Konferans Jeneral
Pouvwa Pèsistan
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Pouvwa Pèsistan

Se sèl lafwa ak pawòl Bondye a ki ranpli tout nanm nou ki ka ase pou ba nou soutyen—epi pèmèt nou jwen aksè nan pouvwa Li.

Pandan m t ap repase ansèyman pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, te bay, mwen te jwen yon mo li itilize souvan nan anpil nan diskou l yo. Mo sa a se pouvwa.

Nan premye konferans jeneral apre li te soutni kòm Apot la, Prezidan Nelson te pale konsènan pouvwa.1 Li te kontinye anseye sou pouvwa atravè ane yo. Depi jou nou te soutni Prezidan Nelson kòm pwofèt nou an, li toujou anseye sou prensip pouvwa a—espesyalman pouvwa Bondye—ak kijan nou kapab gen aksè nan li. Li montre nou kijan nou kapab atire pouvwa Bondye sou nou lè n ap sèvi lòt moun,2 kijan repantans envite pouvwa Jezikri ak Ekspyasyon L la nan lavi nou,3 ak kijan prètriz la—pouvwa ak otorite Bondye—beni tout moun ki fè ak kenbe alyans yo avèk Li.4 Prezidan Nelson temwaye kijan pouvwa Bondye ka vide sou tout moun ki dote nan tanp lè yo kenbe alyans yo.5

Mwen te patikilyèman touche pa yon defi Prezidan Nelson te bay nan konferans jeneral Avril 2020 an. Li te ba nou entriksyon pou nou te “etidye epi priye pou nou aprann plis sou pouvwa ak konesans yo te dote nou an—oubyen ke nou pral resevwa nan dotasyon an.”6

Kòm repons pou envitasyon sa a, mwen te etidye epi priye epi m te aprann kèk bagay ki itil sou pouvwa ak konesans mwen te resevwa nan dotasyon m nan—oubyen ke mwen pral resevwa nan dotasyon mwen.

Li pa fasil pou nou konprann kisa nou dwe fè pou nou jwenn aksè nan pouvwa Bondye nan lavi nou, men mwen dekouvri ke sa posib lè nou etidye l nan lespri nou epi nou priye pou Sentespri a ka eklere nou.7 Èldè Richard G. Scott te ofri nou yon definisyon klè sou kisa pouvwa Bondye a ye: se “pouvwa pou nou fè pi plis pase sa nou ka fè poukont nou.”8

Ranpli kè nou ak nanm nou avèk pawòl Bondye a ak fondsayon lafwa nan Jezikri se bagay ki enpòtan pou nou fè pou n ka rale pouvwa Bondye desann pou ede nou nan tan difisil sa yo. Si nou pa antre pawòl Bondye a ak lafwa nan Jezikri fon nan kè nou, temwayaj nou ak lafwa nou ka febli, epi nou kapab pèdi aksè nan pouvwa Bondye vle ba nou an. Lafwa sipèfisyèl pa sifizan. Se sèl lafwa ak pawòl Bondye a ki ranpli tout nanm nou ki ka ase pou ba nou soutyen—epi pèmèt nou jwen aksè nan pouvwa Li.

Lè mwenmenm avèk Sè Johnson t ap elve pitit nou yo, nou te ankouraje yo chak yo pou yo te aprann jwe yon enstriman mizik. Men nou te pèmèt timoun nou yo pran leson mizik sèlman si yo te fè pati pa yo a epi pratike enstriman yo a chak jou. Yon jou Samdi, Jalynn, piti fi nou an, te eksite pou l t al jwe avèk zanmi l yo, men li potko pratike pyano. Kòm li te deja konnen li te fè yon promès pou l te pratike pou 30 minit, li te gen entansyon itilize yon kwonomèt, paske li pa t vle pratike menm yon minit anplis pase sa l te oblije fè a.

Pandan li t ap pase devan ‘microwave’ la pou li t al jwe pyano a, li te kanpe epi l te apiye sou kèk bouton. Men olye pou l te fikse lè a sou kwonomèt la, li te mete microwave la pou l te chofe pou 30 minit epi li te apiye sou bouton derape a. Apre 20 minit ap pratike, li te retounen nan kuizin nan pou li t al gade konbyen tan ki te rete epi l te jwenn microwave la te pran dife.

Li te kouri al nan lakou kay la kote m t ap fè travay, li te tonbe rele kay la t ap pran dife. Mwen te kouri antre nan kay la, epi, vrèman vre, mwen te jwen microwave la pran dife.

Nan yon efò pou m te proteje kay la pou l pa t pran dife, mwen te pase men m dèyè microwave la, mwen te dekonnekte li, epi m te itilize kòd la pou m te retire microwave la ki te pran dife a sou etajè a. Nan espwa pou m te ka yon hero epi sove jou a ansanm ak kay la, mwen te vire microwave la ak tout dife a an won pou l pa t kole ak kò mwen, mwen te kouri al nan lakou a, epi ak yon sèl mouvman, mwen te voltije microwave la sou gazon an. La, nou te kapab itilize yon kawoutchou pou vide dlo sou li pou nou te resi rive etenn gwo flanm dife yo.

Kisa ki te mal fèt? Yon microwave bezwen gen yon bagay anndan l pou l ka absòbe enèji li degaje a, men lè pa gen anyen pou absòbe enèji a anndan l, se limenm k ap absòbe tout enèji sa a, li vin cho, epi li kapab menm pran dife, epi konsa detwi tèt li vin tounen yon pil dife ak sann.9 Microwave nou an te pran dife epi li te boule paske pa t gen anyen andedan li.

Konsa tou, moun ki genyen lafwa ak pawòl Bondye a nan fon kè yo ap kapab absòbe epi simonte flèch anflame nou sèten advèsè a ap voye pou detwi nou yo.10 Si se pa sa, lafwa nou, esperans nou, ak konviksyon nou p ap reziste, epi, menmjan ak microwave vid la, nou kapab vin yon viktim.

Mwen aprann ke lè m gen pawòl Bondye a nan fon kè m, ansanm ak lafwa nan Sovè a Jezikri ak nan Ekspyasyon L lan, sa pèmèt mwen fè apèl ak pouvwa Bondye pou m venk advèsè a ak tout sa li kapab voye sou mwen. Lè nou ap afwonte difikilte, nou kapab repoze sou promès Sovè a Paul te anseye nou an: “Paske se pa yon espri laperèz Bondye mete nan nou; men, se yon espri fòs, lanmou, ak sajès.”11

Nou konnen kijan Sovè a lè li te piti li te “gen kont lespri li, epi favè Bondye te avèk li.”12 Nou konnen ke pandan l t grandi, “Jezi te grandi nan sajès ak wotè, epi li te aji nan fason ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.”13 Epi nou konnen ke, lè l te kòmanse ministè L la, moun ki te tande Li te “sezi tande doktrin ni an: paske li t ap pale avèk otorite. ”14

Atravè preparasyon, Sovè a te gandi nan pouvwa epi li te rive reziste anba tout tantasyon Satan yo.15 Si nou suiv egzanp Sovè a epi nou prepare nou atravè etid pawòl Bondye a epi nou apwofondi lafwa nou, nou kapab fè apèl a pouvwa Bondye pou nou reziste anba tantasyon.

Nan epòk restriksyon rasanbleman sa a ki fè patisipasyon regilye nan tanp enposib la, mwen te fè yon plan pou m te etidye epi aprann plis sou pouvwa Bondye nou ka jwenn lè nou fè ak kenpe alyans tanp yo. Jan l te promèt nan priyè konsekrasyon Tanp Kirkland nan, nou kite tanp la ame avèk pouvwa Bondye.16 Pa gen dat ekspirasyon ki asosye avèk pouvwa Bondye vide sou moun ki fè ak kenbe alyans nan tanp yo, ni pa gen restriksyon ki anpeche nou gen aksè nan pouvwa sa a pandan yon pandemi. Pouvwa li diminye nan lavi nou sèlman si nou pa kenbe alyans nou epi nou pa viv yon fason ki pèmèt nou kontinyèlman kalifye pou nou resevwa pouvwa li.

Pandan m t ap sèvi yon misyon avèk madanm mwen nan Thailande, Laos ak Myanmar, nou te temwen ak de grenn je nou de pouvwa Bondye bay moun ki fè epi ki kenbe alyans sakre tanp yo. Fon Asistans pou Izaje Tanp yo te ede anpil Sen nan peyi sa yo ale nan tanp apre yo te fin fè tout efò yo te kapab atravè sakrifis pèsonèl ak preparasyon. Mwen sonje nou te rankontre ak 20 manm fidèl nan Laos, nan yon ayewopò nan Bangkok, nan Thailande, pou nou te ka ede yo fè transfè ale nan yon lòt ayewopò nan lavil Bangkok la pou yo te ka pran yon lòt vòl a destinasyon pou Hong Kong. Manm sa yo te ranpli ak antouzyas paske yo te resi kapab vwayaje pou yo t ale nan kay Senyè a.

Imaj
Manm nan Laos yo

Lè nou te rankontre ak gwoup Sen sa yo lè yo te retounen, matirite nan levanjil la ak pouvwa ki soti nan resevwa dotasyon yo nan tanp lan ak nan antre nan alyans avèk Bondye a te evidan. Sen sa yo klèman te sòti nan tanp la “ame avèk pouvwa [Li].”17 Pouvwa sa a pou yo ka fè plis pase sa yo te ka fè poukont yo a te bayo fòs pou yo te andire tout difikilte yo te genyen paske yo sete manm legliz la nan peyi yo ak pou yo te ka sipòte “gwo bagay ki “ekstraòdinè epi ki gloriye, nan verite,”18 pandan yo t ap kontinye bati wayòm Bondye a nan Laos.

Pandan peryòd nou pa kapab ale nan tanp lan, èske nou chak apiye sou alyans nou te fè nan tanp yo pou nou etabli yon chemin ki klè, ki enchanjab nan lavi nou? Alyans sa yo, lè nou kenbe yo, ka ba nou yon vizyon ak espwa konsènan lefiti ak yon detèminasyon klè pou kalifye nou pou nou resevwa tout sa Bondye promèt nou atravè fidelite nou.

M envite nou pou nou chèche pouvwa Bondye vle ba nou an. Mwen temwaye ke si nou chèche pouvwa sa a, n ap beni avèk yon pi gwo konpreyansyon sou lanmou Pè Selès la genyen pou nou.

Mwen temwaye ke, paske Pè Selès la renmen oumenm avèk mwen, Li te voye Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, pou L te ka Sovè nou ak Redanmtè nou. Mwen temwaye konsènan Jezikri, Li menm ki gen tout pouvwa, a19 epi m fè sa nan non Jezikri, amèn.