Nouvo Testaman 2023
16–22 Janvye. Jan 1: Nou Jwenn Mesi a


“16–22 Janvye. Jan 1: 1: Nou Jwenn Mesi a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“16–22 Janvye. Jan 2–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Yon fi ki ap pataje levanjil la nan yon estasyon tren

16–22 Janvye.

Jan 1

Nou jwenn Mesi a

Lè w ap li Jan 1, ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka ede w pandan w ap etidye chapit sa a. Aktivite sa yo ka ba w ide konsènan fason pou ede timoun yo aprann prensip yo nan Jan 1 Aktivite pou timoun ki pi gran yo kapab adapte, si ou vle, pou timoun piti yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou ede timoun yo pataje sa yo konnen konsènan Jezikri, montre foto L pandan L ap ranpli kèk nan wòl Li yo ki dekri nan Jan 1 (tankou kreye tè a oubyen ansenye levanjil la). Envite timoun yo dekri sa ki ap pase nan chak foto.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jan 1:1–2

Mwen te viv avèk Pè Selès la anvan m te fèt.

Jan te ansenye ke Jezikri te viv avèk Bondye Papa nou ki nan Syèl la avan lavi mòtèl Li a. Nou menm tou nou t ap viv avèk Bondye anvan nou te fèt (gade “Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org). Kijan w ap ansenye timoun yo verite sa a?

Aktivite Posib

  • Eksplike ke “Pawòl la” nan Jan 1:1 fè referans a Jezi. Li vèsè a awotvwa, epi mande timoun yo pou yo di “Jezi” chak fwa ou li “Pawòl [a.” Montre ilistrasyon ki pot tit “Lavi Premòtèl” (ChurchofJesusChrist.org; gade tou nan Gade Timoun nou Yo [2008], 15). Eksplike ke Jezikri te viv avèk Papa nou ki nan Syèl la avan L te vin sou tè a.

  • Fè desen ki soti nan resous tankou sa yo pou ansenye timoun yo konsènan lavi nou avèk Bondye anvan nou te vin sou tè a: “Entwodiksyon: Plan Papa nou ki nan Syèl la” (nan Istwa Nouvo Testaman an, –5, oubyen videyo ki koresponn nan sou ChurchofJesusChrist.org) oubyen (Lavi Premòtèl” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

  • Envite yon paran vini avèk yon bebe nan klas la. Mande timoun yo kibò lespri bebe sa a t ap viv anvan l te fèt. Raple timoun yo ke yo te bebe yon lè, epi temwaye ke yo menm tou yo te viv nan syèl la ak ––Pè Selès la kòm pitit lespri anvan yo te fèt.

Jan 1:3

Jezikri te kreye tout bagay.

Konnen wòl Jezikri kòm Kreyatè ka ede timoun w ap ansenye yo ogmante reverans yo pou Li.

Aktivite Posib

  • Li Jan 1:3 avèk timoun yo, epi montre foto ki nan plan leson semèn nan nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Ede timoun yo memorize fraz sa a: “Se [Jezikri] ki te fè tout bagay.”

  • Montre youn nan timoun yo foto youn nan kreyasyon Senyè a. Kite l dekri l pou lòt timoun yo, epi mande yo pou yo devine sa timoun nan ap dekri a.

  • Mande chak timoun pou yo site non yon bagay Jezikri te kreye. Ede timoun yo reflechi sou fason yo ka pran swen tè a ak lòt kreyasyon Senyè a.

Imaj
Leve solèy nan yon forè

Jezikri te kreye mond lan ak tout sa ki ladan l.

Jan 1:35–51

M ka envite lòt moun vin jwenn Jezikri epi aprann nan men L.

Jan 1 gen istwa disip ki te envite moun pou yo “vin wè” ke Jezi se Pitit Gason Bondye. Menm timoun piti ka suiv ekzanp sa a.

Aktivite Posib

  • Dekri kijan Andre te aprann konnen Jezikri, epi di kijan Andre te ansenye Pyè apre sa (gade nan Jan 1:35-42). Pataje kijan ou te vin konnen Legliz la, oubyen envite yon nouvo manm pataje jan l te vin konnen Legliz la.

  • Pataje istwa Filip ki te envite Natanayèl pou l “vin wè” (Jan 1:43-51). Kache yon foto Jezikri nan yon bwat, epi envite yon timoun pou l “vin gade” l epi pou l di lòt timoun yo sa l te wè a.

  • Kite timoun yo kolorye paj aktive semèn nan, epi ankouraje yo pou yo itilize l pou envite yon moun aprann de Jezi.

  • Mande yon timoun pou l rankonte yon lè l te pataje yon bagay, tankou yon jwèt oubyenyon kado, avèk yon moun. Kijan nou ka Pataje Levanjil La? Rakonte istwa yon timoun ki te pataje levanjil la avèk yon zanmi, tankou “Yon Zanmi ak Yon Misyonè,” Zanmi, Jiyè 2018, 12-13; Lyawona, Jiyè 2018, 70-71

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jan 1:1–5

Jezikri te viv avèk Pè Selès la anvan L te fèt.

Menm avan L te fèt, Jezikri te jwe yon wòl enpòtan nan plan Papa nou ki nan Syèl la. Pandan w ap li Jan 1:1-5, kisa ki enpresyone w konsènan travay premòtèl Kris la?

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo si yo konnen sa Jezikri te fè anvan l te fèt. Envite yo pou yo chache repons nan Jan 1:1-5 Ou ka jwenn klarifikasyon itil nan Tradiksyon Joseph Smith, Jan 1:1–5 la (nan apendiks Bib la).

  • (Gade tou nan “Entwodiksyon: Plan Pè Selès Nou an” (nan Istwa Nouvo Testaman,1–5, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Mande timoun yo kisa yo konnen apwopo de Jezikri.

  • Kèk jou davans, envite kèk timoun vin nan klas la prepare pou yo afiche oubyen dekri yon bagay yo te kreye. Montre foto kèk nan kreyasyon Senyè an, epi itilize Jan 1:3 pou eksplike ke Jezikri te kreye tè a ak tout sa ki ladan l.

Jan 1:4-9

Jezikri se limyè mwen.

Karaktè senbolik limyè ka ede timoun yo konprann Sovè a ak levanjil Li a. Kijan ou ka enspire timoun yo pou yo chèche limyè Sovè a lè mond lan sanble li fènwa?

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo li Sòm 27:1; Jan 1:4-9; Mozya 16:9; ak Doktrin ak Alyans 39:1–2, pandan y ap chèche ekspresyon ke ekriti sa yo genyen an komen. Ki komparezon ki genyen ant Jezikri e yon limyè?

  • Montre yon foto Sovè a ak kèk bagay ki bay limyè, tankou yon flach. Ki konparezon ki genyen ant Jezikri e bagay sa yo? Kijan nou ka pataje limyè Li avèk lòt moun? Chante ansanm “Christ est ma lumière” (Cantiques, no. 50) oubyenyon lòt chan konsènan limyè levanjil la.

  • Mande timoun yo kisa yo fè lè yo nan fènwa ak lè yo santi yo pè. Temwaye ke nou ka toujou vire bò kote Sovè a lè nou pè.

Jan 1:35–51

Kòm yon disip Jezikri, m ka envite lòt moun suiv Li.

Panse a kijan w ka itilize egzanp nan Jan 1:35-51 pou ankouraje timoun yo envite lòt moun aprann de Sovè an.

Aktivite Posib

  • Ede timoun yo chèche nan Jan 1:35-51 pou jwenn bagay moun te di pou envite yo aprann plis de Sovè a. Kite yo pratike sa yo ta ka di pou envite yon zanmi aprann de Li

  • Mande timoun yo pou yo itilize plan leson semèn nan pou yo fè yon envitasyon to ta ka itilize pou envite yon zanmi oubyen fanmi aprann plis de Jezikri.

  • Bay timoun yo opòtinite pou yo di klas la yon bagay yo renmen. Ede timoun yo wè jan pataj levanjil la ka tankou pataj lòt bagay nou renmen (pa egzanp, gade videyo “Good Things to Share [Bon Bagay pou Pataje” sou ChurchofJesusChrist.org

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo envite yon moun yo renmen pou l aprann plis sou Jezikri

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize èd vizyèl yo. Chèache mwayen pou ede timoun yo vizyalize sa y ap aprann nan ekriti yo. Ou ka fè sa avèk ilistrasyon levanjil la, desen, videyo, maryonèt, oubyen pyès teyat.

Enprime