Konferans Jeneral
Chèche Kris la nan chak panse
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Chèche Kris la nan chak panse

Konba kont tantasyon an pran tout yon lavi dilijans ak fidelite. Men tanpri, konnen ke Senyè a pare pou ede nou.

Nan kantik louwanj powetik li a, Salmis la te deklare:

“O Senyè, ou sonde m, epi ou konnen kimoun mwen ye.

“Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe, ou konnen tou sa k ap pase nan tèt mwen.

“Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m, ou konnen tou sa m ap fè.”1

Nan paralèl semantik ki nan powèm sa a, Salmis la louwe kalite divin ki se omnisyans Senyè a posede a genyen paske Li vrèman konnen tout aspè nanm nou.2 Paske L konnen tout sa ki nesesè pou nou nan lavi sa a, Sovè a envite nou pou nou chèche L nan chak panse nou epi pou nou suiv Li ak tout kè nou.3. Sa ba nou pwomès ke nou ka mache nan limyè Li epi gidans Li ap anpeche enfliyans tenèb la vini nan lavi nou.4

Chèche Kris la nan chak panse nou ak suiv Li ak tout kè nou mande pou nou aliyen panse nou ak dezi nou avèk pa Li.5 Ekriti yo fè referans a aliyman sa a kòm “kenbe fèm nan Senyè a.”6 Sa enplike ke nou dwe kontinyèlman mennen lavi nou an amoni avèk levanjil Kris la epi konsantre nou chak jou sou tout bagay ki bon.7 Se sèl lè sa a n ap ka rive jwenn “lapè Bondye ki depase tout konpreyansyon” an epi ki pral “kenbe kè nou ak lespri nou atravè Jezikri a.”8 Sovè a Limenm te di ansyen yo nan Legliz la an Fevriye 1831: “Konsève bagay sa yo nan kè ou, epi kite gwo bagay letènite yo repoze nan panse ou.”9

Malgre efò konstan nou pou nou chèche Senyè a, panse inapwopriye ka antre nan lespri nou. Lè nou pèmèt kalite panse sa yo antre epi nou envite yo rete, yo ka modle dezi kè nou e mennen nou nan sa nou pral devni nan lavi sa a e, alafen, sa nou pral eritye pou letènite.10 Èldè Neal A. Maxwell te mete aksan sou prensip sa a yon fwa, li te di, “Dezi yo … detèmine rezilta tou, sa enkli rezon k fè gen ‘anpil moun ki aple, men se kèk ki chwazi.’”11

Pwofèt ansyen ak modèn nou yo raple nou konstamman pou nou reziste anba tantasyon pou nou pa pèdi elastisite spirityèl nou epi vin santi nou pèdi, dezoryante, ak desi nan lavi a.

Metaforikman, sede anba tantasyon yo se tankou aproche yon leman bò kote yon objè an metal. Fòs envizib leman an atire objè an metal la epi l kenbe l byen sere. Leman an pèdi pouvwa l sou li sèlman si objè an metal la plase lwen li. Se poutèt sa, menmjan leman an pa kapab egzèse pouvwa sou yon objè an metal ki byen lwen, si nou reziste anba tantasyon yo, y ap febli epi y ap pèdi pouvwa pou anvayi lespri nou ak kè nou epi konsa, y ap pèdi pouvwa sou aksyon nou.

Konparezon sa a raple m yon eksperyans yon manm fidèl nan Legliz la te pataje avèk mwen sa fè kèk tan. Li te di m pandan l te reveye yon jou maten byen patikilye, te gen yon panse degoutan ki te antre nan lespri l sanzatann, yon bagay li pa t janm fè eksperyans anvan sa. Malgre sa te pran l totalman pa sipriz, li te reyaji kont sitiyasyon an nan yon segond, kote l te di tèt li ak panse sa a “Non!” epi l te ranplase l pa yon bon bagay ki te detounen lespri l de panse endezirab sa a Li te di m ke lè l te egzèse libabit moral li a nan lajistis, panse negatif envolontè sa a te disparèt imedyatman.

Lè Mowoni te mande moun ki pa t kwè nan Kris yo pou yo te repanti, li te avèti yo pou yo te vin jwenn Sovè a ak tout kè yo, pou yo te netwaye tèt yo anba tout salte. Apresa, Mowoni te konseye yo pou yo te mande Bondye, avèk yon detèminasyon inebranlab, pou yo pa t tonbe nan tantasyon.12 Aplike prensip sa yo nan lavi nou mande plis pase senpleman konnen yo; li nesesè pou nou ajiste lespri nou ak kè nou a prensip sa yo tou. Ajisteman sa a mande yon efò pèsonèl e jounalye konstan, anplis apiye nou sou Sovè a, paske move tandans nou yo p ap disparèt poukont yo. Konba kont tantasyon an pran tout yon lavi dilijans ak fidelite. Men, tanpri, konnen ke Senyè a pare pou L ede nou nan efò pèsonèl nou yo epi Li pwomèt nou benediksyon si nou pèsevere jiska lafen.

Pandan peryòd patikilyèman difisil kote Joseph Smith ak konpayon kaptivite l yo nan Prizon Libète a pa t gen libète nan anyen eksepte panse yo, Senyè a te ba yo yon konsèy itil ak yon pwomès ki etann a nou tout:

“Se pou zantray ou tou chaje avèk charite pou tout gason [ak tout fi], ak pou moun ki gen lafwa yo, epi se pou vèti gani panse ou san rete; apre sa konfyans ou ap grandi anpil nan prezans Bondye; …

“Sentespri a ap konpayon ou tout tan, pwoteksyon lajistis ou ak verite ou.”13

Si nou fè sa, panse ki sen ap nan lespri nou san rete epi dezi pi ap dirije aksyon ki jis nou yo.

Mowoni te raple pèp li a tou pou yo pa t tonbe nan konvwatiz.14 Mo konvwatiz la fè referans a yon anvi entans ak yon dezi deplase pou yon bagay.15 Li anglobe tout move panse oubyen dezi mal ki ka lakoz yon moun konsantre sou pratik egoyis oswa sou byen terès olye ke yo kenbe kòmandman Bondye yo. Li souvan manifeste atravè santiman ki pi chanèl nanm nan. Apot Pòl te idantifye kèk nan santiman sa yo, tankou enpite, lisans, rayiman, kòlè, dispit, lanvi, eksetera.16 Anplis tout move aspè mal li yo, nou pa ka bliye ke enmi an itilize l kòm zam sekrè li kont noumenm lè l tante nou pou nou fè yon bagay ki pa bon.

Frè ak sè byeneme m yo, mwen temwaye ke si nou apiye nou sou wòch sali a, Sovè nanm nou an, epi nou suiv konsèy Mowoni an, kapasite nou pou nou kontwole panse nou yo ap ogmante anpil. M ka asire nou ke matirite espirityèl nou ap grandi a gwo vitès, l ap chanje kè nou, fè nou vin plis tankou Jezikri. Epitou, enfliyans Sentespri a ap vin pi entans ak pi konstan nan lavi nou. Lè sa a, tantasyon enmi yo, tikal pa tikal ap pèdi pouvwa yo sou nou, sa k ap mennen nan yon lavi pi kontan ak pi konsakre.

Pou sila yo ki, pou nenpòt ki rezon, sikonbe anba tantasyon epi ki rete ap panse a move aksyon yo, mwen asire nou ke gen yon mwayen pou nou retounen, gen espwa nan Kris la. Sa gen kèk ane, m te gen opòtinite pou m te vizite yon manm Legliz Jezikri a ki t ap travèse yon moman trè difisil nan lavi l apre l te fin komèt yon transgresyon grav. Lè m te fèk wè li, m te ka wè yon tristès nan zye li, ki te akonpaye pa yon klate espwa sou figi li. Ekspresyon li te reflete yon kè enb ak chanje. Li sete yon Kretyen devwe epi Senyè a te grandman beni li. Men, li te kite yon sèl panse ki pa t pwòp antre nan lespri li, ki te mennen nan lòt. Pandan l t ap plis anplis kite panse sa yo antre, byenvit yo te pran rasin nan lespri li epi yo te kòmanse grandi fon nan kè li. Li te finalman suiv dezi endiy sa yo, ki te lakoz li te pran desizyon ki te kont tout bagay ki te presye pou li nan lavi li. Li te di m ke si l pa t kite plas pou panse fou sa a pou kòmanse, li pa t ap vin fèb epi tonbe anba tantasyon enmi an—tantasyon ki te pote sitèlman tristès nan lavi li.

Erezman, tankou pitit pwodig la nan parabòl ki nan levanjil Lik la, li te rantre nan limenm epi li te reveye soti anba kochma sa a.17 Li te renouvle konfyans li nan Senyè a, epi l te santi yon veritab kontrisyon epi l te finalman vin gen dezi pou l te retounen nan twoupo Senyè a. Jou sa a nou toulède te santi lanmou redanmtè Sovè a pou nou. Alafen brèf vizit nou an, nou toulède te ranpli ak emosyon, epi jis jodia, m sonje lajwa ki te klere vizaj li lè l te kite biwo m nan.

Chè zanmi m yo, lè nou reziste anba ti tantasyon yo, ki souvan vini sanzatann nan lavi nou, nou pi byen ekipe pou nou evite transgresyon grav yo. Jan Prezidan Spencer W. Kimball te di: “Li ra ke nou antre nan gwo transgresyon san nou pa toudabò sede anba pi piti yo, ki louvri pòt pou pi gwo yo. … Yon jaden pwòp [pa] [vin] ranpli movezèb toudenkou.”18

Pandan l t ap prepare L pou L te akonpli misyon divin ni sou tè a, Sovè a, Jezikri, te mete aksan sou enpòtans pou nou toujou reziste anba tout sa ki ta kapab anpeche nou atenn bi etènèl nou. Apre plizyè atak san siksè enmi an, nan yon tantativ pou l te detounen L de misyon L lan, Sovè a te kategorikman chase l kote l te di: “Retire w sou mwen, Satan. …” Apresa dyab la te kite L anrepo, epi gade, zanj te vini epi yo te sèvi Li.”19

Èske w ka imajine sa k t ap rive si nou te kapab tire nan fòs ak kouraj Sovè a epi di “Non” ak “Retire w devan m” pou chak panse endiy ki antre nan lespri nou tanzantan? Ki enpak sa t ap genyen sou dezi kè nou? Kijan aksyon ki t ap soti nan sa yo t ap kenbe nou pwòch Sovè a e pèmèt nou gen enfliyans konstan Sentespri a nan lavi nou? Mwen konnen si nou suiv egzanp Jezi, n ap evite anpil trajedi ak konpòtman peche ki ta ka lakoz pwoblèm dezagreman familyal, emosyon ak tandans negatif, pou fè nou komèt enjistis ak abi, pou fè nou esklav adiksyon dyabolik, ak tout bagay ki kont kòmandman Senyè a bay yo.

Nan mesaj istorik touchan l lan Avril ane sa a, Prezidan Nelson te fè pwomès ke tout moun ki dispoze pou yo “koute Senyè a” ak pou obeyi kòmandman L yo “ap gen benediksyon pou yo resevwa plis pouvwa pou yo ka fè fas ak tantasyon, pwoblèm ak feblès yo.20

Mwen temwaye nou ke pwomès pwofèt byeneme nou an bay yo se pwomès Sovè a Limenm fè nou. M envite nou pou nou “koute Li” nan chak panse epi suiv Li ak tout kè nou pou nou ka jwenn fòs ak kouraj pou nou di “Non” ak “Retire w sou mwen” a tout sa ki ta ka atire chagren nan lavi nou. Si nou fè sa, Mwen pwomèt nou ke Senyè a ap voye Sentespri L pou fòtifye nou ak rekonfòte nou, epi n ap vin moun selon kè Senyè a.21

Mwen rann temwayaj ke Jezikri vivan epi atravè Li nou ka triyonfe anba move enfliyans advèvè a epi kalifye pou n al viv avèk Li pou letènite ak nan prezans Papa byeneme nou an ki nan syèl la. Mwen temwaye konsènan verite sa yo ak tout lanmou m pou nou ak pou Sovè mèveye nou an, ke m rann glwa, onè, ak louwanj ajamè. M di bagay sa yo nan non sakre Jezikri, amèn.