Konferans Jeneral
Mande, Chèche, epi Frape
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Mande, Chèche, epi Frape

Yon pati enpòtan nan plan Papa nou ki nan syèl la se opòtinite pou nou kominike avèk li nenpòt lè nou vle.

Sa gen 4 mwa, nan etid ekriti mwen, mwen t ap li misyon Alma nan Amoniya a kote m te tonbe sou sijesyon sa a nan Vini, Suiv Mwen: an: “Pandan n ap li konsènan gwo benediksyon Bondye te bay pèp Nefit la (gade nan Alma 9:19–23), medite sou gwo benediksyon Li ba nou yo.”1 Mwen te deside fè yon lis sou benediksyon Bondye te ban mwen epi kopye yo nan vèsyon dijital manyèl mwen an. Nan sèlman kèk minit, mwen te note 16 benediksyon.

Sa k te pi enpotan nan pami yo sete gwo benediksyon mizèrikod Sovè a ak sakrifis ekspyatwa l la pou mwen an. Mwen te ekri benediksyon m te genyen pou m te reprezante Sovè a tou kòm yon jèn misyonè nan Pòtigal epi, aprè, avèk konpay etènèl mwen, Patricia, nan Misyon Sid Porto Alegre nan Brezil la, kote nou te sèvi avèk 522 misyonè puisan e mèvèye. Apwopo Patricia, anpil nan benediksyon mwen te note jou sa a se benediksyon nou jwi ansanm atravè 40 tan maryaj nou—ki gen ladan yo sèlman nou nan Tanp São Paulo nan Brezil la, 3 pitit mèveye nou yo, konjwen yo, ak 13 pitit pitit.

Panse m te retounen sou paran jis mwen yo tou, ki te leve m nan prensip levanjil yo. Mwen te raple m, an patikilye, yon moman kote manman byenneme m nan te mete ajenou avèk mwen pou nou te priye bò kabann mwen lè m te 10 zan anviwon. Li dwe te santi ke si pou priyè m yo t al jwenn Papa m ki nan syèl la, yo te bezwen amelyore. Konsa li te di, “M ap priye anvan, epi aprè priyè pa m nan, w ap priye.” Li te kontinye metòd sa a pandan plizyè swa, jiskaske li te konfyan ke m te aprann pa prensip epi atravè pratik kijan pou m pale avèk Papa nou ki nan syèl la. M ap etènèlman rekonesan anvè li te montre m kijan pou m priye, paske , mwen te aprann ke Papa m ki nan syèl la tande priyè m yo epi l reponn yo.

Anfèt, sa sete yon lòt benediksyon mwen te mete nan lis mwen an—don pou m ka tande ak aprann volonte Senyè a. Yon pati enpòtan nan plan Papa nou ki nan syèl la se opòtinite pou nou kominike avèk li nenpòt lè nou vle.

Yon Envitasyon ki soti nan men Senyè a

Lè Senyè a te vizite Amerik yo aprè Rezirèksyon l lan, li te repete yon envitasyon li te bay disip li yo nan Galile a. Li te di:

Mande, epi n ap resevwa; chèche, e n ap jwenn; frape, e y ap louvri pou nou.

“Paske chak moun ki mande resevwa; e moun ki chèche y ap jwenn, epi moun ki frape y ap louvri pou yo.” (3 Nefi 14:7–8; gade tou nan Matye 7:7–8).

Pwofèt nou, Prezidan Russell M. Nelson, lanse yon envitasyon menmjan an nan epòk pa nou an. Li te di: “Priye nan non Jezikri pou sousi w yo, krent ou yo, feblès ou yo—wi, pou aspirasyon kè ou. Epi apresa koute! Ekri panse ki vin nan lespri ou. Ekri sa w santi epi fè sa w santi w pouse pou w fè yo. Pandan w ap repete pwosesis sa a jou aprè jou, mwa aprè mwa, ane aprè ane, w ap ‘pwogrese nan prensip revelasyon an.’”2

Prezidan Nelson te ajoute: “Nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv espirityèlman san gid, san direksyon, rekonfò, ak enfliyans konstan Sentespri a.”3

Poukisa revelasyon sitèlman esansyèl pou nou siviv espirityèlman? Paske mond lan ka gen konfizyon ak bri, ranpli ak mansonj ak distraksyon. Kominikasyon avèk Papa nou ki nan syèl la pèmèt nou chwazi ant sa ki laverite ak sa ki manti, sa k enpòtan pou plan Senyè a pou nou ak sa k pa enpòtan Mond lan ka yon kote difisil ak dechiran tou. Men si nou ouvri kè nou nan priyè, n ap santi rekonfò ki soti nan Papa nou ki nan syèl la ak asirans ke li renmen nou epi l ba nou valè.

Mande

Senyè te di ke “nenpòt moun ki mande ap resevwa.” Mande sanble l senp, epoutan li puisan paske li revele dezi nou ak lafwa nou. Sepandan, sa pran tan ak pasyans pou nou aprann konprann vwa Senyè a. Nou pote atansyon a panse ak santiman ki vini nan lespri nou ak nan kè nou, epi nou ekri yo, jan pwofèt nou an mande nou pou nou fè l la. Note enpresyon nou resevwa yo se yon pati enpòtan nan resevwa repons la. Sa ede nou sonje, revize, ak santi sa Senyè a ap ansenye nou ankò.

Dènyèman yon moun pwòch mwen te di m, “Mwen kwè revelasyon pèsonèl se verite.” Mwen kwè ke Sentespri a ap dim tout bagay mwen dwe fè.4 Li fasil pou m kwè lè m santi pwatrin mwen cho ak konviksyon ki san dout.5 Men, kijan m ka fè pou Sentespri a pale avè m nan nivo sa?”.

A moun sa a ki te poze m kesyon sa a, epi a nou tout, mwen ta vle di ke mwenmenm tou m ta renmen santi gwo enpresyon sa yo nan men Lespri a san rete epi toujou klèman wè wout pou m suiv la. Men se pa ka a. Sepandan, sa ke nou ka santi pi souvan se ti vwa dous Senyè a k ap chichote nan lespri nou ak nan kè nou, “Mwen la. Mwen renmen ou. Kontinye; fè pi byen w kapab.” M ap soutni ou.” Nou pa bezwen toujou konn tout bagay oubyen wè tout bagay.

Ti vwa dous larasiran, li ankourajan, epi rekonfòtan—epi anpil fwa se jis sa nou bezwen pou jounen an. Sentespri a reyèl epi enpresyon l yo reyèl—gwo yo ak piti yo.

Chèche

Senyè a te kontinye pou L pwomèt, “Moun ki chèche ap jwenn.” Chèche mande efò mantal ak espirityèl—medite, teste, eseye epi etidye. Nou chèche paske nou kwè nan pwomès Senyè a. “Sepoutèt sa moun ki vini jwenn Bondye dwe kwè li se Bondye, epi li se moun kap rekonpanse moun ki chachel ak dilijans.” (Ebre 11:6). Lè nou chèche, nou rekonèt avèk imilite ke nou gen anpil pou nou aprann toujou, epi Senyè a ap elaji konpreyansyon nou, prepare nou pou n resevwa plis. “Sepoutèt sa gade, Senyè a di: Mwen pral bay pitit lèzòm liy sou liy, presèp sou presèp, yon tikras isit yon tikras laba; … paske pou moun ki resevwa m ap ba li plis” (2 Nefi 28:30).

Frape

Pou fini Senyè a te di: “Moun ki frape, y ap louvri pou li.” Frape se aji avèk lafwa. Lòske nou suiv li nan fason aktif, Senyè a louvri chemen an devan nou. Gen yon bèl kantik ki ansenye pou nou “reveye epi fè yon bagay anplis pase reve sou chato [nou] anlè a. Fè sa k byen se yon plezi, yon jwa ki depase mezi, yon benediksyon devwa ak lanmou.”6 Èldè Gerrit W. Gong nan Kolèj Douz yo te eksplike dènyèman ke revelasyon vini souvan pandan nou ap an aksyon pou n fè sa ki byen. Li te di: ”Pandan n ap eseye lonje lamen nan sèvi moun ki bò kote nou, mwen panse ke Senyè a ba nou yon mezi siplemantè nan lanmou li pou yo epi konsa sa pou nou tou. Mwen panse nou tande vwa li, nou santi l nan yon fason diferan, pandan n ap priye pou ede moun ki bò kote nou yo paske sa se yonn nan priyè li vle reponn pi plis.”7

Egzanp Alma.

Sigjesyon senp sa a nan Vini, Suiv Mwen an pou m panse ak benediksyon m yo pote yon lespri dous avèk panse espirityèl enprevi. Pandan m t ap kontinye li sou Alma ak ministè l la nan Amoniya, mwen te dekouvri ke Alma te bay bon egzanp sou sa sa vle di pou nou mande, chèche, ak frape. Nou li ke, “Alma te travay anpil nan lespri, li te goumen avèk Bondye nan gwo priyè, pou Bondye te kapab vide Lespri l sou pèp la.” Sepandan, priyè sa a pa t jwenn repons nan fason li te espere a, epi yo te mete Alma deyò nan vil la. “Akable anba tristès,” Alma ta pral abandone, lòske yon zanj te vin ba l mesaj sa a: “Ou beni, Alma; sepoutèt sa, leve tèt ou epi rejwi, paske ou gen gwo rezon pou w rejwi.” Zanj lan lè sa a te di l pou l te retounen Amoniya epi eseye ankò, epi Alma “te retounen byen rapid.”8

Kisa nou aprann nan men Alma sou mande, chèche, ak frape? Nou aprann ke priyè mande yon efò espirityèl, epi li pa toujou abouti nan rezilta nou espere a. Men lè nou santi nou dekouraje oubyen akable anba tristès, Senyè a ba nou rekonfò ak fòs nan diferant fason. Li ka pa reponn tout kesyon nou yo ni rezoud tout pwoblèm nou yo byen vit; men, pito, li ankouraje nou pou nou kontinye eseye. Si apresa nou byen vit fè plan pa nou aan konfòm ak plan pa l la, L ap ouvri chemen an pou nou, jan L te fè pou Alma a.

Mwen temwanye ke sa a se dispansasyon plenitid levanjil la. Nou ka jwi benediksyon Ekspiyasyon Jezikri yo nan lavi nou. Nou gen ekriti yo ki disponib anpil pou nou. Nou dirije pa pwofèt ki ansenye nou volonte Senyè a pou tan difisil n ap viv la. Anplis de sa, nou gen aksè dirèk a pwòp revelasyon pa nou pou Senyè a ka rekonfòte nou ak gide nou pèsonèlman. Jan zanj lan te di Alma a, nou gen “gwo rezon pou nou rejwi”.9 Nan non Jezikri, Amèn.