Nouvo Testaman 2023
2–8 Janvye. Matye 1; Lik 1: “Se Pou Sa Fèt Selon Pawòl Ou”


“2–8 Janvye. Matye 1; Lik 1: ‘Se Pou Sa Fèt Selon Pawòl Ou,’” Vini, Suiv mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“2–8 Janvye. Matye 1; Lik 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Mari ak Mat

2–8 Janvye.

Matye 1; Lik 1

“Se Pou Sa Fèt Selon Pawòl Ou”

Kòmanse avèk Matye 1 ak Lik 1. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka ede w konprann chapit sa yo, epi plan sa a ka ba w ide pou ansèyman. Si w bezwen plis èd pou w anseye timoun ki pi piti yo, gade nan “Satisfè Bezwen Timoun Ki Pi Piti yo” nan kòmansman manyèl sa a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo pou yo chita nan yon sèk, epi mande youn pami yo pou l pataje yon bagay li te aprann nan ekriti yo resamman. TImoun sa a ta kapab woule yon boul bay oubyen lonje men sou yon lòt timoun nan sèk la, ki pou fè menm bagay la tou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 1:18–25; Lik 1:26–38

Zanj te anonse nesans Jezi.

Yon anj te vizite Mari ak Jozèf e li te anonse nesans Jezikri. Eksperyans sa yo ka ede timoun yo wè jan nesans Jezikri te enpòtan.

Aktivite Posib

  • Envite paran youn nan timoun yo vin nan klas la abiye tankou Mari ak Jozèf. Mande yo pou yo pataje eksperyans ki ekri nan Matye 1:18-25 ak Lik 1:26-38.

  • Rakonte istwa anj ki te parèt devan Mari ak Jozèf, jan sa ekri nan vèsè sa yo. (Gade tou nan “Chapit 2: Mari ak Anj lan” nan “Chapit 4: Jozèf ak Anj lan,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 8-9, 12, oubyen videyo ki koresponn nan sou ChurchofJesusChrist.org.) Ou ta ka montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Po Moun yo ak Fanmi yo. Envite timoun yo pou yo repete istwa a ba ou.

  • Envite timoun pou yo desine foto istwa ki nan Matye 1:18-25 ak Lik 1:26-38.

Imaj
Gabriyel parèt devan Mari

The Annunciation [Anonsyasyon an],, pa John Scott

Lik 1:5–25, 57–63

Papa nou ki nan syèl la reponn priyè m.

Pwobableman Zakari ak Elizabèt t ap priye pou yo gen yon timoun pandan anpil ane. Finalman, Papa nou ki nan Syèl la te reponn priyè yo lè l voye ba yo yon pitit gason, Janbatis. Kijan w ka itilize istwa sa a pou anseye timoun yo ke Papa nou ki nan Syèl la reponn priyè?

Aktivite Posib

  • Nan pwòp mo pa w, pataje istwa ki nan Lik 1:5-25, 57-63. Ou gen dwa repete istwa a plizyè fwa. Bay timoun yo jwe wòl Zakari, Elizabèt, ak anj lan epi fè mizansèn istwa a. Mete aksan sou pawòl anj lan te di Zakari yo: “Li te tande priyè w” (Lik 1:13). Pataje yon eksperyans kote Pè Selès la te reponn priyè w.

  • Itilize “Le Front Baissé” (Chants Pour Les Enfants, 18b) oubyen yon lòt chan pou ansenye timoun yo kijan pou yo priye. Chak fwa timoun te chante mo “priye” oubyen “lapriyè,” envite yo bese tèt yo e kwaze bra yo.

  • Mande chak timoun yo pou yo fè jès ki reprezante yon bagay yo ka priye pou li. Kite lòt timoun yo devine sa jès yo reprezante. Yo ka jwenn ide nan paj aktivite semèn nan.

Lik 1:30–35

Jezikri se Pitit Gason Bondye.

Jezikri se Piti Gason Byeneme Papa nou ki nan Syèl la ak Mari. Kisa w ka fè pou ede timoun yo aprann plis konsènan Li?

Aktivite Posib

  • Di timoun yo ke yon anj te di Mari ke bebe l la ap rele Pitit Gason Bondye a (gade nan Lik 1:35). Ede timoun yo repete fraz “Jezikri se Pitit Gason Bondye.” Envite timoun yo desinen foto pwòp paran yo pou ede yo konprann kiyès paran Jezi yo te ye. Pandan y ap fè sa, di yo ke Jezi te gen paran tou—Mari ak Papa nou ki nan Syèl la. Anplis, Yo te mande Jozèf pou l pwoteje e pran swen Jezi pandan L ap viv sou tè a.

  • Pataje temwayaj ou ke paske Jezikri se Pitit Bondye, Li te ka mouri pou peche nou yo epi retounen ap viv. Montre foto Krisifiksyon ak Rezirèksyon Jezikri an (gade Liv Ilistrasyon Levanjil, nos 57, 59).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 1:18–25; Lik 1:5–37

Avèk Bondye anyen pa enposib.

Nesans Jezi ak JanBatis te posib sèlman pa pouvwa Bondye. Aprantisaj konsènan mirak sa yo ka fòtifye lafwa timoun yo ke Bondye gen pouvwa pou l fè mirak nan lavi yo.

Aktivite Posib

  • Pandan ou menm ak timoun yo ap revize Matye 1:18-25 ak Lik 1:5-37, poze timoun yo kesyon tankou “Sa w tap di si w te Mari?” oubyen “Kijan ou tap santi w si ou te Zakari?”

  • An tèm senp, pataje istwa ki te dekri nan Matye 1:18-25 ak Lik 1:5-37 la. Mande timoun yo pou yo leve men yo lè yo tande yon bagay ki ka sanble l enposib san pouvwa Bondye. Ki lòt istwa timoun yo ka pataje kote Bondye te fè yon bagay ki parèt enposib?

  • Ede yo memorize Lik 1:37 Pou ou fè sa, ou ta ka ekri vèsè a sou tablo a e envite timoun yo resite l plizyè fwa. Apre chak fwa, efase yon mo.

Matye 1:21-25; Lik 1:30-35, 46-47

Jezikri se Pitit Gason Bondye.

Jezikri se PititGason Byeneme Papa nou ki nan Syèl la ak Mari. Kijan w ka ede timoun yo aksepte verite sa a?

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo li Lik 1:30-35, chèche repons a kesyon sa yo: “Kiyès ki se manman Jezi?” ak “Kiyès ki se Papa Jezi?” Ede yo konprann ke Jezikri se sèl moun ki te gen yon manman mòtèl, Mari, ak yon papa imòtèl, Papa nou ki nan Syèl la (gade tou 1 Nefi 11:18-21).

  • Pandan w ap li vèsè sa yo, envite timoun yo pou yo chèche non oubyen tit Jezikri te genyen yo. Kisa non sa yo vle di, ak kisa yo ansenye nou konsènan Jezi?

  • Pataje temwayaj ou konsènan ekriti yo, epi envite timoun yo pou yo fè menm bagay la tou.

Lik 1:5–25, 57–66

Pè Selès la tande priyè mwen epi Li reponn yo.

Bondye reponn priyè men pa toujou nan fason nou atann nan. Kijan ou ka itilize istwa Zakari ak Elizabèt la pou ansenye timoun yo verite sa a?

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo sa yo tap di yon moun ki te priye pou yon benediksyon men ki poko resevwa l. Envite yo pou yo reflechi a kesyon sa a pandan y ap li ansanm nan Lik 1:5-25, 57-66. (gade tou nan “Chapit 1: Elizabèt ak Zakari” ak “Chapit 3: Janbatis te Fèt,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 6-7, 10-11, oubyen videyo ki koresponn yo sou ChurchofJesusChrist.org.) Kisa Zakari ak Elizabèt te ka di yon moun ki te santi yo pa jwenn repons priyè yo a?

  • Envite plizyè timoun depi anvan lè a rive pou yo pataje eksperyans yo lè Papa nou ki nan Syèl la te reponn priyè yo. Pataje yon lè ou te santi priyè w yo te jwenn reponn yon fason ou pa t atann.

  • Envite timoun yo desine foto yon lè Papa nou ki nan Syèl la te reponn yon priyè—espesyalman youn nan pwòp priyè pa yo. Kite yo pataje desen yo avèk klas la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje favèk fanmi yo nenpòt foto yo te desinen nan klas la. Ankouraje yo pou yo mande fanmi yo ki lè Bondye te reponn priyè yo.

Amelyore Ansèyman nou

Ede timoun ki pi piti yo aprann nan ekriti yo. Pou ede timoun ki pi piti yo aprann nan ekriti yo, konsantre sou yon grenn vèsè ekriti oubyen sou yon ekspresyon kle. Ou ta gen dwa envite timoun yo pou yo kanpe oubyen leve men yo lè yo tande mo a oswa ekspresyon an. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a21.)

Enprime