Nouvo Testaman 2023
23–29 Janvye. Matye 3; Mak 1; Lik 3: “‘Prepare Chemen Senyè a”


“23–29 Janvye. Matye 3; Mak 1; Lik 3: ‘Prepare Chemen Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“23–29 Janvye. Matye 3; Mak 1; Lik 3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jan Batis kap batize Jezi

Stained-glass window in Nauvoo Illinois Temple [Fenèt an vitray nan Tanp Nauvoo Illinois la], pa Tom Holdman

23–29 Janvye.

Matye 3; Mak 1; Lik 3

“Prepare chemen Senyè a”

Pandan w ap li konsènan Jan Batis ak Batèm Jezikri a, ekri nenpòt enpresyon espirityèl ou te resevwa. Vini, Suiv Mwen—Pou Endividi ak Fanmi ka ede w konprann ekriti sa yo e ede w sipòte aprantisaj timoun yo ap fè lakay yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou bay timoun yo yon chans pou yo pataje sa yo te aprann, montre yon foto Jezikri ki ap batize. Mande yo pou yo di w sa k ap pase nan foto an ak kijan yo santi yo konsènan batèm.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 3: 13–17

M ka batize jan Jezi te batize a.

Nan ki fason nou ka itilize istwa batèm Jezikri a pou nou ede timoun yo prepare yo pou yo batize?

Aktivite Posib

  • Fè rezime istwa batèm Sovè a (gade nan Matye 3:13-17; gade tou nan “Chapit10: Jezi Batize,” nan Istwa Nouvo Testaman an, 26-29, oubyen videyo ki koresponn nan sou ChurchofJesusChrist.org Eksplike ke Jezikri te batize pa imèsyon pa yon moun ki te gen otorite prètriz. Repete istwa a plizyè fwa epi envite timoun yo pou yo pataje detay yo sonje yo

  • Montre yon foto Jezikri ki ap batize ak paj aktivite semèn nan. Kite timoun yo chèche resanblans ant de foto yo. Gen yon foto Jezikri ki ap batize nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

  • Revize pwomès timoun yo fè lè yo batize (gade nan Mozya 18:8-10; Doktrin ak Alyans 20:37; Sijè Levanjil, “Batèm,” topics.ChurchofJesusChrist.org). Mande yo kiyès nan bagay sa yo yo deja ap fè

  • Envite yon manm episkopa a pale timoun yo de antrevi batèm y ap genyen an anvan yo batize a.

  • Chante ansanm yon kantik sou batèm, tankou “Baptême” (Chants pour les enfants, 54). Anvizaje mande yon timoun pou yo dirije lòt timoun yo lè y ap chante.

Imaj
yon tifi ki ap batize

Nou ka suiv egzanp Jezi a lè nou batize.

Matye 3:11, 16

Sentespri a ede m.

Anplis preparasyon batèm, timoun yo ap prepare yo pou yo resevwa don Sentespri a tou. Kijan w ka ede yo?

Aktivite Posib

  • Itilize Matye 3:11, 16 pou ansenye timoun yo ke Sentespri a te desann sou Jezi lè L te batize (yon kolonb te parèt kòm yon siy pou montre ke sa te pase). Montre foto Don Sentespri a (Liv Ilistrasyon Levanjilla, no. 105), epi eksplike ke nou resevwa don Sentespri a lè nou konfime.

  • Vini avèk yon bwat ki gen bagay tankou yon foto Jezi, yon dra, yon konpa oubyen kat jewografik. Envite timoun yo chwazi yon bagay, kite yo eksplike jan chak objè yo reprezante yon fason Sentespri a ka ede nou—Li temwaye konsènan Jezi (gade nan Jan 15:26), li rekonfote nou (gade Jan 14:26), epi li montre nou bon chemenan (gade 2 Nefi 32:5).

  • Pataje pwòp eksperyans ou avèk èd de Sentespri an.

  • Envite timoun yo koute fason Sentespri a ka ede nou pandan y ap chante yon chan sou Li, tankou “Le Saint-Esprit a” (Chants Pour Les Enfants, 56).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 3

Òdonans Prètriz Aawon yon beni m.

JanBatis te gen Prètriz Aawon an, donk lè nou li konsènan li nan Matye 3 se yon bon opòtinite pou nou ansenye timoun yo konsènan Prètriz Aawon an. Ede yo rekonèt benediksyon ak pouvwa ki vin jwen nou atravè prètriz sa a.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo fè yon lis devwa Prètriz Aawon, avèk Doktrin ak Alyans 20:46, 58-60; 84:111. Mande timoun yo pou yo gade nan Matye 3 pou egzanp Jan ki ap ranpli kèk nan devwa sa yo. Kijan nou ka envite lòt moun vin jwenn Kris la, jan Jan te fè sa a?

  • Afiche lòt foto Prètriz Aawon yo ki ap fè òdonans batèm yo ak sentsèn nan (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 103-4, 107-8). Diskite kijan òdonans yo prepare nou pou nou resevwa Jezikri ak benediksyon Ekspyasyon L lan.

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 13:1, epi temwaye ke Jan Batis te retabli Prètriz Aawon an bay Joseph Smith. Mande timoun yo kijan yo te beni poutèt Prètriz Aawon an te retabli.

Matye 3:13–17; Mak 1:1–11; Lik 3:2–18

Mwen ka respekte alyans batèm mwen.

Aprann konnen istwa batèm Jezikri a bay yon bon opòtinite pou ede timoun yo revize alyans batèm yo e reangaje yo pou yo respekte yo.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo chakli vèsè ki nan Mak 1:1–11lè tou pa yo rive. Diskite poukisa Papa nou ki nan Syèl la vle pou nou batize. Poukisa Jezikri te batize, malgreL pa t bezwen pwòp anba peche? Ede timoun yo jwenn repons pou kesyon sa a nan Matye 3:13-15 ak 2 Nefi 31:6-7.

  • Revize alyans timoun yo te fè lè yon te batize, ke nou jwenn nan Mozya 18:8-10 ak Doktrin ak Alyans 20:37. Envite timoun yo pou yo ekri referans sa yo nan paj aktivite semèn nan.

  • Prepare plizyè pè kat avèk fraz oubyen foto ki koresponn ki reprezante alyans batèm nou yo. Mete kat yo tèt anba. Envite timoun yo pou yo pran tou gade de kat a la fwa, ap chache sa ki koresponn. Lè nou jwenn de kat ki koresponn, envite timoun yo pataje fason yo te respekte alyans sa a.

  • Pataje kijan respè alyans batèm ou te beni w.

Matye 3:11, 16

Sentespri a ka gide m.

Timoun yo ap aprann fason pou yo rekonèt ak suiv gid Sentespri a. Ede yo konprann ke alyans batèm yo ap ede yo diy pou yo resevwa direktiv li.

Aktivite Posib

  • Mande chak timoun pou yo i youn nan ekriti sa yo epi eksplike sa l ansenye konsènan fason Sentespri a pale avèk nou: Elaman 5:30; Doktrin ak Alyans 6:23; 8:2-3; 11:12-13.

  • Mande yon timoun pou l li Matye 3:11. Nan ki fason Sentespri a tankou dife? Pa egzanp, dife ka rekonfòtan, e li bay limyè pou gide nou (gade Jan 15:26; 2 Nefi 32:5).

  • Envite timoun yo fèmen zye yo epi lonje men yo. Apre sa karese pla men yo avèk yon plim poul oubyenyon fil. Envite yo pou yo di w lè yo santi l. Kisa aktivite sa a ansenye kosènan rekonèt enpresyon Sentespri a?

  • Envite yo pou yo pataje eksperyans yo te fè avèk Sentespri an. Poukisa respè aluans nou yo ap ede nou resevwa gid Sentespri a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo mande paran yo, lòt manm fanmi yo, oubyen zanmi konsènan batèm yo.

Amelyore Ansèyman nou

Chèche pwòp enspirasyon pa w. Pa konsidere plan sa yo kòm enstriksyon ke w dwe suiv lè w ap anseye. Itilize yo pito kòm sous ide pou deklannche pwòp enspirasyon pa w pandan w ap reflechi sou bezwen timoun w ap anseye yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a,7.)

Enprime