Ansyen Testaman 2022
24 Jiyè. Ki Benediksyon Ki Vini Lè Nou Resevwa Òdonans Tanp yo? Ezra 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8


“24 Jiyè. Ki Benediksyon Ki Vini Lè Nou Resevwa Òdonans Tanp yo? Ezra 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“24 Jiyè. Ki Benediksyon Ki Vini Lè Nou Resevwa Òdonans Tanp yo?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
tanp

24 Jiyè.

Ki Benediksyon Ki Vini Lè Nou Resevwa Òdonans Tanp yo?

Ezra 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye fason pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan nou wè men Senyè a nan lavi nou?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Nan ki fason nou ka sipòte youn lòt nan bagay n ap fè fas avèk yo an?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou ka pi byen itilize teknoloji kòm yon zouti pou pataje levanjil la?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kisa n ap fè pou nou ede fanmi nou vin jwenn Kris la?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo ki te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Lè Juif yo te retounen sot an egzil an Babilòn, yo te jwenn Jerizalèm ak tanp li kraze (gade 2 Wa 25:1-10; 2 Kwonik 36:17-19). Moun yo te vle rebati tanp lan. Donk, nan yon ti tan tou kout, yo te kòmanse pwosesis rebatisman an epi yo te rejwi lè tanp lan te fini (gade Ezra 3:8-13; 6:16-22). Jodi an, kòm pèp alyans Senyè a, nou menm tou nou bati tanp e nou rejwi lè yon nouvo tanp fin bati. Poukisa? Paske òdonans tanp yo mennen pi gran benediksyon Papa nou ki nan Syèl la. Yo pote pouvwa spirityèl. Yo bannou direksyon. Epi yo ede nou vin tankou Bondye e resevwa tout sa L genyen. Gade Doktrin ak Alyans 84:19–22; 109:22–26.)

Kijan ou ka ede jèn yo anvi tanp lan menm jan Izrayelit yo te anvi tanp lan? Kijan w ap ede yo anvi fè alyans avèk Bondye nan kay sakre L lan? Pandan w ap prepare ou pou ansenye, konsidere repase mesaj Prezidan Thomas S. Monson nan “Benediksyon Tanp yo” (Liahona, Me 2015, 91–93) ak atik “Poukisa Òdonans ak Alyans yo Enpòtan” nan temples.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
jèn moun ki deyò yon tanp

Òdonans Tanp yo ede nou vin tankou Bondye e resevwa tout sa L genyen.

Aprann Ansanm

Pou ede manm klas oubyen kowòm yo tann benediksyon yo ka resevwa nan tanp yo avèk enpasyans, ou ta ka envite yo pou yo revize Ezra 3:10–13; 6:16, 21–22. Mande yo pou yo pataje mo oubyen fraz ki montre kijan juif ansyen yo te santi yo konsènan rebatisman tanp yo an. Poukisa bati yon tanp se yon rezon pou nou selebre? Nan ki fason tanp nou yo ak travay nou fè ladan yo ede nou vin pi pre Sovè a jounen jodi a? Men kèk lòt ide pou ede jèn yo konprann benediksyon yo ka resevwa nan tanp yo.

  • Lè Joseph Smith te konsakre Tanp Kirtland nan, li te bay priyè konsekrasyon nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 109la. Priyè sa a dekri plizyè nan benediksyon nou ka resevwa atravè òdonans tanp yo. Manm klas oubyen kowòm yo ta ka li kèk pòsyon nan priyè sa a, spesyalman vèsè 12-26, pou yo wè benediksyon ke Joseph Smith te priye yo. Yo ta ka drese lis sou sa yo jwenn yo sou tablo a. Ou ta ka mande jèn yo pou yo diskite nan ki fason chak benediksyon sa yo fòtifye yo kounyea ak alavni. Pataje temwayaj ou sou benediksyon ou te resevwa atravè òdonans tanpyo.

  • Pou ede manm klas oubyen kowòm yo pataje santiman yo konsènan tanp, mande yo pou yo fini fraz sa a: “Lè m ap panse ak tanp, mwen santi …“ Ou ta ka envite yo li premye senk paragraf nan mesaj Èldè Kent F. Richards la nan “Pouvwa Sentete” (Liahona, Me 2016, 118–20). Poukisa nou bezwen tanp plis pase nenpòt lòt bagay? Kisa nou te aprann sou pouvwa Bondye bannou atravè òdonans tanp yo? Apresa jèn yo ta ka li rès mesaj Èldè Richards la, pandan y ap chèche benediksyon ki vini lè nou patisipe nan òdonans tanp yo. Oubyen yo ta ka chèche benediksyon sa yo nan mesaj Prezidan Thomas S. Monson nan “Benediksyon Tanp.”

  • Pou ede manm klas oubyen kowòm yo reflechi sou sakrifis ke kèk moun dispoze pou yo fè pou yo resevwa benediksyon tanp yo, ou gen dwa pase videyo “Tanp yo Se yon Limyè“ a nan (ChurchofJesusChrist.org). Poukisa fanmi Mou Tham nan te dispoze pou yo te fè si gwo sakrifis sa yo pou yo t al nan tanp? (Gade tou Thomas S. Monson, “Tanp Sen an—Yon Limyè Pou Mond lan,” Liahona, Me 2011, 90–94.) Ki sakrifiks nou fè pou nou resevwa benediksyon tanp yo jodia? Petèt yon moun ki t al nan tanp dènyèman ta gen dwa vin asiste reyinyon an epi pataje eksperyans li. Ou ta ka envite jèn yo pou yo gade nan mesaj Èldè Ronald A. Rasband nan “Rekòmande a Senyè a” (Liahona, Nov. 2020, 22–25) epi pataje benediksyon ki genyen nan posede yon rekòmandasyon tanp. Nou ta ka revize kesyon rekòmandasyon tanp yo ansanm tou (gade Russell M. Nelson, ”Diskou kloti,” Liahona, Nov. 2019, 120–22).

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi sou fason aji sou enpresyon yo resevwa yo ap ede yo fòtifye relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

“Lè w ap ansenye, olye pou w senpleman pataje enfòmasyon, ede jèn yo dekouvri verite levanjil yo poukont yo nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt yo” (Anseye nan fason Sovè a,28

Enprime