Konferans Jeneral
Atravè inyon, nou jwenn pouvwa nan men Bondye
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Atravè inyon, nou jwenn pouvwa nan men Bondye

Si nou chèche gen yon inite nan santiman, n ap kapab atire pouvwa Bondye pou rann efò nou yo konplè.

Manman Gordon te di li si l te fini ak tout tach menajè li nan kay la, li t ap kuit yon tat pou li. Sa l pi renmen an. Pou li sèl. Gordon te kòmanse travay pou fini ak tout tach menajè l yo, epi manman l te kòmanse prepare tat la. Pi gran sè li, Kathy, te vini nan kay la ak yon zanmi l. Li te wè tat la epi li te mande si limenm ak zanmi l lan te ka pran yon tranch ladan l.

“Non,” Gordon te reponn li, “sa se tat pa m. Manmi kuit li pou mwen, epi m te oblije travay pou li.”

Kathy te fè kòlè sou ti frè l la. Li te sitèlman konsantre sou pwòp tèt li epi li san sansibilite. Kouman l ta fè kenbe tout tat la pou li sèlman?

Kèk èdtan apre lè Kathy te ouvri pòt machin nan pou l te ka mennen zanmi l lan lakay li, sou chèz machin nan li te jwenn de napkin byen pliye, de fouchèt sou yo, ak de tranch tat byen laj nan de asyèt. Kathy te rakonte istwa sa a nan antèman Gordon pou l te ka demontre kijan Gordon te konn dispoze pou l te chanje epi fè jantiyès avèk moun ki pa t toujou merite sa.

An 1842, Sen yo te travay di pou yo te bati Tanp Nauvoo a. Apre Sosyete Sekou te fin òganize nan mwa Mas, Pwofèt Joseph Smith te konn vini souvan nan reyinyon yo pou l te prepare yo pou alyans sakre ak inifikatè yo ta pral fè nan tanp la.

Jou 9 Jen an, Pwofèt la te di “li ta pral preche sou mikèrikòd[.] Sipoze Jezikri ak zanj yo ta plenyen de nou poutèt bagay frivòl, kisa nou t ap devni? Nou dwe gen mezerikòd epi fèmen je nou sou ti bagay ki piti yo.” Prezidan Smith te ajoute, “Sa fè m mal dèske pa genyen plis fratènizasyon—si yon manm ap soufri nou tout ap santi l—atravè inite santiman, nou jwenn pouvwa nan men Bondye.” 1

Fraz sa a te frape m kou loray. Nan inite santiman, nou jwen pouvwa nan men Bondye Mond sa a pa sa m ta renmen l ye a. Gen anpil bagay mwen ta renmen enfliyanse epi fè yo miyò. Men, sensèman, gen anpil opozisyon kont sa m espere yo, epi gen de fwa mwen santi m enpuisan. Dènyèman la a, m te kòmanse poze tèt mwen kesyon: Kijan m kapab konprann moun ki bòkote m pi byen? Kijan m kapab kreye “inite santiman” lè nou tout sitèlman diferan? Nan ki pouvwa Bondye m kapab jwenn aksè si m yon ti jan plis ini ak lòt moun? Nan rechèch pa m nan fon nanm mwen, mwen jwenn twa sigjesyon. Petèt yo ka ede w tou.

Se pou nou gen mizèrikòd

Jakòb 2:17 di konsa, “Panse avèk frè nou yo tankou tèt pa nou, fè zanmi avèk tout moun, e separe sa nou genyen, pou yo kapab rich tankou nou.” An nou ranplase mo sa nou genyen an pa mizèrikòd—se pou w gen jenewozite nan mizèrikòd ou a pou yo kapab rich tankou ou.

Dè fwa nou panse lè l di separe sa nou genyen an li vle di manje oswa lajan, menm petèt sa nou tout plis bezwen nan ministè nou se mizèrikòd.

Prezidant Sosyete Sekou pa m nan te di tou dènyèman: “Sa mwen … promèt … ou sèke m ap pwoteje repitasyon w. … M ap toujou wè w jan w ye nan pi bon moman w yo. … Mwen pa p janm di anyen sou ou ki mechan, ki pa p edifye w. Mwen mande w pou w fè menm bagay la pou mwen tou paske mwen pè, sensèman, pou m pa desevwa w.”

Joseph Smith te di sè yo nan jou Jen sa a an 1842 a:

“Lè moun manifeste pi piti jantiyès la ak lanmou an pou mwen, O gade kijan sa gen pouvwa sou panse mwen. …

“ … Pi pròch nou avanse kot Pè Selès la, se plis n ap dispoze pou nou santi konpasyon pou nanm ki ap peri—[n ap santi nou anvi] mete yo sou zepòl nou, epi jete peche yo dèyè do nou. [Diskou m nan adrese a] tout Sosyete sa a—si nou vle Bondye gen mizèrikòd pou nou, aplike mizèrikòd youn pou lòt.” 2

Konsèy sa a sete espesifikman pou Sosyete Sekou. An nou youn pa jije lòt ni pa di lòt pawòl ki blesan. An nou youn veye sou repitasyon lòt epi youn ofri lòt don mizèrikòd la. 3

Fè Bato w la Swinge

An 1936, yon ekip kanotaj enkoni ki te soti nan Inivèsiste Washington te voyaje al an Almay pou yo te patisipe nan Je Olenpik yo. Sete epòk Gwo Depresyon an. Yo sete yon ekip gason ki te soti nan klas ouvriyè nan yon ti kominote minyè ak forestyè ki te rasanble ti donasyon lajan pou yo te ka voyaje al Berlin. Tout aspè nan konpetisyon an te sanble ap travay kont yo, men yon bagay te pase pandan kous la. Nan mond kanotaj la, yo rele sa “swing.” Tande deskripsyon mo sa a ki baze sou liv Gason Yo sou Bato a (Ils étaient un seul homme):

Gen yon bagay ki konn rive pafwa ki difisil pou akonpli e difisil pou nou ba l definisyon. Yo rele l “swing.” Sa rive sèlman lè tout moun nan ekip la ap rame si pafètman e nan inite ke tout jès senkwonize.

Moun ki ap rame yo dwe kenbe nan endepandans yo epi fòk an menm tan yo rete fidèl ak kapasite endividyèl yo. Se pa klon (clone) ki genyen kous. Bon ekip yo repoze sou bon melanj—yon moun ki pou manevre bato a, yon moun ki pou sere fòs an rezèv, yon moun ki pou mete tout limenm nan konba a, yon moun pou fè lapè. Pa gen yon moun nan ramè yo ki gen plis valè pase yon lòt, yo tout se atou pou bato a, men si pou yo rame byen ansanm, yo chak dwe adapte yo a bezwen ak kapasite lòt manm yo—sa ki genyen bra ki pi kout la ap detire bra l pi lwen, sa ki gen bra ki pi long nan ap detire l pi piti.

Diferans yo kapab vin yon avantaj olye pou yo yon dezavantaj. Se lè sa a bato a ap sanble l ap avanse poukont li. Se lè sa a doulè ap konvèti pou kite plas pou ekziltasyon. Yon bon “swing” se tankou yon pwezi li ye. 4

Kont obstak ki te enpozan yo, ekip sa a te jwenn swing pafè a ki te pèmèt yo te genyen kous la. Ranpòte meday lò Olenpik la sete yon santiman egzaltan, men inite chak ramè sa yo te santi jou sa a sete yon eksperyans sakre ki te rete grave nan yo pou tout rès vi yo.

Wete sa ki Move yo Tout Tan sa ki Bon yo ap Grandi

Nan bèl alegori nan Jakòb 5la, Mèt jadin an te plante yon bon pyebwa sou bon tè, men avèk letan pyebwa a te vin kowonpi epi li te pwodui move fwi. Mèt jadin an te di uit fwa: “Sa fè m mal pou m ta pèdi pyebwa sa a.”

Sèvitè a di mèt jaden an: “Epaye [pyebwa a] yon ti jan pi lontan. Epi mèt jadin an te di: “Wi, m ap epaye l pou yon ti tan pi long.” 5

Epi nou jwen enstriksyon sa a ki kapab aplike pou nou tout ki ap eseye kiltive pwòp ti jaden pa nou e jwenn bon fwi ladan yo: “Wete sa ki move yo tout tan sa ki bon yo ap grandi.” 6

Inite pa rive pa maji; fòk nou travay pou li. Li difisil, gen de fwa li enkonfòtab, epi sa fèt tikal pa tikal lè nou wete sa ki move yo tout tan sa ki bon yo ap grandi.

Nou pa janm poukont nou nan efò nou pou n kreye inite. Jacob 5 kontinye di, “Sèvitè yo t ale, e yo te travay avèk fòs yo; e mèt jaden an te travay avèk yo tou.” 7

Chak youn nan nou pral viv dè eksperyans ki ap blese nou, bagay ki pa ta dwe janm pase. Chak youn nan nou tou, anpil fwa, pral kite ògèy ak awogans nou mete koripsyon nan fwi nou. Men Jezikri se Sovè nou nan tout bagay. Pouvwa li rive nan kote ki pi fon yo epi li ap rete la pou nou lè nou rele L. Nou tout priye pou mizèrikòd pou peche nou ak fot nou. Li bay li san limit. Epi li mande nou si nou youn kapab bay lòt moun menm mizèrikòd sa a ak menm konpreyansyon sa a.

Jezi te di byen klè: “Nou dwe fè youn; epi si nou pa fè youn nou pa moun mwen.” 8 Si nou fè youn—si nou kapab epaye yon tranch nan tat pa nou an oubyen talan nou pou bato a ka swing avèk yon inite pafè—se lè sa nou ap pou Li. Epi Li ap ede nou wete sa ki move yo tout tan sa ki bon yo ap grandi.

Pwomès Pwofetik

Nou gen dwa poko kote nou ta renmen ye a, epi kote nou ye kounyea se pa kote nou pral ye. Mwen kwè chanjman nou ap chache nan tèt pa nou an ak nan gwoup nou fè pati yo ap vini mwens pa aktivis men plis lè nou eseye chak jou nan fason aktiv pou nou youn konprann lòt. Poukisa? Paske nou ap bati Siyon—yon pèp ki gen “yon sèl kè ak yon sèl panse.” 9

Antanke fi alyans, nou gen yon enfliyans konsiderab. Enfliyans sa a aplike nan moman toulèjou nou yo lè nou ap etidye avèk yon zanmi, lè n ap mete timoun nou dòmi, lè nou pale avèk moun ki chita bò kote nou nan kamyonèt, lè nou prepare yon prezantasyon avèk yon kòlèg. Nou gen pouvwa pou nou retire prejije epi bati inite.

Sosyete Sekou ak Jènfi se pa sèlman klas yo ye. Yo ka tounen eksperyans inoubliyab kote dè fi ki trè diferan ka monte sou menm bato a epi rame jiskaske nou jwen swingnou. Mwen lanse envitasyon sa a: ini nou nan yon fòs kolektif ki kapab chanje mond la nan sa ki byen. Devwa nou pa alyans se pou nou sèvi, pou nou leve men ki pandye, pou nou mete moun ki ap soufri sou do nou oswa nan bra nou epi pote yo. Sa pa konplike pou nou konn kisa pou nou fè, men sa souvan mache kont enterè egoyis nou e nou dwe eseye. Fi yo nan Legliz sa a gen yon potansyèl ilimite pou yo chanje sosyete a. Mwen gen yon asirans espirityèl total ke si nou chèche ini kè nou, n ap kapab atire pouvwa Bondye pou mayifye efò nou.

Lè Legliz la te komemore revelasyon 1978 la sou prètriz la, Prezidan Russell M. Nelson te pwononse yon benediksyon pwofetik puisan: “Priyè mwen ak benediksyon m ap kite sou tout moun ki ap koute, se pou nou kapab simonte tout fado prejije epi mache nan ladwati devan Bondye—epi youn avèk lòt—nan lapè ak amoni pafè.” 10

Ke nou fè apèl a benediskyon pwofetik sa a epi itilize efò individyèl nou ak efò kolektif nou pou nou ogmante inite nan mond lan. M ap kite temwayaj mwen nan pawòl enb priyè etènèl Sovè a, Jezikri, te fè a: “Se pou yo tout fè youn avèk nou, menm jan oumenm ou nan mwen, mwenmenm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl, pou yo ka vin fè youn avèk nou tou.” 11 Nan non Jezikri, Amèn.