Nouvo Testaman 2023
9–15 Janvye. Matye 2; Lik 2: Nou Vini pou Adore Li


“17–23 Janvye. Matye 2; Lik 2: Nou Vini pou Adore Li,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testamanm 2023 (2023)

“17–23 Janvye. Matye 5; Lik 6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019

Imaj
Wa Maj yo k ap vwayaje sou chamo

Annou Adore Li, pa Dana Mario Wood

9–15 Janvye.

Matye 2; Lik 2

Nou Vini pou Adore Li

Timoun w ap anseye yo se pitit gason ak pitit fi presye Pè Selès la. Mande L pou L ede w pandan w ap chèche anseye yo nan ekriti yo. Li ka gide w al nan prensip ou ta dwe mete aksan yo epi Li ka enspire w avèk ide pou aktivite ki ap itil pitit Li yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou nesans Kris la. Ki pati yo pi renmen nan istwa a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Lik 2:1–14

Jezi te fèt.

Jezi te kite lakay li avèk Papa nou ki nan Syèl la pou l te vin fèt sou tè a pou l te ka vin Sovè nou. Kijan w ka ede timoun yo sonje istwa nesans Kris la?

Aktivite Posib

  • Pandan w ap li istwa nesans Kris la, envite timoun yo pou yo mime istwa a yomenm oubyen itilize paj aktivite semèn sa a pou repase istwa a. Gade “Chapit 5: Jezikri fèt,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 13–15, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org.)

  • Si w gen yon krèch, pote li epi envite timoun yo pou yo mete pyès yo nan plas apwopriye yo pandan w ap rakonte istwa nesans Jezikri a. Ou ta ka montre yo yon foto Nativite a tou (gade, paregzanp, plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo) Endike yo diferant moun yo ki nan Nativite a, epi envite yo pou yo pataje sa yo konnen sou yo chak.

  • Chante kantik timoun yo pi renmen sou nesans Jezi yo ansanm. Pandan w ap fè sa, chèche opòtinite pou rann temwayaj ou sou Sovè a. Envite yo pou pataje poukisa yo renmen Jezi.

Matye 2:1–12

Mwen ka bay Jezi bon kado.

Wa Maj yo te bay Jezi lò, lansan, ak la myrrhe kòm kado. Kijan w ka itilize istwa sa a pou anseye timoun yo ke yo ka bay Jezi kado tou—kado tankou lanmou, sèvis, ak obeyisans?

Aktivite Posib

  • Montre yon foto Wa Maj yo pandan w ap repase istwa yo a, ki nan Matye 2:1–12, la avèk timoun yo. Ou gen dwa montre foto Wa Maj yo k ap prezante kado yo (LeglizJezikri.org).

  • Vlope foto oubyen objè ki reprezante kado nou ka bay Jezi nan papye kado. Envite timoun yo pou yo ede w ouvri kado yo epi diskite sou fason nou bay Sovè a kado sa yo.

  • Ede chak timoun desine oubyen ekri yon lis kado yo ka bay Jezi, tankou “rete yon bon zanmi” oubyen “priye.” Envite yo pou yo pataje lis yo a avèk klas la epi chwazi youn ladan yo pou travay sou li semèn sa a.

Lik 2:40–52

Jezi te yon timoun menmjan avèk mwen yon fwa.

Aprann sou anfans Sovè a kapab ede timoun w ap anseye yo idantifye yo avèk li. Mande yo kisa yo ka aprann nan vèsè sa yo sou fason yo ka vin menmjan avèk Jezi kounyeya.

Aktivite Posib

  • Envite youn nan jèn yo nan pawas la pou l vizite klas la epi pataje istwa Jezi k ap anseye nan tanp lan lè l te yon jènjan an.

  • Mande plizyè timoun alavans pou yo pote foto yomenm kòm tibebe pou yo pataje. Mande yo kisa ki montre ke yo grandi. Pataje kèk nan fason Jezi te grandi (gade Lik 2:40,52). Chante avèk timoun yo “Jésus enfant” (Chants pour les enfants, 34) oubyen yon lòt chan sou Sovè a.

  • Li Lik 2:52, epi eksplike kisa “sajès” ak “wotè” vledi. Ou gen dwa mande timoun yo pou yo fè jès ki montre kisa sa vle di pou yon moun grandi an sajès ak nan wotè devan Bondye ak devan lòt moun. Paregzanp, yo gen dwa fè jès tankou y ap li yon liv oubyen y ap ede yon moun ki nan bezwen.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Lik 2:1–38; Matye 2:1–12

Ansyen pwofèt yo te predi nesans Sovè a.

Pwofèt yo ak kwayan yo t ap tann nesans Sovè a avèk enpasyans pandan dè syèk. Konprann verite sa a kapab ede timoun yo akeri yon pi gwo apresyasyon pou lavi ak misyon Sovè a.

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo pale de kèk bagay y ap tann, tankou yon nesans oubyen yon jou fèt. Fè yo li Elaman 14:2–5 pou yo ka jwenn yon bagay pwofèt yo t ap tann avèk enpasyans.

  • Li kèk pwofesi sou nesans Sovè a ansanm (gade Ezayi 7:14; 9:6; 1 Nefi 11:18; Elaman 14:5). Ede timoun yo fè lis sou detay ki nan pwofesi sa yo epi chèche wè si yo te akonpli nan Lik 2:1–21 ak Matye 2:1–2.

  • Envite yo pou yo desine foto yon bagay nan Matye 2:1–12 oswa Lik 2:1–21 epi di poukisa yo rekonesan dèske Jezi te fèt.

Imaj
Mari, Joseph, ak Semeyon avèk tibebe Jezi

Simeyon ap adore Kris, ti bebe a, pa Greg K. Olsen

Lik 2:40–52

Jezi te grandi “nan sajès ak nan wotè, ak nan yon fason ki te fè Bondye ak lèzòm plezi.”

Menmjan ak Jezi, timoun w ap anseye yo gen yon misyon enpòtan pou yo prepare tèt yo pou yo fè. Kisa yo ka aprann nan egzanp Jezi a?

Aktivite Posib

  • Pandan w ap li Lik 2:40,52a, mande timoun yo pou yo koute kisa Jezi te fè. Envite yo pou yo eksplike nan ki fason yo grandi depi yo te tou piti a. Pataje pwòp eksperyans pa w sou aprantisaj levanjil la tikal pa tikal. Rann temwayaj ou konsènan Sovè a.

  • Fè aktivite ki ilistre fraz nan Lik 2:40,52yo. Paregzanp, ou gen dwa mezire wotè chak timoun(“Jezi te grandi nan … wotè”) oubyen fè yo pataje ekriti prefere yo (“li te fòtifye nan lespri”). Ede timoun yo note ki fason y ap grandi epi pataje fason sa yo avèk fanmi yo.

  • Apre yo fin repase Lik 2:40,52la, envite yo pou yo di kijan yo panse Jezi te ye lè L te gen laj yo. Kijan Li te trete manman Li? Frè L ak sè L yo?

Lik 2:40–52

M ka suiv egzanp Jezikri.

Menm lè L te yon jèn gason, Jezi te anseye ansyen yo nan tanp lan. Menmjan tou, timoun nan klas ou yo gen anpil bagay yo ka anseye moun bò kote yo.

Aktivite Posib

  • Envite yon timoun pou l vini prepare pou fè rezime istwa a ki nan Lik 2:41–52a. Pou ede timoun yo konprann istwa a, anseye yo kisa “travay Papa a” nan (vèsè 49) la vledi. Paregzanp, ou gen dwa di yo ki metye oumenm oubyen paran w genyen. Kisa k te metye oubyen “travay” Joseph, papa terès Jezi a? (gade Matye 13:55). Kisa ki travay Pè Selès la? (gade Lik 2:46–49; gade tou Moyiz 1:39).

  • Avèk timoun yo, li Lik 2:46–49, epi mande yo,“Kijan Jezi t ap fè ‘travay Papa’ Li? Ede yo fè lis oubyen desine sou tablo a fason yo ka ede fè travay Pè Selès la tou.

  • Pou ede timoun yo bati konfyans ke yomenm tou, tankou Jezi lè l te tigason an, yo ka anseye levanjil la, ede yo fè pratik pou youn anseye lòt yon prensip nan bwochi Pou fòs jèn yo..

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo anseye fanmi yo yon bagay yo te aprann sou nesans Kris la.

Amelyore Ansèyman Nou

Timoun yo plen kriyozite epi yo aprann nan anpil fason. Timoun renmen aprann atravè eksperyans ki nouvo e ki varye. Itilize aktivite sa yo pou ede yo bouje, itilize tout sans yo, eksplore, epi eseye nouvo bagay. (Gade Anseye nan fason Sovè a,, 25–26.)

Enprime