Nouvo Testaman 2023
26 Desanm–1 Janvye. Nou Responsab Pwòp Aprantisaj Nou


“26 Desanm–1 Janvye. Nou Responsab Pwòp Aprantisaj Nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“26 Desanm–1 Janvye. Nou Responsab Pwòp Aprantisaj Nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
yon fanmi k ap gade yon albòm foto

26 Desanm–1 Janvye

Nou Responsab Pwòp Aprantisaj Nou

Objektif la nan ekriti yo se pou ou vin jwenn Kris la epi vin konvèti pi pwofondeman nan levanjil li a. Vini, Swiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo kapab ede ou konprann ekriti yo epi jwenn fòs epiritylèl oumenm ak fanmi w bezwen an ladan yo. Apresa, nan klas ou yo nan Legliz la, ou pral genyen Opòtinite pou pataje enpresyon epi ankouraje lòt Sen parèy ou yo nan efò yo pou suiv Kris la.

Anrejistre Enpresyon Ou yo

“Kisa w ap chèche?” Jezi te mande disip Jan Batis yo (Jan 1:38). Ou gen dwa poze tèt ou menm kesyon an tou—paske sa w ap jwenn nan Nouvo Testaman an ane sa a pral grandman depann de sa w ap chèche. “Chèche, epi w ap jwenn” se pwomès Sovè a (Matye 7:7). Konsa, poze kesyon ki vini nan lespri ou lè w ap etidye, epi apresa chèche repons yo ak dilijans. Nan Nouvo Testaman an, ou pral li konsènan eksperyans espirityèl puisan disip Jezikri yo. Antanke disip fidèl Sovè a, ou ka fè pwòp eksperyans espirityèl pa w si w aksepte envitasyon Sovè a, ke w ap jwenn atravè tout liv sakre sa a, “Vini, Suiv Mwen” an (Lik 18:22).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Pou m vrèman aprann nan men Sovè a, mwen dwe aksepte envitasyon l lan: “Vini, Suiv Mwen”.

Envitasyon Sovè a, “Vini, Suiv Mwen” an aplike pou tout moun—kit nou fèk antre sou wout disip la oubyen nou t ap mache ladan l tout lavi nou. Sa sete envitasyon l te bay jenòm rich la ki t ap eseye kenbe kòmandman yo (gade Matye 19:16–22; Lik 18:18–23). Sa jenòm lan te aprann—e sa nou tout dwe aprann—sèke pou yon moun se disip, sa mande pou l bay Pè Selès la ak Jezikri tout nanm ni annantye. Nou pwogrese sou wout disip la lè nou idantifye sa nou manke, fè chanjman yo, epi chèche suiv yo pi totalman.

Nou kòmanse aprann nan men Sovè a lè nou fè efò pou nou konprann sa l te anseye yo. Paregzanp, kijan konpreyansyon ou sou imilite apwonfondi lè w ap eksplore bagay sa yo ki suiv la a?

Si ou vle aprann plis, eseye aktivite sa a avèk yon lòt prensip levanjil, tankou lanmou oswa padon.

Mwen responsab pwòp aprantisaj mwen.

Èlder David A. Bednar te anseye: “Nou pa ta dwe atann pou Legliz la kòm yon òganizasyon anseye oswa di nou tout sa nou dwe konnen ak fè pou nou ka vin disip devwe epi pèsevere avèk vanyans jiska lafen. Olyede sa, responsablite pèsonèl nou se pou nou aprann sa nou dwe aprann, pou nou viv jan nou konnen nou dwe viv la epi pou nou vin tounen moun Mèt la ta renmen nou vin tounen an. Epi fwaye nou yo se andwa prensipal la pou nou aprann, viv ak vin tounen sa” (“Prepare pou Nou Jwenn Tout Sa Ki Nesesè,” Lyawona,Me 2019, 102).

Kisa sa vledi pou yon moun pran responsablite pwòp aprantisaj li? Chèche jwenn kèk repons posib nan deklarasyon Èldè Bednar la ak nan ekriti sa yo: Jan 7:17; 1 Tesalonisyen 5:21; Jak 1:5–6, 22; 2:17; 1 Nefi 10:17–19; 2 Nefi 4:15; Alma 32:27; ak Doktrin ak Alyans 18:18; 58:26–28; 88:118. Kisa ou santi w enspire pou fè pou w ka pi aktif nan aprann levanjil la?

Mwen bezwen konnen verite a pou tèt pa m.

Petèt ou konnen kèk moun ki sanble yo pa janm pèdi lafwa yo, kèlkeswa sa k rive nan lavi yo. Yo petèt raple w senk vyèj saj yo ki nan parabòl Sovè a (gade Matye 25:1–13). Petèt sa w gen dwa pa wè se efò dilijan yo pou yo fòtifye temwayaj yo sou laverite a.

Kijan nou ka akeri ak fòtifye pwòp temwayaj pa nou yo? Ekri panse ou yo pandan w ap medite sou ekriti sa yo: Lik 11:9–13; Jan 5:39; 7:14–17; Travay 17:10–12; 1 Korentyen 2:9–11; ak Alma 5:45–46. (Gade Sijè Levanjil tou, “Temwayaj,” topics.ChurchofJesusChrist.org.)

Imaj
yon jènfi bò yon wout

Nou chak dwe akeri yon temwayaj pou tèt pa nou.

Kisa m ta dwe fè lè m gen kesyon?

Pandan w ap chèche konesans espirityèl, kesyon pral vini nan tèt ou. Prensip sa yo ka ede w adrese kesyon sa yo nan fason ki ka bati lafwa ak temwayaj:

  • Chèche konpreyansyon ki soti nan Bondye. Bondye se sous tout verite, epi Li revele verite atravè Sentespri a, ekriti yo, epi pwofèt ak apot li yo.

  • Aji ak lafwa. Si repons yo pa vini imedyatman, fè Senyè a konfyans ke l ap revele repons yo lè moman an rive. Pandan tan sa a, kontinye viv annakò avèk verite w deja konnen yo.

  • Kenbe yon pèspektiv etènèl. Eseye wè bagay yo jan Senyè a wè yo, non pa jan mond lan wè yo. Egzamine kesyon w yo nan kontèks plan sali Pè Selès nou an.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 13:1–23.Pou ede fanmi ou prepare pou aprann nan Nouvo Testaman an ane sa a ou ka li parabòl sou semè a. Fanmi ou gen dwa kontan soti deyò epi obsève diferan kalite tè ki dekri nan parabòl la. Kòman nou ka fè kè nou vin tankou “bon tè“ Jezi te dekri a? (Matye 13:8).

Galat 5:22–23; Filipyen 4:8.Prezidan Russell M. Nelson te envite nou pou nou “transfòme fwaye [nou] an yon sanktyè sou lafwa” epi pou “remodle fwaye nou an yon sant pou aprannn levanjil la.” Pou moun ki fè bagay sa yo, li te pwomèt “pitit ou yo pral kontan anpil pou yo aprann ak viv ansèyman Sovè a, epi enfliyans advèsè a nan lavi ou ak nan fwaye ou apl diminye. Chanjman yo nan fanmi ou pral dramatik ak dirab” (“Vin Sen Dènye Egzanplè,” Lyawona, Nov. 2018, 113).

Nan kòmansman yon nouvo ane se yon bon moman pou nou fè yon konsèy familyal konsènan fè fwaye vin “yon sanktyè sou lafwa” epi “yon sant pou aprantisaj levanjil la.” Ki ide konsènan fason pou fèsa monte nan panse w pandan n ap li Galat 5:22–23 ak Filipyen 4:8? Petèt fanmi ou ta ka tabli bi pèsonèl ak familyal pou etidye Nouvo Testaman an nan ane sa k ap vini an. Kisa nou ka fè pou raple tèt nou bi nou yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Apprends moi à marcher dans la clarté, Chants pour les enfants,, 70.

Amelyore Etid Pèsonèl

Chèche doktrin nan. Yon doktrin se yon verite etènèl, ki pa janm chanje. Prezidan Boyd K. Packer te deklare ke “vrè doktrin nan, lè nou konprann ni, chanje atitid ak konpòtman” (Little Children,” Ensign, Nov. 1986,17). Lè oumenm ak fanmi ou etidye ekriti yo, chèche verite yo ki ka ede nou vin plis tankou Sovè a.

Imaj
Jezikri

Limyè mond lan, pa Brent Borup

Enprime