Ansyen Testaman 2022
26 Jen. Poukisa Lwa Chastete a Enpòtan nan Plan Bondye a? 2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11


“26 Jen. Poukisa Lwa Chastete a Enpòtan nan Plan Bondye a? 2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“26 Jen. Poukisa Lwa Chastete a Enpòtan nan Plan Bondye a? Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
yon jèn ki chita sou yon pon

“26 Jen.

Poukisa Lwa Chastete a Enpòtan nan Plan Bondye a?

2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 811

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa, itilize youn oswa plizyè nan kesyon anba a oubyen pwòp kesyon pa w pou w mennen yon diskisyon sou travay sali a ak egzaltasyon an (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye fason pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan nou te vin pi pre Sovè a? Kijan n ap eseye vin plis menmjan avèk Li?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès ki te nan panse nou dènyèman? Kijan nou ka ede moun sa yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou ka reponn kesyon zanmi nou sou Legliz la nan yon fason k ap ranfòse lafwa yo nan Sovè a?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki fason nou kapab pi byen konekte avèk manm fanmi lwen nou yo, tankou granparan ak kouzen kouzin nou yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Papa nou ki nan Syèl la, ki vle nou gen kè kontan, te banou lwa chastete a. E Satan, ki vle nou mizerab, anseye ke lwa sa a pa enpòtan. Li fè tout sa l kapab pou l tante nou pou nou komèt peche seksyèl. Jèn moun yo kapab vin enfliyanse pa imaj ak mesaj ki kontredi sa Bondye anseye konsènan seksyalite. Nou chak bezwen konsyan de tantasyon sa yo epi fè efò pou nou kenbe panse nou, pawòl nou, ak aksyon nou pwòp pandan tout lavi nou. Nou aprann leson sa a nan eksperyans tris Wa David la. Li sete yon egzanp gwo fidelite. Men li te sede anba tantasyon epi li te kraze lwa chastete a (gade 2 Samyèl 11:1–5).

Ou kapab prepare pou w anseye nan li 2 Samyèl 11, mesaj Èldè David A. Bednar la “Nou kwè ke nou dwe chast” (Liahona, Me 2013, 41–44), ak lòt resous konsènan chastete. Kisa k ta kapab enspire manm klas la oswa kowòm yo pou yo konsidere chastete menmjan avèk Bondye? Kisa k ta ka ede yo rejte fason Satan konsidere li?

Imaj
jènjan nan yon klas

Pou nou rete fidèl a lwa chastete a, nou ta dwe fè efò chak jou pou nou kenbe panse nou, pawòl nou ak aksyon nou pwòp.

Aprann Ansanm

Men yon fason pou w prezante sijè lwa chastete a pandan w ap ede moun w ap anseye yo revize sa yo te li nan ekriti yo. Ekri mo David ak Joseph sou tablo a. Apresa revize ansanm 2 Samyèl 11:1–5 ak Jenèz 39:7–12. Ki jan yo chak te reyaji devan tantasyon pou yo te komèt peche seksyèl? Kisa nou aprann nan egzanp sa yo? Itilize aktivite sa yo oubyen kèk nan pwòp aktivite pa w pou w enspire plis diskisyon sou pou ki rezon chastete enpòtan nan pland Bondye a.

  • Jèn w ap anseye yo ta ka benefisye nan defini prensip Senyè a sou pite seksyèl. Envite yo pou yo revize “Pite Seksyèl” nan Pou Fòs Jèn yo ([bwochi, 2011], 35–37) oswa katriyèm paragraf “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” nan (ChurchofJesusChrist.org). Kijan ansèyman Senyè a sou seksyalite diferan de sa Satan vle nou kwè? Jèn yo ta ka revize “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” pou yo chèche deklarasyon ki eksplike poukisa pite seksyèl enpòtan pou plan bonè Papa nou ki nan Syèl la. Kisa nou aprann nan deklarasyon sa yo ki ede nou viv jis nan mond jodia?

  • Pafwa lòt moun pa konprann prensip moralite nou yo, espesyalman paske prensip sa yo diferan de sa anpil moun kwè. Kijan nou ta ka reponn kesyon yo genyen yo? Kisa Èldè ak Sè Renlund aprann nou nan videyo “Poukisa Li Enpòtan pou nou Viv Lwa Chastete a?” nan “Fas a Fas avèk Èldè ak Sè Renlund” nan (ChurchofJesusChrist.org). Jèn yo ta ka chèche nan ekriti yo nan “Resous pou Sipò” yo tou pou deklarasyon ki dekri benediksyon chastete pote. Ou ta ka mande yo pou yo pataje ide yo sou rezon k fè yo chwazi pou yo obeyi prensip Senyè a bay sou moralite seksyèl la.

  • Kilti popilè souvan anseye ke pa gen okenn rezon pou nou rete pi seksyèlman. Men kilti a inyore verite konsènan benediksyon chastete pote yo ak danje ki genyen nan imoralite. Pou yo aprann plis konsènan verite sa yo, jèn yo ta ka etidye mesaj Èldè David A. Bednar la “Nou Kwè Nou Dwe Rete Chas.” Kèk nan yo ta ka etidye seksyon “Entansyon Advèsè a,” epi kèk lòt ta ka etidye “Benediksyon ki genyen nan Rete Chast.” Apresa yo chak ka pataje avèk lòt kisa yo te aprann. Ankouraje yo pou yo ekri yon fraz nan mesaj sa a yo ta renmen sonje pwochèn fwa yo rankontre fo mesaj sou seksyalite. Ou gen dwa dirije yo nan seksyon ki rele “Prensip Repantans lan” tou. Diskite sou fason Sovè a kapab geri tout moun ki vle repanti pou peche seksyèl yo. Fè moun w ap anseye yo sonje ke yo kapab pale avèk paran yo oswa evèk la si yo gen kesyon oubyen si yo bezwen repanti.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo panse sou kijan aji sou enpresyon yo resevwa yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Nan tout sitiyasyon, Sovè a sete yon egzanp ak yon modèl. Li te anseye disip Li yo pou yo priye nan priye avèk yo. Li te anseye yo pou yo renmen ak sèvi nan fason Li te renmen yo ak sèvi yo. Li te anseye yo kijan pou yo anseye levanjil Li a nan fason Li te anseye li.

Enprime