Konferans Jeneral
Yon Nouvo Nòmal
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Yon Nouvo Nòmal

Mwen envite nou pou nou tounen kè nou bay Pè Selès la ak Sovè a pou nou ka akonpli potansyèl divin nou epi santi lapè.

Chè frè m ak sè m yo, de jou konferans sa yo te gloriye! M dakò avèk Èldè Jeffrey R. Holland. Jan l sot mansyone a, mesaj yo, priyè yo, ak mizik la, tout sete Senyè a ki te enspire yo. Mwen rekonesan pou tout moun ki te patisipe nan tout fason.

Pandan tout dewoulman yo, mwen te imajine nou nan lespri m k ap koute konferans lan. Mwen te mande Senyè a pou l te ede m konprann sa nou santi, ki enkyete nou, oswa ap eseye rezoud. M t ap mande m kisa m ta ka di pou fini konferans sa a ki t ap ede nou ale avèk optimis konsènan lavni, ke m konnen Senyè a vle nou santi.

N ap viv nan yon epòk gloriye, predi pa pwofèt depi dè syèk. Sa a se dispansasyon kote okenn benediksyon espirityèl pa p kache pou moun ki jis yo.1 Malgre boulvès nan mond lan,2 Senyè a vle pou “rete tann demen avèk lajwa.”3 An nou pa kite wou nou chita ap vire nan souvni ayè yo. Rasanbleman Izrayèl la ap avanse. Senyè a, Jezikri, ap dirije zafè Legliz Li a, epi legliz la ap atenn objektif diven li yo.

Defi pou noumenm avèk mwen an se pou nou asire nou ke nou chak ap atenn potansyèl diven nou. Jodia, nou souvan tande moun ap pale de “yon nouvo nòmal.” Si nou reyèlman vle anbrase “yon nouvo nòmal,” mwen envite nou pou nou vire kè nou, panse nou, ak nanm nou bay Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan, Jezikri. Se pou sa tounen “nouvo nòmal” pa nou kounyea.

Anbrase “nouvo nòmal” nou an nan repanti chak jou. Chèche pou nou grandi vin plis pur nan panse, nan pawòl ak nan aksyon. Sèvi lòt moun. Kenbe yon pèspektiv etènèl. Mayifye apèl nou yo. Epi kèlkeswa pwoblèm nou, chè frè m ak sè m yo, viv chak jou yon fason pou nou pi prepare pou nou rankontre Kreyatè nou an.4

Se poutèt sa nou gen tanp yo. Òdonans ak alyans Senyè a bay yo prepare nou pou lavi etènèl, pi gran nan tout benediksyon Bondye yo.5 Jan nou konnen, pandemi COVID la te oblije nou fèmen tanp nou yo tanporèman. Apresa, nou te kòmanse yon reyouvèti pa faz, byen kowòdone. Avèk Faz 2 a ki anplas kounyea nan plizyè tanp, gen dè milye koup ki sele, ak dè milye moun ki resevwa dotasyon yo nan jis kèlke mwa k sot pase yo. N ap tann avèk enpasyans pou jou kote tout manm diy yo nan Legliz la ka sèvi zansèt yo ankò epi adore nan yon tanp sakre.

Kounyea, m kontan anonse plan pou konstriksyon sis nouvo tanp ki pral bati nan kote sa yo: Tarawa, Kiribati; Port Vila, Vanuatu; Lindon, Utah; Greater Guatemala City, Guatemala; São Paulo East, Brésil; ak Santa Cruz, Bolivie.

Pandan n ap bati ak mentni tanp sa yo, nou priye pou nou chak bati ak mentni tèt nou pou nou ka diy pou nou antre nan tanp sakre a.

Kounyea, chè frè m ak sè m yo, Mwen beni nou pou nou ka ranpli ak lapè Senyè a, Jezikri. Lapè Li depase tout konpreyansyon mòtèl.6 Mwen beni nou avèk yon dezi ak yon kapasite ogmante pou nou obeyi lwa Bondye yo. Mwen pwomèt nou si nou fè sa, L ap vide benediksyon sou nou, enkli pi gran kouraj, pi plis revelasyon pèsonèl, pi bèl amoni nan fwaye nou, ak lajwa, menm nan mitan ensètitid.

Se pou nou avanse ansanm pou nou ka ranpli manda diven nou an—ki se prepare tèt nou ak mond lan pou Dezyèm Vini Senyè a. Mwen priye pou sa, pandan m ap eksprime lanmou m pou nou chak, nan non sakre Jezikri, amèn.