Ansyen Testaman 2022
13 Mas. Kijan m ka Reyaji Devan Advèsite ak Lafwa? Jenèz 37–41


“13 Mas. Kijan m ka Reyaji Devan Advèsite ak Lafwa? Jenèz 37–41,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“13 Mas. Kijan m ka Reyaji Devan Advèsite ak Lafwa?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
jènjan k ap souri

13 Mas

Kijan m ka Reyaji Devan Advèsite ak Lafwa?

Jenèz 37–41

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aason an. Apresa dirije yon diskisyon konsènan travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org Planifye pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan nou wè men Senyè a nan lavi nou?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kijan nou youn ka sipòte lòt nan bagay n ap simonte yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou ka pi byen itilize teknoloji kòm yon zouti pou pataje levanjil la?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kisa n ap fè pou nou ede fanmi nou vin jwenn Kris la?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Kòm yon jènjan, Joseph an Ejip te gen plizyè tip advèsite. Li te fè fas ak chirepit nan fanmi l e frè l yo te maltrete l. Li te fè fas ak tantasyon pou l te kraze lwa chastete a. Men olye yo te respekte l pou entegrite l, yo te mete l nan prizon. Manm klas oubyen kowòm ou yo fè fas ak eprèv tankou sa yo ak lòt ankò. Pandan w ap etidye eksperyans Joseph yo nan Jenèz 37-41, panse ak moun w ap ansenye yo. Medite sou leson enpòtan ke lavi Joseph ka genyen pou yo (gade tou Etè 12:27; Henry B. Eyring, “Eseye, Eseye, Eseye,” Liahona, Nov. 2018, 90–93). Istwa Joseph la ka enspire manm klas oubyen kowòm yo pou yo mande, “Kijan m ka reponn ak advèsite m yo avèk lafwa, epi kijan Bondye ap ede m?”

Imaj
jènfi nan yon klas

Lè nou fokis sou lafwa nou nan Jezikri, nou ka jwenn fòs nan advèsite nou yo.

Aprann Ansanm

Konsidere mande manm klas oubyen kowòm yo pou yo fè lis evenman nan lavi Joseph an Ejipt sou tablo a, jan sa dekri nan Jenèz 37 ak 39–41an. Montre kèk foto tankou sa k nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, ta ka ede yo sonje bagay sa yo. Nan ki fason eprèv Joseph yo te sanble av pwoblèm jèn yo ap fè fas jodia? Si Jozèf te vivan jodia, ki konsèy li te ka bannou sou fè fas a advèsite? Kisa l te gendwa di nou konsènan fason relasyon l ak Senyè a te ede li? Itilize aktivite tankou aktivite sa yo pou ede jèn yo reflechi sou fason yo ka fè fas a pwoblèm yo avèk lafwa nan Jezikri.

  • Lè nou etidye kijan Sovè a te fè fas ak advèsite, sa ka ede nou fè fas ak advèsite pa nou yo avèk lafwa. Jèn yo ta ka sikjere kèk ekzanp advèsite Sovè te rankontre epi repase yo ansanm (gade “Resous pou Sipò” yo pou kèk ide). Kisa ki enpresyone nou nan fason Sovè a te reponn a peryòd advèsite L yo? Kijan nou ka suiv egzanp Li lè n ap fè fas a pwòp advèsite pa nou?

  • Pafwa li pi fasil pou nou fè fas ak advèsite lè nou eseye wè l jan Senyè a wè li. Pou ede moun w ap ansenye yo konprann sa, mande yo pou yo chèche ekzanp sou diferans yo wè pèspektiv sa a kapab fè pandan y ap repase mesaj Èldè Rafael E. Pino a “Pèspektiv Etènèl Levanjil la” (Liahona, Me 2015, 117-119). Envite yo pou yo pataje sa yo jwenn. Kisa ekzanp sa yo sikjere sou fason nou ta ka konsidere advèsite nou yo ak reyaji devan yo? Si Sovè a te ka pale avèk nou sou pwoblèm nou yo, kisa nou panse L t ap di? Pou ede yo reponn kesyon sa a, jèn yo ta ka repase ekriti ki nan “Resous pou Sipò” yo.

  • Panse pou w mande jèn yo pou yo pataje yon ekzanp sou yon moun (petèt yon zansèt) ki te enspire yo pa fason li te fè fas a yon eprèv difisil. Oubyen ou ta ka pataje ekzanp enspiran sou moun ou konnen. Mesaj konferans jeneral yo souvan gen ladan yo istwa moun ki te reponn ak advèsite avèk lafwa (gade kèk ekzanp nan “Resous Sipò”). Konsidere sa w ta ka pataje nan mesaj konsa ki ta ka gen siyifikasyon pou moun w ap ansenye yo. Pandan w ap diskite ekzanp sa yo ansanm, sigjere ke manm klas oubyen kowòm yo fokis sou kijan lafwa yo nan Jezikri te ede moun pandan advèsite yo. Ou ta ka pataje lis resous Evèk W. Christopher Waddell yo ke Senyè a te bay pou ede nou nan pwoblèm nou yo, nou ka jwenn yo nan fen mesaj li a “Vire bay Senyè a” (Liahona, Nov 2017, 94-96).

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodia? Si yo vle, yo kapab pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi sou kijan relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ap fòtifye lè yo aji sou enpresyon yo resevwa yo.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

“Lè w ap prepare, kite konpreyansyon w de moun ou pral ansenye yo gide plan w yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 7). Pa ekzanp, avèk lapriyè, planifye aktivite avèk ekriti oubyen lòt resous ki ka ede avèk pwoblèm manm klas oubyen kowòm yo ap fè fas.

Enprime