Rete tann Senyè a
Pwen an sèke lafwa sa a vle di fè Bondye konfyans nan bon tan kou move tan, menmsi sa mande kèk soufrans jiskaske nou wè bra l ki revele anfavè nou.
Frè ak sè byeneme m yo, nou tout enpasyan—pa gen moun ki pi enpasyan pase mwenmenm—pou n tande mesaj final pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russel M. Nelson. Sa a sete yon bèl konferans, men se dezyèm fwa fleyo COVID-19 la fòse nou renonse a rasanbleman tradisyonèl nou yo. Nou sitèlman fatige avèk kontajyon sa a ke nou santi nou ta rache tout cheve nou. Aparaman, kèk nan Frè m yo deja fè sa. Tanpri, m vle nou konnen ke nou priye konstamman pou moun li afekte nan kèlkeswa fason an, espesyalman pou noumenm ki pèdi moun ki chè pou nou yo. Tout moun dakò ke bagay sa a dire twòp, twò lontan.
Konbyen tan pou nou tann pou nou jwenn sekou anba eprèv ki tonbe sou nou yo? Konbyen tan pou nou andire eprèv pèsonèl pandan n ap tann tann epi tann epi èd la pran tan pou l rive? Poukisa gen reta lè fado yo sanble yo pi lou pase sa nou ka sipòte?
Pandan n ap poze kesyon sa yo, si nou eseye, nou kapab tande eko kri yon lòt moun nan selil yon prizon imid ak fènwa pandan youn nan ivè ki te pi frèt yo te anrejristre nan zòn sa a nan epòk sa a.
“O Bondye, ki kote ou ye?” se sa nou tande ki te soti nan pwofondè Prizon Liberty a? “E kote paviyon ki kouvri kote w kache a? Pandan konbyen tan w ap kache men ou?”1 Pandan konbyen tan, Senyè, pandan konbyen tan?
Donk, nou pa premye moun ni nou pa p dènye moun ki ap poze kalite kesyon sa yo lè tristès vide sou nou oubyen yon doulè nan kè nou ap kontinye san rete. Mwen p ap pale kounyeya de pandemi ni prizon, men de oumenm, fanmi w ak vwazwen w ki ap konfwonte nenpòt kantite pwoblèm kounyea. M ap pale de aspirasyon anpil moun ki ta renmen marye e ki pa kapab fè sa oubyen ki marye e ki ta renmen pou relasyon yo ta yon tijan pi selès. M ap pale de moun ki oblije fè fas ak aparisyon endezirab yon kondisyon medikal grav —petèt yon maladi enkirab—oubyen ki ap mennen yon konba tout vi yo kont yon anomali jenetik ki pa gen remèd. M ap pale de lit san rete kont difikilte sante emosyonèl ak mantal ki peze lou sou nanm anpil moun ki ap soufri avèk yo, ak sou kè moun ki renmen yo e ki ap soufri avèk yo. Mwen ap pale de pòv yo, ke Senyè a te di nou pou nou pa janm bliye, e m ap pale de oumenm ki ap tann retou yon pitit, kèlkeswa laj li, ki te chwazi yon wout ki diferan de sa w te priye pou l te pran an.
Pou n ale pi lwen, mwen rekonèt ke menm lis long sa a sou bagay nou ta kapab ap tann pèsonèlman yo pa menm eseye adrese gwo preyokipasyon ekonomik, politik ak sosyal n ap konfwonte kolektivman yo. Li klè ke Pè Selès la atann pou nou adrese kesyon piblik dechiran sa yo osibyen ke kesyon pèsonèl nou, men ap gen moman nan lavi nou kote menm pi bon efò espirityèl nou, priyè siplikasyon nou yo pa p pote viktwa nou dezire a, keseswa konsènan gwo kesyon global oswa ti kesyon pèsonèl yo. Konsa pandan nou ap travay ak pandan nou ap tann repons kèk nan priyè nou yo ansanm, m ap ofri nou pwomès apostolik ke Bondye tande priyè nou yo e Li reponn yo, menm si se petèt pa nan lè ak fason nou te vle a. Men yo toujou jwenn repons nan moman ak nan fason yon paran ki omnisyan e ki konpatisan etènèlman ta dwe reponn yo. Frè ak sè byeneme m yo, nou dwe konprann ke Moun ki pa janm dòmi ni kabicha a2 sousye L de bonè ak egzaltasyon pitit Li yo plis pase tout lòt bagay ke yon èt diven gen pou l fè. Li se lanmou pi, ki pèsonifye gloriyezman, e non L se Papa Mizerikòdye.
“Si se pou sa,” ou ta kapab di, “èske lanmou L ak mizerikòd Li pa ta dwe senpleman separe Lamè Wouj pèsonèl nou yo epi pèmèt nou travèse lanmè pwoblèm nou yo san pye nou pa mouye? Èske L pa ta dwe voye mwèt 21èm syèk vole soti yon kote pou vin rapidman manje tout krikèt nuizib nou genyen yo nan 21yèm syèk la?”
Repons pou kesyon sa yo se “Wi, Bondye ka fè mirak enstantaneman, men to ou ta nou aprann ke tan ak sezon vwayaj nou nan mòtalite a se pou Li e se Limenm sèl ki dirije li. Li administre kalandriye sa a pou nou chak endidvidiyèlman. Pou chak enfim ki geri enstantaneman pandan l ap tann pou l antre nan Pisin Betesda a,3 gen yon lòt moun ki ap pase 40 tan nan dezè a ap tann pou l antre nan tè pwomiz la.4 Pou chak Nefi ak Leyi ki pwoteje divinman pa yon flanm dife ki antoure yo pou lafwa yo,5 nou gen yon Abinadi ki boule sou yon poto flanm dife pou lafwa pa l.6 E nou sonje ke menm Eli ki te mande nan yon moman pou dife te desann sot nan syèl la pou rann temwayaj kont prèt Baal yo,7 se menm Eli sa a ki te andire yon peryòd kote pa t gen lapli pandan plizyè ane e ki, pandan yon sèten tan, te nouri sèlman pa yon manje mèg ki te ka pote nan grif yon kòbo.8 Dapre estimasyon pa m, sa pa t kapab sanble ak anyen nou ta rele yon “happy meal (yon bon timanje).”
Ki pwen m ap eseye demontre? Pwen an sèke lafwa vle di fè Bondye konfyans nan bon tan kou move tan, menmsi sa mande kèk soufrans jiskaske nou wè bra l ki revele anfavè nou.9 Sa kapab difisil nan mond modèn nou an kote anpil moun rive kwè ke pi gran byen nan lavi a se evite tout soufrans, ke pèsonn pa ta dwe janm bay tèt yo pwoblèm pou anyen.10 Men kwayans sa a pa janm mennen nan “mezi dimansyon plenitid Kris la.”11
Avèk eskiz pou Èldè Neal A. Maxwell poutèt mwen oze modifye ak ajoute sou yon bagay li te di yon fwa, mwenmenm tou mwen di “lavi yon moun … pa kapab ranpli avèk lafwa ak strès an mèm tan.” Sa tou senpleman pa posib pou “viv lavi nou byen rilaks,” pou nou ta di pandan n ap bwè yon bèl vè limonad : “Senyè, ban mwen tout pi bon vèti w yo, men pa ban m chagren, ni tristès, ni doulè, ni opozisyon. Sivouplè, pa kite pèsonn pa renmenm m ni trayi m, e sitou, pa janm kite m santi m abandone pa oumenm oswa moun mwen renmen yo. Anfèt, Senyè, veye pou m pa fè tout eksperyans ki te rann ou diven yo. Men, lè pakou difisil tout lòt moun yo fini, silvouplè kite m vin rete avèk Ou, kote m ap kapab fè yon ti vante tèt mwen pou di kijan fòs nou ak karaktè nou sanble pandan m ap flote jwayezman sou nyaj Krisyanis konfòtab mwen an.”12
Frè ak sè byeneme m yo, vin yon kretyen se yon bagay rekonfòtan, men souvan sa pa konfòtab. Wout sentete ak bonè bò isit la ak apre lavi sa a se yon wout ki long e ki pafwa plen wòch. Sa mande tan ak tenasite pou n mache sou li. Men, natirèlman, rekonpans pou moun ki fè sa yo se yon bagay ki gran. Verite sa a anseye klèman e nan fason konvenkan nan 32 zyèm chapit Alma a nan Liv Mòmon an. Nan liv sa a, gwo gran prèt sa a anseye ke si pawòl Bondye a plante nan kè nou tankou yon senp grenn, e si nou sousye nou sifizamman pou nou wouze, sekle, nouri ak ankouraje l, nan lefiti l ap pote fwi “ki pi presye, ki pi dous , … pase tout bagay dous,” ki lè nou konsome li, ap mennen nou nan yon kondisyonkote nou pa p janm swaf ni grangou ankò.13
Yo anseye anpil leson nan chapit remakab sa a, men sa ki se yon eleman santral pou yo tout se aksyòm ki di ke semans lan dwe nouri e nou dwe tann ni rive nan matirite; nou dwe “[prese] mete yon je ki gen lafwa sou fwi a.”14 Alma di rekòt nou an ap vini “byento.”15 Sa pa etonan ke li fini enstriksyon remakab li a nan repete twa fwa yon apèl pou dilijans ak pasyans pandan n ap nouri pawòl Bondye a nan kè nou, “pandan n ap tann,” jan l di a, avèk “longanimite …pou plant lan produi fwi ba nou.”16
KOVID ak kansè, dout ak dezawa, pwoblèm finansye ak eprèv familyal. Kilè fado sa yo ap leve? Repons lan se “byento.”17 Epi, keseswa se pou yon ti bout peryòd oubyen yon tan long, se pa toujou responsablite pa nou pou n di, men gras a Dye, benediksyon yo ap vini pou moun ki akwoche yo nan levanjil Jezikri a. Pwoblèm sa a te rezoud nan yon jaden trè prive ak sou yon kolin trè piblik nan Jerizalèm, sa gen anpil tan.
Pandan nou pral tande pwofèt byenneme nou an ki pral klotire konferans sa a, mwen swete pou nou sonje, jan Russel Nelson demontre pandan tout lavi l la, ke moun ki “konfye yo nan Senyè a va renouvle fòs yo [epi] yo va pran vòl tankou malfini; y ap kouri, menm yo p ap fatige; … y ap mache, men yo p ap bouke.”18 Mwen priye pou ke “byentôt” —to ou ta-—benediksyon sa yo ka vin jwenn chak nan nou ki ap chèche sekou anba chagren nou yo ak libète anba gwo lapenn nou yo. Mwen rann temwayaj konsènan lanmou Bondye ak Retablisman levanjil gloriye L la, ki se repons pou chak pwoblèm nou rankontre nan lavi a. Nan non sakre Senyè a, Jezikri a, amèn.