Konferans Jeneral
Teste, Pwouve, epi Poli
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Teste, Pwouve, epi Poli

Pi gran benediksyon ki pral vini lè nou pwouve ke nou fidèl nan alyans nou yo pandan eprèv nou yo se pral yon chanjman nan nati nou.

Chè frè m ak sè m yo, mwen rekonesan pou m pale avèk nou jodi a. Souwè m se ba nou ankourajman lè lavi a sanble l espesyalman difisil ak ensèten. Pou kèk moun nan pami nou, moman sa a se kounyea. Si se pa kounyea, moman sa a gen pou l vini.

M pap eseye fè nou pè. Se yon reyalite—men, ki bay espwa—akoz objektif Bondye nan Kreyasyon mond la. Objektif sa a, sete pou L te bay pitit Li yo opòtinite pou pwouve ke yo dispoze ak kapab chwazi sa ki byen lè sa difisil. Nan fè sa, nati yo t ap chanje epi yo ta ka vin plis tankou L. Li te konnen sa t ap egzije yon lafwa fèm nan Li.

Majorite sa m konnen soti nan fanmi m. Lè m te gen anviwon yuitan, manman m ki sete yon fi ki te saj, te mande mwenmenm ak frè m nan pou nou te rache movèzèb avèk li nan ti jaden dèyè lakay nou an. Kounyea, sa sanble yon tach fasil, men, nou te abite New Jersey. Lapli te tonbe souvan. Sete yon teren ak tè ajil. Movèzèb yo te grandi pi vit pase legim yo.

M sonje fristrasyon m lè movèzèb yo te kase nan men m, epi rasin yo te rete anfonse byem fèm anba gwo labou a. Manman m ak frè m nan te depase m rapidman al byen lwen nan ranje pa yo a. Plis m te eseye se plis yo te kite m dèyè.

“ Bagay sa twò rèd!” Mwen te di:

Olye pou l ta gen senpati pou mwen, manman m te souri epi l te di, “O, Hal, sètènman li rèd. Li sipoze rèd. Lavi a se yon tès.”

Nan moman sa a, m te konnen pawòl li yo sete verite e yo t ap kontinye rete verite nan lavni m.

Rezon k fè manman m te gen bèl souri sa a te vin klè pou mwen plizyè ane apre lè m te li konsènan Pè Selès la ak Pitit Gason Byenneme L la ki t ap pale sou objektif ki fète kreye mond sa a epi bay pitit lespri yo opòtinite lavi nan mòtalite a:

“Epi nou pral pase yo anba eprèv sou li, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo;

“Epi sa ki kenbe premye eta yo a, m ap ajoute sou yo; epi sa ki pa kenbe premye eta yo a, yo p ap gen laglwa nan menm wayòm avèk sa ki kenbe premye eta yo a; epi sa ki kenbe dezyèm eta yo a, yo pral gen laglwa ki ajoute sou tèt yo pou tout tan gen tan.”1

Oumenm avèk mwen te aksepte envitasyon sa a, pou nou pase yon seri de tès epi pou nou pwouve ke nou t ap chwazi obeyi komandman Bondye yo lè nou pa t ap nan prezans Papa nou ki nan syèl la ankò.

Menm avèk yon envitasyon plen lanmou Pè Selès nou an fè a, Lisifè te pèsyade yon tyè nan pitit lespri yo pou yo te suiv li epi pou yo te rejte plan Papa a pou devlòpman ak bonè etènèl nou an. Poutèt rebelyon Satan, yo te chase l avèk disip li yo. Kounyea, l ap eseye detounen otan de moun li kapab lwen Bondye pandan lavi mòtèl sa a.

Nou menm ki te aksepte plan an, nou te fè sa poutèt lafwa nou nan Jezikri, ki te ofri pou l te vin Sovè ak Redanmtè nou Siman lè sa a nou te gen konfyans ke, kèlkeswa feblès nou t ap genyen nan mòtalite a, e kèlkeswa fòs mal ki ta ka kont nou, bon fòs yo t ap pi gran anpil pase yo.

Pè Selès ak Jezikri konnen ou, yo renmen ou. Yo vle w retounen al jwenn yo pou w ka vin tankou yo. Siksè ou se siksè yo. Ou te santi amou sa a ke Sentespri a te konfime, lè w te li oubyen tande pawòl sa yo: “ Paske gade, sa a se travay mwen ak laglwa mwen—pou m m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”2

Bondye gen pouvwa pou L fè chemen nou vin pi fasil. Li te nouri pitit Izrayèl yo avèk lamàn. Nan ministè li nan mòtalite a, Senyè te geri malad, leve mò, ak kalme lanmè a. Apre rezirèksyon L la, Li te ouvri “prizon moun ki prizonye yo.”3

Malgre sa, Joseph Smith, yonn nan pi gran pwofèt Li yo, te soufri nan prizon, epi l te aprann leson nou tout ap benefisye epi nou tout ap toujou bezwen pandan eprèv lafwa tanzantan nou yo: “Epi si yo ta jete ou nan twou, oubyen nan men asasen, epi yo ba ou santans lanmò; si yo jete w nan ravin fon; si lang pèvès konspire kont ou; si move van vin tounen ènmi w; si syèl la rasanble tenèb, epi eleman yo konbine pou bare wout la; epi apre tout bagay sa yo, si bouch lanfè a menm ta louvri laj kont ou, ou dwe konnen, pitit gason m nan, tout bagay sa yo ap ba w eksperyans, epi se ap pou byen w,”4

Ou ta kapab mande tèt ou avèk rezon, poukisa yon Bondye eman ak toupuisan pèmèt pou tès nou nan mòtalite yo sitèlman rèd konsa. Se paske Li konnen nou dwe grandi nan pite ak nivo spirityèl pou nou kapab viv nan prezans Li avèk fanmi nou pou tout tan. Pou fè sa posib, Pè Selès la ban nou yon Sovè ak pouvwa pou nou chwazi pou tèt pa nou atravè lafwa, pou nou kenbe kòmandman L yo ak repanti pou nou vin jwenn Li.

Plan bonè Papa a gen kòm pwen santral pou nou vin plis tankou Pitit Gason Byenneme L la, Jezikri. Nan tout bagay, egzanp Sovè a se meyè gid nou. Li pat egzante anba nesesite pou L te prouve tèt Li. Li te soufri pou tout pitit Pè Selès yo, Li te peye pri tout peche nou. Li te santi soufrans tout moun ki te vini epi ki pral vini nan mòtalite a.

Lè wap mande ki kantite soufrans ou ka sipòte, ebyen, sonje Li. Li te soufri sa wap soufri a pou L te ka konnen kouman pou l ba ou sipò. Li ka pa retire chay la, men, L ap ba ou fòs, rekonfò ak esperans. Li konn chemen an. Li te bwè tas anmè a. Li te sipòte soufrans tout moun.

W ap nouri e rekonfòte pa yon Sovè eman, ki konnen kouman pou L pote ou sekou nan nenpòt tès w ap pase. Alma te ansenye:

“Epi li prale pou l soufri lapenn, afliksyon ak tout kalite tantasyon; e sa pral fèt pou pawòl la kapab akonpli, pawòl ki te di li pral pran lapenn ak maladi pèp li a sou tèt pa l.

“Epi, li pral pran lanmò sou tèt, pou l kapab lage kòd lanmò ki mare pèp li a; e li pral pran enfimite yo sou tèt, pou zantray li kapab plen avèk mizèrikòd dapre kò fizik la, pou l kapab konnen dapre kò fizik la kouman pou l pote pèp li a sekou dapre enfimite yo.”5

Yon fason Li pral pote w sekou se envite w pou w toujou sonje Li epi pou w vin jwenn Li. Li ankouraje nou:

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma soulaje nou.

“Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou, pran leson nan men mwen; paske mwen dou ak enb nan kè: konsa, na viv ak kè poze.”6

Fason pou w vin jwenn Li a se fè yon festin avèk pawòl Li yo, egzèse lafwa ki mennen nan repantans, chwazi pou w batize ak konfime pa sèvitè ki otorize, apresa kenbe alyans ou yo avèk Bondye. Li voye Sentespri a kòm konpayon ou, konsolatè, ak gid ou.

Si w viv diy pou don Sentespri a, Senyè a ka dirije ou nan sekirite menm lè w pa ka wè chemen an. Pou mwen, Li pi souvan montre m yonn oubyen de pwochen etap pou m fè yo. Se pa souvan Li banm yon ti apèsi sou fiti ki lwen an, men, menm ti koudèy ra sa yo gide sa m chwazi pou m fè chak jou nan lavi m.

Senyè a eksplike:

“Pou kounye a, nou pa kapab wè avèk je natirèl nou yo, objektif Bondye nou an konsènan bagay ki pral vini apre yo, ak laglwa ki pral vini apre … anpil tribilasyon.

“Paske, apre anpil tribilasyon benediksyon vini. ”7

Pi gran benediksyon ki pral vini lè nou pwouve ke nou fidèl nan alyans nou yo pandan eprèv nou yo se pral yon chanjman nan nati nou. Lè nou chwazi pou nou kenbe alyans nou yo, pouvwa Jezikri ak benediksyon Ekspyasyon L yo ka travay pou nou. Kè nou ka vin adousi pou fè nou renmen, padone, epi envite lòt moun vin jwenn Sovè a. Konfyans nou nan Senyè a grandi. Krent nou diminye.

Kounyea, menm avèk benediksyon sa yo Li pwomèt nou atravè tribilasyon yo, sajman, nou pa chèche tribilasyon. Nan eksperyans mòtalite a, n ap gen anpil opòtinite pou nou pwove tèt nou, pou n pase tès ki difisil ase pou nou ka vin menm plis tankou Sovè a ak Papa nou ki nan Syèl la.

Anplis, nou dwe pote atansyon a tribilasyon lòt moun epi eseye ede yo. Sa pral espesyalman difisil lè noumenm tou nou anba tès ki rèd. Men, n ap dekouvri ke lè nou soulaje fadon yon lòt moun, menm yon tikras, do nou ap vin ranfòse, epi n ap santi yon limyè nan tenèb la.

Nan bagay sa a, Senyè a se egzanp nou. Sou lakwa Gòlgota a, alòske l te deja soufri doulè ki te tèlman gwo ke li t ap mouri si L pat Pitit Gason Bondye, Li te gade bouro L yo epi L te di Papa Li,“Padone yo; paske yo pa konn sa y ap fè.”8 Pandan L t ap soufri pou tout moun ki te gen pou yo viv, Li te gade Jan pandan L te sou kwa a ak pwòp manman L ki te aflije, epi L te gen konpasyon pou li nan eprèv li a.

“Lè Jezi te wè manman L, ak disip Li te renmen an ki te kanpe, Li te di manman L, Madanm, men pitit gason ou!

“Apresa, Li te di disip la, Men manmanm ou! Epi depi lè sa a, disip sa a te pran manman l lakay li.”9

Atravè aksyon L nan jou ki te pi sakre sa a, Li te bay lavi L volontèman pou nou chak, pou l te ofri nou sekou non sèlman nan lavi sa a, men lavi etènèl nan tan k ap vini an tou.

M konn wè moun leve epi atenn gwo nivo atravè fidelite yo montre nan eprèv tèrib. Gen anpil egzanp atravè Legliz la jodia. Advèsite pouse moun mete yo ajenou. Atravè pèseverans yo ak efò fidèl yo, yo vin plis tankou Sovè a ak Papa nou ki nan Syèl la.

M te aprann yon lòt leson nan men manman m. Lè l te piti, li te gen difteri epi l te manke mouri. Nan apre, li te gen menenjit nan kolòn vètebral li. Papa l te mouri jèn, konsa manman m ak frè l yo te ede sipòte manman yo.

Pandan tout lavi l, li te santi efè eprev maladi ak sousi finansye. Nan dènye 10 ane lavi l yo, li te olije sibi anpil operasyon. Men, atravè tout bagay sa yo, li te pwouve li fidèl nan Senyè a, menm lè l pat kapab leve sou kabann ni. M sonje sèl foto ki te sou miray chanm li, sete foto Sovè a. Dènye pawòl li te di m lè l ta pral mouri sete: “Hal, m gen enpresyon w pral gen grip. Se pou w pran swè tèt ou.”

Nan antèman li, dènye oratè a te Èldè Spencer W. Kimball. Apre l te fin di kèk bagay sou eprèv ak fidelite manman m, li te esansyèlman di bagay sa a: “Kèk moun nan pami nou ka ap mande tèt yo poukisa Mildred te oblije soufri anpil si lontan konsa. M ap di nou poukisa. Se paske Senyè a te vle poli l yon ti kras piplis.”

Mwen eksprime gratitid mwen pou pakèt manm nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ki ap pote fado yo avèk yon lafwa konstan epi ki ap ede lòt moun pote fado pa yo pandan Senyè a ap eseye poli yo yon tikras piplis. M eksprime amou ak admirasyon m tou pou moun k ap bay swen ak dirijan atravè mond lan k ap sèvi lòt moun pandan ke yomenm ak fanmi yo ap andire menm polisaj sa a tou.

M temwaye ke nou se pitit yon Pè Selès ki renmen nou. M santi amou Prezidan Russell M. Nelson pou nou tout. Li se pwofèt Senyè a nan mond la jodia. Mwen temwaye konsa nan non sakre Senyè a Jezikri, amèn.