Ansyen Testaman 2022
10 Jiyè. Poukisa Li Enpòtan pou nou Suiv Pwofèt Vivan Bondye yo? 2 Wa 2–7


“10 Jiyè. Poukisa Li Enpòtan pou nou Suiv Pwofèt Vivan Bondye yo? 2 Wa 2–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“10 Jiyè. Poukisa Li Enpòtan pou nou Suiv Pwofèt Vivan Bondye yo? Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
yon jèn k ap gade konferans jeneral sou telefòn selilè

10 Jiyè.

Poukisa Li Enpòtan pou nou Suiv Pwofèt Vivan Bondye yo?

2 Wa 2–7

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa itilize youn oswa plizyè nan kesyon anba a oubyen pwòp kesyon pa w pou w mennen yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an (gade General Handbook, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye fason pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Aplike levanjil la. Kisa episkopa a te diskite nan reyinyon konsèy pawas jèn nou an? Ki aksyon nou dwe pran baze sou diskisyon sa a?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kijan nou ka lonje lamen bay moun menmjan ak Kris la lè nou wè yon moun nan nesesite e nou pa konnen sa pou nou di?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kisa nou jwenn nan levanjil Jezikri a ki banou lajwa? Kijan nou ka pataje lajwa sa a avèk lòt moun?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki meyè fason nou kapab konekte avèk manm fanmi lwen nou yo, tankou granparan ak kouzen nou yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Kapab gen yon tikras nan Naaman, lepre a, nan nou tout (gade 2 Wa 5:1–15). Menmjan ak Naaman, ki te mete l an kolè lè pwofèt Elize te senpleman di l pou l t al benyen nan yon rivyè pou l te kapab geri a, nou kapab pa toujou konprann rezon pou konsèy pwofèt nou yo. Nou kapab panse ke kèk nan konsèy yo pa fè sans pou nou epi konsa, yo pa aplike a noumenm. Men Bondye pwomèt gwo benediksyon si nou enb ase pou nou suiv pwofèt la (gade Doktrin ak Alyans 21:4–7). Kijan suiv pwofèt la ede w rapwoche w pi pre Senyè a? Ki lòt egzanp nan 2 Wa 4–6 la ki montre kijan nou beni lè nou suiv pwofèt vivan yo?

Pandan w ap prepare pou w ansenye sou benediksyon ki vini nan suiv pwofèt vivan an, panse a difikilte jèn yo ap rankontre. Kijan suiv pwofèt la kapab ede yo avèk difikilte sa yo? Ou ta dwe li mesaj Èldè Neil L. Andersen nan tou “Pwofèt Bondye a” nan (Liahona, Me 2018, 24–27) a oswa mesaj Èldè L. Whitney Clayton nan “Tout Sa l di w Fè, Fè l” (Liahona, Me 2017, 97–99).

Imaj
jènjan nan yon klas

Suiv pwofèt la kapab ede jèn moun yo nan difikilte y ap rankontre yo.

Aprann Ansanm

Pou w kòmanse yon diskisyon, ou ta kapab mande chak manm kowòm oswa manm klas (oswa kèk ti gwoup) pou yo revize youn nan istwa sa yo: 2 Wa 4:1–7; 5:6–14; 6:8, 13–17. Mande yo chèche yon bagay ki enspire yo pou yo li ak suiv enstriksyon pwofèt ak apot vivan yo. Apre chak gwoup fin pataje yon bagay yo te jwenn, ou ta kapab mande kèk jèn pou yo fini fraz sa a: “Lè m suiv pwofèt ak apot vivan yo, Mwen …” Pou w kontinye yon diskisyon konsènan suiv pwofèt yo, chwazi youn oswa plizyè nan ide sa yo.

  • Paske nou jwenn pwofèt vivan sèlman nan Legliz retabli Senyè a, manm klas oswa manm kowòm ou yo kapab gen opòtinite pou yo reponn kesyon lòt moun konsènan pwofèt vivan. Ou ta ka ekri sou tablo a kesyon sa yo ke kèk moun ta ka genyen sou pwofèt vivan: Poukisa ou gen yon pwofèt? Kijan yon pwofèt chwazi? Kijan w konnen ke pwofèt la pale pou Bondye tout bon vre? Jèn yo ta kapab chèche repons kesyon sa yo nan resous anba tit “Resous pou Sipò.”a. Yo ta kapab fè pratik pou reponn kesyon sa yo ak lòt kesyon nan itilize verite yo jwenn yo ak pwòp panse ak eksperyans pa yo.

  • Kijan pawòl pwofèt vivan nou an kapab ede nou lè n ap fè fas a difikilte pèsonèl? Pou ede jèn yo reponn kesyon sa a, ou ta kapab envite yo fè yon lis kèk konsèy ak envitasyon pwofèt la te bay nan konferans jeneral ki fèk sot pase a sou tablo a. Kisa nou te fè pou n aplike konsèy ak envitasyon l yo? Ki chanjman nou remake nan lavi nou gras ak efò sa yo? Ou ta ka envite yon moun pou pataje yon eksperyans pèsonèl kote konsèy pwofèt la te ede l avèk yon difikilte pèsonèl.

  • Kijan w ka ede moun w ap anseye yo konprann ke suiv pwofèt la ap ede yo vin pi pre Sovè a? Youn nan fason yo se t ap ba yo chak yon ti kat epi envite yo li kèk pati nan mesaj Èldè Neil L. Andersen nan “Pwofèt Bondye a.” Sou yon bò kat la, yo ta ka ekri yon bagay yo te aprann sou fason pwofèt la kapab ede yo vin pi pre Kris la. Sou lòt bò kat la, yo ta ka ekri yon bagay yo enspire pou yo fè pou yo suiv pwofèt la. Envite yo pou yo pataje sa yo te ekri yo.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo panse sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

  • Gary E. Stevenson, “Kè yon Pwofèt,” Liahona, Me 2018, 17–20 (Kijan yo chwazi yon pwofèt)

Anseye nan Fason Sovè a

Vrè konvèsyon mande plis pase sèlman santi Lespri a konfime verite a nan nanm nou; nou dwe aji sou verite sa yo tou. Anplis ede moun nan klas ou yo santi ak rekonèt Lespri a, ede yo aji sou enspirasyon yo resevwa yo tou” (Anseye nan Fason Sovè a, 10).

Enprime