Nouvo Testaman 2023
23–29 Janvye. Matye 3; Mak 1; Lik 3: “‘Prepare Chemen Senyè a”


“23–29 Janvye. Matye 3; Mak 1; Lik 3: ‘Prepare Chemen Senyè a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“23–29 Janvye. Matye 3–20; Mak 1; Lik 3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jan Batis kap batize Jezi

Fenèt anvit-desine nan Tanp Nauvoo a, nan Illinois: Tom Holdman

23–29 Janvye.

Matye 3; Mak 1; Lik 3

“Prepare Chemen Senyè a”

Kòmanse li Matye 3; Mak 1; ak Lik 3. Si w priye pou Sentespri a ede w konprann chapit sa yo, l ap ba ou ide ki spesyalman pou ou. Ekri enpresyon sa yo, epi fè plan pou w aji daprè yo.

Ekri enpresyon ou yo

Jezikri ak levanjil li a ka chanje w. Lik te site yon ansyen pwofesi Ezayi ki te dekri misyon Jan Batis ak efè vini Sovè a t ap genyen: “Tout vale gen pou konble, tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat; epi kote ki gen detou gen pou vin dwat, epi chemen ki an movèz eta yo gen pou vin bèl” (Lik 3:5gade tou nan Ezayi 40:4) Sa a se yon mesaj pou nou tout, ansanm avèk moun ki panse yo pa ka chanje. Si yon bagay osi pèmanan ke yon montay ka vin plati, asireman Senyè a ka ede nou redrese chemen kwochi nou yo (gade nan Lik 3:4–5). Si nou aksepte envitasyon Jan Batis la pou nou repanti ak chanje, n ap prepare lespri nou ak kè nou pou n resevwa Jezikri pou ke noumenm tou nou kapab “wè sali Bondye” (Lik 3:6).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Kiyès Mak te ye?

Pami moun ki te ekri Levanjil yo, se sou Mak nou konn mwens bagay. Nou konnen ke l te konpayon misyonè Pòl, Pyè, ak plizyè lòt misyonè. Anpil spesyalis Bib la panse ke Pyè te mande Mak pou l te ekri evènman sou lavi Sovè a. Levanjil Mak la te siman ekri anvan twa lòt levanjil yo.

Gade tou nan Diksyonè Bib la, “Mak.”

Matye 3:1–12; Mak 1:1–8; Lik 3:2–18

Repantans se yon chanjman puisan nan lespri ak nan kè.

Misyon Jan Batis sete pou prepare kè moun yo pou yo te resevwa Sovè a epi vin menmjan avèk Li. Kijan l te fè sa? Li te deklare: “Repanti” (Matye 3:2). Epi l te itilize imaj tankou fwi ak ble pou l anseye sou repantans (gade nan Lik 3:9, 17).

Ki lòt imaj ou jwenn nan resi sou ministè Janbatis la? (gade nan Matye 3:1–12; Mak 1:1–8; Lik 3:2–18). Panse pou w make yo nan ekriti w yo oubyen desine foto yo. Kisa imaj sa yo anseye osijè doktrin ak nesesite repantans lan?

Vrè repantans se “yon chanjman nan panse, yon vizyon frèch konsènan Bondye, konsènan tèt nou, ak konsènan mond lan. … [Li vle di] tounen kè nou ak volonte nou bay Bondye” (Diksyonè Bib la,“Repantans”). Nan Lik 3:7–14, ki chanjman Jan te envite moun yo pou yo te fè pou yo te ka prepare pou resevwa Kris la? Kijan konsèy sa a aplike avèk ou? Kouman ou montre ou reyèlman repanti? (gade nan Lik 3:8).

Gade tou nan Russell M. Nelson, “Nou Ka Fè Pi byen epi Nou Ka Pi Bon,” Lyawona, Me 2019, 67–69; Dallin H. Oaks, “Lave atravè Repantans,” Lyawona, Me 2019, 91–94.

Matye 3:7; Lik 3:7

Kiyès Farizyen yo ak Sadiseyen yo te ye?

Farizyen yo te manm yon pati relijye Juif ki te mete tèt avèk ògèy nan obsève lwa ak seremoni Moyiz yo strikteman. Sadiseyen yo te yon klas juif rich ki te gen gran enfliyans politik ak relijye; yo pat kwè nan doktrin rezirèksyon an. Toude gwoup yo te distanse yo lwen entansyon orijinal lwa Bondye yo.

Gade tou nan Matye 23:23–28; Diksyonè Bib la, “Farizyen,” “Sadiseyen.”

Matye 3:11–17; Mak 1:9–11; Lik 3:15–16, 21–22

Jezikri te batize pou L te ka “ranpli tout jistis.”

Lè w te batize, ou te suiv egzanp Sovè a. Konpare sa w aprann nan istwa sa yo sou batèm Sovè a avèk sa k te pase pandan batèm ou.

Batèm Sovè a

Batèm mwen

Batèm Sovè a

Kiyès ki te batize Jezi, epi ki otorite l te genyen?

Batèm mwen

Kiyès ki te batize w, epi ki otorite l te genyen?

Batèm Sovè a

Ki kote Jezi te batize?

Batèm mwen

Ki kote w te batize?

Batèm Sovè a

Kijan Jezi te batize?

Batèm mwen

Kijan w te batize?

Batèm Sovè a

Poukisa Jezi te batize?

Batèm mwen

Poukisa ou te batize?

Batèm Sovè a

Kijan Pè Selès la te montre ke L te kontan avèk Jezi?

Batèm mwen

Kijan Pè Selès la te montre ke L te kontan lè w te batize? Kijan Li montre apwobasyon Li depi lè sa a?

Gade tou nan 2 Nefi 31; Mozya 18:8–11; Doktrin ak Alyans 20:37, 68–74; “Batèm Jezikri” (video), ChurchofJesusChrist.org.

Matye 3:16–17; Mak 1:9–11; Lik 3:21–22

Manm Divinite yo se twa èt separe.

Bib la gen anpil prèv ke manm Divinite yo se twa moun separe. Istwa batèm Sovè a se yon ekzanp. Pandan w ap li istwa sa yo, medite sou sa ou aprann konsènan divinite a. Poukisa pasaj sa yo enpòtan pou ou?

Gade tou nan Jenèz 1:26; Matye 17:1–5; Jan 17:1–3; Ak 7:55–56; Doktrin ak Alyans 130:22.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matthew 3.Jan Batis te gen Prètriz Aawon an. Kisa nou ka aprann nan egzanp Jan an sou objektif Prètriz Arawon an? Ki benediksyon nou resevwa poutèt Prètriz Arawon an? Si w gen yon jèn gason nan fanmi ou, ou ta ka pran tan pou ede l konprann fason li ka itilize Prètriz Arawon an pou beni lòt moun. (Gade tou nan Doktrin ak Alyans 13:1; 20:46–60.)

Imaj
yon jèn gason k ap batize yon lòt

Lè nou batize, peche nou efase.

Matye 3:11–17; Mak 1:9–11; Lik 3:21–22.Èske manm nan fanmi ou yo konn wè yon moun k ap batize oubyen konfime kòm manm Legliz la? Kisa manm fanmi yo te santi? Petèt ou ta ka anseye yo sou senbòl batèm ak konfimasyon an. Nan ki fason batize ak konfime sanble avèk yon nouvo nesans. Poukisa nou plonje nèt nan dlo lè nou batize? Poukisa nou abiye anblan lè n ap batize? Poukisa don Sentespri a dekri kòm yon “batèm dife”? (Doktrin ak Alyans 20:41; gade tou nan Diksyonè Bib la, “Batèm,” “Sentespri”).

Matye 3:17; Mak 1:11; Lik 3:22.Kilè nou konn santi Bondye kontan avèk nou? Kisa nou ka fè antanke fanmi pou n fè Bondye plèzi?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan ki sijere: “Batèm,” Children’s Songbook, 100–101.

Amelyore etid pèsonèl

Mande Senyè a èd. Ekriti yo te resevwa atravè revelasyon, epi pou n vrèman konprann yo, nou bezwen revelasyon pèsonèl. Senyè a pwomèt: “Mande, epi y ap ba ou; chèche, epi w ap jwenn; frape, epi y ap louvri pou ou” (Matye 7:7).

Imaj
Jan k ap batize Jezi

Jan Batis k ap batize Jezi, Greg K. Olsen

Enprime