Konferans Jeneral
Sosyete Ki Dirab yo
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Sosyete Ki Dirab yo

Si noumenm, fanmi nou, ak ase moun nan pami vwazen nou yo fè efò pou gide lavi nou pa “verite Bondye” a, vèti moral ki nesesè nan chak sosyete yo ap abonde.

Ala yon bèl koral ki t ap chante sou Sovè a la a.

An 2015, Nasyonzini te adopte sa k te rele “Ajanda 2030 pou Devlopman Dirab la.” Yo te dekri l kòm “yon plan daksyon komen pou lapè ak pwosperite popilasyon yo ak planèt la, kounyea ak nan lefiti.” Ajanda pou Devlopman Dirab la gen ladan l 17 bi pou yo atenn anvan ane 2030 la, tankou okenn povrete, okenn grangou, pi bon edikasyon, egalite sèks, aksè a dlo pwòp ak sanitasyon, ak anplwa rezonab. 1

Konsèp devlopman dirab la se yon nosyon ki enteresan ak enpòtan. Sepandan, sa k pi ijan toujou se pi gwo kesyon sou sosyete ki dirab yo. Ki prensip fondamantal ki mentni yon sosyete k ap fleri, yon sosyete ki ankouraje bonè, pwogrè, lapè, ak byennèt pou manm li? Ekriti yo gen istwa sou omwen de nan sivilizasyon pwospè sa yo. Kisa nou ka aprann nan men yo?

Nan tan ansyen an, gran patriyach ak pwofèt Enòk te preche lajistis epi “li te bati yon vil ki te rele Vil Sentete, sa vle di Siyon.” 2 Epi yo di nou “Senyè a te rele pèp li a Siyon, paske yo te gen yon sèl kè ak yon sèl panse, epi yo te viv nan lajistis; epi pa t gen pòv pami yo.” 3

“Epi Senyè a te beni tè a, epi yo te beni sou mòn yo ak sou plas ki wo yo, epi yo te gen abondans.” 4

Moun ki te viv nan premye ak dezyèm syèk yo nan Emisfè Oksidantal la, ke nou rele Nefit ak Lamanit, se yon lòt egzanp remakab sou sosyete ki t ap fleri. Apre ministè remakab Sovè resisite a pami yo, “yo te mache dapre kòmandman yo te resevwa nan men Senyè Bondye yo a, yo te kontinye jene, priye, e reyini ansanm souvan pou yo priye e pou yo koute pawòl Senyè a. …

“Epi pa t gen anvi, ni mètdam, ni lobo, ni idolatri seksyèl, ni manti, ni asasina, ni okenn kalite anvi sal; e reyèlman pa t ap kapab gen yon pèp ki pi kontan nan pami tout pèp men Bondye te kreye.” 5

Sosyete sa yo nan de egzanp sa yo te mentni pa benediksyon ki te soti nan syèl la ki sete rezilta devouman egzanplè yo anvè de gran kòmandman sa yo: “Se pou w renmen Senyè a, Bondye ou, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout pouvwa ou,” epi “Se pou w renmen pwochen ou menmjan w renmen tèt ou.” 6 Yo te obeyi Bondye nan lavi pèsonèl yo, epi yo te sousye pou byennèt fizik ak espirityèl youn lòt. Selon pawòl Doktrin ak Alyans yo, yo sete sosyete kote “chak moun te chèche enterè pwochen yo, epi yo te fè tout bagay avèk je yo fikse sou laglwa Bondye.” 7

Malerezman, jan Èldè Quentin L. Cook te note maten an, sosyete ideyal sa a yo dekri nan 4 Nefi nan Liv Mòmon an pa t dire odela dezyèm syèk li. Dirabilite se pa yon bagay ki garanti, epi yon sosyete pwospè kapab echwe avèk letan si l abandone vèti prensipal ki asire lapè ak pwosperite yo. Nan ka sa a, paske yo te sede anba tantasyon dyab la, pèp la “te kòmanse divize fè klas; e yo te kòmanse bati legliz pou tèt pa yo pou enterè, e yo te kòmanse nye vrè legliz Kris la.” 8

“Epi, se te konsa, lè twasan ane te pase, ni pèp Nefi a, ni Lamanit yo te vin mechan anpil, youn menm jan avèk lòt.” 9

Rive nan fen katriyèm syèk la, dè milyon moun te mouri nan lagè youn ak lòt epi nasyon yo a ki te gen amoni yon fwa a te vin redui an plizyè tribi ki t ap fè lagè antreyo.

Lè m ap reflechi sou sa ak sou lòt egzanp sosyete ki te fleri yon fwa epi ki te efondre nan apre, m panse ke l pi pridan pou n di lè moun vire do bay Bondye epi yo pèdi sans responsablite yo epi yo kòmanse mete konfyans yo nan “bra lachè,” dezas rive. Mete konfyans nan bra lachè se bay pi gwo priyorite nou a richès, pouvwa, ak lwanj mond lan (pandan ke souvan n ap moke ak pèsekite moun ki ap suiv yon wout diferan). Pandan tan sa a, yon majorite moun nan sosyete dirab yo ap chèche, jan Wa Benjamen te di a, pou yo “grandi nan konesans laglwa moun ki te kreye [yo] a, oubyen nan konesans sa ki jis ak vrè.” 10

Enstitisyon tankou fanmi ak relijyon te jwe yon wòl kapital nan enplante andedan moun yo ak kominote yo vèti ki kenbe yon sosyete dirab yo. Byen anrasinen nan prensip levanjil yo, vèti sa yo enkli entegrite, entandans ak responsablite, konpasyon, maryaj ak fidelite nan maryaj, respè pou lòt moun ak pou byen lòt moun, ak nesesite ak diyite travay, pami lòt bagay.

Redaktè endepandan, Gerad Baker, te ekri yon atik nan kòmansman ane sa a nan Wall Street Journal kote l te onore papa l, Frederick Baker, nan okazyon 100 tyèm anivèsè li. Baker te pale de rezon ki fè papa l viv lontan konsa men apresa li te ajoute panse sa yo:

“Byenke nou tout ta swete konn sekrè yon lavi ki long, m souvan santi ke l ta pi bon pou n ta konsakre plis tan pou n konprann kisa k fè yon bon lavi, kèlkeswa tan ki fikse pou nou an. Nan sa, mwen konvenki ke m konn sekrè papa m nan.

“Li te viv nan yon epòk kote lavi te prensipalman defini pa devwa, non pa selon dwa pèsonèl; pa responsablite sosyal, non pa selon privilèj pèsonèl. Prensip fondamantal ki te egziste atravèk syèk li te viv la sete yon santiman obligasyon—anvè fanmi, anvè Bondye, anvè peyi a.

“Nan yon epòk ki te domine pa debri fanmi ki te kraze, papa m sete yon mari devwe pou madanm ni pandan 46 zan, yon papa devwe pou sis pitit li yo. Li te pi prezan ak pi angaje pase jamè lè paran m te soufri anba trajedi enpansab ki sete lanmò yon pitit. …

“Epi, nan yon epòk kote relijyon ap vin plis anplis yon kiryozite, papa m te viv antanke yon vrè katolik fidèl, avèk yon kwayans inebranlab nan pwomès Kris yo. Anfèt, m panse pafwa ke l viv si lontan konsa paske l pi byen prepare pou l mouri pase tout lòt moun mwen janm rankontre.

“M se yon moun privilejye—ki jwenn benediksyon yon bon edikasyon, ak pwòp fanmi mèveye pa m, ak kèk siksè nan mond lan ke m pa t merite. Men, osi fyè ak rekonsan m ka santi m pou bagay sa yo, sa pa anyen devan fyète ak gratitid mwen genyen pou mesye sa a ki, san bri ni tapaj, san espwa rekonpans ni menm rekonesans, kontinye—sa fè yon syèk kounyea—ap ranpli senp devwa, obligasyon, e finalman lajwa nan viv yon lavi ki gen vèti.” 11

Enpòtans moun akòde a relijyon ak lafwa relijye a diminye nan anpil nasyon nan dènye ane sa yo. Gen yon plis kantite moun ki konsidere ke kwayans nan Bondye ak lwayote anvè Bondye pa nesesè pou ladwati moral moun oswa sosyete yo nan mond jodia. 12 M panse ke nou tout t ap dakò ke moun ki deklare yo pa gen okenn kwayans relijye yo kapab, e yo souvan, se bon moun ki gen moral. Men, nou pa t ap dakò si yo di sa rive san enfliyans divin. M ap pale de Limyè Kris la. Sovè a te deklare: “M se vrè limyè a ki klere chak moun ki vini nan mond lan.” 13 Keseswa l konsyan de sa ou pa, chak gason, chak fi, ak chak timoun nan tout kwayans, orijin ak epòk ranpli ak Limyè Kris la epi konsa, posede sans sa ki byen ak sa ki mal ke nou souvan rele konsyans lan. 14

Sepandan, lè bagay pwofàn separe vèti sivik de sans responsablite anvè Bondye, sa koupe plant lan depi nan rasin ni. Konte sou kilti ak tradisyon sèlman p ap ase pou prezève lavèti nan sosyete a. Lè yon moun pa gen bondye ki pi wo pase limenm epi l pa chèche fè okenn byen pase satisfè pwòp apeti ak preferans pa li, efè yo ap vin manifeste lè tan an rive.

Pa egzanp, yon sosyete kote konsantman endividyèl se sèl restriksyon nan zafè aktivite seksyèl se yon sosyete ki an deklen. Adiltè, pwomiskuite, fè timoun san nou pa marye, 15 ak avòtman sou demand se kèk nan pami fwi anmè ki soti nan imoralite revolisyon seksyèl la otorize a. Konsekans sa pote, e ki travay kont dirabilite yon sosyete ki ansante yo enkli pi plis kantite timoun k ap elve nan pòvrete e san enfliyans pozitif papa yo, pafwa atravè plizyè jenerasyon; fi k ap pote sa k ta dwe responsablite ki pataje yo poukont yo, ak yon edikasyon enpafè paske lekòl yo, ansanm ak lòt enstitisyon, resevwa tach pou yo korije echèk nan fwaye a. 16 Ajoute sou patoloji sosyal sa yo, ou gen egzanp enkalkilab sou soufrans ak dezespwa endividyèl—mantal ak emosyonèl yo enflije koupab ak inosan.

Nefi pwoklame:

“Wi, malè moun ki koute pawòl lèzòm, e ki nye pouvwa Bondye, ak don Sentespri a!

“Epi, alafen, malè pou tout moun ki tranble, e ki fache poutèt verite Bondye a” 16

Yon lòbò, mesaj jwaye nou genyen pou pitit nou yo ak pou tout limanite sèke “verite Bondye a” montre nou yon pi bon fason, oubyen jan Pòl te di: “yon mwayen pi ekselan,” 17 ki mennen nan bonè pèsonèl ak byennèt kolektif ak nan lapè ak lajwa etènèl kounyea e pou tout tan.

Pawòl oubyen verite Bondye a fè referans a verite fondamantal yo ki alabaz plan bonè L la pou pitit Li yo. Verite sa yo di nou ke Bondye vivan; Li se Pè Selès espri nou; kòm prèv lanmou Li, Li ba nou kòmandman ki mennen nan yon plenitid lajwa avèk Li; Jezikri se Pitit Gason Bondye ak Redanmtè nou; Li te soufri ak mouri pou ekspye peche nou a kondisyon pou nou repanti; Li te leve soti anba lanmò, pou l te reyalize Rezirèksyon tout limanite; epi nou tout pral gen pou n kanpe devan L pou nou jije, ki vledi, pou nou rann kont pou lavi nou. 18

Nevan apre kòmansman sa yo te rele “rèy jij yo,” pwofèt Alma te demisyone nan pozisyon l kòm jij anchèf la pou l te konsakre tout tan l nan apèl li kòm dirijan nan Legliz la. Objektif li sete pou l te adrese lògèy, pèsekisyon, ak konvwatiz ki t ap grandi pami pèp la e patikilyèman pami manm yo nan Legliz la. 19 Jan Èldè Stephen D. Nadauld te di yon fwa: “Desizyon enspire [Alma] a se pa t pou l te pase plis tan ap eseye etabli ak aplike plis règ pou korije konpòtman pèp li a, men sete pou l te deklare yo pawòl Bondye a, pou anseye doktrin nan epi fè konpreyansyon yo sou plan redanmsyon an mennen yo nan chanje konpòtman yo.” 20

Gen anpil bagay nou ka fè kòm pwochen ak konsitwayen pou n kontribye nan dirabilite ak siksè sosyete kote n ap viv yo, e asireman, sèvis ki pi fondamantal ak pi dirab la se pral anseye ak viv selon verite yo ki nan gwo plan redanmsyon Bondye a. Jan pawòl kantik sa a di a:

Animés de la foi de nos pères, nou aimerons (Pa lafwa zansèt nou yo, n ap renmen)

L’ami comme l’ennemi dans tous nos conflits (zanmi tankou enmi nan tout konfli nou yo),

Et avec amour nous l’instruirons (Epi avèk amou n ap enstwi yo),

Par des paroles aimables et une vie vertueuse (Avèk pawòl emab ak lavi plen vèti). 21

Si noumenm, fanmi nou, ak ase moun nan pami pwochen nou yo pran desizyon nou epi gide lavi nou pa “verite Bondye” a, vèti moral ki nesesè nan chak sosyete yo ap abonde.

Pa amou, Li te bay Sèl Pitit Gason Literal Li a pou nou ka gen lavi etènèl. 22

“[Jezikri] pa fè anyen si se pa pou benefis mond lan; paske li renmen mond lan tèlman, li bay lavi pa l pou l kapab ramne tout moun sou li. Se poutèt sa, li pa kòmande pèsonn pou yo pa pran pa nan sali pa li a.

“Gade èske li louvri bouch pou l di okenn moun: Retire kò ou bò kote m? M di nou, Non; men li di: Vin jwenn mwen, noumenm tout ekstremite tè a, achte lèt ak myèl, san lajan e san pri.” 23

Se sa nou deklare “solanèlman nan kè nou, nan espri imilite,” 24 epi nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade “The 17 Goals,” United Nations Department of Economic and Social Affairs website, sdgs.un.org/goals.

  2. Moyiz 7:19.

  3. Moyiz 7:18.

  4. Moyiz 7:17.

  5. 4 Nefi 1:12, 16.

  6. Matye 22:37–39.

  7. Doktrin ak Alyans 82:19.

  8. 1 Nefi 1:26.

  9. 4 Nefi 1:45.

  10. Mozya 4:12.

  11. Gerard Baker, “A Man for All Seasons at 100,” The Wall Street Journal, Fev. 21, 2020,

  12. Gade Ronald F. Inglehart, “Giving Up on God: The Global Decline of Religion,” Foreign Affairs, Sept./Okt. 2020, foreignaffairs.com; see also Christine Tamir, Aidan Connaughton, and Ariana Monique Salazar, “The Global God Divide,” Pew Research Center, July 20, 2020, especially infographic “Majorities in Emerging Economies Connect Belief in God and Morality,” pewresearch.org.

  13. Doktrin ak Alyans 93:2; gade tou Mowoni 7:16, 19.

  14. Gade Boyd K. Packer, “Limyè Kris la,” Liahona, Avr. 2005, 10; gade tou D. Todd Christofferson, “Truth Endures,” Religious Educator, vol. 19, no. 3 (2018), 6.

  15. Nan egzanp sa a, m ap pale de konsekans potansyèl ki genyen pou timoun yo kòm “fwi anmè”, m p ap pale de timoun yo yomenm. Chak pitit Bondye presye, epi chak vi gen valè san pri kèlkeswa sikonstans nesans yo.

  16. Gade, pa egzanp, Pew Research Center, “The Changing Profile of Unmarried Parents,” Avr. 25, 2018, pewsocialtrends.org; Mindy E. Scott and others, “5 Ways Fathers Matter,” June 15, 2016, childtrends.org; ak Robert Crosnoe and Elizabeth Wildsmith, “Nonmarital Fertility, Family Structure, and the Early School Achievement of Young Children from Different Race/Ethnic and Immigration Groups,” Applied Developmental Science, vol. 15, no. 3 (Jiyè–Sept. 2011), 156–70.

  17. 2 Nefi 25:23, 26

  18. 1 Korentyen 12:31

  19. Gade Alma 33:22

  20. Gade Alma 4:6–19

  21. Stephen D. Nadauld, Principles of Priesthood Leadership (1999), 13; gade tou Alma 31:5.

  22. “Faith of Our Fathers,” Hymns, no. 84.

  23. Gade Jan 3:16

  24. 2 Nephi 26:24–25gade tou 2 Nephi 26:33

  25. Doktrin ak Alyans 100:7