Konferans Jeneral
Sè nan Siyon yo
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Sè nan Siyon yo

Nou pral yon fòs esansyèl nan rasanbleman Izrayèl la ak nan kreyasyon yon pèp Siyon.

Sè Byenneme m yo, se yon benediksyon pou mwen pou m pran lapawòl pandan moman mèveye sa a nan istwa mond lan. Chak jou n ap avanse pi pre moman gloriye kote Senyè a Jezikri ap vini sou tè a ankò a. Nou konnen kèk bagay apwopo evenman tèrib ki gen pou rive avan L vini yo, men malgre sa kè nou gonfle ak kontantman ak konfyans tou paske nou konnen pwomès gloriye ki pral akonpli anvan retou L la.

Antanke pitit fi byenneme Papa nou ki nan Syèl la, e antanke pitit fi Senyè a Jezikri nan wayom Li a, 1 ou pral jwe yon wòl enpòtan nan moman enpòtan k ap vini yo. Nou konnen Sovè a ap vini pami yon pèp ki ap rasanble epi prepare pou yo viv tankou pèp ki t ap viv nan vil Enòk la. Pèp nan vil sa a te ini nan lafwa nan Jezikri e yo te vin tèlman pi ke yo te vin anlve monte nan syèl la.

Men deskripsyon Senyè a revele sou sa ki te rive pèp Enòck la ak sa ki pral rive nan dènye dispansasyon plenitid tan sa a.

“Epi jou a pral rive pou tè a repoze, men, anvan jou sa a syèl la pral nwasi, epi yon vwal tenèb pral kouvri tè a; epi syèl la pral tranble, ak tè a tou; epi pral gen gwo tribilasyon pami nan pitit lèzòm, men m pral prezève pèp mwen an

“Epi m pral voye lajistis desann soti nan syèl la; epi m pral voye verite a soti nan tè a pou rann temwayaj konsènan Sèl Pitit Literal mwen an; rezirèksyon l nan pami mò yo; wi, epi tou rezirèksyon tout moun; epi m pral fè lajistis ak verite bale tè a menm jan delij la te fè a, pou rasanble moun m chawzi yo nan kat kwen tè a, pou ale nan yon plas m pral pare, yon Vil Sen, pou pèp mwen an kapab mare senti yo, epi pou yo rete tann lè m pral vini an paske se la tabènak mwen an pral ye, epi yo pral rele l Siyon, yon nouvo Jerizalèm.

“Epi Senyè a te di Enòk: Epi lè sa a, ou menm ak tout vil ou a pral rankontre yo nan kote sa a, epi nou pral resevwa yo nan zantray nou, epi yo pral wè nou; epi nou pral kouri kroke nan kou yo, epi nou pral anbrase youn lòt;

“ Epi se la kay mwen pral ye, epi se pral Siyon, ki pral soti nan pami tout kreyasyon m te fè; epi pou yon espas mil ane, tè a pral repoze,” 2

Noumenm sè yo, pitit fi nou yo, pitit pitit fi nou yo ak fi nou t ap pran swen yo pral nan sant kreyasyon sosyete moun sa a ki pral fòme asosyasyon gloriye sa a avèk Sovè a. N ap vin yon fòs esansyèl nan rasanbleman Izrayèl la ak nan kreyasyon yon pèp Siyon ki pral demere nan lapè nan nouvèl Jerizalèm nan.

Senyè a fè nou yon pwomès atravè pwofèt Li yo Lè Sosyete Sekou te fèk fòme, pwofèt Joseph Smith te di sè yo konsa, “Si nou byen itilize privilèj nou yo, pa gen anyen k ap anpeche zanj yo kolabore avèk nou. 3

Potansyèl mèveye sa a demere nan oumenm, e ou nan pwosesis preparasyon pou li a.

Prezidan Gordon B. Hinckley te di:

“Noumenm sè yo … nou pa plase an dezyèm nan plan bonè etènèl ak byennèt pitit Papa nou ki nan Syèl la. Nou se absoliman yon pati esansyèl nan plan sa a.

San noumenm plan an pa t ap fonksyone. San noumenm tout pwogram nan t ap echwe. …

“Nou chak se pitit fi Bondye, dote avèk yon dwadenès diven.” 4

Pwofèt aktyèl nou an, Prezidan RusselM. Nelson te bay deskripsyon sa a sou wòl nou jwe nan preparasyon pou vini Sovè a.

“Li t ap enposib pou n mezire enfliyans ke … fi yo genyen, non sèlman sou fanmi yo men nan Legliz Senyè a tou, antanke madanm, manman, ak grann; antanke sè ak matant; antanke enstriktris ak dirijan; e espesyalman antanke egzanp ak defansè fèvan lafwa.

“Sa te toujou vrè nan chak dispansasyon levanjil la depi epòk Adan ak Èv la. Men, fi yo nan dispansasyon sa a diferan de fi nan tout lòt yo paske dispansasyon sa a diferan de tout lòt yo. Distenksyon sa a pote alafwa privilèj ak responsablite.” 5

Dispansasyon sa a diferan paske Senyè a ap dirije nou pou nou vin prepare pou n vin tankou Vil Enòk la. Pa lentèmedyè apot ak pwofèt li yo, Li te dekri kisa transfòmasyon pou tounen pèp Siyon an t ap mande.

Èldè BruceR. McConkie te ansenye:

“[Tan Enòk la] sete yon tan mechanste ak malveyans, yon tan fènwa ak rebelyon, yon tan lagè ak dezolasyon ki te mennen nan delij dlo ki te netwaye latè a.

“Poutan Enòk limenm, te fidèl. Li te wè Senyè a, epi l te pale avèk Li fasafas jan yon nonm t ap pale avèk yon lòt.Moyiz 7:4.) Senyè a te voye li al kriye repantans nan mond lan, epi li te ba li yon kòmandman pou l te batize moun nan non Papa a, ak Pitit Gason an, ki plen lagras ak verite a, ak Sentespri a, ki rann temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an.Moyiz 1:39 Enòk te fè alyans epi l te rasanble yon kongregasyon vrè kwayan, tout moun te vin sitèlman fidèl ke Senyè a te vini epi l te demere avèk pèp li a, epi yo te demere nan lajistis, epi Senyè a te beni yo. Epi Senyè a te rele pèp li a Siyon, paske yo te gen yon sèl kè ak yon sèl panse, epi yo te viv nan lajistis; epi pa t gen pòv pami yo.Moyiz 7:18

“Apre Senyè a te fin rele pèp Li a Siyon, ekriti yo di ke Enòk te bati yon vil ki te rele Vil Sentete, ki vledi Siyon, Siyon sa; ’’Bondye te pran monte nan syèl la kote ’Bondye te resevwa l nan pwòp zantray pa l; epi depi lèsa a pawòl la te gaye, Siyon monte.’ Moyiz 7:18–19, 69

“Menm Siyon sa a Bondye te pran anlè nan syèl la pral retounen ,,, lè Senyè a mennen Siyon vini ankò, epi abitan Siyon yo ap rankontre avèk nouvèl Jerizalèm ki pral etabli lèsa a.” 6 .

Si lepase prepare nou pou lavni, nan moman vini Sovè a, fi ki pwofondeman angaje nan alyans yo fè ak Bondye yo pral reprezante plis pase mwatye nan moun ki ap prepare pou akeyi Li lè Li vini an. Men kèlkeswa kantite a, kontribisyon nou nan kreye inite pami moun ki prepare pou Siyon sa a ap pi plis lontan pase mwatye.

Mwen pral di nou poukisa mwen panse se konsa l ap ye. Liv Mòmon an ba nou yon resi sou yon pèp Siyon. Nou sonje sete apre Sovè resisite a te fin ansenye yo, renmen yo epi beni yo:“Pa t gen chirepit nan peyi a, poutèt lanmou Bondye ki te nan kè pèp la.” 7

Eksperyans mwen te aprann mwen ke pitit fi Papa nou ki nan Syèl la yo genyen yon don pou yo kalme kontansyon, ak ankouraje lajistis gras ak lanmou yo pou Bondye epi avèk lanmou Bondye yo anjandre nan moun y ap sèvi yo.

Mwen te wè l nan jenès mwen lè ti branch nou an te konn reyini nan mezon anfans mwen an. Mwenmenm ak frè m nan sete sèl detantè Pretriz Aawon, papa m sete sèl detantè Prètriz Melkisedèk. Prezidant Sosyete Sekou branch la sete yon konvèti, mari l pat kontan avèk sèvis li nan Legliz la. Tout manm yo sete sè aje ki pa t gen detantè prètriz lakay yo. Mwen te obsève manman m ak sè sa yo ki t ap renmen, soutni ak pran swen youn lòt san fayi. Kounyeya mwen vin reyalize ke m te resevwa yo apèsi sou Siyon.

Enstriksyon m sou enfliyans fi fidèl yo te kontinye nan yon ti branch Legliz la nan Albuquerque, Nouvo Meksik. Mwen te obsève madanm prezidan branch lan, madanm prezidan distri a ak prezidant Sosyete Sekou a ap rechofe kè chak nouvo vizitè ak konvèti. Jou Dimanch mwen te kite Albuquerque a, apre m te fin obsève enfliyans sè yo kote sa a pandan dezan, premye pieu a te kreye. Kounyeya Senyè a mete yon tanp kote sa.

Apresa mwen t al abite Boston kote mwen te sèvi nan prezidans distri ki te prezide sou kèk ti branch ki te epapiye nan de eta. Plis pase yon fwa, te gen anpil kontansyon ki te rezoud gras avèk lanmou ak konpasyon fi yo ki te ede adousi kè moun yo. Jou Dimanch mwen te kite Boston an, yon manm nan Premye Prezidans lan te òganize premye pieu nan Massachusetts la. Gen yon tanp kote sa a kounye a, toupre kote prezidan distri a te rete a. Li te retounen vin aktif nan Legliz la epi nan apre li te aple pou sèvi kòm yon prezidan pieu epi apresa yon prezidan misyon, ki te enfliyanse pa yon madanm fidèl e eman.

Sè mwen yo, nou gen benediksyon pou nou se pitit fi Bondye avèk don espesyal. Nou pote avèk nou nan lavi mòtèl la yon kapasite espirityèl pou nou pran swen lòt moun epi elve yo piwo vè lanmou ak pite k ap kalifye yo pou yo viv ansanm nan yon sosyete Siyon an. Se pa yon aksidan ke Sosyete Sekou, premye òganizasyon Legliz la espesyalman pou pitit fi Papa nou ki nan Syèl la yo, gen pou deviz “Charite Pa janm Peri.”

Charite se amou pi Kris la. Epi se lafwa nan Li ak tout efè sakrifis ekspyatwa enfini L la ki ap kalifye noumenm, avèk moun nou renmen ak sèvi yo, pou kado mèveye ki se viv nan sosyete Siyon pwomi sa a n ap tann lontan an. Kote sa a, n ap vin sè nan Siyon, kote Senyè a ak moun nou te beni yo ap renmen nou an pèson.

Mwen temwanye ke nou se sitwayèn wayòm Senyè a sou tè a. Nou se pitit fi yon Pè Selès eman, ki voye nou nan mond la avèk don isan parèy ke nou te pwomèt pou nou itilize pou beni lòt moun. Mwen pwomèt nou ke Senyè a ap pran men nou, pou dirije nou atravè Sentespri a. L ap mache devan nou pandan n ap ede l prepare pèp Li a pou l vin Siyon Li te pwomèt la. Konsènan sa mwen temwanye nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Doktrin ak Alyans 25:1.

  2. Moyiz 7:61-64; anfaz ajoute.

  3. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 454; italik ajoute.

  4. Gordon--B. Hinckley, “Fi yo nan Legliz la, “Women of the Church,” Ensign, Nov. 1996, 67.

  5. Russell M. Nelson, “Yon egzòtasyon pou sè m yo,” Liahona, Nov. 2015, 96; italik ajoute.

  6. Bruce R. McConkie, “Bati Siyon,” Tambuli, Sept. 1977, 13; italik ajoute.

  7. 4 Nefi 1:15.