Nouvo Testaman 2023
26 Desanm–1 Janvye Nou responsab pwòp aprantisaj nou


“26 Desanm–1 Janvye. Nou responsab pwòp aprantisaj nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“26 Desanm–1 Janvye. Nou responsab pwòp aprantisaj nou,,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
yon fanmi k ap gade yon albòm foto

26 Desanm–1 Janvye

Nou responsab pwòp aprantisaj nou

Pandan w ap li ekriti yo ki nan plan leson sa a, ekri tout enpresyon espirityèl ou resevwa yo. W ap remake ke chak plan leson nan manyèl sa a gen aktivite pou timoun ki pi piti yo ak pou timoun ki pi gran yo, men ou ka adapte nenpòt nan aktivite yo pou klas ou a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Nan kòmansman chak klas, bay timoun yo opòtinite pou yo pataje sa y ap aprann sou levanjil la. Paregzanp, semèn sa a, ou gen dwa envite yo pou yo pataje ki istwa yo pi renmen sou Jezikri.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jezikri envite m pou m vin jwenn Li.

Oumenm ak timoun yo ap gen pou nou li anpil istwa sou lavi Jezikri ane sa a. Ede timoun yo konprann ke rezon ki fè n ap aprann istwa sa yo se pou nou ka pi byen suiv egzanp pafè Jezikri.

Aktivite Posib

  • Pale timoun yo de envitasyon Sovè, “Suiv Mwen” an nou jwenn nan Matye 4:18–22. Fè yon aktivite kote yon timoun fè yon jès epi apresa li di lòt timoun yo: “Vini, suiv mwen.” Envite lòt timoun yo pou yo repete jès la.

  • Montre foto moun k ap suiv Sovè a nan plizyè fason diferan, pandan ministè Li sou tè a ak nan epòk pa nou an. Ou ka jwenn foto nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oubyen nan Revi Legliz yo. Ou gen dwa pase videyo “Light the World (Eklere Mond la)” tou ki nan (LeglizJezikri.org). Fè timoun yo chèche idantifye kijan moun yo ap suiv Sovè a.

  • Ede yo panse sou sa yo ka fè pou yo suiv Sovè a. Chante kantik “Sans tarder, je recherche mon Sauveur” la nan (Chants pour les enfants, 67) ka ba yo kèk ide. Fè yo desine yomenm k ap fè bagay sa yo.

Imaj
yon tigason ki ap li ekriti yo

Timoun ka akeri pwòp temwayaj pa yo sou verite ekriti yo.

Ekriti yo se verite.

Timoun yo ka akeri yon temwayaj pou fè yo konnen ke ekriti yo se verite menm anvan yo kapab li yo. Pandan w ap etidye ekriti yo avèk timoun yo ane sa a, ou ka ede yo konnen pou tèt pa yo ke ekriti yo se verite.

Aktivite Posib

  • Envite yo pou yo pale de kado prefere yo te resevwa pou fèt yo oubyen nan lòt okazyon. Pote yon liv ekriti vlope an kado, fè yon timoun ouvri li, epi temwaye ke ekriti yo se yon kado Pè Selès la ba nou.

  • Montre yo kèk liv ki gen istwa moun envante ki pa reyèl, epi mande yo ki istwa yo pi renmen. Montre yo ekriti yo, epi temwaye ke ekriti yo gen pawòl Bondye pou nou. Yo pale de moun ki te viv reyèlman ak bagay ki te pase reyèlman.

  • Pataje mesaj ki nan 2 Timote 3:15 ak Mowoni 10:3–5yo, pandan w ap ede timoun yo repete kèk fraz ladan yo. Ede yo konprann ke yo ka konnen ekriti yo se verite pou tèt pa yo.

  • Kache yon foto Sovè a, epi bay timoun yo endis pou ede yo jwenn ni. Ede yo konprann kijan sonde ekriti yo ka ede nou konnen Jezikri. Kite timoun yo fè tou pa yo nan kenbe foto a ak dirije lòt timoun yo.

  • Chante ansanm yon kantik sou aprann levanjil la, tankou “Quand je lis l Ecriture sainte” (Chants pour les Enfants, 66), epi ede yo fè jès ki mache avèk pawòl yo. Pataje youn oubyen de nan ekriti w pi renmen avèk timoun yo, epi di yo kijan ou te fè vin konnen ekriti sa yo se verite. Si yo gen kèk ekriti yo pi renmen oubyen istwa ekriti yo prefere, mande yo pou yo pataje yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jezikri vle m aprann konnen Li epi suiv Li.

Panse sou fason ou te vin konnen Jezikri. Kisa w ka fè pou ede timoun yo aprann de Li ak suiv Li?

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo pale de yon bon zanmi yo epi dekri kijan yo te vin zanmi moun sa a. Li epi diskite Jan 5:39 ak Jan 14:15 pou w ka jwenn kijan nou ka santi nou pwòch Jezi. Mande timoun yo pou yo pale de moman kote yo te santi yon pwòch de Li.

  • Mennen klas ou a al fè yon ti mache nan tout chapèl la. Envite timoun yo pou yo leve men yo lè yo wè yon bagay pandan y ap mache a ki raple yo yon fason yo ka suiv Sovè a (tankou fon batismo a oubyen yon foto).

  • Chante avèk yo yon kantik sou suiv Jezikri, tankou “Viens et suis-moi” (Cantiques, no. 116). Envite timoun yo pou yo pale de lè yo konn santi enfliyans Sentespri a.

Mwen ka etidye ekriti yo pou tèt pa m.

Pandan w ap li ekriti yo avèk timoun yo epi poze yo kesyon an, ou ka ede yo gen konfyans ke yo ka aprann nan ekriti yo epi jwenn anpil trezò konesans.

Aktivite Posib

  • Li Jan 5:39 ak Travay 17:10–11, ansanm, epi mande timoun yo kisa yo aprann sou fason pou yo etidye ekriti yo.

  • Chwazi kèk pasaj ekriti ki senp e puisan nan Nouvo Testaman an, ekri yo chak sou yon moso papye, epi kache papye yo. Kreye endis ki ka dirije timoun yo nan yon “lachas otrezò” andedan klas la oubyen nan chapèl la pou yo ka jwenn ekriti sa yo. Lè yo fin jwenn chak ekriti, diskite sou siyifikasyon ekriti a ak poukisa li se yon trezò enpòtan konsa.

  • Pataje kèk ekriti ou renmen epi eksplike yo poukisa yo enpòtan pou ou. Antanke klas, fè yon lis ekriti timoun yo pi renmen nan Nouvo Testaman an pandan tout ane a—lakay yo oubyen nan Primè a.

  • Fè yon diskisyon sou rezon k fè l pafwa difisil pou nou li ekriti yo. Mande yo pou yo pataje konsèy youn ak lòt sou li ekriti yo. Mande yo pou yo pataje nenpòt eksperyans pozitiv yo te fè avèk ekriti yo tou.

  • Ede yo prepare yon kalandriye senp ke yo ka itilize souvan pou yo make frekans yo li ekriti yo. Kalandriye sa a ka raple yo pou yo li ekriti yo chak jou.

Mwen bezwen pwòp temwayaj pa m.

Timoun w ap anseye yo ap bezwen gen pwòp temwayaj pa yo sou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Kisa w ka fè pou enspire yo pou yo aprann laverite pou tèt pa yo?

Aktivite Posib

  • Rakonte istwa dis vyèj yo (gade Matye 25:1–13; gade tou “Chapit 47: Dis Vyèj yo” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 118–20, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Poze yo kesyon tankou sa yo: Kijan temwayaj nou se tankou lanp yo? Poukisa li enpòtan pou nou gen pwòp temwayaj pa nou?

  • Pale de kisa nou ka fè pou fòtifye temwayaj nou. Pou ide, envite timoun yo pou yo chèche nan Jan 7:17 ak Mowoni 10:3–5. Envite yo pou yo pataje sa yo konnen ki se verite yo.

  • Mande timoun yo ede w mete etikèt ki gen verite ki fòme temwayaj ou sou kèk blòk konstriksyon (gade Sijè Levanjil, “Temwayaj,” topics.ChurchofJesusChrist.org). Fè yo itilize blòk yo pou yo bati yon edifis ki reprezante yon temwayaj.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Kijan w ka ankouraje timoun yo ak fanmi yo pou yo kontinye aprann nan Ansyen Testaman an lakay yo? Paregzanp, ou ka envite yo pou yo memorize youn nan ekriti nou te diskite nan klas la (sa ta ka itil si w ta koupe ekriti yo an ti fraz kout) epi pataje vèsè a avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Modifye aktivite yo selon laj timoun w ap anseye yo. Timoun ki pi piti yo bezwen eksplikasyon detaye ak metòd pedagojik ki pi varye. Pandan y ap grandi, yo ka vin plis patisipe epi yo ka plis vin kapab pataje sa yo panse. Ba yo opòtinite pou yo pataje, temwaye, ak patisipe. Ba yo èd si nesesè. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 25–26.)

Enprime