Konferans Jeneral
Te Gen Pen
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Te Gen Pen

Si nou chèche vin prepare tanporèlman, n ap kapab afwonte eprèv lavi yo avèk gwo konfyans.

Anvan restriksyon vwayaj ki koze pa pandemi aktyèl la, m t ap retounen lakay mwen apre yon asiyasyon entènasyonal ki te kreye yon eskal yon dimanch akoz de pwoblèm nan aranjman orè m. M te gen tan ant vòl yo pou m te asiste yon reyinyon Sentsèn lokal epi m te gen chans pou m te pataje yon brèf mesaj. Apre reynyon an, yon dyak antouzyas te vin bòkote m epi li te mande si m te konn Prezidan Nelson e si m te janm gen chans ba l lamen. M te reponn wi m konnen l, ke m konn ba l lamen epi, kòm yon manm nan Episkopa Prezidan an, m gen opòtinite pou m rankontre Prezidan Nelson plizyè fwa chak semèn.

Lè sa a, jèn dyak la te chita sou yon chèz, li te leve men l anlè, epi l te di, “Jodia se pi se pi gwo jou nan lavi m”! Frè m ak sè m yo, m ka pa leve men m anlè pou m rele, men, m etènèlman rekonesan pou yon pwofèt vivan, ak pou direksyon nou resevwa nan men pwofèt, vwayan, ak revelatè yo, espesyalman pandan epòk difikilte sa yo.

Depi nan kòmansman, Senyè a bay pèp li a direksyon pou ede yo prepare yo espirityèlman ak tanporèlman, kont kalamite ke Li konnen ki t ap vini kòm yon pati nan eksperyans mòtèl sa a. Kalamite sa yo ka pèsonèl oubyen jeneral nan nati yo, men direksyon Senyè a ap bay pwoteksyon ak sipò nan menm dimansyon ke nou koute ak suiv konsèy Li. Nou jwenn yon bèl egzanp nan yon istwa ki nan liv Jenèz la, kote nou aprann istwa Joseph an Ejip la ak entèpretasyon enspire l la sou rèv Farawon an.

“Epi Jozèf te di Farawon, … Bondye te montre Farawon sa L pral fè. …

“Pandan sèt ane pral gen bèl rekòt nan tout peyi Ejip la:

“Epi apre sa, pral gen set ane grangou; Lè sa a, moun pral bliye tout bèl rekòt yo te fè nan peyi a.” 1

Farawon te koute Jozèf epi, erezman, li te reponn a sa Bondye te montre l nan rèv la epi imedyatman li te fè preparasyon pou sa k ta pral rive a. Ekriti yo di:

“Epi nan setyèm ane pakèt abondans lan, tè a te pwodui anpil.

“Epi l te rasanble tout manje yo pandan set ane. …

“Epi Jozèf te rasanble mayi tankou sete grenn sab lanmè, … jistan l pat ka konte; paske kantite a te twòp.” 2

Lè sèt ane abondans yo te fin pase, yo di nou konsa, “sèt ane tè sèch te kòmanse vini, jan Joseph te di a: epi tè sèch la te nan tout peyi; men, nan tout peyi Ejip la, te gen manje.” 3

Jodi a, nou beni paske nou gen pwofèt ki ap dirije nou, ki konprann nesesite pou nou prepare nou kont kalamite “ki gen pou vini” 4 tanporèlman ak espirityèlman, epi tou ki rekonèt limitasyon oubyen restriksyon nou ka rankontre lè n ap fè efò pou nou suiv konsèy yo.

Li klè pou nou konprann ke efè KOVID-19 yo, ansanm avèk dezas natirèl devastatè yo pa epaye pèsonn, yo travèse fontyè ras, fwontyè sosyal, ak fwontyè relijyon nan chak kontinan. Moun pèdi travay yo epi revni yo diminye pandan revokasyon ap afekte opòtinite pou travay yo, epi kapasite pou travay yo afekte pa sante ak pwoblèm legal.

Pou tout moun ki afekte, nou eksprime konpreyansyon nou ak sousi nou pou sityasyon w ye a, ansanm avèk konviksyon nou ke gen pi bon jou ki devan. Nou beni paske nou gen evèk ak prezidan branch ki ap chèche manm kongregasyon yo ki gen bezwen tanporèl yo epi ki gen aksè a zouti ak resous ki ka ede nou retabli lavi ou epi mete w sou chemen otonomi pandan w ap aplike prensip preparasyon yo.

Nan anviwònman jodi a, avèk yon pandemi ki devaste tout ekonomi osibyen ke lavi moun, sa pa t ap konsistan avèk konpasyon Sovè a pou n ta inyore reyalite ke anpil moun gen difikilte, epi pou n ta mande yo pou yo kòmanse bati yon rezèv manje ak lajan imedyatman. Sepandan, sa pa vle di ke nou dwe inyore prensip preparasyon yo nètale—sèlman, prensip sa yo ta dwe aplike “avèk sajès ak lòd,” 5 yon fason pou nou ka di, tankou Jozèf an Ejip la, “te gen pen.” 6

Senyè a pa atann pou nou fè plis pase sa nou ka fè, men Li atann pou nou fè sa nou ka fè,lè nou ka fè l. Prezidan Nelson te raple nou nan dènye konferans jeneral nou an, “Senyè a renmen efò.” 7

Imaj
Manyèl Finans pèsonèl nan tout lang

Dirijan Legliz yo souvan ankouraje Sen Dènye Jou yo “pou yo prepare pou advèsite nan lavi a nan prepare yon rezèv debaz nan manje ak dlo ak enpe lajan sere.” 8 An menm tan, yo ankouraje nou “pou nou saj” epi pou nou “pa egzajere” 9 nan efò nou pou nou etabli yon rezèv manje lakay nou ak yon rezèv finansye a. Gen yon livrè ki rele Finans Pèsonèl pou Otonomi, ki te pibliye an 2017 ki disponib kounyeya sou sit entènèt Legliz la nan 36 lang, ki kòmanse avèk yon mesaj Premye Prezidans lan, ki di,

“Senyè a deklare, ‘Se objektif mwen pou m pran swen Sen m yo.’ [Doctrine and Covenants 104:15]. Revelasyon sa a se pwomès Senyè a ke L ap bay benediksyon materyèl epi L ap ouvri pòt otonomi. …

Aksepte ak pratike prensip sa yo kalifye nou pi byen pou nou resevwa benediksyon tanporèl Senyè a pwomèt yo.

Nou envite ou pou w etidye ak aplike prensip sa yo epi pou w anseye manm fanmi w yo avèk dilijans. Si w fè sa, lavi w ap beni … [paske] ou se pitit Papa nou ki nan Syèl la. Li renmen w epi L pap janm abandone w. Li konnen w epi Li pare pou L lonje benediksyon espirityèl ak tanporèl otonomi yo ba ou.” 10

Liv sa a gen chapit ki konsakre a fè bidjè ak viv selon yon bidjè, pwoteje fanmi w kont difikilte, administre kriz finansye, ak envesti pou lavni, epi l disponib pou tout moun sou sit entènèt Legliz la oubyen atravè dirijan lokal ou.

Lè n ap konsidere prensip preparasyon an, nou ka gade dèyè sou Jozèf an Ejip la pou enspirasyon. Sèlman konnen sa k ta pral pase yo pa t ap sifi pou te ede yo travèse ane “mèg” yo san yon degre sakrifis pandan ane abondans yo. Olye yo te depanse tout sa yo te pwodui, yo te etabli limit, epi yo te suiv yo, yo te satisfè bezwen imedya yo ansanm avèk bezwen pou lavni yo. Sa pa t ase pou yo te sèlman konnen tan difisil ta pral vini. Yo te oblije aji, epi gras ak efò yo, “te gen pen.” 11

Sa mennen nou nan yon kesyon enpòtan: “Enben, kisa?” Yon bon kote pou n kòmanse se pou nou konprann ke tout bagay spirityèl pou Senyè a, “epi nan okenn moman” Li pa janm ban nou “yon lwa ki tanporèl.” 12 Konsa, tout bagay pwente sou Jezikri, kòm fondasyon kote nou dwe bati menm preparasyon tanporèl nou.

Prepare tanporèlman ak otonòm vle di, “nou kwè ke atravè lagras oubyen pouvwa sipò Jezikri a ak pwòp efò pa nou, nou ka jwenn tout nesesite espirityèl ak tanporèl lavi a mande pou nou ak fanmi nou” 13

Aspè adisyonèl yon fondasyon espirityèl pou preparasyon tanporèl la vle di tou: aji “avèk sajès epi nan lòd,” 14 sa ki enplike prepare rezèv manje ak fè ekonomi ti kal pa ti kal, selon mwayen nou, osi byen ke anbrase “ti mwayen senp” yo, 15 ki se yon demonstrasyon lafwa ke Senyè a ap mayifye ti efò piti men ki konsistan nou yo.

Avèk yon fondasyon espirityèl an plas, nou ka reyisi nan aplike de eleman preparasyon tanporèl ki enpòtan—jere finans ak fè rezèv manje.

Prensip kle pou jere finans nan fason apwopriye yo gen ladan yo peye dim ak ofrann; elimine ak evite dèt, nan tout fason posib; prepare yon bidjè epi viv selon bidjè sa a; ak ekonomize pou demen.

Prensip kle pou rezèv manje yo enkli sere manje, sere dlo, kote sa posib; ansanm avèk lòt bagay ki nesesè yo, selon bezwen endividyèl ak familyal nou, tout sa, paske “meyè magazen an”” 16 se fwaye a, ki vin tounen “rezèv ki pi aksesib nan tan bezwen.” 17

Si nou anbrase prensip spirityèl yo epi nou chèche enspirasyon nan men Senyè a, n ap jwenn direksyon pou nou ka konn volonte Senyè a pou nou, endividyèlman e antanke fanmi, ak kijan pou nou pi byen aplike prensip enpòtan preparasyon tanporèl yo. Etap ki pi enpòtan pase tout lòt yo se kòmanse.

Èldè Bednar te anseye prensip sa a avèk elokans lè l te di, “Fè aksyon se egzèsis lafwa. … Vrè lafwa konsantre nan Senyè a ak sou Senyè a epi li toujou mennen nan aksyon ki jis.” 18

Frè m ak ak sè m yo, nan mond sa a ki ap chanje tout tan an, nou dwe prepare pou moman ensètitid yo. Menm avèk pi bon jou ki pi devan yo, nou konnen ke vale ak montay mòtalite yo ap kontinye. Lè n ap chèche prepare nou tanporèlman, nou ka fè fas a eprèv lavi yo avèk plis konfyans, avèk plis lapè nan kè nou, epi, tankou Jozèf an Ejip la, nou ap kabab di, “Te gen Pen.” 19 Nan non Jezikri, amèn.