Konferans Jeneral
Kenbe Chanjman yo
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Kenbe Chanjman yo

Atravè Jezikri, nou jwenn fòs pou nou fè chanjman ki dirab. Si nou vire gade l avèk imilte, l ap ogmante kapasite nou pou nou chanje.

Chè sè m yo, ala m kontan pou m avèk nou la a!

Imaj
Moun k ap peye nan makèt

Imajine w rantre nan yon magazen pou w achte yon atik ki vann 75 santim. Si w bay kesyè a $1.00, l ap ba w monnen paske w ba l pi plis pase sa atik la koute.

Imaj
Resevwa monnen an

Wa Benjamin te anseye pèp li a nan ansyen Amerik la gwo benediksyon nou resevwa nan men Sovè nou an, Jezikri. Li te kreye syèl la ak tè a ak tout bèl bagay n ap pwofite yo. 1 Atravè Ekspiyasyon enkondisyonèl li a, li ba nou yon mwayen pou nou rachte anba peche ak lanmò. 2 Lè nou montre gratitid nou pou li nan viv kòmandman l yo ak dilijans, li beni nou imedyatman, sa ki fè nou toujou gen dèt anvè li.

Li ba nou anpil, pi plis pase valè sa n ap janm kapab remèt li. Konsa, kisa nou kapab ba li, limenm ki te peye pri inestimab pou peche nou yo? Nou kapab remèt li monnen an. Nou kapab ba li chanjman nou. Se ka petèt yon chanjman nan panse nou, yon chanjman nan abitid nou, oubyen yon chanjman nan direksyon n ap pran. Anretou pou pri l peye pou nou chak la, Senyè a mande nou yon chanjman kè. Chanjman l mande nou an se pa pou benefis li, men se pou benefis pa nou. Men, kontrèman ak achtè a nan makèt la ki t ap reprann monnen nou remèt li a, Sovè plen lagras nou an senpleman envite nou pou nou kenbe monnen an.

Lè yo te fin tande pawòl wa Benjamin te pwononse yo, pèp li a te kòmanse kriye, yo te deklare kè yo te chanje, yo te di: “Akoz Lespri Senyè Toupisan an, ki opere yon gwo achanjman nan nou, … nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò, men okontrè pou nou kontinye fè byen nètalkole.” 3 Ekriti yo pa di ke yo te vin pafè imedyatman, men dezi yo pou yo te chanje a te pouse yo alaksyon. Chanjman kè yo a te fè yo rejte lòm oswa fi natirèl la epi efòse yo pou yo te vin pi plis sanble ak Jezikri.

Prezidan Henry-B. Eyring anseye: “Vrè konvèsyon an depann sou chèche l libreman nan lafwa, avèk anpil efò ak kèlke doulè. Aprèsa se Senyè a ki kapab … akòde mirak pirifikasyon ak chanjman an.” 4 Lè nou konbine efò nou avèk kapasite Sovè a pou chanje nou, nou vin tounen nouvo kreyati.

Lè m te pi jèn, mwen te konn imajine m ap mache sou yon wout vètikal ki ap monte nan direksyon objektif mwen pou lavi etènèl la. Chak fwa m te konn fè oubyen di yon bagay mal, m te konn santi m ap glise desann sou wout la, epi m t apral oblije rekòmanse vwayaj mwen an ankò. Sete kòmsi m te konn ateri sou kazye nan jwèt pou timoun ki rele Chit ak Echèl (Serpents et échelles) la, ki fè w retounen desann sot anlè pou w al nan kòmansman jwèt la ankò! Se te dekourajan! Men lè m te kòmanse konprann doktrin Kris la 5 ak kòman pou m aplike l chak jou nan lavi m, mwen te rejwenn espwa.

Imaj
Pwosesis pou nou chanje a mande pèseverans

Jezikri ba nou yon modèl kontinyèl pou n chanje. Li envite nou pou nou egzèse lafwa nan li, sa ki enspire nou pou nou repanti—“lafwa ak repantans sa a pote yon chanjman nan kè.” 6 Lè nou repanti epi nou vire kè nou ba li, nou akeri yon pi gwo dezi pou nou fè ak viv alyans sakre. Nou pèsevere jiska lafen nan kontinye aplike prensip sa yo pandan tout lavi nou ak nan envite Senyè a pou L chanje nou. Pèsevere jiska lafen vledi chanje jiska lafen. Kounyea mwen konprann ke m pa rekòmanse a zero nan chak tantativ mwen rate, men nan chak tantativ, mwen kontinye pwosesis chanjman m nan.

Gen yon fraz enspire nan tèm Jènfi yo ki di klèman, “Mwen cheri don repantans la epi m chèche amelyore m chak jou.” 7 Mwen priye pou nou kapab cheri bèl kado sa a e pou nou chèche chanje avèk yon entansyon reyèl. Pafwa, chanjman nou konn bezwen fè yo konn konsène yon peche ki grav. Men pi souvan, nou ap efòse nou pou nou rafine karaktè nou pou nou ka aliyen tèt nou avèk kalite Jezikri yo. Chwa nou fè chak jou yo ap ede nou pwogrese oubyen bloke pwogresyon nou. Chanjman regilye, piti men konstan, ap ede nou amelyore. Pa dekouraje. Chanjman se yon pwosesis ki dire pandan tout lavi. Mwen rekonesan dèske nan lit pou chanjman nou yo, Senyè a gen pasyans avèk nou.

Atravè Jezikri, nou jwenn fòs pou nou fè chanjman ki dirab. Si nou vire gade l avèk imilte, l ap ogmante kapasite nou pou nou chanje.

Anplis pouvwa Ekspiyasyon Sovè nou an genyen pou transfòme nou an, Sentespri a ap soutni nou ak gide nou nan efò nou yo. Li kapab menm ede nou konn ki chanjman nou dwe fè. Nou kapab jwenn èd ak ankourajman tou atravè benediksyon prètriz, nan lapriyè, nan jene ak ale nan tanp.

Menm jan tou, manm fanmi, lidè, ak zanmi nou fè konfyans kapab ede nou nan efò nou pou nou chanje a. Lè m te gen uitan, gran frè m nan, Lee, avèk mwen te konn pase tan ap jwe sou branch yon pyebwa sou katye a avèk zanmi nou yo. Nou te renmen rete ansanm avèk zanmi nou yo anba lonbraj pyebwa sa a. Yon jou, Lee te sot tonbe sou pyebwa a epi li te kase bra l. Bra kase l la te fè l vin difisil pou l te grenpe pyebwa a poukont li. Men lavi nan pyebwa a pa t menmjan ankò san li. Konsa, kèk nan nou te soutni l pa dèyè pandan lòt yo t ap rale l sou bon bra l la—epi san twòp efò—Lee te retounen sou pyebwa a. Bra l te toujou kase, men li te avèk nou ankò, pou pwofite de amitye nou an pandan li t ap geri.

Mwen souvan panse avèk eksperyans mwen lè m t ap jwe sou pyebwa a tankou yon tip aktivite nan levanjil Jezikri a. Nan lonbraj branch levanjil yo, n ap jwi anpil benediksyon ki asosye ak alyans nou yo. Kèk nan nou ka petèt tonbe soti nan sekirite ak alyans yo epi yo bezwen èd nou pou yo remonte nan sekirite levanjil la. Sa ka petèt difisil pou yo retounen pa pwòp mwayen pa yo. Èske nou ka jantiman bay yon ti pouch bò isit ak yon ti pouch bò laba pou ede yo geri pandan y ap pwofite de amitye nou an?

Si w ap soufri anba yon blese akoz ou te tonbe, tanpri kite lòt moun ede w retounen nan alyans ou yo ak benediksyon yo ofri yo. Sovè a ka ede w geri ak chanje pandan ke w antoure pa moun ki renmen ou.

Souvan m konn rankontre kèk zanmi m pa wè depi lontan. Pafwa, yo di m : “Ou pa chanje ditou!” Chak fwa mwen tande sa, mwen fè yon grimas, paske mwen espere m chanje atravè ane yo. Mwen espere m chanje depi yè! Mwen espere m vin pi janti, mwens kritik, e plis konpatisan. Mwen espere m reponn a bezwen lòt moun pi rapid, e mwen espere m jis gen yon ti kal plis pasyans.

Mwen renmen al monte mòn ki pre lakay mwen yo. Souvan, m konn gen yon ti wòch antre nan soulye m pandan m ap mache sou santye a. Finalman, mwen kanpe epi m souke l soti deyò soulye a. Men m toujou etone pou wè konbyen tan m aksepte mache nan doulè anvan m kanpe pou m debarase m de sa k ap irite m nan.

Lè n ap mache sou chemen alyans la, sa rive pafwa ke ti wòch antre nan soulye nou sou fòm move abitid, peche, oubyen move atitid. Pi vit nou sekwe yo soti nan lavi nou, se plis vwayaj nou nan mòtalite a ap jwaye ak satisfezan.

Kenbe chanjman yo mande efò. Mwen pa ka imajine m ki kanpe nan santye a pou m remete ti wòch annuiyan ak douloure m te fèk retire a nan soulye m ankò. Mwen pa t ap vle fè sa pa plis pase yon bèl papiyon pa t ap chwazi pou l retounen nan kokon li.

Mwen temwanye ke gras ak Jezikri, nou kapab chanje. Nou kapab ajiste abitid nou yo, modifye panse nou yo, e amelyore karaktè nou pou nou plis sanble avèk li. E avèk èd li, nou kapab kenbe chanjman an. Nan non Jezikri, Amèn.