Ansyen Testaman 2022
27 Fevriye. Poukisa Maryaj Etènèl Enpòtan? Jenèz 24–27


“27 Fevriye. Poukisa Maryaj Etènèl Enpòtan? Jenèz 24–27,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“27 Fevriye. Poukisa Maryaj Etènèl Enpòtan?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
yon jèn koup k ap gade tanp

27 Fevriye.

Poukisa Maryaj Etènèl Enpòtan?

Jenèz 24–27

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa, itilize youn oswa plizyè nan kesyon anba yo oswa pwòp kesyon pa w pou w mennen yon diskisyon sou travay sali a ak egzaltasyon an (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye fason pou aji sou sa w diskite a.

  • Viv levanjil la. Ki sijè episkopa a te diskite nan reyinyon konsèy pawas jèn nou an? Kisa nou kapab fè kòm yon klas oubyen yon kowòm ki baze sou diskisyon sa yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kijan nou ka lonje lamen bay moun nan fason Kris la lè nou wè yon bezwen e nou pa konn kisa pou nou di?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kisa nou jwenn nan levanjil Jezikri a ki banou kè kontan? Kijan nou ka pataje kè kontan sa a avèk lòt moun?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kisa n ap fè pou nou jwenn non zansèt nou yo ki bezwen òdonans tanp yo? Kisa nou kapab fè pou nou ede lòt moun jwenn non zansèt pa yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo ki te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Lè lè a te rive pou Izaak te marye, Abraam te mande sèvitè l la pou l te chèche yon madanm pou Izaak. Abraam ak Izaak te vle jwenn pou Izaak yon madanm ki t ap kapab fè ak kenbe alyans avèk Senyè a epi anseye pitit yo alyans sa yo. Rebeka sete yon fi fidèl ki te antre nan alyans maryaj la avèk Izaak. Byenke ekriti yo montre klè ke maryaj gen anpil enpòtans pou Bondye, ansèyman Bondye bay sou maryaj yo ap pase anpil eprèv nan epòk pa nou an. Men pwofèt li yo deklare ke maryaj “òdone pa Bondye” (“Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan,” ChurchofJesusChrist.org). Li enpòtan pou moun w ap anseye yo konprann verite etènèl konsènan maryaj yo. Lè yo fè sa, l ap ede yo prepare epi temwaye de pati enpòtan sa a nan plan Papa nou ki nan Syèl la.

Kijan jèn w ap anseye yo santi yo konsènan maryaj etènèl? Kijan w kapab ede yo konsidere poukisa maryaj etènè se sant plan Papa nou ki nan Syèl la? Lè w ap prepare pou w anseye, ou ta kapab revize mesaj Èldè D. Todd Christofferson nan “Poukisa Maryaj, Poukisa Fanmi” (Liahona, Me 2015, 50–53). Ou ta kapab revize tou “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” (ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
yon fanmi k ap mache nan forè

maryaj ak fanmi etènèl se sant plan Papa nou ki nan Syèl la.

Aprann Ansanm

Petèt jèn w ap anseye yo te reflechi sou enpòtans maryaj pandan yo t ap li Jenèz 24–27 semèn sa a. Envite yo revize Jenèz 24. Mande yo pou yo pataje vèsè ki montre ke maryaj te enpòtan pou moun ke yo dekri nan chapit sa a. Envite yo pou yo konsidere poukisa maryaj etènèl se sant plan Bondye a. Aktivite anba yo kapab ede yo pi byen konprann enpòtans maryaj.

  • Manm klas ou a oswa manm kowòm yo kapab gen opòtinite pou yo eksplike poukisa maryaj enpòtan pou yo. Envite yo pou yo imajine yo genyen yon zanmi ki kwè ke maryaj pa alamòd e li pa nesesè. Yo ta ka ekri yon nòt pou zanmi sa a pou eksplike l enpòtans maryaj nan plan Papa nou ki nan Syèl la. Ankouraje yo pou yo enkli verite yo jwenn nan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan.” Yo ta kapab itilise ekriti yo jwenn nan “Resous pou Sipò” yo tou oswa nan “Maryaj, Marye” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Envite yo pou yo pataje sa yo te ekri a avèk klas la.

  • Pou w kòmanse yon diskisyon sou enpòtans maryaj, ekri sou tablo a Poukisa maryaj etènèl enpòtan? Bay jèn yo kèk minit pou yo ekri repons kesyon an. Apresa envite yo pou yo pataje repons yo. Yo ta ka chèche plis repons nan mesaj Èldè D. Todd Christofferson nan “Poukisa Maryaj, Poukisa Fanmi” (Liahona, Me 2015, 50–53). Yo ta kapab gade videyo “Poukisa Maryaj Sakre pou Papa nou ki nan Syèl la?” tou nan “Fas a Fas avèk Èldè ak Sè Renlund” (ChurchofJesusChrist.org). Envite yo pou yo pataje temwayaj yo sou rezon k fè maryaj enpòtan.

  • Lè nou aksepte ansèyman Bondye yo sou maryaj epi nou fè efò pou nou viv yo, nou resevwa anpil benediksyon. Men gen kèk moun—enkli moun k ap fè tout sa yo kapab pou yo viv levanjil la—ki rankontre difikilte nan etabli maryaj etènèl ki gen lajwa. Ou ka mande jèn yo pou yo pale de kèk nan difikilte sa yo. Kisa nou ka fè kounyeya pou prepare nou pou difikilte sa yo? Ou ta gen dwa envite yo pou yo li de dènye seksyon nan mesaj Èldè Neil L. Andersen nan tou “L’œil de la foi” (Liahona, Me 2019, 34–38). Manm klas ou a oswa manm kowòm yo ta ka diskite sou egzanp yo wè nan lavi yo oswa nan istwa fanmi yo konsènan moun ki ap fidèlman jere difikilte ki menmjan ak sa Èldè Andersen te mansyone yo. Kijan Sovè a ka ede tout moun k ap fè fas ak difikilte pandan y ap chèche benediksyon yon maryaj etènèl?

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo resevwa yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la avèk Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Sovè a te envite disip Li yo pou yo aji avèk lafwa ak pratike verite Li te anseye yo. Kijan w ka envite moun w ap anseye yo pou yo pratike verite y ap aprann yo?

Enprime