Konferans Jeneral
Mwen kwè nan zanj
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Mwen kwè nan zanj

Senyè a konnen pwoblèm w ap fè fas yo. Li konnen ou; Li renmen ou; e m pwomèt ou L ap voye zanj ede w.

Frè m ak sè m yo, mwen kwè nan zanj, e mwen ta renmen pataje eksperyans mwen fè avèk yo. Pan m ap fè sa, mwen espere epi priye pou nou ka rekonèt enpòtans zanj yo nan lavi nou.

Men pawòl Èldè Jeffrey R. Holland te di nan yon ansyen konferans: “Lè nou pale de moun ki se entriman nan men Bondye, sa raple nou ke tout zanj yo pa nan lòtbò vwal la. Kèk ladan yo, nou mache avèk yo epi nou pale avèk yo—isit la, kounyea, chak jou. Kèk ladan yo rete nan menm katye avèk nou. … Anfèt, syèl la pa janm sanble l pi pre pase lè nou wè lanmou Bondye manifeste nan bonte ak devouman moun ki sitèlman bon ak sitèlman pi ke se mo at anjelik la sèlman ki vin nan lespri nou” (“Ministè Zanj,” Liahona, Nov. 2008, 30).

Se konsènan zanj ki nan bò vwal sa a mwen vle pale. Zanj k ap mache pami nou chak jou nan lavi nou yo se gwo rapèl sou lanmou Bondye pou nou.

Premye zanj m ap mansyone yo se de sè misyonè ki te anseye m levanjil la lè m te yon jèn gason, Sè Vilma Molina ak Sè Ivonete Rivitti. Yo te envite ti sè m nan avèk mwen nan yon aktivite Legliz la kote nou te rankontre ak de zanj. M pa t janm imajine kijan aktivite senp sa a ta pral chanje lavi m.

Paran mwen ak frè m ak sè m yo pa t enterese pou aprann plis konsènan Legliz la nan moman sa a. Yo pa t menm gen dezi pou misyonè yo te vin lakay nou, kidonk m te fè leson misyonè yo nan batiman Legliz la. Ti chanm nan nan chapèl sa a te tounen “boskè sakre” mwen.

Imaj
Jèn Èldè Godoy avèk sè l la

Yon mwa apre zanj sa yo te prezante m levanjil la, mwen te batize. Mwen te gen 16 zan. Malerezman, mwen pa gen yon foto evennman sakre sa a, men mwen gen yon foto sè m nan avèk mwen lè nou te patisipe nan aktivite sa a. Mwen petèt oblije presize kimoun ki kiyès nan foto sa a. Mwen se sa ki pi wo devan an.

Jan nou ka imajine, rete aktif nan Legliz la sete yon gwo defi pou yon adolesan ki te gen yon estil de vi ki te fèk chanje ak yon fanmi ki pa t pran menm direksyon an.

Pandan m t ap eseye ajiste a nouvo lavi m nan, ak yon nouvo kilti, ak nouvo zanmi, mwen te santi m pa t nan plas mwen. Anpil fwa, mwen te konn santi m poukont mwen ak dekouraje. Mwen te konnen Legliz la te vrè, men li te difisil pou m te santi mwen ladan l. Alòske m te santi m enkonfòtab ak ensèten pandan m t ap eseye entegre m nan nouvo relijyon m nan, mwen te jwenn kouraj pou m te patisipe nan yon konferans twa jou pou jèn yo, ke m te panse ki t ap ede m fè nouvo zanmi. Se lè sa a mwen te rankontre yon lòt zanj sovè ki rele Mônica Brandão.

Imaj
Sè Godoy

Li te nouvo nan zòn nan, fèk demenaje soti nan yon lòt pati nan Brezil. Byen vit li te atire atansyon m, e chans pou mwen, li te aksepte m kòm zanmi. M panse li te gade m plis sou sa ki anndan ke sa ki deyò.

Paske li te vin zanmi m, mwen te fè konesans avèk zanmi l yo, ki ansuit te vin zanmi m pandan nou t ap patisipe nan anpil aktivite palasuit. Aktivite sa yo te enpòtan anpil pou entegrasyon m nan nouvo lavi sa a.

Imaj
Zanmi Èldè Godoy yo

Bon zanmi sa yo te fè yon gwo diferans, men lefèt ke m pa t gen levanjil la ki te anseye nan fwaye m ak yon fanmi pou sipòte m nan te toujou yon risk pou pwosesis konvèsyon kontinyèl mwen. Entèraksyon m yo nan Legliz la te vin pi enpòtan pou konvèsyon m ki t ap grandi a. Epi, Senyè a te voye de lòt zanj pou te ede m.

Yonn ladan yo se te Leda Vettori, enstriktris seminè matinal mwen an. Atravè lanmou ak klas enspiran l yo, li te banm yon dòz kotidyen “bon pawòl Bondye a” (Mowoni 6:4), sa m te sitèlman bezwen nan jounen m. Sa te ede m jwenn fòs espirityèl pou m te kontinye avanse.

Yon lòt zanj ki te vini pou mwen sete prezidan Jènjan an, Marco Antônio Fusco. Li te gen tach kòm konpayon vizit ofwaye mwen. Malgre mank eksperyans mwen ak aparans diferan m, li te ban m tach pou m te anseye nan reyinyon kolèj prèt yo ak nan vizit ofwaye yo. Li te ban m chans pou m te aji ak aprann e non pa pou m te jis yon obsèvatè nan levanjil la. Li te fè m konfyans , plis pase m te fè tèt mwen konfyans.

Gras ak tout zanj sa yo, ak anpil lòt m te rankontre pandan premye ane enpòtan sa yo, mwen te resevwa ase fòs pou m te rete sou chemen alyans la pou m te akeri yon temwayaj espirityèl sou verite a.

An pasan, e jènfi sa a, Mônica? Apre nou toude te sèvi misyon, li te vin madanm mwen.

Mwen pa panse se te yon kowensidans dèske bon zanmi, responsabilite nan legliz la, nouri ak bon pawòl Bondye a te fè pati pwosesis sa a. “Se pa yon bagay fasil pou n fè trazisyon pou vin manm Legliz sa a. Sa mande kite ansyen abitid. Sa mande kite zanmi. Sa ka petèt mande pou nou mete kwayans nou te cheri akote. Sa ka petèt mande yon chanjman nan abitid nou ak elimine apeti. Nan anpil ka, sa vle di solitid e menm perèz pou sa nou pa konnen. Nou dwe nouri ak fòtifye yon konvèti pandan peryòd difisil sa a nan lavi l la” (“Dwe Gen Mesaje,” Ensign, Okt. 1987, 5).

Nan apre, li te anseye: “Yo chak bezwen twa bagay: yon zanmi, yon responsabilite, ak nouri pa ‘bon pawòl Bondye a’” (“Konvèti yo ak Jènjan yo,” Ensign, Me 1997, 47).

Poukisa m pataje eksperyans sa yo avèk nou?

Premyèman, se pou voye yon mesaj bay moun ki nan yon pwosesis sa a kounyea. Petèt ou se yon nouvo konvèti, oubyen ou retounen Legliz la apre w te egare pandan yon ti tan, oubyen w se jis yon moun ki gen difikilte pou l entegre li. Silvouplè, silvouplè, pa sispann efò w yo pou w fè pati gwo fanmi sa a. Sa se vrè Legliz Jezikri a.

Nan sa k konsène bonè w ak sali ou, efò w yo toujou vo lapèn pou w kontinye eseye. Sa vo lapèn pou w efòse w pou w ajiste mòd de vi ou ak tradisyon w yo. Senyè a konnen pwoblèm w ap fè fas yo. Li konnen ou; Li renmen ou; e m pwomèt ou L ap voye zanj ede w.

Nan pwòp mo pa l Sovè a te di: “M prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè” (D&A 84:88

Dezyèm objektif ki fè m pataje eksperyans sa yo se pou voye yon mesaj bay tout manm Legliz la—nou tout. Nou ta dwe sonje ke li pa fasil pou nouvo konvèti yo, zanmi ki retounen yo, ak sila yo ki gen yon mòd de vi diferan yo pou yo entegre. Senyè a konnen pwoblèm y ap fè fas yo, e L ap chèche zanj ki dispoze pou ede. Senyè a toujou ap chèche volontè ki dispoze pou yo vin zanj nan lavi lòt moun.

Frè m ak sè m yo, èske nou pa ta vle vin yon enstriman nan men Senyè a? Èske nou ta vle vin yonn nan zanj sa yo? Pou nou vin yon emisè Bondye voye, ki soti nan bò vwal sa a, pou yon moun Li fè sousi pou li? Li bezwen nou. Yo bezwen nou.

Wi, nou ka toujou konte sou misyonè nou yo. Yo toujou la, kòm premye moun pou n anwole nan travay anjelik sa a. Men yo pa sifi.

Si nou gade alantou nou atantivman, n ap jwenn anpil moun ki bezwen yon èd anjelik. Moun sa yo gen dwa pa mete chemiz blanch, wòb, oubyen okenn rad abityèl jou Dimanch yo. Petèt yo ka chita poukont yo, nan ban dèyè chapèl la oubyen klas la, pafwa tankou yo santi yo envizib. Petèt jan yo penyen ka yon jan dwòl oubyen jan yo pale ka diferan, men yo la, epi y ap eseye.

Kèk ka ap mande tèt yo: “Èske m dwe kontinye vini? Èske m dwe kontinye eseye? Gen lòt ki ka mande tèt yo si yon jou y ap santi yo aksepte yo ak renmen yo. Yo bezwen zanj, kounyea menm; zanj ki dispoze pou yo kite zòn konfò yo pou anbrase yo; “[moun ki] si bon ak si pi ke anjelik se sèl mo ki vin nan lespri nou [pou n dekri yo]” (Jeffrey R. Holland, “Ministè Zanj,” 30).

Frè m ak sè m yo, mwen kwè nan zanj! Nou tou la a jodi a, se yon gwo lame zanj ki mete apa nan dènye jou yo, pou nou sèvi lòt moun kòm alonjman men eman Kreyatè a. Mwen pwomèt nou si nou dispoze pou n sèvi, Senyè a ap ba nou opòtinite pou nou vin zanj k ap sèvi. Li konn kiyès ki bezwen èd zanj, epi L ap mete yo sou chemen nou. Senyè a mete moun ki bezwen èd zanj sou chemen nou chak jou.

Ala mwen rekonesan pou pil zanj Senyè a te mete sou chemen m pandan lavi m. Mwen te bezwen yo. Mwen rekonesan tou pou levanjil Li a ki ede nou chanje epi ba nou chans pou nou vin pi bon.

Sa a se yon levanjil lanmou, yon levanjil sèvis. Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.