Konferans Jeneral
Aji avèk Jistis, Renmen Mizerikòd, epi Mache avèk Bondye nan imilite
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Aji avèk Jistis, Renmen Mizerikòd, epi Mache avèk Bondye nan imilite

Aji avèk jistis vledi aji onorableman. Nou aji onorableman avèk Bondye lè nou mache enbleman avèk li. Nou aji onorableman avèk lòt moun lè nou renmen yo ak mizerikòd.

Antanke disip Jezikri, epi antanke Sen Dènye Jou, nou fè efò—epi yo ankouraje nou pou nou fè efò—pou n fè pi byen epi vin pi bon.1 Petèt nou konn mande, menm jan ak mwen, “Èske m ap fè ase?” “Ki lòt bagay m ka fè?” oubyen “Kijan mwen ka, kòm yon moun enpafè, kalifye pou m ‘abite avèk Bondye nan yon eta bonè san fen’?”2

Pwofèt Ansyen Testaman an, Miche, te poze kesyon an nan fason sa a: “Avèk kisa mwen pral rive devan Senyè a, epi bese tèt mwen devan Bondye gran an?”3 Iwonikman Miche t ap mande si menm ofrann egzòbitan yo ta gen dwa ase pou konpanse pou peche, lè l di, “Èske Senyè a pral pran plezi nan kèk milye mouton yo, oubyen di mil … rivyè luil? Èske m pral bay premye pitit mwen pou … peche nan nanm mwen an?”4

Repons lan se non. Bon aksyon pa sifi. Nou pa ka achte sali.5 Menm pakèt sakrifis Miche sigjere yo pa kapab rachte pi piti peche a. Si se pou pwòp efò pa nou, pèspektiv pou retounen viv nan prezans Bondye a san espwa.6

San benediksyon ki soti nan Pè Selès la ak Jezikri, nou pa ka janm fè ase ni vin bon ase pou tèt pa nou. Bòn nouvèl la, malgresa, sèke gras ak Jezikri epi atravè Jezikri, nou ka vin ase.7 Tout moun ap sove anba lanmò fizik pa lagras Bondye, atravè lanmò ak Rezireksyon Jezikri a.8 Epi si nou vire kè nou bay Bondye, sali anba lanmò espirityèl vin disponib pou tout moun “atravè Ekspyasyon [Jezi] Kris la … pa obeyisans nan lwa ak òdonans yo nan levanjil la.”9 Nou ka jwenn redanmsyon anba peche pou n ka kanpe pwòp ak pur devan Bondye. Jan Miche te eksplike a, “[Bondye] te montre ou, O lòm, sa ki bon; epi kisa Senyè a vrèman mande ou, sinon pou aji ak jistis, epi renmen ak mizerikòd, epi mache nan imilite avèk Bondye w la?”10

Enstriksyon Miche pou vire kè nou bay Bondye ak kalifye nou pou sali a gen twa eleman ki konekte ansanm. Aji avèk jistis vle di aji onorableman avèk Bondye epi avèk lòt moun. Nou aji onorableman avèk Bondye lè nou mache enbleman avèk li. Nou aji onorableman avèk lòt moun nan renmen yo ak mizerikòd. Konsa aji avè jistis se yon aplikasyon pratik premye ak dezyèm gran kòmandman an, pou “renmen Senyè Bondye w la avèk tout kè ou, epi avèk tout nanm ou, epi avèk tout panse ou … [epi pou] renmen pwochen ou tankou oumenm.”11

Aji avèk jistis epi mache enbleman avèk Bondye se pou nou entansyonèlman ekate men nou lwen inikite, mache nan prensip Li yo, epi aji sensèman.12 Yon moun ki jis vire lwen peche epi nan direksyon Bondye, li fè alyans avèk Li, epi l rete fidèl nan alyans sa yo. Yon moun ki jis chwazi pou l respekte kòmandman Bondye yo, repanti lè l fè erè, epi kontinye eseye.

Lè Kris resisite a te vizite Nefit yo, li te eksplike ke lwa Moyiz la te ranplase pa yon lwa siperyè. Li te ba yo enstriksyon pou yo pa t “ofri … sakrifis ak … ofrann boule” ankò men pou yo te ofri “yon kè brize ak yon espri kontri.” Li te pwomèt tou, “Epi nenpòt moun ki vin jwenn mwen avèk yon kè brize ak yon lespri kontri, m ap batize l avèk dife epi avèk Sentespri a.”13 Lè nou resevwa don Sentespri a apre batèm epi nou itilize li, nou ka jwi konpayi konstan Sentespri a epi jwenn enstriksyon sou tout sa nou ta dwe fè,14 enkli fason pou nou mache enbleman devan Bondye.

Sakrifis Jezikri pou peche ak sali anba lanmò espirityèl la disponib pou tout moun ki gen yon kè brize ak yon lespri kontri.15 Yon kè brize ak yon lespri kontri ankouraje nou pou nou repanti chak jou epi eseye vin plis tankou Pè Selès nou an ak Jezikri. Lè nou fè sa, nou resevwa pouvwa netwayaj, gerizon, ak fòtifyan Sovè a. Nou pa sèlman mache avèk jistis epi enbleman devan Bondye, nou pare tou pou nou renmen mizerikòd nan fason ke Pè Selès la ak Jezikri fè a.

Bondye rejwi nan mizèrikòd epi Li kontan lè nou itilize li. Dapre pawòl Miche yo, “Kiyès ki se yon Bonye tankou ou, ki padone inikite, … ap gen konpasyon pou nou,” epi pral jete tout … peche yo nan fon lanmè.”16 Renmen mizerikòd menm jan ak Bondye konekte solidman avèk aji an jistis avèk lòt moun epi pa maltrete yo.

Yo te souliyen enpòtans pou nou pa maltrete lòt moun nan nan yon istwa sou Hillel the Elder (Ansyen an), yon pwofesè Juif ki te viv nan premye syèk anvan Kris la. Youn nan elèv Hillel yo te bouke avèk konpleksite Torah a—senk premye liv Moyiz yo avèk 613 kòmandman ladan l yo ak ekriti rabinik ki asosye yo. Elèv la te bay Hillel defi poou l te eksplike l Torah pandan l ap itilize sèlman kantite tan Hillel te ka pase kanpe sou yon pye. Hillel ka pa t gen bon ekilib men li te aksepte defi a. Li te site Levitik, li te di, “Ou pa dwe vanje, ni gen rankin kont pitit pèp ou an, men se pou ou renmen pwochen ou tankou tèt ou.”17 Apre sa Hillel te konkli rapidman.“Pa fè pwochen w sa w pa ta vle yo fè ou. Se sa tout Torah a ye, rès la se kòmantè. Ale epi etidye.”18

Toujou aji onorableman avèk lòt moun fè pati renmen ak mizerikòd la. Konsidere yon konvèsasyon mwen te tande sa gen kèk deseni nan depatman ijans Lopital John Hopkins nan Baltimore, Maryland, nan Etazini. Yon pasyan, Mr. Jackson, sete yon nonm koutwa, plezan ke tout anplwaye lopital yo te konnen trè byen. Li te ospitalize avansa plizyè fwa pou tretman maladi ki asosye avèk alkòl. Nan okazyon sa a, Mr. Jackson te retounen lopital la pou sentom ki ta pral dyagnostike kòm enflamasyon pankreyas li ke alkòl pwovoke.

Prèske nan fen jou travay li, Dr. Cohen, yon doktè admirab, gran travayè, te evalye Mr. Jackson l te epi detèmine ke l te oblije ospitalize. Dr. Coghen te asiyen Dr. Jones, pwochen dokè an wotasyon an, pou admèt Mr. Jackson epi dirije tretman li.

Dr Jones te ale nan yon lekòl medsin prestijye e li te fèk kòmanse rezidans li. Fòmasyon sa a te souvan asosye avèk mank somèy, ki te grandman kontribye nan repons negatif Dr Jones lan. Paske l te devan senkyèm admisyon li pou nuit lan, Dr. Jones te plenyen byen fò bay Dr, Cohen. Li te santi sa pa t jis pou l te oblije pase pil èdtan ap pran swen Mr. Jackson, paske, apretou, se limenm ki chwazi pou fè tèt li soufri.

Repons kategorik Dr. Cohen nan te soti avèk yon vwa ki te prèske yon chichotman. Li te di, “Dr. Jones, ou te vin yon doktè pou w pran swen moun epi travay pou geri yo. Ou pa t vin yon doktè pou w jije yo. Si w pa konprann diferans lan, ou pa gen dwa pou w vin fè fòmasyon nan enstitisyon sa a.” Apre koreksyon sa a, Dr. Jones te dilijaman pran swen Mr. Jackson pandan ospitalizasyon an.

Mr. Jackson te vin mouri nan apre. Dr. Jones ansanm ak Dr. Cohen te byen reyisi nan karyè yo. Men nan yon moman desizif nan fòmasyon l lan, Dr. Jones te bezwen yo raple l pou l te aji avèk jistis, pou l te renmen avèk mizerikòd, epi pou l te pran swen Mr. Jackson san l pa t pote jijman.19

Atravè ane yo, mwen te benefisye de rapèl sa a. Mizerikòd nan lanmou vledi ke nou pa sèlman renmen mizerikòd Bondye ofri nou an; men nou kontan ke Bondye ofri menm mizerikòd la bay lòt moun. Epi nou suiv egzanp li. “Tout moun se menm devan Bondye,”20 epi nou tout ap bezwen tretman espirityèl pou ba nou èd ak gerizon. Senyè a te di, “Ou pa dwe estime yon moun plis pase yon lòt, oubyen yon moun pa ta dwe panse li plis pase yon lòt.”21

Jezikri te bay egzanp kisa sa vledi pou n aji ak jistis epi renmen ak mizerikòd. Li te libreman asosye avèk pechè yo, Li te trete yo onorableman epi avèk respè. Li te anseye lajwa nan respekte kòmandman Bondye yo epi L te chèche sipòte olye L te kondane moun ki te gen difikilte yo. Li te denonse sila yo ki te blame li pou sèvis li pou moun yo te konsidere kòm endiy yo.22 Kalite enjistis sa a te ofanse Li e sa toujou ofanse Li.23

Pou vin tankou Kris la, yon moun dwe aji ak jistis, gen konpòtman onorab avèk alafwa Bondye ak lòt moun. Yon moun jis rete janti nan pawòl li ak nan aksyon li epi li rekonèt ke diferans nan konsepsyon oswa kwayans pa anpeche jantiyès ak amitye sensè. Moun ki aji avèk jistis “pa p gen dispozisyon pou yo blese youn lòt, men pou yo viv pezibleman”24 youn avèk lòt.

Pou vin tankou Kris la, yon moun dwe renmen mizerikòd. Moun ki renmen mizerikòd pa prese jije; yo manifeste konpasyon pou lòt moun, espesyalman pou moun ki gen mwens chans; yo elegan, yo janti, yo onorab. Moun sa yo trete tout moun avèk lanmou ak konpreyansyon, kèlkeswa karakteristik tankou ras, sèks, afilyasyon relijye, oryantasyon seksyèl, nivo sosyoekonomik, ak diferans tribi, klan, oswa nasyonalite. Lanmou kretyen ranplase bagay sa yo.

Pou vin tankou Kris la, yon moun dwe chwazi Bondye,25 mache enbleman avèk li, chèche fè l plezi, epi kenbe alyans yo avèk li. Moun ki mache enbleman avèk Bondye sonje sa Pè Selès la ak Jezikri fè pou yo.

Èske m ap fè ase? Ki lòt bagay mwen ta dwe fè? Aksyon nou fè an repons a kesyon sa yo esansyèl pou bonè nou nan lavi sa a ak nan etènite yo. Sovè a pa vle pou nou pran sali alalejè. Menm apre nou fin fè alyans sakre yo, gen yon posiblite pou nou “tonbe lwen lagras la epi pou ekate lwen Bondye vivan an.” Konsa, nou ta dwe “fè atansyon epi toujou priye” pou evite tonbe “nan tantasyon;.”26

Nan menm tan an tou, Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri pa vle pou nou bloke tèt nou pa ensètitid san rete pandan vwayaj nou nan mòtalite a, nan mande si nou te fè ase pou sali ak egzaltasyon nou. Asireman yo pa vle pou nou kite erè nou te repanti pou yo yo toumante nou, nan panse avèk yo kòm blesi ki pap janm geri,27 oubyen enkyete aleksè pou nou pa trebiche ankò.

Nou ka evalye pwòp pwogrè nou. Nou ka konnen ke “trajektwa lavi [n ap suiv] la, rete annakò avèk volonte Bondye”28 lè nou aji avèk jistis, renmen mizerikòd, epi mache enbleman avèk Bondye. Nou enkòpore kalite Pè Selès la ak Jezikri yo nan karaktè nou epi nou youn renmen lòt.

Lè w fè bagay sa yo, w ap suiv chemen alyans lan epi kalifye w pou w “abite avèk Bondye nan yon eta bonè san fen”29 Nanm nou pral enspire avèk laglwa Bondye epi avèk limyè lavi etènèl la.30 Ou pral ranpli avèk lajwa enkonpreyansib.31 Mwen temwaye ke Bondye vivan epi Jezi se Kris la, Sovè ak Redanmtè nou, epi avèk amou, Li jwayezman lonje mizèrikòd bay nou tout. Èske w pa renmen sa? Nan non Jezikri, Amèn.