Konferans Jeneral
Kontinye avanse
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Kontinye avanse

Travay Senyè a ap avanse fèm.

Chè frè m ak sè m yo, ala yon jwa pou mwen pou m la a avèk nou pandan n ap kòmanse 190 zyèm Konferans Jeneral Semianyèl Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mwen kontan pou m avèk nou nan fwaye nou oubyen kèlkeswa kote nou reyini an, pou n koute ansanm mesaj pwofèt, vwayan ak revelatè yo ak lòt dirijan Legliz yo.

Ala nou rekonesan pou teknoloji a ki pèmèt nou konekte ansanm kòm yon gran asanble mondyal disip Jezikri. Gen plis moun ki te gade Konferans Jeneral Avril dènye a pase nenpòt lòt konferans anvan yo, e nou gen gwo espwa ke sa pral fèt ankò.

Pandan mwa k sot pase yo, yon pandemi mondyal, anpil dife ki t ap fè raj, ak lòt katastwòf natirèl te vire mond lan tèt anba. Mwen gen lapenn pou nou chak ki pèdi yon moun nou pandan tan sa yo. Epi m priye pou tout moun k ap soufri aktyèlman.

Sepandan, travay Senyè a ap avanse fèm. Nan mitan distans sosyal, mask nan figi, ak reyinyon Zoom, nou aprann fè kèk bagay nan fason diferan e menm pi efikasman. Tan inabityèl ka pote rekonpans inabityèl.

Misyonè nou yo ak dirijan misyon nou yo pwouve nou ke yo plen resous, yo solid e yo vrèman remakab. Malgre pifò nan misyonè yo te oblije jwenn nouvo mwayen kreyatif pou yo fè travay la, anpil misyon rapòte ke yo fè plis ansèyman pase anvan.

Nou te oblije fèmen tanp yo pou yon tan, epi ranvwaye kèk pwojè konstriksyon, men kounyea yo tout ap avanse. Nan kalandriye ane 2020 an, nou ap gen pou nou poze fondasyon pou 20 nouvo tanp!

Travay istwa familyal ap ogmante san rete. Anpil nouvo pawas ak branch te kreye. Epi nou kontan rapòte ke Legliz la te bay èd imanitè pou moun ki viktim anba pandemi an pou 895 pwojè nan 150 peyi.

Etid levanjil la ki ogmante nan anpil fwaye pote kòm rezilta temwayaj pi solid ak relasyon familyal pi solid. Yon manman te ekri: “Nou santi nou pi pwòch pitit nou yo ak pitit pitit pitit nou yo kounyea ke nou reyini ansanm nan Zoom chak Dimanch lan. Yo chak gen tou pa yo pou pataje sa yo panse de Vini, Suiv Mwen an. Priyè nou pou manm fanmi nou yo chanje paske nou vin pi byen konprann sa yo bezwen.”

Mwen priye pou ke, noumenm antanke yon pèp, nou itilize tan san parèy sa a pou nou pwogrese espirityèlman. Nou isit sou tè a pou nou pase tès, pou nou pwouve si n ap chwazi pou nou suiv Jezikri, repanti regilyèman, aprann, ak pwogrese. Espri nou anvi pwogrese. E n ap fè sa pi byen si nou rete fèm sou chemen alyans lan.

Kèlkeswa sa k rive, Pè Selès la ak Pitit gason L lan, Jezikri, renmen nou! Yo sousye de nou! Yomenm ak zanj Yo ap veye sou nou. 1 Mwen konnen se verite.

Pandan nou rasanble pou n koute pawòl Senyè a enspire sèvitè L yo pou yo delivre nou yo, mwen envite nou pou nou medite sou yon pwomès Senyè a fè nou. Li te deklare ke “tout moun kapab pran pawòl Bondye a, pawòl sa a ki rapid e ki gen pouvwa, ki gen pou l sote tout mètdam … ak pyèj, ak vire tounen dyab la fè de bout, pou l mennen [disip] Kris yo nan yon chemen etwat e kwense.” 2

Mwen priye pou nou chwazi pou n pran pawòl Bondye a jan l deklare pandan konferans jeneral sa a. Epi m priye pou nou ka santi amou pafè Senyè a genyen pou nou, 3 nan non sakre Jezikri, amèn.