyans ak desizyon nou pran ak konsyans pou n chwazi lajwa.

Depi lè sa a, liv Jak la pran yon nouvo siyifikasyon pou nou. Jak, chapit 1, vèsè 3 ak 4 kontinye:

“Konnen ke, eprèv lafwa nou an ap pwodui pasyans.

“Men kite pasyans akonpli travay pafè li, pou ou ka pafè ak akonpli, san w pa fayi pou anyen.”

Nan efò nou pou nou jwenn lajwa nan mitan eprèv nou yo, nou bliye ke pasyans se kle pou n kite eprèv yo travay pou byen nou.

Wa Benjamen te anseye pou nou debarase nou de lòm natirèl la epi pou nou vin tounen “yon sen, pa mwayen ekspyasyon Kris la, Senyè a, epi pou [nou vin] tankou yon timoun, obeyisan, dou, enb, pasyan, ranpli avèk amou, ki vle soumèt tèt li bay tout bagay Senyè a jije nesesè pou fè l andire,” (Mozya 3:19).

Chapit 6 nan manyèl Preche Levanjil Mwen an anseye kalite esansyèl Kris yo ke nou ka imite: “Pasyans se kapasite pou nou andire reta, twoub, opozisyon, oswa soufrans san nou pa mete nou ankòlè, ni kontrarye, ni enkyè. Se kapasite pou nou fè volonte Senyè a epi aksepte moman ke L chwazi. Lè w gen pasyans, w ap sipòte presyon epi w ap kapab fè fas ak advèsite kalmeman epi ak esperans” (Preche Levanjil Mwen an, rev. ed. [2019], 126).

Travay pafè pasyans la ka ilistre nan lavi youn nan premye disip Kris yo, Simon, Kananeyen an tou. Zelòt yo sete yon gwoup nasyonalis juif ki te opoze anpil ak dominasyon Women yo. Mouvman Zelòt la te konn pouse vyolans kont Women yo, kont Juif ki te kolabore avèk yo, ak Sadiseyen yo nan fè piyaj ak lòt aktivite pou yo te ede koz yo a (gade Encyclopedia Britannica, “Zealot,” britannica.com). Simon, Kananeyen an, sete yon Zelòt (gade Lik 6:15 Imajine Simon ki ap eseye konvenk Sovè a pou l pran lèzàm, pou l alatèt yon gwoup militan, oubyen kreye dezagreman nan Jerizalèm. Jezi te anseye:

“Benediksyon pou moun ki dou: paske y ap eritye tè a. …

“Benediksyon moun ki bay mizèrikòd: paske y ap jwenn mizèrikòd. …

“Benediksyon pou moun ki patizan lapè: paske y ap rele yo pitit Bondye” (Matye 5:5, 7, 9).

Simon te petèt adopte ak defann filozofi l la avèk zèl ak pasyon, men ekriti yo fè nou konprann ke, gras ak enfliyans ak egzanp Sovè a, li te vin chanje. Wòl li kòm disip Kris la te vin pwen santral efò lavi li.

Lè nou fè alyans avèk Bondye epi nou kenbe yo, Sovè a kapab ede nou “nedenouvo nan Bondye, chanje eta chanèl la ak eta la chit la, pou yo vin nan yon eta lajistis, pou Bondye rachte yo, pou yo kapab vin tounen pitit gason ak pitit fi Bondye” (Mozya 27:25).

Nan mitan tout mouvman sosyal, relijye,ak politik zele nan epòk nou yo, ke afilyasyon ki pi fèm ak pi pwononse nou se sa ki fè nou rete disip Jezikri a. “Paske kote trezò nou ye, se la kè nou ye tou.” (Matye 6:21). Annou pa bliye tou ke menm aprè yo te fin “fè volonte Senyè a” disip fidèl yo “[te] bezwen pasyans” (Ebre 10:36).

Menm jan eprèv lafwa yo pwodui pasyans andedan nou an, lè nou gen pasyans, lafwa nou ogmante. Lè lafwa nou ogmante, lajwa nou ogmante tou.

An mas dènye a, dezyèm piti fi nou, Emma, menmjan ak anpil lòt misyonè nan Legliz la, te nan konfinman obligatwa. Anpil misyonè te rantre lakay yo. Anpil lòt te tann pou yo reyasiyen yo. Anpil lòt pa t resevwa benediksyon tanp anvan yo t al nan chan misyon an. Mèsi, èldè yo ak sè yo. Nou renmen nou.

Emma ak konpay li yo nan Pays-Bas yo te epwouve anpil pandan premye semèn yo—plizyè fwa yo te konn anvi kriye. Avèk sèlman kèk ti okazyon brèf pou yo te rankontre ak moun an pèsòn epi avèk sòti yo ki te limite, konfyans Emma nan Bondye te ogmante. Nou te priye avèk li anliy epi nou te mande kòman nou te kapab ede l. Li te mande nou pou nou te konekte avèk zanmi li t ap anseye anliy yo!

Fanmi nou an te kòmanse konekte anliy, youn pa youn, avèk zanmi Emma yo nan Peyiba. Nou te envite yo pou yo te patisipe nan etid sou Vini, Suiv Mwen an nou fè anliy chak semèn ansanm avèk manm fanmi elwanye nou yo Floor, Laura, Renske, Freek, Benjamin, Stal ak Muhammad tout te vin zanmi nou. Kèk nan zanmi nou yo nan Pays-Bas a te rantre “nan pòt etwat la” (3 Nefi 14:13). Gen lòt ki wè “chemen kwense a, ak kòman pòt pou yo antre a etwat” (2 Nefi 31:9). Yo se frè ak sè nou an Kris. Chak semèn, nou “’konte sa kòm lajwa” pandan n ap travay ansanm pou pwogresyon nou sou chemen alyans la.

Nou “kite pasyans akonpli travay pafè li” (Jak 1:4) nan enkapasite nou pou nou reyini an pèsòn avèk fanmi nou nan pawas yo pou yon rezon. Men nou konsidere sa kòm lajwa total lè nou wè lafwa manm fanmi nou yo k ap ogmante gras ak nouvo koneksyon teknolojik ak etid Vini, Suiv Mwen an sou Liv Mòmon an.

Prezidan Russell M. Nelson pwomèt: “Efò konsistan nou nan antrepriz sa a—menm nan moman kote nou santi ke nou pa byen reyisi—ap chanje lavi nou, lavi fanmi nou, ak mond lan” (“Ale ak Lafwa,” Liahona, Me 2020, 114).

Kote pou nou fè alyans sakre avèk Bondye a—tanp la—fèmen tanporèman. Kote pou nou kenbe alyans nou fè avèk Bondye yo—lakay nou—ouvri! Nou gen opòtinite pou nou etidye lakay nou epi medite sou bote eksepsyonèl alyans tanp nou yo. Malgre nou pa rantre nan espas fizik sakre sa a, kè [nou] … pral rejwi anpil kòm konsekans benediksyon ki pral devèse” (Doktrin ak Alyans 110:9).

Anpil nan nou pèdi travay; gen lòt ki pèdi opòtinite. Men, nou ap rejwi, ansanm avèk Prezidan Nelson, ki te deklare pa twò lontan: “Ofrann jèn volontè manm nou yo ogmante, menm jan ak kontribisyon volontè nan fon imanitè nou yo. … Ansanm, n ap simonte tan difisil sa a. Senyè a ap beni nou pandan n ap kontinye beni lòt moun” (Mesaj sou paj Facebook Russell M. Nelson, ki te ekri 16 Out 2020, nan facebook.com/russell.m.nelson).

Kòmandman Senyè a pou nou se “Pran kouraj” e non pa pou nou pè (Matye 14:27).

Pafwa, nou vin enpasyan lè nou panse nou “fè tout bagay byen” epi nou toujou pa resevwa benediksyon nou dezire yo. Enòk te mache avèk Bondye pandan 365 ane anvan limenm ak pèp li a te anlve. Twasanswasantsenkan efò ap eseye fè tout bagay byen epi sa te rive! (Gade Doktrin ak Alyans 107:49.)

Frè m nan, Chad, te mouri jis kèk mwa apre nou te relve nan prezidans misyon Odgen nan, nan Utah. Se te yon mirak dèske pandan nou t ap viv nan Kalifòni di Sid, pami tout 417 misyon yo te kapab asiyen nou nan ane 2015 la, yo te asiyen nou nan Nò Utah. Kay misyon an te a 30 minit nan machin ak kay Chad. Yo te dyagnostike kansè Chad la aprè nou te resevwa apèl misyon nou an. Malgre nou te nan yon sikonstans difisil, nou te konnen Pè Selès la t ap veye sou nou e li t ap ede nou jwenn lajwa.

Mwen temwanye konsènan puisans redamtè, sanktifyan, enb ak jwaye Sovè, nou Jezikri. Mwen temwanye ke lè nou priye Pè Selès nou an nan non Jezi, l ap reponn nou. Mwen temwanye ke si nou tande, nou koute, epi nou suiv vwa Senyè a ak pwofèt vivan l lan, Prezidan Russell M. Nelson, n ap “Kite pasyans akonpli travay pafè li”, epi n ap “konte l kòm lajwa total.” Nan non Jezikri, amèn.