Ansyen Testaman 2022
12 Jen. Kijan M ka Tande Vwa Senyè a? Rit; 1 Samyèl 1–3


“12 Jen. Kijan M ka Tande Vwa Senyè a? Rit; 1 Samyèl 1–3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“12 Jen. Kijan M ka Tande Vwa Senyè a? Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2020

Imaj
yon fanmi k ap etidye ekriti yo

12 Jen

Kijan M ka Tande Vwa Senyè a?

Rit; 1 Samyèl 1–3

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye fason pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Ki eksperyans resan ki te ranfòse temwayaj nou?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès ki bezwen èd nou ak priyè nou yo? Kisa nou santi nou dwe fè pou nou ede yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou ka yon limyè.

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kijan nou ka montre plis lanmou ak sipò pou fanmi nou e fè yon diferans pozitif nan fwaye nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Plizyè manm nan klas oubyen kowòm ou yo ka santi yo nan po Samyèl. Lè Senyè a te pale avèk li, Samyèl pa t ko gen ase eksperyans ak revelasyon pou l te rekonèt vwa Senyè a. Konseye Samyèl la, Eli, te ede Samyèl aprann rekonèt vwa sa a. Menm jan ak Eli, nou gen opòtinite pou nou temwaye bay moun n ap ansenye yo ke Senyè a vle pale avèk yo. Nou ka ede yo aprann rekonèt vwa Senyè a, menm jou n ap aprann tande L la tou. Ansanm, nou ka etidye sa pwofèt Li yo te ansenye konsènan revelasyon pèsonèl. Epi nou ka aprann di Senyè a, menm jan Samyèl te fè a, “Pale; paske sèvitè w ap koute” (1 Samyèl 3:10).

Anplis lekti 1 Samyèl 3 a semèn sa a, ou ka prepare w pou ansenye nan li mesaj Prezidan Russell M. Nelson nan “Tande L” (Lyawona, Me 2020, 88-92).

Imaj
jènjan ki ap li ekriti yo

Prezidan Russel M. Nelson mande nou pou nou “ogmante kapasite spirityèl nou pou nou resevwa revelasyon.”

Aprann Ansanm

Pou prepare moun n ap ansenye yo pou diskisyon an jodi a, konsidere mande yo pou yo repase 1 Samyèl 3:1-14. Envite yo pou yo pataje sa yo t aprann de istwa sa a konsènan tande vwa Bondye. Nan ki lòt fason Senyè a kominike avèk nou? Aktivite sa yo ka ede jèn yo apwofondi konpreyansyon yo sou revelasyon pèsonèl.

  • Men yon mwayen pou ede moun w ap ansenye yo pi byen konprann kijan pou yo resevwa revelasyon. Ou ta ka ekri referans ekriti yo sigjere nan “Resous pou Sipò” yo (oubyen lòt ou konnen.) Envite jèn yo pou yo li chak ekriti. Akote chak referans, yo ta ka ekri sou tablo a kisa ekriti sa a ansenye sou revelasyon pèsonèl. Envite yo pataje eksperyans yo te fè pandan yo t ap chèche ak resevwa revelasyon. Lè sa apwopriye, pataje pwòp eksperyans ou.

  • Nou resevwa gwo benediksyon lè nou aprann tande vwa Senyè a. Ou ta ka kòmanse yon diskisyon sou sa nan mande jèn yo pou yo pataje rezon k fè yo ka bezwen revelasyon. Apresa mande yo pou yo etidye mesaj Prezidan Russel M. Nelson nan “Koute L.” Envite yo pou yo chèche konsèy k ap ede yo konprann kijan pou yo tande vwa Senyè a. Ou ta ka pase youn oubyen plis videyo nan koleksyon “Tande L” la nan (ChurchofJesusChrist.org/media). Poukisa l si enpòtan pou nou aprann tande vwa Senyè a? Ankouraje jèn yo pou yo ekri sa yo aprann yo nan jounal yo oubyen sou moso papye pou yo afiche lakay yo.

  • Jèn yo ka t ap mande tèt yo kijan y ap fè konnen lè Sentespri a ap pale avèk yo. Panse pou w pase videyo “Kijan m ka Rekonèt Diferans ant Sentespri a ak Emosyon mwen?” ak “Kijan M Ka Santi Sentespri a Pi Souvan?“ nan “Fas a Fas avèk Prezidan Eyring ak Èldèr Holland” (ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou aprann nan videyo sa yo sou disène ant chichotman Lespri a avèk panse nou? Manm klas oubyen kowòm yo ta ka pataje fason yo t ap reponn yon zanmi ki te gen kesyon tankou sa k te diskite nan videyo sa yo.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia. Si yo ta renmen sa, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo reflechi sou fason aji sou enpresyon yo ap fòtifye relasyon yo ak Papa nou Ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Enprime