Konferans Jeneral
Vin menmjan avèk Li
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Vin menmjan avèk Li

Se sèlman ak èd divin li ke nou tout ka pwogrese pou nou vin menmjan avèk Li.

Menm pou moun ki ap byen etidye lavi ak ministè Jezikri yo, egzòtasyon Sovè a pou nou “menmjan avèk mwen” 1 an se yon bagay ki parèt entimidan e aparaman inaksesib. Petèt ou menmjan avè m—ou sitèlman konsyan de fot ou ak feblès ou ke w twouve l pi konfòtab mantalman pou w suiv yon chemen ki tou dwat ak ti kal pwogresyon. Nou di tèt nou konsa: “Siman, ansèyman sa a pa reyalizab e li egzajere,” pandan n ap konfòtabman chwazi chemen ki gen mwens rezistans lan, epi konsa, boule mwens kalori lè yon chanjman nesesè.

Men, e si vin “menmjan avèk [Li] a” se pa nan yon bagay nan sans figire, menm nan kondisyon nou nan mòtalite a? E si, nan yon sèten degre, li posib nan lavi sa a epi, anfèt, li se yon kondisyon preyalab pou nou ka avèk Li ankò? E si, “menmjan avèk mwen” an se egzakteman e presizeman sa Sovè a vledi? E alò? Ki nivo efò nou t ap dispoze pou nou fè pou n ka envite pouvwa mirakile li nan lavi nou pou nou ka chanje menm nati nou?

Èldè Neal A. Maxwell te anseye: “Pandan n ap medite sou kòmandman Jezi te bay pou nou vin menmjan avèk Li a, nou wè ke sitiyasyon aktyèl nou se yon sitiyasyon kote nou pa nesesèman move moun, men, pito, nou tyèd anpil epi nou totalman manke antouzyas pou koz Li a—ki se koz pa nou tou! Nou louwe Li men nou imite L raman.” 2 Yon jèn pastè, Charles M. Sheldon, te eksprime kèk santiman konsa nan fason sa a: “Krisyanite nou an twò renmen lèz li ak konfò li pou l ta mete yon bagay osi rèd ak osi lou ke yon kwa sou do li.” 3

Anfèt, nou tout anba obligasyon pou nou vin tankou Li, menmjan li te vin tankou Papa a. 4 Pandan n ap pwogrese, n ap vin pi konplè, pi akonpli, ak pi devlope. 5 Kalite ansèyman sa a pa baze sou doktrin yon relijyon men se Mèt la Limenm ki bay li dirèkteman. Se nan pèspektiv sa a nou ta dwe viv lavi nou, anvizaje kominikasyon nou, ak mentni relasyon nou yo. Vrèman, pa gen okenn lòt mwayen pou geri blesi yon relasyon ki brize oubyen yon sosyete ki fraktire pase imite Prens Lapè a pi totalman. 6

Ann konsidere kijan pou n kòmanse yon rechèch apwofondi, reflechi, ak entansyonèl pou nou ka vin menmjan avèk Li nan akeri atribi Jezikri yo.

Rezolisyon ak Angajman

Sa gen kèk ane, madanm mwen avèk mwen te kanpe nan estasyon depa montay ki pi wo nan Japon an, Mont Fuji. Pandan nou te kòmanse monte a, nou te gade tèt mòn nan sou distans lan epi nou te mande nou si nou t ap janm ka rive la.

Imaj
Montay Fuji

Pandan nou t ap avanse, fatig, doulè miskilè, ak efè altitid yo te vide sou nou. Mantalman, li te vin enpòtan pou nou te konsantre nou sèlman sou pwochen etap la. Nou te di: “M gen dwa poko ap rive nan tèt la men, m ka fè pwochen pa a kounyeya.” Avèk letan, tach entimidan an te vin posib—etap pa etap.

Premye etap sou chemen pou n vin sanble avèk Jezikri a se gen dezi pou nou fè sa. Konprann egzòtasyon pou nou vin menmjan avèk Li a bon, men konpreyasyon sa a bezwen mache avèk yon dezi pou transfòme tèt nou, yon etap alafwa, pou n depase lòm natirèl ki andedan nou an. 7 Pou n devlope dezi sa a, nou dwe konn kiyès li ye. Nou dwe konn yon bagay sou karaktè Li, 8 epi nou dwe chèche kalite Li nan ekriti yo, nan sèvis adorasyon yo ak nan lòt lye ki sen yo. Lè nou kòmanse konprann Li pi byen, n ap wè kalite L yo reflete nan lòt moun. Sa ap ankouraje nou nan pwòp rechèch pa nou an, paske si lòt moun, nan yon sèten mezi, ka atenn kalite L yo, nou kapab tou.

Si nou onèt ak tèt nou, limyè Kris la 9 andedan nou an ap mimire ke gen yon distans ant sa nou ye a an konparezon ak kalite n ap chèche nan Sovè a. 10 Kalite onètete sa a esansyèl si nou bezwen pwogrese pou nou vin menmjan avèk Li. Anfèt, onètete se youn nan kalite L yo.

Imaj
Miwa defòman nan yon lye amizman

Kounyea, sila nan nou ki brav yo gen dwa anvizaje pou yo mande yon paran, yon konjwen, yon mari oubyen yon dirijan spirityèl nou fè konfyans, ki kalite Jezikri yo wè nou manke—epi nou ka bezwen pare nou pou repons la? Pafwa nou wè tèt nou nan yon miwa defòman ki montre ke nou oubyen pi gwo oubyen pi mèg pase jan nou ye reyèlman.

Zanmi ak fanmi nou fè konfyans kapab ede nou wè tèt nou pi byen, men menm yomenm, osi eman ak sèvyab yo ka ye, gen dwa pa wè bagay yo twò klè. Kòm rezilta, li esansyèl tou pou nou mande Papa eman nou an ki nan Syèl la kisa nou bezwen ak ki kote pou nou konsantre efò nou. Li gen yon vizyon pafè de nou epi avèk amou, l ap montre nou feblès nou. 11 Petèt n ap aprann ke nou bezwen plis pasyans, plis imilite, plis charite, lanmou, esperans, dilijans oubyen obeyisans pou nou site kèk sèlman. 12

Sa pa gen lontan, m te viv yon eksperyans anrichisan pou nanm mwen kote yon dirijan eman nan Legliz la te sigjere m trè dirèkteman ke m te bezwen akeri pi plis nan yon sèten kalite. Avèk amou, li te evite tout detou. Jou swa sa a, m te pataje eksperyans lan avèk madanm mwen. Li te rete trè charitab menm lè l te dakò avèk sigjesyon an. Sentespri a te konfime m ke konsèy sa a te soti de yon Papa eman ki nan Syèl la.

Sa ka petèt itil tou pou nou ta onètman fè aktivite sou kalite kretyèn nan ki nan chapit 6 manyèl Preche Levanjil Mwen an. 13

Lè nou ta fin fè yon evalyasyon onèt epi nou deside pou n kòmanse monte mòn nan, n ap bezwen repanti. Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Lè nou chwazi pou nou repanti, nou chwazi pou n chanje! Nou pèmèt Sovè a transfòme nou vin yon pi bon vèsyon tèt nou. Nou chwazi pou nou grandi spirityèlman e resevwa lajwa—lajwa redanmsyon nan Li a. Lè nou chwazi repanti, nou chwazi pou n vin plis menmjan avèk Jezikri.” 14

Vin menmjan ak Jezikri ap mande pou nou chanje kè nou ak lespri nou, anfèt, pèsonalite nou menm, epi sa ap posib sèlman atravè lagras Jezikri. 15

Idantifye epi Aji

Apre nou fin pran rezolisyon pou n chanje ak repanti ak chèche gidans atravè lapriyè, meditasyon onèt, ak posibman pran konsèy nan men lòt moun nan, n ap bezwen chwazi yon kalite ke nou pral konsantre sou li sensèman. N ap bezwen pran angajman pou nou fè yon efò siyifikatif. Kalite sa yo pa p vin san pri ni toudenkou, men y ap vini atravè lagras Li, tikal pa tikal, pandan n ap fè efò a.

Kalite kretyèn yo se don yon Pè Selès eman pou beni nou ak moun ki bò kote nou. Konsa, efò nou pou n akeri kalite sa yo ap mande pou nou priye sensèman pou n jwenn asistans divin Li. Si nou chèche don sa yo pou nou pi byen sèvi pwochen nou, L ap beni nou nan efò nou. Chèche yon don nan men Bondye pou rezon egoyis ap abouti nan desepsyon ak fristrasyon.

Men lè nou konsantre pwofondeman sou yon kalite nou bezwen akeri, pandan n ap pwogrese pou n akeri l la, lòt kalite ap kòmanse vin ajoute. Èske moun ki konsantre l pwofondeman sou charite a p ap wè lanmou ak imilite ogmante nan li? Èske moun ki konsantre l sou obeyisans lan pa akeri plis dilijans ak esperans? Efò siyifikatif nou pou nou akeri yon kalite ap tounen mare k ap leve tout bato yo nan pò a.

Pran nòt ak Soutni

Sa enpòtan pou mwen, pandan m ap fè efò pou m vin menmjan avèk Li a, pou m ekri eksperyans mwen yo ak sa m ap aprann. Pandan m ap etidye youn nan kalite L yo an pwofondè, ekriti yo ap vin pran nouvo sans pandan m ap wè egzanp sou kalite sa a nan ansèyman L yo, nan ministè Li, ak nan disip Li yo. Je m ap vin pi konsantre sou rekonèt kalite a nan lòt moun tou. Mwen wè bon moun andedan ak andeyò Legliz la ki posese kalite ki sanble avèk pa Li. Yo se egzanp puisan sou fason kalite sa yo ka manifeste nan senp mòtèl atravè gras eman Li.

Pou nou wè pwogrè reyèl, n ap bezwen founi yon efò san rete. Menmjan monte yon mòn mande preparasyon anvan, ak andirans ak pèseverans pandan n ap monte l la, se konsa tou vwayaj sa a mande efò ak sakrifis reyèl. Vrè Krisyanis la, kote n ap fè efò pou nou vin menmjan avèk Mèt nou an, toujou mande pi gwo efò nou. 16

Kounyea, yon brèf mizangàd. Kòmandman pou nou vin menmjan avèk Li a pa la pou fè nou santi nou koupab, endiy, oubyen rejte. Tout eksperyans nou nan mòtalite a se osijè pwogrese, eseye, echwe, ak reyisi. Otan madanm mwen avèk mwen te swete ke nou te ka fèmen je nou epi transpòte nou majikman sou tèt mòn nan, se pa konsa sa fèt nan lavi a.

Ou ase bon, yo renmen w, men sa pa vledi ke w deja konplè. Gen travay ki pou fèt nan lavi sa a ak nan lavi apre a. Se sèlman ak èd divin li ke nou tout ka pwogrese pou nou vin menmjan avèk Li.

Nan tan sa yo kote, “tout bagay [parèt] tèt anba; epi … laperèz [sanble l] sou tout moun” 17 nan, sèl antidòt la, sèl remèd la, se eseye pou nou vin menmjan avèk Sovè a, 18 Redanmtè 19 tout limanite a, Limyè Mond lan, 20 epi chèche Moun sa a ki te deklare: “Mwen se chemen an.” 21

Imaj
Redanmtè a:

Mwen konnen ke vin menmjan avèk Li atravè èd divin ni ak fòs Li se yon bagay ki fezab, etap pa etap. Si se pa t sa, Li pa t ap ba nou kòmandman sa a. 22 Mwen konnen sa—anpati paske m wè kalite Li nan si anpil nan nou. Konsènan bagay sa yo mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. 3 Nefi 27:27. Pou menm kalite egzòtasyon sa yo nan men Sovè a, gade Matye 5:48 (“Se pou nou pafè, menmjan Papa nou ki nan syèl la pafè a”); 1 Jan 2:6 (“Moun ki demere nan li yo dwe mache jan l mache tou”); Mozya 3:19 (“Paske lòm natirèl la se ennmi Bondye, se sa li te ye depi chit Adan an, epi l ap toujou sa pou tout tan, si li pa soumèt li anba enfliyans Sentespri a, e si li pa retire moun natirèl la nan kò l, pou l vin tounen yon sen, pa mwayen ekspyasyon Kris la, Senyè a, e pou l vin tankou yon timoun, obeyisan, dou, enb, pasyan, ranpli avèk amou, ki vle soumèt tèt li bay tout bagay Senyè a jije nesesè pou fè l andire, menm jan yon timoun soumèt a papa l.”); Alma 5:14 (“Epi kounyeya, gade, m ap mande nou, frè m yo ki nan legliz la, èske nou fèt espirityèlman nan Bondye? Èske nou gen imaj li nan figi nou?”); 3 Nefi 12:48 (“Se poutèt sa, m ta vle pou nou vin pafè menm jan avèk mwenmenm oubyen Papa nou ki nan syèl la pafè a”).

  2. Neal A. Maxwell, Even As I Am (982), 16.

  3. Charles M. Sheldon, In His Steps (1979), 185.

  4. Gade Doktrin ak Alyans 93:12–17.

  5. Gade Matye 5:48, referans b.

  6. Gade Ezayi 9:6; 2 Nefi 19:6.

  7. Gade 1 Korentyen 2:14; Mozya 3:19.

  8. Gade Matye 7:23; 25:12; Mozya 26:24; gade referans a chak ekriti yo tou; David A. Bednar, “Si w konnen Mwen,” Liahona, Nov. 2016, 102–5.

  9. Gade Doktrin ak Alyans 93:2.

  10. Gade Morowi 7:12–19.

  11. Gade Etè 12:27.

  12. Preche Levanjil Mwen: Yon Gid pou Sèvis Misyonè, rev. ed. (2019), chapit 6, “Kijan m ka devlope kalite tankou Kris la?” Referans a lòt kalite Sovè a nan tout ekriti yo. Kèk nan egzanp yo enkli Mozya 3:19; Alma 7:23; Atik Lafwa 1:13.

  13. Gade Preche Levanjil Mwen an, 132.

  14. Russell M. Nelson, “Nou ka fè pi byen e vin pi bon,”,” Liahona, Me 2019, 67.

  15. Gade Diksyonè Bib la, “Grasgade Gid Ekriti yo tou, “Grasscriptures.ChurchofJesusChrist.org.

  16. Gade Sheldon, In His Steps, 246: “Si definisyon nou de yon Kretyen se senpleman jwi privilèj adorasyon yo, gen jenewozite san nou pa fè okenn efò, pase yon moman agreyab e fasil antoure pa bon zanmi ak bagay konfòtab, viv nan fason respektab epi an menm tan evite gwo presyon peche ak difikilte mond lan paske l twò penib pou n sipòte—si se sa k definisyon nou de Krisyanis la, enben, nou trè lwen de suiv pa Moun ki te pakouri chemen an avèk jemisman, dlo nan je, sanglo ak angwas pou yon imanite pèdi a; ki te swe gwo degout san an, ki te kriye sou kwa k te kanpe a: ‘Bondye, Bondye, poukisa w abandone m‘” nan.

  17. Doktrin ak Alyans 88:91.

  18. Gade Ezayi 43:3.

  19. Gade Jòb 19:25.

  20. Gade Jan 8:12.

  21. Jan 14:6.

  22. Gade 1 Nefi 3:7.