Konferans Jeneral
Bondye Ap Fè Yon Bagay Inimajinab
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Bondye Ap Fè Yon Bagay Inimajinab

Bondye te prepare pitit Li yo ak Legliz Li a pou epòk sa a.

Yon tikras tan apre yo te fin rive nan Vale Salt Lake la, Sen Dènye Jou yo te kòmanse bati tanp sakre yo a. Yo te santi yo te finalman jwenn yon kote yo ta kapab adore Bondye nan lapè e san pèsekisyon.

Sepandan, lè fondasyon tanp lan te prèske fini, yon lame sòlda Etazini Damerik te apwoche pou yo te enstale yon nouvo gouvènè pa lafòs.

Kòm dirijan Legliz yo pa t konnen ki nivo ostilite lame a ta kapab montre, Brigham Young te bay Sen yo lòd pou yo te evakye epi pou yo te antere fondasyon tanp lan.

Mwen sèten kèk manm Legliz te siman mande tèt yo poukisa efò yo pou yo te bati wayòm Bondye a te toujou ap jwenn kontraryete konsa.

Finalman, danje a te pase, e yo te detere epi enspekte fondasyon tanp lan. Se lè sa a konstriktè pyonye yo te dekouvri ke anpil nan wòch sann orijinal yo te krake, sa ki te rann yo pa itilizab pou yon fondasyon.

Pa konsekan, Brigham te fè yo repare fondasyon tanp lan pou l te ka byen soutni mi an granit1 yo pou Tanp majestye Salt Lake la.2 Finalman, Sen yo te kapab chante kantik “Quels Fondements Fermes”3 nan epi konnen tanp sakre yo a te bati sou yon fondasyon solid ki t ap dire pandan plizyè jenerasyon.

Imaj
Fondasyon Tanp Salt Lake la

Istwa sa a kapab anseye nou kijan Bondye sèvi avèk advèsite pou L akonpli bi Li.

Yon Pandemi Mondyal

Si sa parèt familye akozde sikonstans kote nou twouve nou jodi a, se paske se sa l ye.

Mwen doute ke gen yon moun k ap tande vwa m oubyen k ap li pawòl mwen yo ki pa afekte pa pandemi mondyal sa a.

Sila nan pami nou ki ap kriye poutèt yo pèdi fanmi yo ak zanmi yo, nou ap kriye avèk ou. Nou sipliye Pè Selès la pou L rekonfòte w ak konsole ou.

Konsekans alontèm viris sa a ale odela sante fizik. Anpil fanmi pèdi revni yo e yo anba menas grangou, ensètitid, ak apreyansyon. Nou admire efò dezenterese si anpil moun ap fè pou yo anpeche pwopagasyon maladi a. Nou touche devan sakrifis diskrè ak efò nòb moun ki ap riske pwòp sekirite pa yo pou yo ede, geri, ak sipòte moun ki nan bezwen yo. Kè nou ranpli avèk gratitid pou bonte nou ak konpasyon nou.

Nou priye avèk puisans pou Bondye ka ouvri fenèt syèl yo epi ranpli lavi nou avèk benediksyon etènèl.

Nou Se Semans

Gen anpil bagay moun toujou pa konnen konsènan viris sa a. Men, si gen yon bagay mwen konnen, sèke, viris sa a pa t pran Pè Selès la pa sipriz. Li pa t oblije mobilize batayon zanj anplis, ni konvoke reyinyon dijans, oubyen reyafekte resous nan depatman kreyasyon mond lan pou L te ka jere yon bezwen inatandi.

Mesaj mwen jodi a sèke menm si pandemi sa a se pa sa nou te vle ni sa nou te atann, Bondye te prepare pitit Li yo pou moman sa a.

Nou ap andire sa, wi. Men nou ap fè plis ke senpleman sere dan nou, n ap kenbe, epi n ap tann pou bagay yo retounen nan ansyen nòmal la. Nou ap avanse, e kòm rezilta n ap vin pi bon.

Nan yon sans, nou se semans. E pou semans yo atenn potansyèl yo, yo dwe antere anvan yo kapab jème. Temwayaj mwen sèke menm lè pafwa nou kapab santi nou antere anba eprèv lavi yo oubyen antoure pa tenèb emosyonèl, lanmou Bondye ak benediksyon levanjil retabli Jezikri yo ap pote yon bagay inimajinab ki pral jayi soti ladan yo.

Benediksyon Soti nan Difikilte

Chak dispansason afwonte moman eprèv ak difikilte pa l.

Enòk ak pèp li a te viv nan yon epòk mechanste, lagè, ak vèse san. “Men Senyè a te vini e li te abite avèk pèp li a.” Li te gen yon bagay inimajinab nan lespri L pou yo. Li te ede yo etabli Siyon—yon pèp “yon sèl kè ak yon sèl espri” ki “te viv nan lajistis.”4

Yo te jete jèn Jozèf, pitit gason Jakòb la, nan yon twou, yo te vann ni kòm esklav, yo te trayi l epi yo te abandone l.5 Jozèf dwe t ap mande si Bondye te bliye li. Bondye te gen yon bagay imajinab nan lespri L pou Jozèf. Li te sèvi avèk peryòd sa a pou l te fòtifye karaktè Jozèf epi mete l nan yon pozisyon pou l te ka sove fanmi li.6

Imaj
Joseph Smith nan Prizon Libète a

Panse a Joseph Smith, Pwofèt la, lè l te anprizone nan Prizon Liberty a, jan l te sipliye pou l te jwenn sekou pou soufrans Sen yo. Li dwe t ap mande l kijan Siyon t ap kapab etabli nan sikonstans sa yo. Men Senyè a te pote pawòl lapè pou li, epi revelasyon gloriye ki te suiv la te pote lapè pou Sen yo—e li kontinye ap pote lapè pou oumenm avèk mwen.7

Konbyen fwa nan premye ane yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo Sen yo te dezespere epi yo t ap mande si Bondye te abandone yo? Men atravè pèsekisyon yo, danje yo, ak menas ekstèminasyon yo, Senyè Bondye Izrayèl la te gen yon lòt bagay nan lespri L pou ti twoupo L la. Yon bagay inimajinab.

Kisa nou aprann nan egzanp sa yo—ak santèn lòt nan ekriti yo?

Premyèman: Jis yo pa resevwa yon lesepase ki pèmèt yo evite vale lonbraj la. Nou tout dwe pase pa moman difisil, paske se nan moman advèsite sa yo ke nou aprann prensip ki ap fòtifye karaktè nou e ki ap fè nou vin pi pre Bondye.

Dezyèmman: Pè Selès nou an konnen n ap soufri, e paske nou se pitit Li, Li p ap abandone nou.8

Panse a moun ki gen konpasyon an, Sovè a, ki te pase anpil tan nan lavi L ap okipe L de moun ki te malad, moun ki te poukont yo, moun ki te gen dout yo ak sa ki te nan dezespwa yo.9 Èske w panse Li mwens sousye pou ou jodi a?

Chè zanmi m yo, frè ak sè byenneme mwen, Bondye ap veye sou nou epi epi tankou yon bèje, L ap gide nou pandan moman ensètitid ak krent sa yo. Li konnen nou. Li tande siplikasyon nou yo. Li fidèl epi L fyab. Li ap respekte pwomès Li yo yo.

Bondye gen yon bagay inimajinab nan lespri L pou ou pèsonèlman ak pou Legliz la kolektivman—yon travay mèveye ak yon pwodij.

Senyè, mèsi pou yon pwofèt

Pi bèl jou nou yo devan nou, yo pa dèyè nou. Se poutèt sa Bondye ba nou revelasyon modèn! San sa, lavi a t ap sanble avèk yon avyon ki ap vole anwon, an atandan pou bwouya a disparèt pou l ka ateri an sekirite. Bi Senyè a pou nou pi enpòtan pase sa. Paske sa a se Legliz Kris vivan an, e paske Li ap dirije pwofèt Li yo, nou ap avanse devan epi n ap monte pi wo pou nou rive kote nou pa t janm rive anvan, nan wotè ki difisil pou nou imajine!

Men, sa pa vledi nou p ap fè eksperyans tibilans nan vòl nou an atravè mòtalite a. Sa pa vle di p ap gen pàn enstriman, malfonksyon mekanik, ak pwoblèm tanperati grav ke nou pa t atann. Anfèt, bagay yo gen dwa vin pi mal anvan yo vin pi bon.

Antanke yon pilòt konbatan e yon kapitèn liy ayeryèn, mwen te aprann ke, pandan m pa t kapab chwazi advèsite m ta pral ranknontre pandan yon vòl la, m te kapab chwazi kijan m t ap prepare m ak kijan m t ap reyaji. Sa nou bezwen nan tan kriz yo se kè poze ak konfyans klè.

Kijan nou ka fè sa?

Nou afwonte fè yo epi nou retounen nan fondamantal yo, nan prensip debaz levanjil yo, nan sa ki pi enpòtan yo. Ou fòtifye konpòtman relijye pèsonèl ou—tankou lapriyè ak etid ekriti ak respekte kòmandman Bondye yo. Ou pran desizyon ki baze sou pi bon pratik ki deja fè prèv yo.

Konsantre w sou sa w ka fè, e pa sou sa w pa kapab fè.

Ou rasanble lafwa ou. Epi ou koute pawòl Senyè a ak pwofèt Li a pou kondui w nan sekirite.

Sonje, sa a se Legliz Jezikri—Se Li ki alatèt li.

Panse a bann chanjman enspire sa yo ki te fèt nan dènye deseni an poukont li. Pou mansyone sèlman kèk ladan yo:

  • Yo te remete aksan sou sentsèn kòm sant adorasyon Saba nou.

  • Nou te ba nou pwogram Vini, Suiv Mwen an kòm yon zouti ki santre sou fwaye a, ki sipòte pa Legliz la pou fòtifye manm yo endividyèlman e antanke fanmi.

  • Nou te kòmanse yon fòm sèvis pastoral ki pi elve ak pi sen pou tout moun.

  • Itilizasyon teknoloji pou pataje levanjil la ak fè travay Senyè a pwopaje nan tout Legliz la.

Menm sesyon konferans jeneral sa yo pa t ap posib san zouti mèveye teknoloji yo.

Frè m ak sè m yo, avèk Kris la alatèt, bagay yo pral non sèlman mache byen, men yo pral inimajinab tou.

Travay Rasanble Izrayèl la Ap Avanse

Toudabò, sa ka sanble ke yon pandemi mondyal t ap reprezante yon obstak pou travay Senyè a. Pa egzanp, metòd tradisyonèl pou pataje levanjil yo pa t posib. Sepandan, pandemi an revele nou dè fason ki nouvo e ki pi kreyatif pou nou lonje lamen bay moun ki onèt nan kè yo. Travay rasanbleman Izrayèl la ap ogmante nan puisans ak antouzyas. Plizyè santèn ak plizyè milye istwa ateste sa.

Yon bon zanmi ki ap viv nan bèl peyi ki rele Nòvèj la te ekri Harriet avèk mwen konsènan yon ogmantasyon resan nan batèm yo. Li te ekri, “Nan zòn kote Legliz la piti yo,” “ramo yo ap vin tounen branch, epi branch yo ap vin tounen pawas!”

Nan Lettonie, yon fi ki te dekouvri Legliz la nan klike sou yon reklam sou entènèt te sitèlman chofe pou l te aprann levanjil Jezikri a ke l te prezante pou randevou l la inèdtan alavans, epi anvan misyonè yo te fini premye leson an li te mande yon dat pou l te batize.

Nan Ewòp de Lès, yon fi ki te resevwa yon apèl de misyonè yo te eksklame: “Sè yo, poukisa nou pa t rele m pi bonè? Mwen t ap tann nou!”

Anpil nan misyonè nou yo pi okipe pase jamè. Anpil moun ap anseye plis moun pase jamè. Gen yon koneksyon ki pi sere ant manm yo ak misyonè yo.

Petèt ke nan lepase, nou te sitèlman atache a apwòch tradisyonèl yo ke sa te mande yon pandemi pou je nou te ka louvri. Petèt nou te toujou ap konstwi avèk wòch sann alòske granit te deja disponib. Pa nesesite, kounyeya nou oblije ap aprann kijan pou nou itilize yon kantite metòd, enkli teknoloji, pou envite moun—nan fason nòmal ak natirèl—pou yo vin wè, pou yo vin ede, epi pou yo vini ak fè pati.

Travay Li, Fason Li

Travay sa a se travay Senyè a. Li envite nou pou nou jwenn fason pou nou fè li, e fason yo gen dwa diferan de eksperyans pase nou yo.

Sa te rive Simon Pyè ak lòt disip yo ki t al peche nan lanmè Tiberyad la.

“Nuit sa a yo pa t pran anyen.

“Men lè li te jou … , Jezi te kanpe sou rivaj la. …

“E li te di yo, lage filè a sou [lòt] bò bato a, w ap jwenn.”

Yo te lage filè yo sou lòt bò a e “yo pa t kapab rale l akoz gwo kantite pwason yo.”10

Bondye te revele e L ap kontinye revele men puisan Li. Jou a pral rive kote nou pral gade dèyè epi nou pral wè ke, pandan tan advèsite sa a, Bondye te ede nou jwenn meyè fason—fason pa Li—pou nou bati wayòm Li an sou yon fondasyon fèm.

Mwen rann temwayaj ke sa a se travay Bondye e Li ap kontinye fè anpil bagay inimajinab pami pitit Li yo, pami pèp Li a. Bondye kenbe nou nan pla men byenveyan ak konpatisan Li.

Mwen temwaye ke Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt epòk nou an.

Antanke yon Apot Senyè a, mwen envite nou epi m beni nou “pou nou fè tout sa ki nan pouvwa [nou] avèk kè kontan; epi apre sa [nou] kapab kanpe trankil, avèk asirans ki pi solid la, pou nou wè sali Bondye, epi pou ponyèt li kapab aji.”11 E mwen pwomèt ke Senyè a ap fè bagay inimajinab rive kòm rezilta travay jis nou yo. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Quartz monzonite ki te sanble avèk granite ki soti nan yon karyè nan bouch Little Cottonwood Canyon, 20 miles (32.19 km) nan sidès vil la.

  2. Pou yon rega pi pwofon sou peryòd istwa sa a, gade nan Les saints: Histoire de l’Église de Jésus-Christ dans les derniers jours, vol. 2, Aucune Main Impie, 1846–1893 2020), chapit 17, 19, ak 21.

  3. Gade “Quels fondements fermes,” Cantiques, no. 42.

    Vèsè gwo kantik sa a kapab sèvi kòm tèm pou epòk nou an ak lè nou ap koute pawòl yo avèk zòrèy nouvo, li ba nou ide pou pwoblèm n ap konfwonte yo.

    Pendant l abondance ou dans la pauvreté,

    Aux jours de souffrance ou bien dans la santé.

    Sur terre ou sur mer, au foyer, au désert—

    As-tu besoin d aide … mon bras t est offert.

    Je suis ton Sauveur, ton suprême secours,

    Je suis avec toi pour te guider toujours.

    Devant l adversaire je te rendrai fort,

    Je veux dans l épreuve … bénir ton effort.

    Quand tu passeras par la crainte et les maux,

    Tu ne seras pas vaincu par leurs fardeaux,

    Car pour te bénir près de toi je serai,

    Et dans ta détressee … je te soutiendrai.

    Quand tu passeras par la crainte et les maux,

    Tu ne seras pas vaincu par leurs fardeaux.

    Car pour te bénir, près de toi je serai

    Et dans ta détresse, et dans ta détresse.

    Moun ki apiye sou Jezi pou repo a

    M pa pral, m pa kapab, janm lage l bay enmi l yo;

    Menmsi tout lanfè ta dechennen pou sekwe li, moun sa a,

    Jamè, non jamè … m pap jamè bliye li!

  4. Gade Moyiz 7:13–18.

  5. Jozèf te gen petèt 17 tan lè frè l yo te vann ni kòm esklav (gade Jenèz 37:2). Li te gen 30 tan lè l te antre nan sèvis Farawon an (gade nan Jenèz 41:46). Èske w ka imajine kijan sa te difisil pou yon jenòm ki te nan mitan jenès li ke yo te trayi, ke yo te vann kòm esklav, ke yo te akize fosman e ke yo te mete nan prizon? Sètènman, Jozèf se yon modèl non sèlman pou jèn yo nan Legliz la men pou chak gason, chak fi ak chak timoun ki vle pran kwa a epi suiv Sovè a tou.

  6. Gade Jenèz 45:4–11; 50:20–21. Nan Sòm 105:17–18, nou li, “Li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la: Yo te mete pye l nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li.” Nan yon lòt tradiksyon, vèsè 18 la di, “Yo te aflije l avèk fè nan pye, fè te antre nan nanm ni” (Young’s Literal Translation). Pou mwen sa vledi ke difikilte Jozèf yo te ba li yon nanm ki te solid ak rezistan tankou fè—yon kalite li t ap bezwen pou gran avni inimajinab Senyè a te genyen an rezèv pou li a.

  7. Gade Doktrin ak Alyans 121–23.

  8. Si Bondye kòmande pitit Li yo pou yo konsyan de sa epi pou yo gen konpasyon pou moun ki grangou yo, sa ki nan nesesite yo, sa ki pa gen rad yo, sa ki malad yo, ak sa ki aflije yo, sètènman Li konsyan de pwoblèm nou epi Li gen mizerikòd pou noumenm, pitit Li yo (gade Mòmon 8:39).

  9. Gade Lik 7:11–17.

  10. Gade Jan 21:1–6.

  11. Doktrin ak Alyans 123:17.